BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • mwbr18 no 10 p. 1-6
  • Referans pou Pwogram reyinyon Lavi nou ak travay nou fè a

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Referans pou Pwogram reyinyon Lavi nou ak travay nou fè a
  • Referans pou Pwogram reyinyon Lavi nou ak travay nou fè — 2018
  • Soutit
  • 1-7 OKTÒB
  • 8-14 OKTÒB
  • 15-21 OKTÒB
  • 22-28 OKTÒB
  • 29 OKTÒB–4 NOVANM
Referans pou Pwogram reyinyon Lavi nou ak travay nou fè — 2018
mwbr18 no 10 p. 1-6

Referans pou Pwogram reyinyon Lavi nou ak travay nou fè a

1-7 OKTÒB

TREZÒ KI NAN PAWÒL BONDYE A | JAN 9-10

“Jezi pran swen mouton l yo”

nwtsty foto/videyo

Pak mouton

Yo te konn fè pak mouton yo pou pwoteje mouton yo kont vòlè ak bèt ki te konn manje lòt bèt. Leswa, pou sekirite mouton yo, bèje yo te konn mete mouton yo nan yon pak. Nan epòk yo te ekri Bib la, pa t gen anyen ki te kouvri pak mouton yo. Yo pa t toujou gen menm fòm ak menm gwosè, e byen souvan, yo te fèt ak wòch e te gen yon sèl pòt pou antre ladan yo (Nb 32:16; 1Sa 24:3; Sf 2:6). Nan liv Jan an, yo fè konnen yon moun dwe “pase nan pòt la” pou l antre nan pak mouton an, e te konn gen yon “moun k ap veye pòt la”. (Jan 10:1, 3.) Nan yon kominote ki gen pak mouton, plizyè twoupo mouton gendwa pase nuit lan nan pak la, e moun ki te rete la pou veye pòt pak la te dwe ret je klè pou l ka pwoteje mouton yo. Nan maten, moun ki te ret ap veye pòt la t ap ouvri pòt la pou bèje yo. Chak bèje te konn rasanble twoupo pa yo lè yo rele mouton yo, mouton yo rekonèt vwa bèje pa yo a e y al jwenn li (Jan 10:3-5). Jezi te fè referans ak abitid sa a pou l montre jan li gen sousi pou disip li yo. — Jan 10:7-14.

nwtsty nòt etid pou Jan 10:16

fè yo antre: Oswa “ba yo direksyon”. Vèb grèk ago ki la a ka vle di “fè antre” oswa “bay direksyon” selon kontèks la. Gen yon maniskri grèk yo fè konnen ki la depi ozanviwon ane 200 epòk nou an ki sèvi ak yon mo grèk (sinago) ki gen rapò ak vèb ago a byen souvan lè yo tradui l yo mete “rasanble” pou li. Antanke Bon bèje a, Jezi rasanble, gide, pwoteje epi nouri mouton ki nan pak sa a (yo pale de mouton sa yo tou kòm “ti twoupo” nan Lk 12:32) ansanm ak lòt mouton yo. Yo vin fè yon sèl twoupo anba direksyon yon sèl bèje. Imaj sa a montre jan disip Jezi yo t ap ini.

Fouye pou n ka jwenn trezò espirityèl

nwtsty nòt etid pou Jan 9:38

pwostène devan l: Oubyen “koube devan l; rann li omaj”. Lè yo sèvi ak vèb grèk pwoskinewo a anrapò ak adore yon dye, yo mete “adore” pou yo tradui l (Mt 4:10; Lk 4:8). Men, nan kontèks sa a, mesye Jezi te geri ki te fèt tou avèg la te rekonèt Jezi kòm reprezantan Bondye, se sa k fè li te pwostène devan l. Li pa t pran Jezi ni pou Bondye ni pou yon dye, men li te wè l kòm “Pitit lòm” yo te anonse a, kòm Mesi Bondye bay pouvwa a (Jan 9:35). Lè l te pwostène devan Jezi a, li pwobab pou l te fè sa menm jan moun yo pale de yo nan Liv ki te ekri ann ebre yo te konn fè sa. Yo te konn pwostène devan pwofèt, devan wa oswa devan lòt moun ki se reprezantan Bondye lè yo rankontre yo (1Sa 25:23, 24; 2Sa 14:4-7; 1Wa 1:16; 2Wa 4:36, 37). Pandan plizyè fwa, moun ki te konn pwostène devan Jezi yo te konn fè sa pou yo montre rekonesans yo swa paske Bondye te fè yo konnen yon bagay swa paske yo te wè aklè Bondye te fè moun favè. — Gade nòt etid pou Mt 2:2; 8:2; 14:33; 15:25.

nwtsty nòt etid pou Jan 10:22

fèt Dedikas la: Nan lang ebre, yo rele fèt sa a Anouka (chanouka), ki vle di “Inogirasyon; dedikas”. Fèt sa a te konn dire uit jou, li te kòmanse nan 25yèm jou mwa Kislèv, toupre sòltis ivè a, (gade nòt etid pou sezon fredi nan vèsè sa a ak Apendis B15) pou yo te ka dedye Jewova tanp lan ankò nan ane 165 anvan epòk nou an. Antyokis IV Epifàn, yon wa siryen, te montre li pa t gen okenn respè pou Jewova, Bondye Juif yo, lè l te fè yon seri aksyon repiyan nan tanp Jewova a. Pa egzanp, li te bati yon lòt lotèl sou gwo lotèl yo te konn ofri sakris yo te konn boule nan dife chak jou a. Nan jou ki te 25 Kislèv ane 168 anvan epòk nou an, pou Antyokis te ka montre jis nan ki pwen li pa gen okenn respè pou tanp Jewova a, li te sakrifye kochon sou lotèl la e li te pran bouyon ki te fèt ak yon pati nan vyann kochon an li voye l nan tout tanp lan. Li te boule pòtay tanp yo, li te kraze chanm prèt yo e li te ale ansanm ak lotèl annò a, tab yo te konn met pen yo konn prezante yo ak pòtlanp ki te fèt annò a. Apre sa, li te dedye tanp ki te pou Jewova a bay yon dye payen yo rele Zes ki soti Olenp. Dezan annapre, Jida Makabe te repran vil la ak tanp lan. Apre yo te fin netwaye tanp lan byen netwaye, yo te dedye tanp lan ankò nan jou ki te 25 Kislèv ane 165 anvan epòk nou an, egzakteman twazan apre Antyokis te fin fè vye sakrifis li a sou lotèl la pou Zes. Yo te rekòmanse ofri Jewova sakrifis yo te konn boule chak jou yo. Pa gen okenn kote nan Ekriti Bondye te fè ekri yo ki montre se Jewova ki te bay Jida Makabe viktwa sa a e ki pouse l fè tanp lan tounen jan l te ye anvan an. Men, Jewova te konn sèvi ak yon seri gason ki te soti nan lòt nasyon, pa egzanp Siris ki te yon wa nan peyi Pès, pou l reyalize kèk objektif ki gen rapò ak adorasyon Jewova a (Eza 45:1). Kidonk, li rezonab pou n panse, Jewova te gendwa sèvi ak yon gason ki soti nan nasyon li te chwazi a pou l akonpli volonte l. Ekriti yo te montre tanp lan te dwe rete la epi rete an fonksyon tou yon fason pou pwofesi ki te gen rapò ak Mesi a, sèvis li ak sakrifis Mesi a t ap gen pou fè a te ka reyalize. Anplis de sa, Levit yo te dwe kontinye fè sakrifis jiskaske lè a t ap rive pou Mesi a ofri pi gwo sakrifis la, anpalan de lavi l pou lèzòm (Dn 9:27; Jan 2:17; Eb 9:11-14). Disip Kris yo pa t resevwa lòd pou yo selebre fèt Dedikas la (Kl 2:16, 17). Men, nou pa jwenn okenn kote ki montre Jezi ak disip li yo te kondane selebrasyon fèt sa a.

8-14 OKTÒB

TREZÒ KI NAN PAWÒL BONDYE A | JAN 11-12

“Imite konpasyon Jezi gen lakay li”

nwtsty nòt etid pou Jan 11:24, 25

Mwen konnen l ap leve: Mat te panse Jezi t ap pale de rezirèksyon ki te gen pou fèt nan dènye jou a. (Gade nòt etid pou Jan 6:39.) Lafwa li te gen nan ansèyman sa a te vrèman enpresyonan. Gen kèk chèf relijye nan epòk li a, yo te bay non Sadiseyen, ki pa t kwè nan rezirèksyon aktout ansèyman sa a te parèt byen klè nan Ekriti Bondye te fè ekri yo (Dn 12:13; Mk 12:18). Farizyen yo bò kote pa yo te kwè nan yon nanm ki pa ka mouri. Sepandan, Mat te konnen Jezi te anseye esperans rezirèksyon an e li te menm resisite plizyè moun byenke pa t gen youn nan yo ki te fè menm kantite tan Laza te fè mouri a.

Mwen se rezirèksyon an e mwen se lavi a: Lanmò Jezi ak rezirèksyon l te vin fè li posib pou moun ki mouri yo retounen viv ankò. Lè Jewova te fin resisite Jezi, nonsèlman Jewova te ba l pouvwa pou l resisite moun ki mouri, men tou, li te ba l pouvwa pou l fè moun jwenn lavi ki pap janm fini an. (Gade nòt etid pou Jan 5:26.) Nan Re 1: 18, Jezi rele tèt li “moun ki vivan an”, li menm ki gen “kle lanmò ak kle Tonm nan”. Donk, Jezi se espwa ni pou moun ki vivan ni pou moun ki mouri. Li te pwomèt l ap ouvri tonm yo pou l fè moun ki mouri yo reviv ankò, swa pou y al dirije ansanm avè l nan syèl la swa pou yo viv sou tè tounèf la anba gouvènman l ap dirije detan l nan syèl la. — Jan 5:28, 29; 2P 3:13.

nwtsty nòt etid pou Jan 11:33-35

kriye: Mo grèk lè yo tradui l yo mete “kriye” pou li a byen souvan fè referans ak yon moun k ap kriye pou moun tande. Yo sèvi ak menm vèb la pou pale de Jezi lè li t ap anonse destriksyon Jerizalèm. — Lk 19:41.

li plenn [...] e li vin boulvèse: De mo sa yo lè yo mete yo ansanm nan lang orijinal la montre tout santiman ki t ap travèse Jezi nan moman sa a. An jeneral, vèb grèk lè yo tradui l yo mete “li plenn” pou li a (enmbrimawomayi) dekri yon santiman ki fò, men nan kontèks la li montre sa te tèlman touche Jezi, li te plenn. Ekspresyon grèk lè yo tradui l yo mete “li vin boulvèse” (taraso) pou li a vle di literalman ajite. Gen yon biblis ki fè konnen nan kontèks sa a li vle di “yon moun ki santi l pa byen pa anndan; k ap soufri anpil e ki nan gwo lapenn”. Nou jwenn menm vèb la nan Jan 13:21 pou montre reyaksyon Jezi genyen anrapò ak ide Jida t apral trayi l. — Gade nòt etid pou Jan 11:35.

nan kè l: Lit.: “nan lespri a”. Sanble nan sans yo itilize mo grèk nema a la a, li vle di yon fòs ki soti anndan kè yon moun ki pouse moun nan di oswa fè yon bagay yon fason kèlkonk. — Gade Lis mo yo esplike yo, “Lespri.”

dlo koule nan je: Mo yo itilize la a, dakriyo, se yon fòm vèb ki soti nan yon non grèk lè yo tradui l yo mete “dlo nan je” pou li, jan nou wè sa nan kèk vèsè tankou Lk 7:38; Tr 20:19, 31; Eb 5:7; Re 7:17; 21:4. Sanble se pa sou kriye pou moun tande yo plis ap met aksan, men pito, sou dlo ki sot nan je. Nan Liv ki te ekri an grèk yo, se sèlman nan vèsè sa a nou jwenn vèb grèk sa a e li pa menm ak vèb yo itilize nan Jan 11:33 (gade nòt etid la) pou pale de Mari ak Juif yo ki t ap kriye. Jezi te konnen li t apral resisite Laza, men sa te fè l tris anpil pou l wè jan zanmi l yo li renmen te nan gwo lapenn. Li te tèlman renmen yo e li te tèlman gen konpasyon pou yo, li tonbe kriye. Istwa sa a montre aklè Jezi te gen afeksyon pou moun ki pèdi moun yo renmen akoz lanmò nou eritye nan men Adan an.

Fouye pou n ka jwenn trezò espirityèl

nwtsty nòt etid pou Jan 11:49

gran prèt: Lè nasyon Izrayèl la te endepandan, gran prèt la te ret nan asiyasyon l pou jis li mouri (Nb 35:25). Men, nan epòk Women yo te okipe Izrayèl, moun Women yo te chwazi kòm gouvènè yo te gen pouvwa pou yo chwazi kiyès y ap mete kòm gran prèt ak pouvwa tou pou yo retire yon moun kòm gran prèt. (Gade lis mo yo esplike yo, “Gran prèt.”) Se Women yo ki te mete Kayif gran prèt. Kayif te yon bon diplomat e li te ret sèvi kòm gran prèt pi lontan pase nenpòt lòt gran prèt ki te la anvan l. Yo te mete l nan pòs sa a nan zòn ane 18 epòk nou an, e li te rete nan pòs sa a rive ozanviwon ane 36 epòk nou an. Lè Jan te di se Kayif ki te gran prèt nan ane sa a, anpalan de ane 33 epòk nou an, sanble li te vle di peryòd Kayif te fè ap sèvi kòm gran prèt la gen ladan l tou ane yo te touye Jezi a, yon ane moun pap janm bliye. — Gade Apendis B12 pou nou ka wè ki kote petèt kay Kayif te ye.

nwtsty nòt etid pou Jan 12:42

chèf yo: Mo grèk lè yo tradui l yo mete “chèf” pou li la a sanble fè referans ak moun ki te fè pati pi gwo tribinal juif la, anpalan de Sanedren an. Nou jwenn menm ekspresyon sa a nan Jan 3:1 pou yo pale de Nikodèm, yon moun ki te fè pati tribinal sa a. — Gade nòt etid pou Jan 3:1.

mete yo deyò nan sinagòg la: Oubyen “eskominye; entèdiksyon pou antre nan sinagòg la”. Yo itilize adjektif grèk aposinagogòs la sèlman nan Jan 12:42 ak Jan 16:2. Yo te evite pran kontak ak moun yo te met deyò nan sinagòg la, yo te meprize yo e yo te mete yo sou kote nan sosyete a. Lefètke lòt Juif yo te evite pran kontak ak moun sa yo, fanmi yo te konn soufri nan domèn ekonomik. Yo te plis itilize sinagòg pou bay ansèyman, men pafwa, yo te konn itliize yo tou kòm tribinal zòn nan ki te gen pouvwa pou fè bat moun oswa eskominye yo. — Gade nòt etid pou Mt 10:17.

15-21 OKTÒB

TREZÒ KI NAN PAWÒL BONDYE A | JAN 13-14

“Mwen ban nou egzanp”

nwtsty nòt etid pou Jan 13:5

lave pye disip yo: Nan Izrayèl tan lontan an, se plis sandal moun yo te konn met nan pye yo. Gen omwen yon kòd ki te pase nan pye moun nan ak nan je pye l, donk lè yon moun ap vwayaje, pye l te konn sal ak pousyè oswa labou ki te gen sou wout yo oswa nan jaden yo. Se sa k fè, moun yo te konn retire sandal yo anvan yo antre nan yon kay. Yon moun ki konn byen resevwa moun lakay li t ap asire l pye moun l ap akeyi a lave. Nou jwenn plizyè egzanp konsa nan Bib la (Jen 18:4, 5; 24:32; 1Sa 25:41; Lk 7:37, 38, 44). Lè Jezi te lave pye disip li yo, li te sèvi ak abitid sa a moun yo te genyen an pou l bay disip li yo yon bèl leson anrapò ak imilite ak jan sa enpòtan pou yo sèvi lòt moun.

nwtsty nòt etid pou Jan 13:12-14

dwe: Oubyen “nan obligasyon pou”. Byen souvan, yo sèvi ak vèb grèk ki nan vèsè a nan sa ki gen rapò ak lajan, e sans prensipal li se “gen yon dèt anvè yon moun; dwe yon moun yon bagay”. (Mt 18:28, 30, 34; Lk 16:5, 7.) Nan kontèks sa a ak nan lòt kontèks ankò, yo itilize l nan yon sans ki pi laj la, ki bay sans: santi se yon devwa pou, oswa gen obligasyon pou fè yon bagay. — 1J 3:16; 4:11; 3J 8.

w99-F 1/3 31 § 1

Moun ki pi enpòtan an ap fè yon travay ki rabesan

Lè Jezi te lave pye disip li yo, li te bay yon gwo leson anrapò ak imilite. Vrèmanvre, kretyen yo pa dwe tèlman bay tèt yo enpòtans opwen yo met nan tèt yo se lòt moun ki dwe toujou sèvi yo, epitou, yo pa dwe ap chèche gen yon seri privilèj k ap fè moun wè yo oswa k ap fè moun ba yo valè. Okontrè, yo dwe suiv egzanp Jezi ki “pa t vini pou moun sèvi l, men li te vini pou l sèvi moun e pou l bay lavi l kòm ranson pou libere anpil moun”. (Matye 20:28.) Pa gen dout nan sa, moun k ap suiv Jezi yo dispoze fè travay ki vrèman rabesan youn pou lòt.

Fouye pou n ka jwenn trezò espirityèl

nwtsty nòt etid pou Jan 14:6

Se mwen ki chemen an, se mwen ki verite a e se mwen ki lavi a: Jezi se chemen an paske se pa mwayen li menm sèlman li posib pou n pwoche bò kote Bondye nan lapriyè. Anplis de sa, li se “chemen” pou moun rive rekonsilye ak Bondye (Jan 16:23; Wm 5:8). Jezi se verite a paske li te di laverite e li te met sa l di yo an pratik. Anplis de sa, li reyalize plizyè pwofesi ki montre wòl prensipal li jwe nan reyalizasyon objektif Bondye (Jan 1:14; Re 19:10). Tout pwofesi sa yo te vin “‘wi’ [oubyen te reyalize] grasa li”. (2Ko 1:20.) Jezi se lavi a paske grasa ranson an, li fè l vin posib pou lèzòm jwenn “lavi toutbon an” ki se “lavi ki pap janm fini an”. (1Ti 6:12, 19; Ef 1:7; 1J 1:7.) Li pral montre aklè tou li se “lavi” pou plizyè milyon moun ki pral resisite pou yo ka viv pou toutan nan Paradi a. — Jan 5:28, 29.

nwtsty nòt etid pou Jan 14:12

travay ki pi gwo pase sa: Jezi pa t vle di disip li yo t ap rive fè pi gwo mirak pase l. Men, avèk imilite, li te rekonèt travay predikasyon ak ansèyman disip li yo t ap gen pou fè a t ap pi gwo pase travay li te fè a. Disip Jezi yo t ap rive preche plis tèritwa, plis moun e yo t ap gen plis tan devan yo pase Jezi. Pawòl Jezi yo montre aklè li te konte sou disip li pou yo kontinye travay li te kòmanse a.

22-28 OKTÒB

TREZÒ KI NAN PAWÒL BONDYE A | JAN 15-17

“Nou pa fè pati monn nan”

nwtsty nòt etid pou Jan 15:19

monn: Nan kontèks sa a, mo grèk kòsmòs la gen rapò ak moun yo nan monn nan ki separe ak sèvitè Bondye yo, yon seri moun k ap fè sa k pa sa e ki lwen Bondye. Jan se sèl nan moun ki ekri Evanjil yo ki fè konnen Jezi te pale de disip li yo kòm moun ki pa fè pati monn nan oswa ki pa mele ak monn nan. Nou jwenn menm ide sa a de lòt fwa nan dènye priyè Jezi te fè ak apot fidèl li yo. — Jan 17:14, 16.

nwtsty nòt etid pou Jan 15:21

akoz non mwen: Nan Bib la, pafwa mo “non” an reprezante moun ki gen non an, repitasyon moun nan ak tout sa moun nan reprezante. (Gade nòt etid pou Mt 6:9.) Nan ka non Jezi, non an montre tou otorite ak plas Papa l ba li (Mt 28:18; Fp 2:9, 10; Eb 1:3, 4). Nan vèsè a, Jezi esplike rezon ki fè moun yo nan monn nan t ap fè yon seri bagay kont disip li yo se paske yo pa konnen Sila a ki voye l la. Si yo te konnen Bondye, sa t ap ede yo konprann epi aksepte sans non Jezi genyen (Tr 4:12). Sa gen ladan l plas Jezi genyen antanke Moun Bondye etabli kòm dirijan, li menm ki se Wa tout wa yo, Wa tout moun dwe soumèt devan l pou yo ka jwenn lavi ki pap janm fini an. — Jan 17:3; Re 19:11-16; konpare ak Sm 2:7-12.

it-1-F 555

Kouraj

Kretyen yo bezwen met kouraj sou yo pou yo pa kite monn sa a ki dozado ak Jewova enfliyanse yo nan fason yo panse ak nan fason yo aji, e yo bezwen rete fidèl ak Jewova malgre y ap fè fas ak monn sa a ki chaje ak lahèn. Jezi Kris te di disip li yo: “N ap gen tribilasyon nan monn nan, men pran kouraj! Mwen pot laviktwa sou monn nan.” (Jan 16:33). Pitit Gason Bondye a pa t janm kite monn nan enfliyanse l, men li te pot laviktwa sou monn nan lè l pa t kite l detenn sou li nan okenn fason. Bèl egzanp Jezi Kris kòm moun ki te pot laviktwa sou monn nan e kòm moun ki te viv yon fason ki san repwòch kapab bay yon moun kouraj li bezwen pou l imite Jezi Kris nan fason Jezi Kris te rete separe ak monn nan e nan fason li pa t kite monn nan detenn sou li. — Jan 17:16.

Fouye pou n ka jwenn trezò espirityèl

nwtsty nòt etid pou Jan 17:21-23

youn: Oswa “fè yon sèl”. Jezi te priye pou vrè disip li yo fè “youn”, pou yo met tèt yo ansanm pou yo travay pou menm objektif la, menm jan li menm ak Papa l fè “youn”, sa vle di yo kolabore e yo wè bagay yo menm jan (Jan 17:22). Nan 1Ko 3:6-9, Pòl te pale de kalite inite sa a ki genyen nan mitan kretyen yo pandan y ap travay youn ak lòt e avèk Bondye. — Gade 1Ko 3:8 ak nòt etid pou Jan 10:30; 17:11.

ka vin youn toutbon: Oswa “vin fè yon sèl nèt”. Nan vèsè sa a, Jezi montre gen yon relasyon ant vrè inite a ak lanmou Papa a gen pou nou. Sa ann amoni ak Kl 3:14 ki di: “[Lanmou] se yon chenn ki ini moun yon fason ki san fay.” Inite san fay sa a pa vle di yon inite pafè. Li pa vle di nou tout vin gen menm pèsonalite, menm kapasite, menm abitid ak menm konsyans. Li vle di disip Jezi yo ini nan aksyon yo, nan kwayans yo ak nan ansèyman yo. — Wm 15:5, 6; 1Ko 1:10; Ef 4:3; Fp 1:27.

nwtsty nòt etid pou Jan 17:24

monn nan te fonde: Nan Eb 11:11 yo mete “vin ansent” bò kote mo “pitit” la pou mo grèk lè y ap tradui l yo mete “fonde” pou li a. Nan ekspresyon “monn nan te fonde” a mo grèk la la a sanble fè referans ak nesans pitit Adan ak Èv yo. Jezi te asosye ekspresyon “monn nan te fonde” a ak Abèl, sanble ki se premye moun yo rachte e ki se premye moun tou ‘non l ekri nan woulo lavi a yo te prepare depi lè monn nan te fonde a’. (Lk 11:50, 51; Re 17:8.) Epitou, pawòl sa yo Jezi te di Papa l nan yon priyè se prèv ki montre depi byen lontan, anvan menm Adan ak Èv te fè pitit, Bondye te renmen sèl Pitit Gason li te fè a.

29 OKTÒB–4 NOVANM

TREZÒ KI NAN PAWÒL BONDYE A | JAN 18-19

“Jezi te bay temwayaj sou laverite”

nwtsty nòt etid pou Jan 18:37

bay temwayaj sou: Nan Liv ki te ekri an grèk yo, jan yo itilize mo grèk martireyo, lè yo tradui l yo mete “bay temwayaj” pou li a, ak mo grèk martirya ak martis, lè yo tradui yo yo mete “temwayaj” pou li a, kapab gen sans ki pi laj. Yo itilize toulede ekspresyon yo nan sans prensipal la ki se: bay temwayaj sou sa yon moun te wè ak de je l oswa sou sa l konnen pèsonèlman. Men, li ka gen ladan l tou “fè konnen, bay garanti, pale an byen de”. Nonsèlman Jezi te bay temwayaj sou laverite e li te fè konnen laverite, yon seri verite li te kwè nan yo, men tou, li te viv yon fason ki montre li te soutni laverite ki gen rapò ak pwofesi Papa l te anonse yo ansanm ak pwomès Papa l te fè yo (2Ko 1:20). Pwofesi yo te gentan fè konnen alavans e an detay objektif Bondye anrapò ak Wayòm nan, e ki gen rapò ak Mesi ki te gen pou dirije Wayòm sa a. Pandan tan Jezi te viv sou tè a pou jis li bay lavi l an sakrifis, li te reyalize tout pwofesi ki gen rapò avè l yo, sa ki gen ladan l sa nou jwenn nan Lalwa Bondye te bay pa mwayen Moyiz la ki se lonbray bagay ki te gen pou vini yo (Kl 2:16, 17; Eb 10:1). Kidonk, nou kapab di Jezi te ‘bay temwayaj sou laverite’ nan pawòl li ak nan aksyon l.

laverite: Sanble Jezi pa t ap pale de laverite an jeneral, men li t ap pale de laverite ki gen rapò ak objektif Bondye. Yon pwen ki enpòtan nan objektif Bondye sèke Jezi “pitit David” la ap sèvi antanke Gran prèt e antanke moun k ap dirije Wayòm Bondye a (Mt 1:1). Jezi te esplike yon rezon prensipal ki te fè l vin viv sou tè a pami lèzòm e pou l patisipe nan travay predikasyon an se te pou l pale sou verite konsènan Wayòm nan. Zanj yo te bay yon mesaj menm jan an anvan Jezi te fèt Betleyèm nan Jide, vil kote David te fèt la, ak lè Jezi te fin fèt Betleyèm nan Jide. — Lk 1:32, 33; 2:10-14.

nwtsty nòt etid pou Jan 18:38a

Sa k laverite a?: Sanble kesyon Pilat te poze Jezi a fè referans ak laverite an jeneral, li pa vrèman gen rapò ak “laverite” Jezi te fèk sot pale a (Jan 18:37). Si se pa t pou lafòm Pilat te poze kesyon an, se sèten Jezi t ap reponn li. Men, sanble Pilat pa t bezwen pou Jezi reponn li kesyon li te poze a, kesyon ki te montre gwo dout li genyen, se kòmsi li t ap di avèk mepri: “Laverite? Sa sa ye? Bagay konsa pa egziste pyès!” Anfèt, Pilat pa menm tann yon repons, li leve epi li soti deyò al kot Juif yo.

Fouye pou n ka jwenn trezò espirityèl

nwtsty nòt etid pou Jan 19:31

jou saba sa a se te yon gran jou saba: Jou ki te vin apre fèt Pak la, anpalan de 15 Nizan, te toujou yon jou saba, kèlkeswa jou li te tonbe nan semèn nan (Le 23:5-7). Lè saba espesyal sa a te tonbe menm jou ak saba nòmal la (sa vle di setyèm jou pou Juif yo, ki te kòmanse vandredi lè solèy la kouche pou rive samdi lè solèy la kouche) se te “yon gran jou” saba. Gran jou saba sa a te tonbe jou apre Jezi te fin mouri a ki te yon vandredi. Soti ane 29 epòk nou an pou rive ane 35 epòk nou an, sèl ane 14 Nizan te tonbe yon vandredi se te ane 33 epòk nou an. Donk, sa montre aklè jou Jezi te mouri a se te 14 Nizan ane 33 epòk nou an.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje