BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • mwb18 jen p. 8
  • Paran: Bay pitit ou sa k pi enpòtan pou l reyisi

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Paran: Bay pitit ou sa k pi enpòtan pou l reyisi
  • Lavi nou ak travay nou fè antanke kretyen — Pwogram reyinyon — 2018
  • Sou menm sijè a
  • Paran, leve pitit ou avèk amou
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2007
  • Paran, aprann pitit ou renmen Jewova
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2022
  • Ki jan fanmi w ka gen kè kontan?— Dezyèm pati
    Ou kapab viv ak kè kontan pou toutan! — Yon liv k ap ede w konn Bib la
  • Paran, bay fanmi nou sa yo gen bezwen
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2005
Gade plis
Lavi nou ak travay nou fè antanke kretyen — Pwogram reyinyon — 2018
mwb18 jen p. 8
Jozèf ak Mari k ap pwofite pandan y ap manje pou yo anseye Jezi ak lòt pitit yo te genyen yo.

LAVI NOU ANTANKE KRETYEN

Paran: Bay pitit ou sa k pi enpòtan pou l reyisi

Paran ki gen lakrentif pou Bondye yo vle pou pitit yo sèvi Jewova pandan tout vi yo. Paran yo ka ede pitit yo fè sa lè yo mete ansèyman ki nan Bib la nan kè pitit yo depi yo toupiti (Dt 6:7; Pw 22:6). Èske sa mande pou yo fè gwo sakrifis? Pa gen dout nan sa! Men rezilta yo vo lapèn. — 3J 4.

Paran yo ka aprann anpil bagay nan egzanp Jozèf ak Mari. Yo toule de “te gen abitid al Jerizalèm chak ane nan fèt Pak la” menmsi sa te mande yo anpil sakrifis ak anpil kòb (Lk 2:41). Se sèten sa k te pi enpòtan pou yo se pou fanmi yo gen yon bon relasyon ak Jewova. Menm jan an tou, jodi a paran yo ka bay pitit yo bonjan direksyon lè yo pwofite tout ti okazyon yo jwenn pou yo anseye pitit yo grasa pawòl yo e grasa egzanp yo bay. — Sm 127:3-5.

ÈSKE W TE KONNEN?

Malgre Jezi te leve nan yon fanmi ki t ap sèvi Jewova, se jis apre li fin mouri frè l yo bò kot manman te vin met lafwa nan li (Jan 7:5; Tr 1:14). Annapre, de ladan yo, Jak ak Jid, te ekri liv ki pote non yo a.

GADE VIDEYO KI GEN TIT YO TE PWOFITE TOUT OKAZYON AN, EPI REPONN KESYON KI VIN APRE YO:

  • Ki jan Jon ak Sharon Schiller te mete enterè Wayòm nan an premye toutpandan yo t ap pran swen fanmi yo?

  • Poukisa paran yo dwe anseye, gide epi korije timoun yo selon bezwen yo chak?

  • Ki sa paran yo ka fè pou yo prepare pitit yo pou yo fè fas ak tantasyon yo pral jwenn ki ka pase lafwa yo anba eprèv?

  • Ki zouti òganizasyon Jewova a bay ou itilize pou ede pitit ou fè pwogrè nan domèn espirityèl?

Fanmi Schiller

Met aktivite espirityèl yo an premye nan fanmi w.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje