TREZÒ KI NAN PAWÒL BONDYE A | EZAYI 58-62
“Fè konnen ane Jewova ap fè moun favè a”
“Ane Jewova ap fè moun favè a” se pa yon ane literal
Se yon peryòd tan kote Jewova bay moun ki gen imilite posiblite pou yo reyaji devan mesaj ki montre yo y ap vin lib la
Nan premye syèk la, ane Jewova ap fè moun favè a te kòmanse lè Jezi te kòmanse travay predikasyon li t ap fè a nan ane 29 epòk nou an, e li te dire jiskaske “jou vanjans” Jewova a te rive lè yo te detwi Jerizalèm nan ane 70 epòk nou an
Nan epòk pa nou an, ane Jewova ap fè moun favè a te kòmanse lè Jezi te monte sou twòn nan nan syèl la nan ane 1914, e l ap fini nan moman gwo tribilasyon an
Jewova beni pèp li a grasa “gwo pyebwa k ap donnen sa ki dwat” yo
Jeneralman, pyebwa ki pi wo nan monn nan grandi ansanm nan forè, kote chak pyebwa ap soutni youn lòt
Yo gen yon pakèt rasin ki mele youn ak lòt ki fè pyebwa yo kanpe byen djanm e ki fè yo gen fòs pou yo reziste lè gen tanpèt
Pyebwa ki wo yo pwoteje ti pyebwa k ap grandi yo, e fèy ki tonbe yo tounen angrè pou tè a
Tout moun ki fè pati kongregasyon an toupatou sou tè a jwenn èd ak pwoteksyon grasa “gwo pyebwa k ap donnen sa ki dwat” yo, sa vle di rès kretyen ki gen esperans pou y al viv nan syèl la