Referans pou Pwogram reyinyon Lavi nou ak travay nou fè a
1-7 JANVYE
TREZÒ KI NAN PAWÒL BONDYE A | MATYE 1-3
“Wayòm syèl la vin pi pre”
nwtsty nòt etid pou Mt 3:1, 2
preche: Premye sans mo grèk lè yo tradui l yo mete preche pou li a vle di “fè yon deklarasyon an piblik”. Li mete aksan sou fason yo bay mesaj la: An jeneral, olye yo pale ak yon gwoup moun sèlman, yo fè deklarasyon an piblik la yon kote ki pa fèmen.
Wayòm: Se premye kote mo grèk bazileya a parèt nan Bib la, li fè referans ak yon gouvènman ki gen yon wa alatèt li k ap dirije yon tèritwa ak tout moun ki ladan l. Mo sa a parèt 162 fwa nan Liv ki te ekri an grèk yo, e 55 nan fwa sa yo li parèt nan liv Matye a, e pifò fwa li parèt nan liv Matye a se sou gouvènman Bondye a ki nan syèl la y ap pale. Nou tèlman jwenn mo sa a nan Evanjil Matye a opwen yo te ka rele Evanjil Matye a Evanjil Wayòm nan.
Wayòm syèl la: Ekspresyon sa a parèt anviwon 30 fwa nan Bib la e se nan Evanjil Matye a nou jwenn li sèlman. Nan Evanjil Mak la ak nan Evanjil Lik la, yo itilize yon lòt ekspresyon ki se “Wayòm Bondye a” pou montre se nan syèl la “Wayòm Bondye a” tabli e se la moun k ap dirije l yo ye. — Mt 21:43; Mk 1:15; Lk 4:43; Dn. 2:44; 2Ti 4:18.
vin pi pre: Se nan sans moun ki t ap gen pou dirije Wayòm syèl la te prèske parèt.
nwtsty foto/videyo
Rad ak aparans Jan ki te konn batize moun nan
Jan te konn met rad ki fèt ak plim chamo sou li e li te gen yon senti ki fèt an kui nan ren l li te ka itilize pou l pote kèk bagay ki pa twò lou. Pwofèt Eli te gen yon rad menm jan an (2Wa 1:8). Rad ki te fèt ak plim chamo yo te rèd e an jeneral se pòv ki te konn mete yo. Tandiske rad ki te fèt ak len oswa twal swa se moun rich ki te konn mete yo (Mt 11:7-9). Etandone Jan te yon Nazireyen depi lè l fèt, li posib pou yo pa t janm koupe cheve nan tèt li. Donk, sanble rad ak aparans Jan te ka fè tout moun wè tousuit li t ap mennen yon vi ki senp e li te bay tout li menm nan fè volonte Bondye.
Krikèt
Jan sa parèt nan Bib la, mo “krikèt” la ka vle di nenpòt kalite krikèt ki gen yon ti antèn tou kout, sitou krikèt ki deplase an gwoup yo. Dapre yon rechèch yo te fè nan Jerizalèm, krikèt k ap viv nan dezè yo gen 75 pousan pwoteyin. Jodi a, lè y ap fè manje avèk yo, yo retire tèt yo, pye yo, zèl yo ak vant yo. Rès kò a, sa vle di toraks la, yo manje l kri oswa yo kuit li. Dapre sa yo di, krikèt sa yo gen menm gou ak ekrevis oswa krab e yo chaje pwoteyin.
Siwo myèl yo jwenn nan bwa
Nan foto a nou wè yon kay myèl nan bwa yo fè (1) ak yon gato myèl ki plen ak myèl (2). Li posib pou myèl Jan te konn manje a se yon espès myèl nan bwa ki rele Apis mellifera syriaca ki fè l e se nan zòn sa a yo jwenn myèl sa yo. Espès sa yo ki sovaj fèt yon fason ki pèmèt yo viv nan zòn ki cho e ki sèch anpil nan dezè Jide a, men yo pa fèt pou moun fè elvaj yo. Sepandan, byen bonè nan nevyèm syèk anvan epòk nou an, moun ki t ap viv nan peyi Izrayèl te konn met myèl nan po ki fèt ann ajil. Yo te jwenn anpil nan restan myèl sa yo nan mitan yon vil (jodi a ki rele Tel Rehov) ki nan Vale Jouden an. Sanble myèl sovaj ki te konn pwodui myèl sa yo te soti nan peyi Tiki.
Fouye pou n ka jwenn trezò espirityèl
nwtsty nòt etid pou Mt 1:3
Tama: Li se premye nan senk medam ki parèt nan liy fanmi Mesi a nan liv Matye a. Lòt kat medam yo se Rahab ak Rit, yo toude pa t Izrayelit (vèsè 5), Batcheba, “madanm Ouri” (vèsè 6) ak Mari (vèsè 16). Yo mete medam sa yo nan yon liy fanmi ki gen ladan l gason sèlman petèt paske gen yon bagay estrawòdinè nan fason yo chak vin zansèt Jezi.
nwtsty nòt etid pou Mt 3:11
batize nou: Oswa “plonje n”. Mo grèk baptizo a vle di “rantre anba, plonje”. Gen lòt referans biblik ki montre mo batize a gen ladan l plonje nèt. Yon lè, Jan ki te konn batize moun nan t ap batize kèk moun nan Vale Jouden an toupre Salim “paske te gen anpil dlo la”. (Jan 3:23.) Lè Filip te batize etyopyen an, se yo toule de ki te “desann nan dlo a”. (Tra. 8:38.) Yo itilize menm mo grèk baptizo a nan Septant lan nan 2 Wa 5:14 pou yo pale de Naaman ki te “plonje sèt fwa nan Rivyè Jouden an”.
8-14 JANVYE
TREZÒ KI NAN PAWÒL BONDYE A | MATYE 4-5
“Leson nou aprann nan Diskou Jezi te bay sou mòn nan”
nwtsty nòt etid pou Mt 5:3
Byennere: Se pa annik santi kè w kontan, tankou jan yon moun konn santi l lè l ap pase yon bon ti moman. Okontrè, lè yo itilize mo sa a pou yo pale de moun, se pou montre jan yon moun santi l lefètke Bondye beni l epi apwouve l. Yo sèvi ak menm mo sa a pou yo pale de Bondye ak Jezi ki nan glwa yo nan syèl la. — 1Ti 1:11; 6:15.
moun ki pran konsyans yo bezwen Bondye: Ekspresyon grèk lè yo tradui l yo mete “moun ki pran konsyans” pou li a vle di literalman “moun ki pòv (ki nan nesesite, ki lage san anyen, k ap mande)”. Nan kontèks sa a, yo itilize l pou yo pale de moun ki anvi yon bagay e ki santi anvi sa a jis nan zantray yo. Yo sèvi ak menm ekspresyon sa a nan Lik 16:20, 22 pou yo pale de Laza kòm yon “pòv”. Ekspresyon sa a kèk tradiktè mete “pòv nan lespri” pou yo a, fè yon moun panse ak yon moun ki santi l ap soufri afòs li bezwen vin pwòch ak Bondye e afòs li santi li bezwen Bondye.
nwtsty nòt etid pou Mt 5:7
gen mizèrikòd: Lè nou wè ekspresyon “gen mizèrikòd” nan Bib la ak “mizèrikòd”, sa pa toujou gen rapò ak padone oswa demontre konpasyon nan yon jijman. Yo plis itilize yo pou yo pale de konpasyon ak pitye yon moun gen lakay li ki pouse l pran inisyativ pou l ede moun ki nan bezwen.
nwtsty nòt etid pou Mt 5:9
moun ki renmen fè lapè: Se moun nonsèlman ki kontinye viv anpè ak lòt moun, men tou, yo chèche met lapè kote ki bezwen sa.
w07-F 1/12 17
Aprann pitit ou vin yon moun ki renmen fè lapè
Paran kretyen yo ap fè anpil efò pou yo ede pitit yo vin moun k ap ‘chèche lapè, e k ap fè tout sa yo kapab pou yo jwenn li’. (1 Pyè 3:11.) Lè yon moun renmen fè lapè sa tèlman pote lajwa, sa vo lapèn pou l fè tout efò sa mande pou l rive venk santiman tankou pa fè moun konfyans, rankin ak kòlè.
Fouye pou n ka jwenn trezò espirityèl
nwtsty nòt etid pou Mt 4:9
fè yon jès pou w adore m: Mo grèk yo ka mete “adore” pou yo tradui l la nan tan aworis, sa ki montre se yon aksyon ki fèt pou yon ti tan sèlman. Lefètke yo mete “fè yon jès pou w adore” pou li, sa montre Dyab pa t mande Jezi pou l kontinye adore l, se yon senp ‘jès adorasyon’ li te vle.
nwtsty nòt etid pou Mt 4:23
li t ap anseye [...] li t ap preche: Anseye pa menm bagay ak preche paske moun k ap anseye a fè plis pase preche. Li bay fòmasyon, li esplike, li bay bonjan agiman e li bay prèv.
15-21 JANVYE
TREZÒ KI NAN PAWÒL BONDYE A | MATYE 6-7
“Kontinye chèche Wayòm nan an premye”
nwtsty nòt etid pou Mt 6:24
esklav: Vèb grèk la fè referans ak travay tankou yon esklav ki gen yon sèl mèt. Lè Jezi te itilize mo sa a, li te vle di yon kretyen pa ka adore Bondye ak tout kè l jan Bondye merite sa a toutpandan kretyen an ap bay tout li menm nan chèche anpil byen materyèl.
nwtsty nòt etid pou Mt 6:33
Kontinye chèche: Fòm vèb grèk la ye a montre se yon aksyon k ap kontinye e yo te ka mete “chèche san rete” pou li. Vrè disip Jezi yo pa t ap kòmanse chèche Wayòm nan pandan yon tan epi apre sa yo kanpe pou y al fè lòt bagay. Okontrè, yo ta dwe kontinye chèche l an premye nan lavi yo.
Wayòm nan: Gen kèk ansyen maniskri grèk ki mete “Wayòm Bondye a”.
l ap: Li fè referans ak Bondye anpalan de “Papa nou ki nan syèl la” ki parèt nan Mt 6:32.
fè sa ki jis: Moun ki chèche fè sa ki jis nan je Bondye yo fè sa Bondye vle san pèdi tan e yo suiv prensip li bay konsènan sa ki byen ak sa ki mal. Ansèyman sa a vrèman depaman ak ansèyman Farizyen yo ki te chèche tabli pwòp prensip pa yo. — Mt 5:20.
Fouye pou n ka jwenn trezò espirityèl
nwtsty nòt etid pou Mt 7:28, 29
rete bouch ouvè: Yo te ka defini vèb grèk yo itilize nan vèsè sa a konsa, “tèlman sezi opwen yo pa kapab sipòte ankò”. Vèb sa a ki nan yon fòm ki montre aksyon an ap kontinye fèt ede nou konprann pawòl Jezi yo te kontinye gen efè sou foul moun yo pandan anpil tan.
fason l anseye: Ekspresyon sa a gen rapò ak fason Jezi te anseye, metòd li te konn itilize pou l anseye ki gen ladan l sa l t ap anseye yo, tout ansèyman ki nan Diskou li te bay sou mòn nan.
pa t anseye yo jan espè nan Lalwa yo te konn anseye: Lè Jezi t ap anseye, li pa t konn site pawòl raben yo kòm pawòl ki fè otorite, jan se te abitid espè nan Lalwa yo. Okontrè, li te pale antanke reprezantan Jewova, antanke yon moun ki gen otorite ki te baze sa l t ap anseye yo sou Pawòl Bondye a. — Jan 7:16.
22-28 JANVYE
TREZÒ KI NAN PAWÒL BONDYE A | MATYE 8-9
“Jesus te renmen moun”
nwtsty nòt etid pou Mt 8:3
li touche mesye a: Lalwa Bondye te bay pa mwayen Moyiz la te mande pou moun ki gen lèp yo viv apa pou yo pa kontamine lòt moun (Le 13:45, 46; Nb 5:1-4). Sepandan, chèf relijye Juif yo te vin ak yon seri règ. Pa egzanp, yon moun te dwe kite yon distans anviwon 1 mèt 80 ant li menm ak yon moun ki gen lèp. Men, lè se jou ki gen anpil van, distans lan te dwe anviwon 45 mèt. Règ sa yo te fè moun ki gen lèp yo sibi move tretman. Selon sa yo te konn rakonte, yo te twouve li nòmal lè yon raben te kache pou yon moun ki gen lèp e lè yon lòt moun te voye wòch dèyè yon moun ki gen lèp pou fè l ret lwen l. Kontrèman ak moun sa yo, lè Jezi te wè jis nan ki pwen mesye ki gen lèp la t ap soufri, sa te tèlman fè l mal opwen li te fè yon bagay Juif yo pa t ap janm imajine: Li te touche mesye a! Li te chwazi touche mesye a alòske l te ka annik di yon pawòl pou l geri l. — Mt 8:5-12.
Wi, mwen vle: Nonsèlman Jezi te montre li konprann sa mesye a mande a, men tou, li te vrèman swaf geri l. Konsa, li montre se pa paske l te santi l oblije ki fè l te geri mesye a.
nwtsty nòt etid pou Mt 9:10
manje: Oswa “te bò tab”. Lè yon moun te manje bò tab ak yon moun, sa te montre jan l te pwòch moun sa a. Donk, nòmalman, Juif yo nan epòk Jezi a pa t ap janm manje bò tab, oswa pran yon repa, ak yon moun ki pa Juif.
pèseptè: Anpil Juif te konn pran taks pou otorite women yo. Moun yo te rayi Juif sa yo paske nonsèlman yo t ap kolabore ak yon pisans etranje yo pa t renmen, men tou, Juif sa yo te konn fòse moun yo bay plis taks pase sa yo te dwe bay. An jeneral, Juif yo te konn evite pèseptè Juif yo, yo te konsidere yo menm jan ak pechè ak pwostitye. — Mt 11:19; 21:32.
nwtsty nòt etid pou Mt 9:36
gen pitye: Vèb grèk splagknizomayi yo itilize pou mo sa a gen rapò ak mo “entesten” (splagkna), ki montre yon santiman ki soti byen fon nan yon moun, yon emosyon ki fò anpil. Se youn nan mo ki gen plis fòs yo itilize nan lang grèk la ki pale de konpasyon.
29 JANVYE–4 FEVRIYE
TREZÒ KI NAN PAWÒL BONDYE A | MATYE 10-11
“Jezi te bay moun fòs”
nwtsty nòt etid pou Mt 10:29, 30
tikit: Mo grèk stwoutyon an se fòm kout yo mete pou yo pale de kèlkeswa zwazo ki toupiti, men, souvan li fè referans ak tikit, zwazo ki te vann pi bon mache moun te konn manje.
pou yon ti pyès monnen ki pa gen anpil valè: Literalman, “pou yon asaryon” ki se kantite kòb yon gason te konn touche pou 45 minit li fè ap travay. (Gade apendis B14.) Nan twazyèm kanpay predikasyon Jezi te fè Galile li te di de tikit koute yon asaryon. Men yon lòt lè, sanble anviwon ennan apre, pandan Jezi t ap preche nan Jide, li te di yon moun te ka achte senk tikit pou de fwa pri sa a (Lk 12:6). Lè nou konpare de istwa sa yo, nou rann nou kont tikit yo te tèlman prèske pa gen valè opwen machann yo te bay senkyèm nan kòm degi.
ata branch cheve nan tèt nou li konte: Selon sa yo fè konnen, kantite cheve ki nan tèt yon moun depase 100 000. Lefètke Jewova byen konnen tout ti detay sa yo, sa ban nou garanti li vrèman enterese nan chak moun k ap suiv Kris.
nwtsty videyo/foto
Tikit
Tikit se zwazo ki te vann pi bon mache moun te konn manje. Yon moun te ka achte de tikit ak kantite kòb yon gason te konn touche pou 45 minit li fè ap travay. Ekspresyon grèk la enplike divès kalite ti zwazo, sa ki gen ladan l yon kalite tikit moun konnen (Passer domesticus biblicus) ak tikit espayòl la (Passer hispaniolensis) jis jounen jodi a peyi Izrayèl chaje avè yo.
nwtsty nòt etid pou Mt 11:28
ki gen chay n ap pote: Moun Jezi te mande pou vin jwenn li a te ‘gen chay y ap pote’ nan sans yo te enkyè e yo te bouke. Adorasyon yo t ap bay Jewova a te tounen yon pwa lou pou yo paske, nonsèlman yo te gen pou yo suiv Lwa Moyiz la men tou yo te gen pou yo suiv tradisyon lèzòm te vin avè yo (Mt 23:4). Ata saba a ki te sipoze yon sous ankourajman pou yo te vin tounen yon chay pou yo. — Eg 23:12; Mk 2:23-28; Lk 6:1-11.
M ap ban nou fòs: Mo grèk lè yo tradui l yo mete “ban nou fòs” pou li a kapab fè referans ak repo (Mt 26:45; Mk 6:31) oswa reprann fòs apre w te fin bouke ( 2Ko 7:13; Fm 7). Kontèks la montre lè yon moun pran “jouk” Jezi a met sou li (Mt 11:29) se te nan objektif pou l travay, se pa t pou l repoze. Vèb aktif grèk yo mete Jezi kòm sijè pou li a bay ide rekonfòte moun ki fatige yo epi reba yo fòs yon fason pou yo ka vin anvi aksepte jouk li a ki lejè e ki dou.
nwtsty nòt etid pou Mt 11:29
Pran jouk mwen an met sou zepòl nou: Jezi te itilize mo “jouk” la nan yon sans senbolik pou l te fè referans ak soumisyon anba otorite ak direksyon moun jwenn. Lè Jezi t ap pale a, si se ak yon jouk ki gen de plas li t ap panse, kote youn nan plas yo se Bondye ki mete l anba l, konnen Jezi t ap envite disip li yo pou yo vin met tèt yo anba menm jouk ansanm avè l e li menm li t ap ede yo. Nan ka sa a, ekspresyon an t ap konsa: “Vin anba menm jouk avè m.” Men, si Jezi t ap pale de yon jouk li mete sou zepòl lòt moun, konnen li t ap fè referans ak disip li yo ki ta dwe soumèt tèt yo anba otorite Kris ak direksyon l ap ba yo.