Kantik 115
Annou fè chemen nou reyisi
1. Bondye ban’n Pawòl li, Labib.
Ann chèche li’l chak jou.
Ann reflechi sou li tou ba
Pou’l ka touche kè nou.
Se pou’l gide chak pa n’ap fè,
Chak panse nou genyen.
(REFREN)
Si nou vle lavi’n reyisi,
Li Labib avèk swen.
Li, medite e obeyi,
Se sa Bondye renmen.
2. Chak wa alatèt Izrayèl
Te resevwa lòd sa’:
‘Nou dwe ekri ak pwòp men nou
Lwa Jewova bay la.
Nou dwe li’l chak jou nou leve
Pou’n ret nan bon chemen.’
(REFREN)
Si nou vle lavi’n reyisi,
Li Labib avèk swen.
Li, medite e obeyi,
Se sa Bondye renmen.
3. Lè nou li Pawòl Bondye a,
Nou jwenn konsolasyon.
Kè nou kalm e nou pa enkyè,
Nou gen plis konviksyon.
Lè’n vrèman suiv Pawòl Bib la,
N’ap sèvi Bondye byen.
(REFREN)
Si nou vle lavi’n reyisi,
Li Labib avèk swen.
Li, medite e obeyi,
Se sa Bondye renmen.
(Gade tou Det. 17:18; 1 Wa 2:3, 4; Sòm 119:1; Jer. 7:23.)