Agoch: Yon sè, ki se yon kòlpòtè, k ap preche nan peyi Kore, nan ane 1931; adwat: Jodi a, y ap preche nan lang siy nan peyi Kore.
SEKSYON 2
Predikasyon Wayòm nan: Bon nouvèl la gaye sou tout kò tè a
W AP prepare w pou w al nan predikasyon byen bonè yon jou ou pa al travay. Pandan yon ti tan ou fè yon ti reflechi paske w santi w yon ti jan fatige. Ou di tèt ou yon ti repo maten an t ap bon anpil! Men, ou priye sou sa e ou deside ale. Ou te preche ak yon sè aje ki fidèl, epi andirans li demontre ak jantiyès li te touche kè w. Toutpandan w ap pataje mesaj verite a kay an kay, ou kòmanse rann ou kont se toupatou sou tè a frè ak sè yo ap pataje menm mesaj sa a, y ap sèvi ak menm piblikasyon yo e yo tout jwenn menm fòmasyon. Lè w tounen lakay ou, ou santi w anfòm. Ou kontan anpil dèske w pa t ret lakay ou.
Jodi a, travay predikasyon an se travay ki pi enpòtan pou Wayòm Bondye a. Jezi te fè konnen travay predikasyon an t apral jwe yon gwo wòl nan dènye jou yo (Mat. 24:14). Ki jan pwofesi Jezi te bay la ap akonpli? Nan seksyon sa a, nou pral wè ki moun k ap patisipe nan travay sa a, ki metòd yo itilize pou yo fè travay la ak ki zouti yo itilize ki enpòtan anpil pou yo fè travay la, yon travay k ap ede plizyè milyon moun toupatou sou tè a rive konnen Wayòm Bondye a egziste toutbonvre.