BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • mwbr16 no 9 p. 1
  • Referans pou Pwogram reyinyon Lavi nou ak travay nou fè a

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Referans pou Pwogram reyinyon Lavi nou ak travay nou fè a
  • Referans pou Pwogram reyinyon Lavi nou ak travay nou fè — 2016
  • Soutit
  • 19-25 SEPTANM
  • 26 SEPTANM–2 OKTÒB
Referans pou Pwogram reyinyon Lavi nou ak travay nou fè — 2016
mwbr16 no 9 p. 1

Referans pou Pwogram reyinyon Lavi nou ak travay nou fè a

19-25 SEPTANM

TREZÒ KI NAN PAWÒL BONDYE A | SÒM 135-141

Fouye pou n ka jwenn trezò espirityèl

it-1-F 849 § 6

Egzòd

Kidonk, Jewova te demontre pisans li yon fason estrawòdinè pou l te glorifye non l e pou l te delivre Izrayèl. Moun yo te rive sennesof bò rivaj Lanmè Wouj la ki sou bò lès la. Moyiz te pran latèt nan yon chante li t ap chante ak pitit Izrayèl yo. Sè Moyiz la, anpalan de Miryam, pwofetès la, te pran yon tanbouren epi l te kòmanse chante, danse ak tout medam yo, yo te akonpaye mesye yo nan chan yo t ap chante a (Eg 15:1, 20, 21). Izrayelit yo te separe nèt ak ènmi yo. Lè yo t ap kite Ejip, ni moun ni bèt pa t ka fè yo anyen mal, pa menm yon chyen pa t jape yo ni menm anvi fè sa (Eg 11:7). Menm lè istwa yo rapòte nan liv Egzòd la pa mansyone si Farayon te antre nan lanmè a ak fòs militè l yo epi l te mouri la, Sòm 136:15 li menm di nou Jewova ‘te lage Farawon ak lame l la nan Lanmè Wouj’.

26 SEPTANM–2 OKTÒB

TREZÒ KI NAN PAWÒL BONDYE A | SÒM 142-150

Fouye pou n ka jwenn trezò espirityèl

it-1-F 365

Bouch

Se yon ògan Bondye fè ki la pou resevwa manje epi prepare yo pou y al nan vant. Lèzòm itilize l pou yo pale tou. Pawòl k ap sot nan bouch nou ta dwe bay Bondye louwanj (Sm 34:1; 51:15; 71:8; 145:21). Moun ki te ekri liv Sòm nan te di tout sa k ap respire t ap louwe Jewova, se sa k fè lèzòm dwe itilize bouch yo pou yo louwe Jewova si yo vle viv. Apot Pòl esplike li pa sifi pou yon moun annik kwè nan Bondye ak Pitit Gason l lan menm lè moun sa a ta kwè ak tout kè l. Li dwe fè deklarasyon piblik tou pou l ka sove. — Sm 150:6; Wm 10:10.

Jewova ka met pawòl ki apwopriye nan bouch sèvitè l selon objektif li, men tou paske li gen dwa ansanm ak pouvwa pou l fè sa antanke Kreyatè. Nan ka pwofèt li yo li te fè mirak lè l te enspire yo (Eg 4:11, 12, 15; Jr 1:9). Pa egzanp, li te menm fè yon bourik pale (Nb 22:28, 30; 2P 2:15, 16). Jodi a, Bondye pa enspire sèvitè l yo ankò, men yo kapab gen Pawòl Bondye yo nan bouch yo grasa Pawòl li li te fè ekri sou enspirasyon an ki fè yo vin gen tout sa yo bezwen pou yo fè tout bon travay (2Ti 3:16, 17). Yo pa bezwen ret tann Kris ankò pou bay bon nouvèl la ni yo pa bezwen al chèche sa pou yo preche a yon lòt kote. Yo gen pawòl la devan yo, yo pare pou yo pale jan yo mande yo pou yo fè sa a: “Pawòl la toupre nou, li nan bouch nou, li nan kè nou”. — Wm 10:6-9; Dt 30:11-14.

Li ka lakòz lavi oswa lanmò. Sa vle di li enpòtan pou yon moun byen sèvi ak bouch li e se sa menm Jewova vle. Pawòl li a Labib di: “Bouch moun ki dwat la se yon sous ki bay lavi.” (Pw 10:11). Se sa k fè yon moun dwe byen veye sa k ap sot nan bouch li (Sm 141:3; Pw 13:3; 21:23), paske si l mal itilize l li ka rale malè sou tèt li (Pw 10:14; 18:7). Yon moun responsab devan Bondye pou sa k ap sot nan bouch li (Mt 12:36, 37). Yon moun ka kouri pale epi fè yon ve san reflechi (Ekl 5:4-6). Li ka flate yon moun epi lakòz moun sa a tonbe nan malè ak pwòp kondanasyon l (Pw 26:28). Li sitou enpòtan pou yon moun veye bouch li devan mechan an paske si lè moun sa a ap pale li ta manke mal sèvi ak sajès Bondye bay la, menmsi se ta toupiti, sa ka sal non Bondye e menm lakòz lanmò moun sa a (Sm 39:1). Jezi te bay yon bèl egzanp paske l te soumèt ak volonte Bondye san plenyen e san l pa t joure moun ki te opoze avè l yo ki te mechan. — Eza 53:7; Tr 8:32; 1P 2:23.

Kretyen an dwe toujou ap veye tèt li pakse li enpafè. Se sa k fè li dwe veye kè l. Jezi te di se pa sa ki antre nan bouch yon moun ki sal moun nan men, se sa ki soti nan bouch li ki sal li paske “pawòl ki sot nan bouch yon moun montre sa k ranpli kè l”. (Mt 12:34; 15:11.) Se sa k fè yon moun dwe fè atansyon pou l pa kite anyen sot nan bouch li san reflechi, san l pa panse ak konsekans sa ka genyen. Sa mande pou moun nan fè tèt li travay pou l aplike bon bagay l aprann nan Pawòl Bondye a. — Pw 13:3; 21:23.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje