BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • be leson 46 p. 244-p. 245 par. 4
  • Egzanp ki baze sou bagay moun yo byen konnen

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Egzanp ki baze sou bagay moun yo byen konnen
  • Byen pwofite Lekòl ministè teyokratik la
  • Sou menm sijè a
  • Byen sèvi ak bagay moun yo ka wè pou w anseye yo
    Byen pwofite Lekòl ministè teyokratik la
  • Montre w gen respè pou lòt moun
    Byen pwofite Lekòl ministè teyokratik la
  • “ Li pa t pale avèk yo san l pa pran egzanp ”
    “Vin suiv mwen”
  • “ Li pa t pale avèk yo san li pa pran egzanp ”
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2002
Gade plis
Byen pwofite Lekòl ministè teyokratik la
be leson 46 p. 244-p. 245 par. 4

LESON 46

Egzanp ki baze sou bagay moun yo byen konnen

Ki sa pou w fè?

Sèvi ak egzanp ki gen rapò ak aktivite moun k ap koute w yo konn fè oswa ki gen rapò ak bagay yo byen konnen.

Poukisa sa enpòtan?

Egzanp ki baze sou bagay moun k ap koute w yo byen konnen touche kè yo.

NÒMALMAN, li enpòtan pou kèlkeswa egzanp ou itilize a mache ak sijè w ap egzamine a. Men, pou yo ka bay pi bon rezilta, li enpòtan tou pou yo apwopriye pou moun k ap koute w yo.

Ki enfliyans moun ki nan asistans lan ta dwe genyen sou egzanp w ap chwazi yo? Ki sa Jezi Kris te fè? Kit Jezi t ap pale ak foul moun yo, kit li t ap pale ak disip li yo, li pa t pran egzanp li yo sou bagay ki te egziste nan lòt peyi e ki pa t egziste ann Izrayèl. Paske moun ki t ap koute l yo pa t abitye ak bagay sa yo. Pa egzanp, Jezi pa t pale de lavi nan lakou wa Ejip yo, ni de koutim ki gen nan relijyon nan peyi End yo. Men, li te pran egzanp ki gen rapò ak aktivite moun fè nan tout peyi. Li te pale de pyese rad, fè biznis, pèdi yon bagay ki gen anpil enpòtans ak asiste yon resepsyon maryaj. Li te konprann fason moun yo reyaji nan divès kalite sikonstans, e li te sèvi ak konesans sa a (Mak 2:21; Lik 14:7-11; 15:8, 9; 19:15-23). Piske se sitou moun ann Izrayèl Jezi t ap preche, pi souvan, li te fè referans ak bagay e ak aktivite moun sa yo te konn fè chak jou. Donk, li te pale sou kèk bagay tankou fè jaden, fason mouton reyaji devan bèje yo ak fason moun yo sèvi ak po bèt pou yo konsève diven (Mak 2:22; 4:2-9; Jan 10:1-5). Li te atire atansyon yo tou sou yon seri egzanp yo te byen konnen tankou kreyasyon de premye moun yo, delij Noye a, destriksyon Sodòm ak Gomò, lanmò madan Lòt (Mat. 10:15; 19:4-6; 24:37-39; Lik 17:32). Èske, menm jan an tou, ou byen egzamine aktivite moun k ap koute w yo ak kilti yo lè w ap chwazi egzanp w ap pran yo?

Bon, e si se pa ak yon gwoup moun w ap pale, men se ak yon sèl moun oswa petèt ak kèk moun sèlman? Fè efò pou w chwazi yon egzanp ki apwopriye espesyalman pou moun sa a oswa pou ti gwoup moun sa a. Lè Jezi t ap bay yon dam samaritèn temwayaj bò kote yon pi ki toupre Sicha, li te pale de “dlo lavi a”, ‘pap janm swaf ankò’ ak “yon sous dlo k ap ponpe pou l bay lavi ki pap janm fini an”. Tout ekspresyon sa yo te gen yon rapò dirèk ak travay dam sa a t ap fè a (Jan 4:7-15). E lè l t ap pale ak mesye ki t ap lave filè yo peche pwason yo, egzanp li te chwazi itilize a te gen rapò ak lapèch (Lik 5:2-11). Nan toule de egzanp sa yo, li te ka pale sou fè jaden, piske moun yo t ap viv nan yon zòn agrikòl, men li te pi byen fè lontan lè l te pale de bagay ki gen rapò ak aktivite moun sa yo t ap fè pou l fè yo wè sa l t ap di a. Èske w fè efò pou w fè sa?

Jezi te konsantre tout atansyon l sou “mouton ki pèdi ki fè pati pèp Izrayèl la”. Apot Pòl li menm se yon moun yo te voye nonsèlman pou nasyon Izrayèl la, men tou, pou moun nan lòt nasyon yo (Mat. 15:24; Tra. 9:15). Èske sa te gen yon enfliyans sou fason Pòl te pale? Wi. Lè l t ap ekri kretyen Korent yo, li te pale de kous apye, de manje nan tanp zidòl e li te fè referans tou ak kòtèj laviktwa ki te konn genyen yo, yon seri bagay moun sa yo ki pa t Juif te konnen byen. — 1 Kor. 8:1-10; 9:24, 25; 2 Kor. 2:14-16.

Èske, menm jan ak Jezi ak Pòl, ou veye pou w byen chwazi egzanp w ap bay lè w ap anseye lòt moun? Èske w egzamine kilti moun k ap koute w yo ak aktivite yo fè chak jou? Pa gen dout nan sa, gen anpil chanjman ki fèt nan monn nan soti depi nan premye syèk la pou rive kounye a. Anpil moun konnen nouvèl konsènan bagay k ap pase toupatou nan monn nan grasa televizyon. Souvan, yo byen konnen sitiyasyon k ap pase nan lòt peyi yo. Si se konsa sa ye nan zòn pa w la, se sèten se pa yon move bagay si w pran kèk pwen nan nouvèl sa yo pou w mete nan egzanp ou yo. Men, bagay ki plis touche moun yo se bagay ki gen rapò ak lavi pa yo: kay yo, fanmi yo, travay yo, manje y ap manje, jan tan an ye nan zòn yo a.

Si egzanp w ap bay la mande pou w bay anpil esplikasyon, petèt bagay w ap pale sou li a se yon bagay moun k ap koute w yo pa byen konnen. Li fasil pou yon egzanp konsa anpeche yo konprann pwen enpòtan ou vle yo konprann nan. Konsa, moun k ap koute w yo ka sonje egzanp lan, men yo ka pa sonje verite ki nan Bib la, verite ou t ap fè efò pou w montre yo a.

Olye Jezi te bay konparezon ki te konplike, li te pale sou bagay ki senp, bagay moun yo te konn viv chak jou. Li te sèvi ak bagay ki toupiti pou l esplike gwo bagay, li te sèvi tou ak bagay ki fasil pou l esplike bagay ki difisil. Lefètke Jezi te fè koneksyon ant evènman k ap pase chak jou yo ak verite ki nan Ekriti yo, li te ede moun yo konprann verite li t ap anseye yo pi byen e li te ede yo sonje yo. Se yon bèl egzanp pou nou suiv!

FASON W KA DEVLOPE KAPASITE POU W FÈ SA

  • Aprann reflechi nonsèlman sou sa w vle di yo, men tou sou moun k ap koute w yo.

  • Byen egzamine bagay k ap pase nan lavi moun ki antoure w yo.

  • Fikse objektif pou w itilize chak semèn omwen yon egzanp ki apwopriye ou potko itilize anvan sa.

EGZÈSIS: Byen egzamine egzanp ki nan Matye 12:10-12 la. Poukisa se yon bon egzanp?

Egzanp mwen ka itilize pou m rezone ak yon timoun sou prensip moral yo

․․․․․․․․․․․․․․․․․․․․․․․․․․․․․․․․․․․․․․․․․․․․․․․․․․․․․․․․․․․․․․

Egzanp mwen ka itilize pou m rezone ak yon granmoun sou yon verite fondamantal ki nan Bib la

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje