BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • mwbr18 no 7 p. 1-8
  • Referans pou Pwogram reyinyon Lavi nou ak travay nou fè a

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Referans pou Pwogram reyinyon Lavi nou ak travay nou fè a
  • Referans pou Pwogram reyinyon Lavi nou ak travay nou fè — 2018
  • Soutit
  • 2-8 JIYÈ
  • 9-15 JIYÈ
  • 16-22 JIYÈ
  • 23-29 JIYÈ
  • 30 JIYÈ–5 OUT
Referans pou Pwogram reyinyon Lavi nou ak travay nou fè — 2018
mwbr18 no 7 p. 1-8

Referans pou Pwogram reyinyon Lavi nou ak travay nou fè a

2-8 JIYÈ

TREZÒ KI NAN PAWÒL BONDYE A | LIK 6-7

“Bay san grate tèt”

nwtsty nòt etid pou Lk 6:37

Kontinye padone moun, e y ap padone nou: Oubyen “kontinye libere, e y ap libere w”. Ekspresyon grèk lè yo tradui l yo mete “padone” pou li a vle di literalman “kite ale, voye ale; libere (pa egzanp yon prizonye)”. Nan vèsè a, lè yo itilize l pandan y ap pale de jijman ak kondanasyon, li fè panse ak libere oswa padone menm lè sa ta nesesè pou bay sanksyon oswa pinisyon.

nwtsty nòt etid pou Lk 6:38

Pran abitid bay: Oswa “kontinye bay”. Yo ka mete “bay” pou fòm vèb Grèk yo itilize la a, e li bay sans yon aksyon ki toujou kontinye.

nwtsty nòt etid pou Lk 6:38

rad nou: Mo Grèk la vle di literalman “lestomak”, men nan vèsè a li ka fè referans ak twal ki mare nan senti yon moun e ki lage sou rad li. Ekspresyon ‘vide nan rad’ la ka fè referans ak abitid kèk machann te genyen pou yo mete sa moun nan achte a nan rad ki mare nan senti moun ki achte a.

9-15 JIYÈ

TREZÒ KI NAN PAWÒL BONDYE A | LIK 8-9

“Ki sa sa mande pou nou suiv Jezi?”

it-2-F 399

Nich

Lè youn nan espè nan Lalwa yo te di Jezi, “Anseyan, m ap suiv ou kèlkeswa kote w ale”, Jezi te reponn: “Rena yo gen twou yo, e zwazo nan syèl la gen nich yo, men Pitit lòm nan pa gen kote pou l poze tèt li.” (Mt 8:19, 20; Lk 9:57, 58). La a, Jezi te vle fè yo wè, pou yon moun vin suiv li, moun sa a ta dwe bliye zafè konfò ak tout sa yon moun konn bezwen an jeneral pou l gen kè kontan, epi mete tout konfyans li nan Jewova. Se prensip sa a ki parèt nan priyè modèl li te anseye disip li yo kote l te di, “Ban nou pen nou bezwen pou jounen an”, e prensip sa a parèt tou nan deklarasyon sa a: “Nou mèt sèten, okenn nan nou pa ka disip mwen si l pa abandone tout sa l genyen.” — Mt 6:11; Lk 14:33.

nwtsty nòt etid pou Lk 9:59, 60

antere papa m: Sanble ekspresyon sa a pa vle di papa mesye a te fèk mouri e se annik mande li t ap mande pou l al planifye antèman an. Si se te sa, se sèten li pa t ap menm la pou l ap pale ak Jezi. Nan ansyen Mwayenn Oryan an, yo pa t konn pran tan pou yo antere yon moun ki mouri, an jeneral, yo te konn fè sa menm jou a. Donk, li pwobab pou papa mesye a te aje e li potko mouri. Epitou, Jezi pa t ap janm mande mesye a pou l abandone yon paran l ki malad e ki nan bezwen, donk, dwe te gen lòt moun nan fanmi an ki te kapab ede paran an jwenn bonjan èd li bezwen yo (Mk 7:9-13). Anfèt, mesye a te vle di, ‘Fòk mwen ta tann papa m mouri anvan epi m antere l, apre sa m ap suiv ou.’ Men, pou Jezi, se kite mesye a te kite yon okazyon pase pou l mete enterè Wayòm nan an premye nan lavi l. — Lk 9:60, 62.

Kite mò yo antere mò yo: Jan nou wè sa nan nòt etid pou Lk 9:59 la, lè Jezi t ap pale ak mesye a, li pwobab pou papa mesye a te aje e li potko mouri. Kidonk, li klè Jezi te vle di mesye a: ‘Kite moun ki mouri nan domèn espirityè yo antere moun pa yo ki mouri’, sa vle di, mesye a te dwe kite lòt moun nan fanmi l pran swen papa l jiskaske papa a ta mouri epi yo antere l. Si mesye a te suiv Jezi, li t ap jwenn posiblite pou l viv pou toutan, e li pa t ap pami moun Bondye konsidere kòm moun ki mouri nan domèn espirityèl. Nan repons Jezi te ba li a, li te montre yon bagay ki vrèman enpòtan pou yon moun rete an vi nan domèn espirityèl se lè l met Wayòm Bondye a an premye nan lavi l epi fè anpil moun tande pale de Wayòm sa a.

nwtsty foto/videyo

Met men nan chari

Byen souvan, moun yo te konn met men yo nan chari nan sezon otòn apre lapli te ramoli tè a ki te fin di afòs solèy te bat li nan sezon ete. (Gade apendis B15.) Gen kèk chari ki te gen yon bagay ki fèt an bwa oswa an metal ki mare nan yon moso bwa youn oswa plizyè bèt ap rale. Apre yo te fin pase chari a nan tè a, yo te simen grenn yo. Nan Liv ki te ekri ann ebre yo, yo te abitye itilize egzanp chari k ap raboure tè (Jj 14:18; Eza 2:4; Jr 4:3; Mi 4:3). Jezi te konn itilize aktivite agrikòl yo anpil pou l bay leson ki enpòtan. Pa egzanp, Jezi te fè referans ak travay sa mande lè yon moun met men l nan chari pou l te mete aksan sou jan sa enpòtan pou yon moun bay tout li menm antanke disip (Lk 9:62). Si moun ki met men l nan chari a ta distrè nan travay l ap fè a, li t ap fè tras ki kwochi. Menm jan an tou, yon disip Kris ki ta vin distrè oswa ki ta vire do bay responsblite li genyen pap merite antre nan Wayòm Bondye a.

Fouye pou n ka jwenn trezò espirityèl

nwtsty nòt etid pou Lk 8:3

t ap rann yo sèvis: Oswa “t ap soutni yo (ba yo sa yo bezwen)”. Mo grèk dyakoneyo a ka fè referans ak pran swen yon moun nan domèn fizik tankou chèche manje pou li, fè manje pou li, sèvi l manje ak lòt ankò. Yo itilize l nan menm sans lan nan Lk 10:40 (ap travay), Lk 12:37 (sèvi), Lk 17:8 (sèvi) ak nan Tr 6:2 (distribye manje), men li ka fè referans ak tout lòt kalite sèvis yo rann moun. La a li dekri fason medam yo mansyone nan vèsè 2 ak 3 a te bay Jezi ak disip li yo sipò sa ki te ede yo akonpli travay Bondye te ba yo fè a. Lefètke medam sa yo te fè sa, yo te bay Bondye glwa e Bondye li menm te montre li apresye sa yo te fè a lè li te fè ekri bèl aksyon yo te fè yo nan Bib la pou moun te ka li plizyè jenerasyon annapre (Pw 19:17; Eb 6:10). Yo itilize menm ekspresyon grèk la pou medam yo pale de yo nan Mt 27:55; Mk 15:41.

16-22 JIYÈ

TREZÒ KI NAN PAWÒL BONDYE A | LIK 10-11

“Parabòl bon Samariten an”

nwtsty foto/videyo

Wout ki soti Jerizalèm al Jeriko

Wout (1) yo montre nan ti videyo sa a sanble ak wout nan tan lontan ki te konekte Jerizalèm ak Jeriko. Wout sa a te pase nan dezè Jide a e li te mezire plis pase 20 km (12 mi) longè, e li te desann sot Jerizalèm pou al Jeriko. Li te gen yon pant ki te mezire 1 km (0.6 mi). Te tèlman te konn gen vòlè nan zòn izole sa a, yo te oblije mete sòlda nan zòn nan pou bay moun k ap vwayaje yo pwoteksyon. Ou jwenn Jeriko (vil ki te konstwi nan epòk women yo) (2) tousuit ou kite dezè Jide a. Te gen ansyen vil Jeriko a (3) ki te ozanviwon 2 km (yon tikras plis pase 1 mi) Jeriko (vil ki te konstwi nan epòk women yo).

nwtsty nòt etid pou Lk 10:33, 34

yon Samariten: Dabitid Juif yo te konn gade Samariten yo mal e yo pat konn vle annafè ak yo. (Jan 4:9) Kèk Juif te konn menm itilize ekspresyon “Samariten” an pou yo denigre oswa repwoche yon moun (Jan 8:48). Men sa nou jwenn nan Michna a konsènan sa yon raben te di: “Moun ki manje pen Samariten yo tankou yon moun ki manje vyann kochon.” (Chebit 8:10). Anpil Juif pa t ap kwè sa yon Samariten di oswa menm aksepte yon sèvis nan men l. Etandone Jezi te byen konnen vye mantalite sa a Juif yo te genyen an, li bay yon leson enpòtan nan egzanp sa a moun byen konnen sou non: Egzanp bon Samariten an.

li panse blese l yo, li vide luil ak diven sou yo: La a, doktè Lik pran san l pou l byen esplike pati sa a nan egzanp Jezi a. Li bay detay sou metòd yo te konn itilize nan epòk la pou pran swen yon moun ki blese. Nan kay yo, te konn gen luil ak diven yo te konn itilize kòm remèd pou pran swen blese. Pafwa yo te konn itilize luil pou seche yon blese (konpare ak Eza 1:6), e yo konn itilize diven nan domèn medikal kòm antibyotik oswa dezenfektan. Epitou, Lik te esplike fason yo te bande blese yo pou yo pa t vin pi mal.

yon otèl: Mo grèk la vle di literalman “yon kote yo te resevwa tout moun oswa yo te konn rete la”. Moun k ap vwayaje yo ansanm ak bèt yo te konn jwenn kote pou yo rete kote sa a. Mèt otèl la te konn ofri moun k ap vwayaje yo sa ki te vrèman nesesè yo, e yo te ka peye l pou l pran swen moun yo kite sou kont li.

w98-F 1/7 31 § 2

Yon Samariten te montre li se yon bon pwochen

Parabòl Jezi a montre yon moun k ap fè sa ki jis toutbon se yon moun ki pa sèlman obeyi lwa Bondye yo, men tou, ki imite kalite l yo (Efezyen 5:1). Pa egzanp, Labib di nou “Bondye pa gen patipri”. (Travay 10:34.) Èske nou imite Bondye nan sans sa a? Bèl parabòl Jezi te bay la montre moun ki pwochen nou se pa sèlman moun ki nan menm peyi avè n, ki gen menm kilti e ki nan menm relijyon avèk nou, li ale pi lwen pase sa. Vrèmanvre, kretyen yo jwenn enstriksyon pou yo “fè byen ak tout moun”, kit moun yo pa nan menm ran sosyal avè yo, yo pa gen menm ras avè yo, yo pa soti nan menm peyi avèk yo, oswa yo pa gen menm kwayans avèk yo. — Galat 6:10

Fouye pou n ka jwenn trezò espirityèl

nwtsty nòt etid pou Lk 10:18

Mwen wè Satan deja tonbe sot nan syèl la tankou yon zèklè: Li klè se yon pwofesi Jezi t ap bay lè l te di li wè yo mete Satan deyò nan syèl la, se kòmsi se te yon bagay ki deja fèt. Re 12:7-9 pale de batay ki te fèt nan syèl la, e li montre gen yon rapò ant pimpe yo te pimpe Satan sou tè a ak Wayòm Mesi a ki te vin pran nesans. La a, Jezi te montre se sèten Satan ak demon l yo t ap pèdi batay sa a ki te gen pou fèt la paske Bondye te bay 70 disip yo pouvwa pou yo chase demon malgre disip sa yo te enpafè. — Lk 10:17.

nwtsty nòt etid pou Lk 11:5-9

Zanmi m, prete m twa pen: An Mwayenn Oryan, akeyi moun te gen anpil enpòtans pou moun yo e moun yo te konn byen fè sa, jan nou wè sa nan egzanp lan. Menm lè te gen yon moun ki rive sanzatann nan zòn minui, yon bagay ki montre jan moun ki t ap vwayaje yo pa t gen kontwòl sou lè y ap rive, moun ki t ap resevwa l la te santi l vrèman nan obligasyon pou l jwenn yon bagay pou l ba l manje. Li te menm santi li oblije al deranje vwazen l nan lè sa a pou l ka jwenn yon ti manje prete pou l bay moun nan.

Kite m trankil: Vwazen nan egzanp lan te renka pou l ede mesye a, se pa paske li pa t janti, men se paske li te gentan ap dòmi. Nan epòk la, souvan, kay yo, sitou kay moun ki pòv yo, te gen yon sèl gwo pyès. Si mesye a te leve, li te kapab leve tout moun ki t ap dòmi yo, san wete timoun yo.

kole nan kò: La a, mo grèk la ka vle di literalman “manke konn limit” oswa “san wont”. Men, nan kontèks la, mo grèk la montre moun nan te kontinye pèsiste oswa li pa t vle kite sa. Mesye ki nan egzanp Jezi te pran an pa t santi l wont oswa li pa t jennen pou l kontinye mande sa l te bezwen, e Jezi te di disip li yo pou yo fè menm jan an lè y ap priye. — Lk 11:9, 10.

23-29 JIYÈ

TREZÒ KI NAN PAWÒL BONDYE A | LIK 12-13

“Nou gen plis valè pase anpil tikit”

nwtsty nòt etid pou Lk 12:6

tikit: Mo grèk stwoutyon an se fòm kout yo mete pou yo pale de kèlkeswa zwazo ki toupiti, men, souvan li fè referans ak tikit, zwazo ki te vann pi bon mache moun te konn manje.

nwtsty nòt etid pou Lk 12:7

ata branch cheve nan tèt nou li konte: Selon sa yo fè konnen, kantite cheve ki nan tèt yon moun depase 100 000. Lefètke Jewova byen konnen tout ti detay sa yo, sa ban nou garanti li vrèman enterese nan chak moun k ap suiv Kris.

Fouye pou n ka jwenn trezò espirityèl

nwtsty nòt etid pou Lk 13:24

Fè gwo efò: Oswa “kontinye lite”. Avètisman sa a Jezi te bay la mete aksan sou nesesite pou yon moun fè gwo efò pou l ka antre nan pòt ki jis la. Pou kontèks sa a, gen plizyè tradiksyon ki mete: “Fè maksimòm efò; Fè tout efò.” Vèb grèk agonizomayi a gen rapò ak non grèk agon an, yo non yo te konn itilize pou fè referans ak konpetisyon atlèt yo te konn patisipe. Nan Eb 12:1, yo itilize non sa a nan sans senbolik pou pale de kretyen yo ki nan yon “kous” pou lavi. Yo itilize l tou yon fason ki pi jeneral lè yo mete “batay” (Fp 1:30; Kl 2:1) oswa “konba” (1Ti 6:12; 2Ti 4:7). Pou yo tradui fòm vèb grèk ki nan Lk 13:24 la, yo mete “patisipe nan yon konpetisyon” (1Ko 9:25), “lite” (Kl 1:29; 4:12; 1Ti 4:10), ak “konba” (1Ti 6:12). Akoz rasin ekspresyon sa a gen rapò ak konpetisyon atlèt yo te konn patisipe, gen kèk moun ki panse efò Jezi t ap mande a kapab konpare ak jan yon atlèt konn fè tout sa l kapab, jan l fè gwo efò pou l rive genyen pri a.

nwtsty nòt etid pou Lk 13:33

pa ka: Oswa “li pa posib pou (pa menm panse ak sa)”. Byenke pa gen okenn pwofesi nan Bib la ki di aklè Mesi a t ap mouri Jerizalèm, men Dn 9:24-26 ta lese konprann sa. Mete sou sa, si Juif yo t ap touye yon pwofèt, e sitou Mesi a, yo ta dwe fè sa nan vil sa a paske tout 71 manm Sanedren an, pi gwo tribinal Juif yo, te konn reyini nan Jerizalèm pou yo jije moun yo te konn akize kòm fo pwofèt. Epitou, petèt se Jerizalèm Jezi te gen nan tèt li, kote yo te konn fè sakrifis regilyèman bay Jewova ak kote yo te konn sakrifye ti mouton fèt Pak la. Jan bagay yo te vin pase a, sa Jezi te di yo te reyalize. Yo te mennen l devan Sanedren an e yo te kondane l. Epi se Jerizalèm, dèyè miray vil la, yo te sakrifye l kòm “Ti Mouton fèt Pak” la. — 1Ko 5:7.

30 JIYÈ–5 OUT

TREZÒ KI NAN PAWÒL BONDYE A | LIK 14-16

“Parabòl pitit gason gaspiyè a”

nwtsty nòt etid pou Lk 15:11-16

Gen yon mesye ki te gen de pitit gason: Gen kèk aspè nan egzanp pitit gason gaspiyè a (moun konnen tou sou non “pitit gason ki te pèdi a”) ki vrèman espesyal. Se youn nan egzanp ki pi long Jezi te bay. Yon aspè ki vrèman enteresan nan egzanp lan se relasyon ki te gen nan fanmi. Nan lòt egzanp yo, souvan, Jezi te konn pale de bagay ki pa vivan, tankou divès kalite semans oswa tè, oswa relasyon ki egziste ant yon mèt ak esklav li yo (Mt 13:18-30; 25:14-30; Lk 19:12-27). Sepandan, nan egzanp sa a, Jezi te mete aksan sou relasyon sere sere ant yon papa ak pitit gason li yo. Li pwobab pou anpil moun ki t ap tande istwa a pa t gen yon papa ki gen lanmou konsa. Egzanp sa a montre gwo konpasyon ak lanmoun Papa nou ki nan syèl la genyen pou pitit li yo ki sou tè a, ni sa ki rete fidèl avè l ni sa ki retounen vin jwenn li apre yo te fin kite l.

Pi jèn nan: Selon Lalwa Moyiz la, premye pitit gason yo te konn resevwa de pòsyon nan tout sa paran yo genyen (Dt 21:17). Kidonk, nan egzanp sa a, si se pi gran frè a ki se premye pitit, sa t ap vle di eritaj pi jèn frè a te mwatye pa pi gran frè l la.

gaspiye: Mo grèk yo itilize la a vle di literalman “gaye (nan tout direksyon)”. (Lk 1:51; Tr 5:37.) Nan Mt 25:24, 26, yo mete “vannen” pou li. Donk, nan vèsè a, yo itilize mo gaspiye a pou bay sans gaspiyaj, depanse san reflechi.

banboche: Oswa “gaspiye lavi (lage kò nan plezi; libètinaj)”. Nou jwenn yon lòt mo grèk ki gen rapò ak menm mo sa a nan Ef 5:18; Tt 1:6; 1P 4:4 e ki bay menm sans lan. Kòm mo grèk la gendwa bay ide yon moun k ap gaspiye lavi l, gen kèk tradiksyon Labib ki itilize ekspresyon “gaspiye lavi” a.

gade kochon: Selon Lalwa, bèt sa yo pa t pwòp, donk, se te yon travay ki te rabesan anpil pou yon Juif fè. — Lv 11:7, 8.

manje kochon: Sitiyasyon jennonm nan te tèlman grav opwen li te vle manje ata manje kochon. — Gade nòt etid pou Lk 15:15.

nwtsty nòt etid pou Lk 15:17-24

kont ou: Oswa “anba je w”. Nan menm sans lan, yo itilize prepozisyon grèk enòpyon an, ki vle di literalman “anvan; devan je w”, nan 1Sa 20:1 nan Septant lan.

travayè: Lè pitit gason ki pi jèn nan t ap tounen lakay li, li te gen nan tèt li pou l mande papa l aksepte l, kòm yon travayè men pa kòm pitit gason l. Yo pa t konsidere yon travayè kòm yon esklav, men li te yon moun yo te konn bay fè djòb, byen souvan, pandan yon jounen. — Mt 20:1, 2, 8.

bo l avèk tandrès: Oswa “bo l avèk afeksyon”. Yo konprann ekspresyon grèk lè yo tradui l yo mete “bo l avèk tandrès” pou li a kòm yon fòm vèb grèk fileyo a, kote yo mete aksan sou moun k ap fè aksyon an, e kèk fwa yo konn mete “bo” pou li (Mt 26:48; Mk 14:44; Lk 22:47), men li pi souvan gen sans “gen afeksyon pou”. (Jan 5:20; 11:3; 16:27.) Fason papa yo pale de li nan egzanp lan resevwa pitit gason l lan ak tout kè l montre jan li dispoze akeyi pitit gason an ki te repanti.

rele m pitit ou: Gen kèk maniskri ki ajoute, “Konsidere m tankou youn nan travayè w yo”, men tèks ki la a ann amoni ak plizyè maniskri ki la depi byen lontan e yo fè konfyans. Gen kèk biblis ki panse yo te ajoute pawòl sa yo pou yo fè vèsè a mache ak Lk 15:19.

wòb [...] bag [...] sandal: Wòb sa a pa t menm jan ak lòt rad moun te konn mete men se te pi bèl rad la, petèt sa ki te gen anpil bwodri e yo te konn bay envite donè yo kòm kado. Lefètke li te mete yon bag nan men pitit gason l lan, sa montre bonte ak afeksyon papa sa a genyen pou pitit li a, sa te montre tou diyite, onè ak dwa li te bay pitit li a li te rejwenn nan. Dabitid esklav yo pa t konn gen bag ak sandal. Donk, papa a t ap montre aklè li te byen kontan akeyi pitit gason l lan kòm manm fanmi an.

Fouye pou n ka jwenn trezò espirityèl

nwtsty nòt etid pou Lk 14:26

rayi: Nan Bib la, ekspresyon “rayi” a gen plizyè sans. Li ka bay sans yon moun ki fache nan pwen pou fè lòt moun mechanste. Oswa li ka fè referans ak yon santiman oswa san nou tèlman ka pa ale ak yon moun oswa ak yon bagay opwen nou pa vle annafè ak moun sa a oswa ak bagay sa a. Lòt sans lan ka vle di tou renmen mwens. Pa egzanp, lè yo te di Jakòb te “rayi” Leya e li te renmen Rachel, sa te vle di li te renmen Leya mwens pase Rachel (Jen 29:31, nòt; Dt 21:15, nòt), e yo itilize ekspresyon sa a nan sans sa a nan lòt ansyen ouvraj Juif yo. Se sa k fè, Jezi pa t vle di pou moun ki t ap suiv li yo fache ak fanmi yo oswa ak tèt yo, piske sa t ap kontredi Ekriti yo. (Konpare Mk 12:29-31; Ef 5:28, 29, 33.) Nan kontèks sa a, ekspresyon “rayi” a ka vle di “renmen mwens”.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje