BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • mwbr18 no 9 p. 1-5
  • Referans pou Pwogram reyinyon Lavi nou ak travay nou fè a

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Referans pou Pwogram reyinyon Lavi nou ak travay nou fè a
  • Referans pou Pwogram reyinyon Lavi nou ak travay nou fè — 2018
  • Soutit
  • 3-9 SEPTANM
  • 10-16 SEPTANM
  • 17-23 SEPTANM
  • 24-30 SEPTANM
Referans pou Pwogram reyinyon Lavi nou ak travay nou fè — 2018
mwbr18 no 9 p. 1-5

Referans pou Pwogram reyinyon Lavi nou ak travay nou fè a

3-9 SEPTANM

TREZÒ KI NAN PAWÒL BONDYE A | JAN 1-2

Fouye pou n ka jwenn trezò espirityèl

nwtsty nòt etid pou Jan 1:1

Pawòl la: Oswa “Logòs la”. Grèk, ologòs. La a, yo sèvi avè l antanke tit. Nou jwenn menm ekspresyon an tou nan Jan 1:14 ak Re 19:13. Jan fè konnen moun ki pote tit sa a rele Jezi. Yo te bay Jezi tit sa a pandan l te nan syèl la antanke kreyati espirityèl, pandan l t ap preche sou tè a antanke moun pafè, e apre li fin monte nan syèl la. Jezi se Pawòl Bondye nan sans li se Pòtpawòl Bondye oswa mwayen Bondye sèvi pou l kominike oswa transmèt enfòmasyon ak enstriksyon bay lòt kreyati espirityèl yo oswa bay lèzòm. Donk, li rezonab pou n panse anvan Jezi te vin sou tè a, Jewova te kominike avèk lèzòm pa mwayen Pawòl la, oswa Zanj li itilize kòm pòtpawòl la. — Jen 16:7-11; 22:11; 31:11; Eg 3:2-5; Jj 2:1-4; 6:11, 12; 13:3.

ansanm ak: Lit.: “anvè”. Nan kontèks sa a, prepozisyon grèk pwos la montre gen yon rapò sere sere oswa yon bon kolaborasyon. Sa montre tou y ap pale konsènan diferan moun, e nan ka sa a, y ap pale konsènan Pawòl la ak sèl vrè Dye a.

Pawòl la te yon dye: Oswa “te tankou Bondye [oswa, “sanble ak Bondye”]. Deklarasyon sa a Jan te fè a fè konnen yon karakteristik “Pawòl la” (Grèk, ologòs; gade nòt etid pou Pawòl la nan vèsè sa a), anpalan de Jezi Kris, genyen. Lefètke Pawòl la gen gwo pozisyon antanke premye Pitit Gason Bondye e Bondye te itilize l pou l kreye tout lòt bagay, se youn nan rezon prensipal ki fè yo pale de li kòm “yon dye; yon moun ki sanble ak Bondye; yon moun ki tankou Bondye”. Anpil tradiktè prefere mete “Pawòl la te Bondye”, konsa yo fè li egal ak Bondye Toupisan an. Sepandan, gen bonjan rezon pou nou di Jan pa t vle di “Pawòl la” se Bondye Toupisan an. Toudabò, ni pawòl ki vin anvan ekspresyon “Pawòl la te yon dye” a ni pawòl ki vin apre a montre aklè “Pawòl la” te “ansanm ak Bondye”. Epitou, mo grèk teyòs la (yo mete Bondye oswa dye pou tradui l la) parèt twa fwa antou nan vèsè 1 ak vèsè 2 a. Nan lang grèk la, premye kote ak twazyèm kote mo teyòs la parèt la gen atik defini devan l, tandiske dezyèm kote li parèt la li pa gen atik. Anpil biblis dakò lefètke pa gen atik defini ki parèt dezyèm kote mo teyòs la parèt la, sa gen anpil enpòtans. Lè yo mete atik defini devan mo teyòs la nan kontèks sa a, li fè referans ak Bondye Toupisan an. Men, nan fòm gramatikal yo itilize la a, lefètke yo pa mete atik la devan mo teyòs la, sa montre nan sans yo itilize l la, li plis ap pale de karakteristik “Pawòl la” genyen. Se sa k fè, gen anpil tradiksyon Labib ann anglè, an fransè ak ann alman, ki ale nan menm sans ak Tradiksyon monn nouvo a, ki fè konprann “Pawòl la” te “yon dye; yon moun ki sanble ak Bondye; yon moun ki tankou Bondye”. Pou kore sa, gen ansyen tradiksyon Evanjil Jan an nan lang sayidik, nan lang bowayirik ak nan lang kòp, petèt ki te fèt nan twazyèm ak katriyèm syèk epòk nou an, ki pa tradui premye kote mo teyòs la parèt nan Jan 1:1 an menm jan ak dezyèm kote li parèt nan vèsè a. Fason tradiksyon sa yo tradui l dezyèm kote li parèt la mete aksan sou karakteristik “Pawòl la” genyen: Li sanble ak Bondye. Men, tradiksyon sa yo pa fè konprann “Pawòl la” egal ak Papa l, Bondye Toupisan an. Kl 2:9 ale nan menm sans ak Jan 1:1, li dekri Kris kòm moun ki gen “tout kalite Bondye genyen yo”. E selon 2P 1:4, menm moun ki pral dirije ak Kris yo ap “kapab vin patisipe nan glwa Bondye antanke espri”. Mete sou sa, nan tradiksyon Septant lan, mo grèk teyòs la an jeneral koresponn ak mo ebre lè yo tradui l yo mete “Bondye” pou li a, anpalan de èl ak eloyim. Moun panse sans de baz èl ak eloyim se “Sila a ki pisan an; Sila a ki gen fòs la”. Yo sèvi ak mo ebre sa yo pou fè referans ak Bondye Toupisan an, lòt dye oswa lèzòm. (Gade nòt etid pou Jan 10:34.) Si yo ta rele Pawòl la “yon dye”, oswa “yon moun ki pisan”, sa t ap byen tonbe ak pwofesi Eza 9:6 la ki te fè konnen yo t ap gen pou yo rele Mesi a, “Dye pisan” (se pa “Bondye Toupisan”) e li t ap “Papa ki la pou toutan” pou tout moun ki t ap gen privilèj viv anba gouvènman l lan. Se Papa l, Jewova, Chèf lame yo, ki byen deside fè sa reyalize. — Eza 9:7.

nwtsty nòt etid pou Jan 1:29

Ti Mouton Bondye a: Apre Jezi te fin batize epi Dyab la te fin tante l, Jan ki te konn batize moun nan te prezante l kòm “Ti Mouton Bondye a”. Nou jwenn ekspresyon sa a sèlman la a nan Jan 1:36. (Gade Apendis A7.) Sa byen tonbe lefèkte yo konpare Jezi ak yon timouton. Nan Bib la, yo montre moun te konn ofri timouton pou peche yo fè epi pou yo jwenn favè Bondye. Se te yon lonbray konsènan sakrifis Jezi t apral fè lè l te bay lavi pafè li a pou lèzòm. Ide “Ti Mouton Bondye a” parèt nan anpil nan vèsè ki nan Ekriti Bondye te fè ekri yo. Kòm Jan ki konn batize moun nan te abitye ak Liv ki te ekri ann ebre yo, pawòl li te di yo te ka gen rapò ak youn oswa plizyè pwen ki vin annapre yo: mal mouton Abraram te ofri nan plas Izarak, pwòp pitit li a (Jen 22:13), mouton fèt Pak la yo te touye ann Ejip pou delivrans Izrayelit yo ki te ann esklavaj (Eg 12:1-13), oswa mal mouton yo te konn ofri sou lotèl Bondye a nan Jerizalèm chak maten ak chak swa (Eg 29:38-42). Jan te ka gen nan tèt li tou pwofesi Ezayi a, ki pale de moun Jewova rele “sèvitè m nan”, li menm yo “te mennen l labatwa tankou yon mouton”. (Eza 52:13; 53:5, 7, 11.) Lè apot Pòl te ekri premye lèt pou kretyen Korent yo, li te pale de Jezi kòm “Ti Mouton fèt Pak nou an”. (1Ko 5:7.) Apot Pyè te pale de san Kris kòm “san ki gen anpil valè, ki tankou san yon ti mouton ki san defo e ki san tach”. (1P 1:19.) E plis pase 25 fwa nan liv Revelasyon an, nan yon sans senbolik, yo pale de Jezi nan glwa li kòm “Ti Mouton” an. — Men kèk egzanp: Re 5:8; 6:1; 7:9; 12:11; 13:8; 14:1; 15:3; 17:14; 19:7; 21:9; 22:1.

10-16 SEPTANM

TREZÒ KI NAN PAWÒL BONDYE A | JAN 3-4

“Jezi te preche Samaritèn nan”

nwtsty nòt etid pou Jan 4:6

vwayaj la te fè Jezi fatige: Se sèl kote nan Ekriti yo ki di Jezi te “fatige”. Li te ozanviwon 12:00 a.m. e nan maten sa a, sanble Jezi te fè yon vwayaj soti nan Vale Jouden an nan Jide pou monte al Sicha nan Samari, sou yon distans 900 m (3 000 pye) oswa plis. — Jan 4:3-5; Gade Apendis A7.

Fouye pou n ka jwenn trezò espirityèl

nwtsty nòt etid pou Jan 3:29

zanmi lemarye a: Nan epòk yo te ekri Bib la, yon moun ki pwòch lemarye a te reprezante l legalman e l te jwe wòl prensipal anrapò ak aranjman k ap fèt pou maryaj la. Yo te konsidere l kòm moun ki te fè tout negosyasyon ki nesesè pou maryaj la fèt. Jou maryaj la, kòtèj la te konn mache rive lakay lemarye a oubyen lakay papa l e se la yo konn tou fè resepsyon an. Pandan resepsyon an, zanmi lemarye a kontan lè l tande vwa lemarye k ap pale ak lamarye, paske zanmi an santi li te byen fè travay li. Jan ki te konn batize moun nan te konpare tèt li ak “zanmi lemarye a”. Nan ka sa a, se Jezi ki te lemarye a e disip li yo antanke gwoup te reprezante lamarye a. Jan ki konn batize moun nan te prepare wout pou Mesi a lè li te byen prezante premye kategori moun ki fè pati gwoup “lamarye a” bay Jezi Kris (Jan 1:29, 35; 2Ko 11:2; Ef 5:22-27; Re 21:2, 9). Antanke “zanmi lemarye a”, travay Jan te fini la. Apre sa, wòl li pa t ap gen menm enpòtans ak wòl Jezi ak disip li yo ankò. Se poutèt sa, lè Jan t ap pale de tèt li anrapò ak Jezi li te di: “Aktivite Kris dwe kontinye ogmante, men, aktivite pa m dwe kontinye diminye.” — Jan 3:30.

nwtsty nòt etid pou Jan 4:10

dlo lavi a: Yo itilize ekspresyon grèk sa a nan sans literal pou yo fè referans ak dlo k ap koule, dlo sous oswa dlo fre ki nan yon pi. Sa ki diferan ak dlo ki deja nan yon sitèn. Nan Le 14:5, ekspresyon ebre yo mete “dlo sous” pou li a vle di literalman “dlo lavi a”. Nan Jr 2:13 ak 17:13, yo dekri Jewova kòm “sous dlo lavi a,” sa vle di dlo senbolik k ap bay lavi a. Lè Jezi t ap pale ak Samaritèn nan, li te itilize ekspresyon “dlo lavi a” nan yon sans senbolik, men ta sanble okòmansman Samaritèn nan te panse se de dlo Jezi t ap pale toutbonvre. — Jan 4:11; gade nòt etid pou Jan 4:14.

17-23 SEPTANM

TREZÒ KI NAN PAWÒL BONDYE A | JAN 5-6

“Suiv Jezi avèk bon entansyon”

nwtsty nòt etid pou Jan 6:10

moun yo chita nan zèb la. Te gen anviwon 5 000 gason nan foul la: Se sèlman istwa Matye a ki ajoute pati ki di, “san konte fi ak timoun”, lè l ap pale konsènan mirak sa a (Mt 14:21). Li posib pou kantite moun Jezi te fè mirak pou bay manje a te plis pase 15 000.

nwtsty nòt etid pou Jan 6:14

Pwofèt: Anpil Juif ki t ap viv nan premye syèk epòk nou an te panse moun ki t ap Mesi a t ap yon pwofèt ki tankou Moyiz, jan Dt 18:15, 18 montre sa. Nan kontèks sa a, ekspresyon vini nan monn nan sanble fè referans ak aparans yo te atann Mesi ki te gen pou vini an t ap genyen. Se Jan sèlman ki te pale de evènman yo pale nan vèsè sa a.

nwtsty nòt etid pou Jan 6:27, 54

manje k ap gate [...] manje k ap rete pou lavi ki pap janm fini an: Jezi te rive konprann gen kèk moun k ap suiv li menm ak disip li yo tou senpleman pou yo jwenn avantaj materyèl. Byenke manje fizik la te kenbe moun yo an vi chak jou, “manje” ki soti nan Pawòl Bondye a fè l posib pou lèzòm rete an vi pou toutan. Jezi te ankouraje foul la travay pou “manje k ap rete pou lavi ki pap janm fini an, sa vle di pou yo fè anpil efò pou yo satisfè bezwen espirityèl yo e pou yo demontre lafwa nan sa yo aprann yo. — Mt 4:4; 5:3; Jan 6:28-39.

manje chè m e [...] bwè san m: Kontèks la montre se nan yon sans senbolik moun manje chè Jezi epi bwè san Jezi, e yo fè sa lè yo demontre lafwa nan Jezi Kris (Jan 6:35, 40). Jezi te fè deklarasyon sa a nan ane 32 epòk nou an, donk, li pa t ap pale konsènan Soupe Seyè a li t apral tabli yon ane annapre. Li te fè deklarasyon sa a anvan “fèt Pak la, fèt Juif yo” (Jan 6:4), donk, moun ki t ap koute l yo sanble te sonje fèt ki t apral fèt nan yon ti tan an ak siyifikasyon san timouton an te genyen nan sove lavi Izrayelit ki t ap kouri kite Ejip yo nan aswè (Eg 12:24-27). Jezi t ap mete aksan sou san l ki t apral jwe yon wòl enpòtan menm jan an, paske san sa a t ap fè l posib pou disip li yo gen lavi ki pap janm fini an.

Fouye pou n ka jwenn trezò espirityèl

nwtsty nòt etid pou Jan 6:44

rale l vini: Malgre vèb grèk yo itilize la a lè yo tradui l yo mete “rale” pou li a fè referans ak rale yon filè lapèch (Jan 21:6, 11), sa pa vle di Bondye rale yon moun menmsi si moun sa a pa vle. Vèb sa a ka vle di tou “atire”, e pawòl Jezi te di yo ka fè referans ak sa nou jwenn nan Jr 31:3, kote Jewova te di ansyen pèp li a: “Se lanmou fidèl sa a ki fè m rale w vin jwenn mwen.” (Septant lan itilize menm vèb grèk la la a.) Nan menm sans lan, Jan 12:32 montre Jezi rale tout kalite moun vin jwenn li. Bib la montre Jewova bay tout moun libète pou yo deside. Chak moun gen libète pou yo chwazi si y ap sèvi l (Dt 30:19, 20). Avèk lanmou, Bondye rale tout moun ki nan bon dispozisyon yo vin jwenn li (Sm 11:5; Pw 21:2; Tr 13:48). Jewova fè sa pa mwayen mesaj ki nan Bib la e pa mwayen lespri sen l. Yo aplike pwofesi ki nan Eza 54:13 la, yo site tou nan Jan 6:45, pou moun Papa a rale vin jwenn li. — Konpare ak Jan 6:65.

nwtsty nòt etid pou Jan 6:64

Jezi [...] te konnen moun ki t apral trayi l la: Jezi t ap pale de Jida Iskaryòt. Anvan Jezi te chwazi 12 apot yo, li te pase tout yon nuit ap priye Papa l (Lk 6:12-16). Donk, okòmansman Jida te fidèl ak Bondye. Men, Jezi te konnen selon pwofesi ki nan Liv ki te ekri ann ebre yo, yon bon zanmi l t ap gen pou trayi l (Sm 41:9; 109:8; Jan 13:18, 19). Lè Jida te kòmanse mal aji, Jezi te wè sa, paske Jezi te ka wè sa k nan kè ak nan panse moun (Mt 9:4). Bondye te sèvi ak kapasite li genyen pou l konnen lavni pou l wè gen yon bon zanmi Jezi ki t ap vin yon trèt. Men, kalite Bondye gen lakay li ak fason li konn aji ede nou wè se pa egzakteman Jida ki te dwe moun ki t ap trayi Jezi a, kòmkwa Jida te oblije trayi Jezi paske se konsa pou sa te pase.

depi okòmansman: Ekspresyon sa a pa gen anyen pou l wè ak nesans Jida oswa ak chwazi Jezi te chwazi l pou l vin yon apot apre Jezi te fin fè yon nuit ap priye (Lk 6:12-16). Okontrè, li gen rapò ak lè Jida te kòmansè aji antanke trèt, e Jezi te gentan wè sa menm kote a (Jan 2:24, 25; Re 1:1; 2:23; gade nòt etid pou Jan 6:70; 13:11). Sa montre tou Jida te byen reflechi e l te byen planifye sa l t ap fè yo, se pa annik konsa l te rete epi kè l chanje. Mo “okòmansman” an (Grèk, ake) pa toujou gen menm sans lan nan Liv ki te ekri an grèk yo, sa depann de kontèks li ye a. Pa egzanp nan 2P 3:4, mo “okòmansman” an gen rapò ak lè kreyasyon an te kòmanse. Sepandan, nan pifò ka, sans yo itilize l la limite. Pa egzanp, Pyè te di lespri sen te desann sou moun lòt nasyon yo “jan l te desann sou nou tou okòmansman an”. (Tr 11:15.) Pyè pa t ap pale de lè li te fèt oubyen lè yo te chwazi l pou l te vin yon apot. Okontrè, li t ap pale de Pannkòt ane 33 epòk nou an lè Bondye te kòmanse vide lespri sen l sou disip yo pou yon rezon byen presi (Tr 2:1-4). Pou nou jwenn lòt egzanp ankò ki montre kontèks la gen efè sou jan yo tradui mo “okòmansman” an gade Lk 1:2; Jan 15:27 ak 1J 2:7.

24-30 SEPTANM

TREZÒ KI NAN PAWÒL BONDYE A | JAN 7-8

Fouye pou n ka jwenn trezò espirityèl

nwtsty nòt etid pou Jan 8:58

mwen te la: Opozan Juif yo te vle kalonnnen Jezi ak kout wòch poutèt li te di li te “wè Abraram” alòske Jezi “potko menm gen 50 an”, jan opozan yo te di sa (Jan 8:57). Repons Jezi te ba yo a se te pou l fè yo konnen li te deja egziste nan syèl la antanke kreyati espirityèl ki pisan anvan menm Abraram te fèt. Gen kèk moun ki fè konnen vèsè sa a idantifye Jezi antanke Bondye. Pou yo menm, ekspresyon grèk egoeyimi yo itilize la a, (yo mete “mwen se” nan kèk tradiksyon Labib), gen rapò ak tradiksyon Septant lan mete pou Eg 3:14, e pou yo menm yo ta dwe tradui toule de vèsè yo menm jan. (Gade nòt etid pou Jan 4:26.) Mete sou sa, rezònman Jezi te fè nou jwenn nan Jan 8:54, 55 lan montre li pa t ap eseye fè tèt li pase pou menm moun ak Papa l.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje