Referans pou Pwogram reyinyon Lavi nou ak travay nou fè a
4-10 JEN
TREZÒ KI NAN PAWÒL BONDYE A | MAK 15-16
“Pwofesi ki te reyalize sou Jezi”
nwtsty nòt etid pou Mk 15:24, 29
yo separe [rad ki te sou li] yo: Istwa nou jwenn nan Jan 19:23, 24 la gen yon seri enfòmasyon ladan l nou pa jwenn nan liv Matye, Mak ak Lik la. Men yo: Li klè sòlda women yo te fè tiraj osò ak ni rad ki te sou Jezi a ni rad ki te pa anba rad ki sou Jezi yo; sòlda yo te pran rad ki te sou li yo e yo te separe yo “fè kat moso, youn pou chak sòlda”; yo pa t vle separe rad ki te pa anba rad ki sou li a, donk yo te fè tiraj osò ak li; konsa pwofesi nou jwenn nan Sm 22:18 ki fè konnen yo t ap fè tiraj osò ak rad Mesi a te reyalize. Moun ki te konn kloure moun sou poto yo te konn pran rad moun yo kloure sou poto yo, donk anvan yo touye kriminèl yo, yo te konn pran rad yo ak lòt bagay yo genyen, e se pa ti imilyasyon sa te ye pou kriminèl sa yo.
souke tèt yo: Byen souvan, moun k ap fè jès sa a toujou gen yon pawòl l ap di pou l pase moun nan jwèt oswa nan rizib. Moun ki t ap pase yo te reyalize pwofesi ki nan Sòm 22:7 san yo pa t menm rann yo kont.
nwtsty nòt etid pou Mk 15:43
Jozèf: Diferans ki te genyen nan fason chak moun te ekri Evanjil yo parèt aklè nan fason yo chak te bay yon seri detay sou Jozèf. Matye pèseptè a te fè konnen Jozèf te “yon mesye rich”; Mak, li menm ki te ekri Evanjil li a sitou pou Women yo, te di Jozèf se “yon manm Konsèy la ki te gen gwo renome” e ki t ap tann Wayòm Bondye a; Lik, doktè byenneme a, te di Jozèf “te yon bon moun e li te konn fè sa ki dwat” e li pa t vote pou l soutni aksyon manm Konsèy la te vle fè kont Jezi; Jan se sèl moun ki te di Jozèf te “yon disip Jezi an kachèt paske li te pè Juif yo”. — Mt 27:57-60; Mk 15:43-46; Lk 23:50-53; Jan 19:38-42.
Fouye pou n ka jwenn trezò espirityèl
nwtsty nòt etid pou Mk 15:25
twazyèm èdtan: Se te ozanviwon 9 è nan maten. Gen kèk moun ki di sanble gen yon kontradiksyon ant istwa Mak rapòte a ak istwa nou jwenn nan Jan 19:14-16 la ki di “li te anviwon sizyèm èdtan” nan jounen an lè Pilat te bay otorizasyon pou yo touye Jezi. Byenke Ekriti yo pa bay twòp detay sou rezon ki fè sa, men kèk bagay nou bezwen pran an konsiderasyon: An jeneral, lè Evanjil yo ap rakonte sa ki te pase nan dènye jou Jezi te sou tè a, yo bay menm lè. Toule kat Evanjil yo montre prèt yo ak ansyen yo te reyini kou l jou epi yo mennen Jezi bay Pons Pilat, gouvènè women an (Mt 27:1, 2; Mk 15:1; Lk 22:66–23:1; Jan 18:28). Matye, Mak ak Lik fè konnen Jezi te gentan sou poto a lè fènwa te blayi sou peyi a soti “nan sizyèm èdtan [...] rive jis nan nevyèm èdtan an”. (Mt 27:45, 46; Mk 15:33, 34; Lk 23:44.) Yon bagay enpòtan ki ka ede nou konprann pou ki rezon lè ki parèt nan Evanjil Mak ak Evanjil Jan an diferan sèke gen kèk moun ki konsidere bat yo te bat Jezi anvan yo te kloure l sou poto a fè pati etap ki mennen nan lanmò l. Pafwa, yo te tèlman konn bat moun yo kondane a, li te konn mouri pandan y ap bat li. Nan ka Jezi, yo te tèlman bat li, li pa t ka menm kontinye pote poto a pou rive kote yo t apral touye l la, se yon lòt moun yo te oblije mande pou ede l fin pote l (Lk 23:26; Jan 19:17). Si bat yo te bat Jezi a fè pati etap ki mennen nan lanmò l, gen yon kantite tan ki te gentan pase ant lè yo te bat li a ak lè yo te kloure l la. Pou kore sa, Mt 27:26 ak Mk 15:15 pale de ni bat yo te bat li a ni touye yo te touye l la, nan menm istwa a. Se sa k fè, rezon ki fè yon moun gendwa bay yon lè ki diferan ak yon lòt moun depann de lè moun nan konsidere etap pou yo touye Jezi a te kòmanse. Nou konprann rezon ki fè Pilat te sezi anpil lè l te aprann Jezi pa t pran twòp tan pou l mouri apre yo te fin kloure l sou poto a (Mk 15:44). Anplis de sa, byen souvan, moun ki te patisipe nan ekri Bib la te gen abitid divize jounen an an kat pati, kote chak pati te dire twazèdtan, e yo te konn divize nuit lan menm jan an tou. Nou vin konprann rezon ki fè lè yo divize jounen an konsa, byen souvan yo te konn fè referans ak twazyèm èdtan, sizyèm èdtan ak nevyèm èdtan, paske yo kòmanse konte lè a apati lè solèy la leve nan zòn 6 è nan maten konsa (Mt 20:1-5; Jan 4:6; Tr 2:15; 3:1; 10:3, 9, 30). Mete sou sa, an jeneral, moun yo pa t gen yon lè fiks vre, se sa k fè yo te konn itilize ekspresyon “anviwon”, jan sa parèt nan Jan 19:14 (Mt 27:46; Lk 23:44; Jan 4:6; Tr 10:3, 9). An rezime: li pwobab pou Mak t ap pale de ni bat yo te bat Jezi a ni mete yo te mete l sou poto a, tandiske Jan bò kote pa l t ap pale sèlman de kloure yo te kloure Jezi sou poto a. Li pwobab pou ni Mak ni Jan te awondi lè yo bay la selon moman nan jounen an yo te konsidere ki pi pre youn nan pati nan jounen an ki dire twazèdtan, e Jan te itilize ekspresyon “anviwon” an lè l t ap fè referans ak lè pa l la. Li pwobab pou se bagay sa yo ki fè gen diferans nan lè chak istwa yo bay la. Finalman, lefètke Jan te ekri liv li a plizyè dizèn ane apre liv Mak la e li bay yon lè ki pa koresponn ak lè Mak te bay nan Evanjil li te ekri a, sa montre byen klè se pa kopye li t ap kopye sou istwa Mak te rapòte a.
nwtsty nòt etid pou Mk 16:8
paske yo te pè: Selon premye maniskri yo jwenn sou dènye pati Evanjil Mak la, Evanjil sa a fini ak pawòl ki nan vèsè 8 la. Kèk moun fè konnen Evanjil sa a fini twò sèk pou l ta vèsyon orijinal liv Mak la. Sepandan, lè nou byen gade stil Mak te konn ekri a ki te yon ti jan sèk, nou ka di sa yo di a pa vrèman valab. Mete sou sa, Jerome ak Eusebius, de biblis nan katriyèm syèk la, montre vèsyon orijinal moun ka fè konfyans lan fini ak pawòl sa a: “Paske yo te pè”.
Gen anpil maniskri grèk ak anpil tradiksyon yo fè nan lòt lang ki ajoute konklizyon long oswa konklizyon kout apre vèsè 8 la. Nou jwenn konklizyon long nan (ki gen 12 vèsè anplis) nan Kodèks Alexandrinus, Kodèks Ephraemi Syri rescriptus, ak Kodèks Bezae Cantabrigiensis, yo tout te la nan senkyèm syèk epòk nou an. Mete sou sa, vèsè sa yo parèt tou nan tradiksyon laten ki rele Vilgat la, nan siryak Cureton an ak nan Pechita siryak la. Men, li pa parèt nan de maniskri grèk ki te la anvan nan katriyèm syèk la, nan Kodèks Sinayitikis la ak Kodèks Vatikan an, oswa nan Kodèks Sinaiticus Syriacus la ki te la nan katriyèm oswa senkyèm syèk la, oswa nan premye maniskri liv Mak la ki te la nan senkyèm syèk la nan lang kòp sayidik. Menm jan an tou, maniskri liv Mak ki pi ansyen an ki nan lang aményen ak jòjyen fini nan vèsè 8.
Te vin gen kèk lòt maniskri grèk ak kèk tradiksyon yo fè nan lòt lang ki gen konklizyon kout la (ki gen kèk fraz sèlman). Kodèks Regius la ki te la nan uityèm syèk epòk nou an gen toule de konklizyon yo, men yo met konklizyon kout la anvan. Li gen yon ti nòt devan chak konklizyon ki fè konnen nan uityèm syèk epòk nou an gen kèk moun ki te dakò ak pawòl ki nan vèsè sa yo e ki te konn itilize yo, menmsi li klè Kodèks Regius la rekonèt pa gen youn nan vèsè sa yo yo ka di ki enspire.
KONKLIZYON KOUT
Yo pa konsidere konklizyon kout ki apre Mk 16:8 la kòm Ekriti ki enspire. Men sa nou li:
Men, yo rakonte Pyè ak moun ki te avèk li yo tout bagay Jezi te kòmande yo san yo pa bay twòp detay. Epitou, apre bagay sa yo, Jezi voye yo soti nan lès pou rive nan lwès pou y al bay mesaj delivrans etènèl la, yon mesaj ki sen e ki pap janm pase.
KONKLIZYON LONG
Yo pa konsidere konklizyon long ki apre Mk 16:8 la kòm Ekriti ki enspire. Men sa nou li:
Lè l fin leve sot nan lanmò byen bonè premye jou nan semèn nan, li parèt toudabò devan Mari, moun Magdala, dam li te chase sèt demon sou li a. 10 Mari ale e li rakonte disip Jezi yo sa, paske yo te nan lapenn e yo t ap kriye. 11 Men yo menm, lè yo tande li retounen vivan ankò e Mari te wè l, yo pa kwè. 12 Anplis, apre bagay sa yo, li parèt sou yon lòt fòm devan de nan disip yo ki t ap mache al andeyò. 13 Epi yo tounen vin rakonte lòt disip yo sa. Men, disip yo pa t kwè yo tou. 14 Apre sa, li parèt devan onz apot yo pandan yo te chita bò yon tab, e li repwoche yo poutèt yo te manke lafwa e poutèt yo te gen tèt di, paske yo pa t kwè moun ki te wè l yo apre l fin leve sot nan lanmò a. 15 Epi, li di yo: “Al toupatou nan monn nan, epi preche tout moun bon nouvèl la. 16 Moun ki kwè e ki batize ap sove, men moun ki pa kwè ap kondane. 17 Epitou, men siy k ap fè yo rekonèt moun ki kwè yo: Y ap sèvi ak non mwen pou yo chase demon, y ap pale nan lòt lang, 18 y ap pran sèpan ak men yo, e yo te mèt bwè yon bagay ki gen pwazon, anyen pap rive yo. Y ap poze men yo sou moun ki malad, e moun sa yo ap geri.”
Apre sa, lè Seyè Jezi fin pale avèk yo, li monte nan syèl, l al chita adwat Bondye. 20 Vrèmanvre, yo soti al preche tout kote. Seyè a li menm t ap ede yo e li t ap kore mesaj yo a grasa mirak li te pèmèt yo fè.
11-17 JEN
TREZÒ KI NAN PAWÒL BONDYE A | LIK 1
Fouye pou n ka jwenn trezò espirityèl
nwtsty nòt etid pou Lk 1:69
yon kòn k ap pote delivrans: Oswa “yon sovè pisan”. Nan Bib la, byen souvan kòn bèt reprezante fòs, viktwa ak pran yo pran yon peyi (1Sa 2:1; Sm 75:4, 5, 10; 148:14; nòt). Epitou, kòn konn senbolize dirijan ak rèy sou plizyè jenerasyon, kit yo bon kit yo mechan, e yo konn konpare viktwa yo ranpòte yo ak yon bagay y ap pouse avèk kòn (Dt 33:17; Dn 7:24; 8:2-10, 20-24). Nan kontèks sa a, ekspresyon “yon kòn k ap pote delivrans” lan fè referans ak Mesi a kòm moun ki gen pouvwa pou pote delivrans e kòm yon sovè ki gen anpil pisans.
nwtsty nòt etid pou Lk 1:76
ou pral mache devan Jewova: Jan ki te konn batize moun nan t apral “mache devan Jewova” nan sans li t ap prepare chemen an pou Jezi, li menm ki t ap reprezante Papa l e ki t ap vini nan non Papa l. — Jan 5:43; 8:29; gade nòt etid pou Jewova nan vèsè sa a.
18-24 JEN
TREZÒ KI NAN PAWÒL BONDYE A | LIK 2-3
“Jèn: Èske w ap fè pwogrè nan domèn espirityèl?”
nwtsty nòt etid pou Lk 2:41
paran l yo te gen abitid: Lalwa pa t mande pou fi asiste fèt Pak la. Malgre sa, Mari te konn akonpaye Jozèf nan vwayaj Jozèf te konn fè chak ane pou l al Jerizalèm pou fèt la (Eg 23:17; 34:23). Chak ane, yo te konn prèske fè 300 km ale retou ak fanmi yo ki te vin gen plis moun.
nwtsty nòt etid pou Lk 2:46, 47
li t ap poze yo kesyon: Fason moun yo te reyaji lè y ap koute kesyon Jezi t ap poze yo montre se pa t kesyon konsa konsa yon tigason t ap poze pou l annik konnen pou konnen (Lk 2:47). Mo grèk lè yo tradui l ki bay “poze [...] kesyon” an, nan kèk kontèks, ka vle di yon seri kesyon yo konn poze lè y ap jije yon ka nan tribinal (Mt 27:11; Mk 14:60, 61; 15:2, 4; Tr 5:27). Selon sa istoryen yo fè konnen, nan epòk la, kèk chèf relijye te konn rete nan tanp lan apre fèt yo e yo te konn anseye nan youn nan gwo espas ki te kouvri nan zòn tanp lan. Moun te ka chita nan pye mesye sa yo pou yo koute yo epi poze yo kesyon.
te ret bouch ouvè: Vèb grèk yo mete “ret bouch ouvè” pou li a nan yon tan ki ka vle di kontinye sezi oswa pa sispann sezi.
nwtsty nòt etid pou Lk 2:51, 52
kontinye soumèt: Oswa “kontinye ret anba; kontinye obeyi.” Vèb grèk la, ki nan yon tan ki montre aksyon an ap kontinye, ede n konprann apre Jezi te fin fè anseyan yo nan tanp lan sezi pou jan yo wè li gen konesans sou Pawòl Bondye a, li te al lakay li e l te kontinye soumèt devan paran l avèk imilite. Obeyisans Jezi te pi enpòtan pase obeyisans nenpòt lòt timoun paske se konsa yon pati nan Lwa Bondye te bay Moyiz la t ap reyalize nan tout ti detay. — Eg 20:12; Ga 4:4.
Fouye pou n ka jwenn trezò espirityèl
nwtsty nòt etid pou Lk 2:14
e lapè sou tè a pami moun ki gen favè l yo: Gen kèk maniskri nou jwenn kèk pati ladan yo yo ta ka tradui konsa: “E lapè sou tè a, fè mesye yo favè.” E nou jwenn ekspresyon sa yo nan kèk tradiksyon Labib tou. Men, fason Tradiksyon monn nouvo a tradui ekspresyon sa a plis ale nan menm sans ak maniskri yo. Mesaj zanj lan te bay la pa gen rapò ak yon ekspresyon ki montre Bondye t ap fè kèlkeswa moun nan favè kit aksyon yo oswa konduit yo bon kit yo pa bon. Okontrè, li vle montre se moun ki met bonjan lafwa nan li e ki vin suiv Pitit Gason l lan l ap fè jwenn favè l. — Gade nòt etid pou moun ki gen favè l yo ki nan vèsè a.
moun ki gen favè l yo: Li klè “favè” zanj lan ap pale la a se Bondye ki demontre l, se pa lèzòm. Pou yo tradui mo grèk edokya a, yo ka mete “favè; ki fè plezi; apwobasyon” pou li tou. Yo itilize vèb edokyo a, ki gen rapò ak mo sa a, nan Mt 3:17; Mk 1:11; ak Lk 3:22 (gade nòt etid pou Mt 3:17; Mk 1:11), kote Bondye te pale ak Pitit Gason l lan tousuit apre batèm Pitit li a. Li bay sans prensipal la ki se “bay apwobasyon; ki fè plezi; fè favè; pran plezi nan”. Nan sans sa a, ekspresyon “moun ki gen favè l yo” (antwopoyizedokyas) fè referans ak moun ki gen apwobasyon oswa favè Bondye, e yo te ka mete pou li tou “moun li apwouve; moun ki fè l plezi”. Donk, pawòl zanj lan te di yo te gen rapò ak favè Bondye fè moun li pran plezi nan yo paske yo gen bonjan lafwa nan li e paske y ap suiv Pitit Gason li a, men li pa gen rapò ak favè Bondye fè tout moun an jeneral. Byenke mo grèk edokya a nan kèk kontèks ka gen rapò ak lè lèzòm fè moun favè (Wm 10:1; Fp 1:15), yo plis itilize l pou favè Bondye fè moun, oswa pou plezi li pran nan yo, oswa pou apwobasyon li ba yo (Mt 11:26; Lk 10:21; Ef 1:5, 9; Fp 2:13; 2Te 1:11). Nan Septant lan nan Sm 51:18 [50:20, LXX], yo itilize mo a anrapò ak “favè” Bondye fè moun.
25 JEN–1YE JIYÈ
TREZÒ KI NAN PAWÒL BONDYE A | LIK 4-5
“Ann reziste devan tantasyon jan Jezi te fè sa”
nwtsty foto/videyo
Tèt mi tanp lan
Li posib pou se toutbon Satan te fè Jezi kanpe sou “tèt [oswa “kote ki pi wo”] mi tanp lan” epi li di l pou l lage kò l anba, men yo pa konnen ki kote egzakteman li pwobab pou Jezi te kanpe. Piske mo yo te itilize pou tradui “tanp” lan nan kontèks la ka vle di tout tanp lan nèt, li posib pou se nan sidès (1) tanp lan Jezi te kanpe. Oubyen tou, se gendwa yon lòt kote nan tanp lan li te kanpe. Kèlkeswa kote l te kanpe a, depi l te manke lage kò l anba li t ap mouri si Jewova pa ta fè anyen pou ede l.
Fouye pou n ka jwenn trezò espirityèl
nwtsty nòt etid pou Lk 4:17
woulo pwofèt Ezayi a: Woulo pwofèt Ezayi a gen 17 moso pachemen ki koule youn ak lòt ki vin bay yon woulo ki mezire 7,3 mèt longè e ki gen 54 kolòn. Li pwobab pou woulo yo te itilize nan sinagòg vil Nazarèt la te menm longè a. Etandone kesyon chapit ak vèsè potko egziste nan premye syèk la, Jezi te bezwen chèche ki kote pasaj li t ap li a te ye nan woulo a. Men, lefètke li te jwenn kote pwofesi a te ekri a, sa montre li te byen konnen Pawòl Bondye a.
nwtsty nòt etid pou Lk 4:25
fè twazan sis mwa: Selon 1Wa 18:1, Eli te fè konnen se “nan twazyèm ane” a sechrès la t ap fini. Gen kèk moun ki fè konnen sa Jezi di a depaman ak istwa ki nan liv 1 Wa a. Sepandan, istwa a ki nan Liv ki te ekri ann ebre yo pa fè nou konprann sechrès la te dire mwens pase twazan. Li klè ekspresyon “twazyèm ane” a gen rapò ak peryòd ki te kòmanse premye fwa Eli te di wa Ahab t apral gen yon sechrès la (1Wa 17:1). Petèt, lè l te di l sa a sezon sechrès la te gentan kòmanse. An jeneral, sezon sechrès la te konn dire sis mwa, men li pwobab pou fwa sa a li te dire plis pase sis mwa. Anplis de sa, sechrès la pa t kanpe tousuit Eli te retounen kot Ahab, sa vle di “nan twazyèm ane” a, sechrès la te fini lè Jewova te fè dife sot nan syèl la tonbe sou Mòn Kamèl (1Wa 18:18-45). Kidonk, ni pawòl Jezi te di yo, ni pawòl Jak, yon frè Jezi bò kot manman, te di yo nou jwenn nan Jak 5:17, ale nan menm sans ak peryòd 1Wa 18:1 te fè konnen t ap gen sechrès la.