BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • jy chap. 45 p. 114-p. 115 par. 2
  • Li gen pouvwa sou yon pakèt demon

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Li gen pouvwa sou yon pakèt demon
  • Jezi se chemen an, verite a, lavi a
  • Sou menm sijè a
  • Li pa t sanble yon disip menm
    Moun ki pi enpòtan ki pase sou tè a
  • Jezi gen plis pouvwa pase demon yo
    Koute gran Anseyan an
  • Ki kote l jwenn pouvwa pou l fè mirak?
    Jezi se chemen an, verite a, lavi a
  • Laverite sou zanj yo
    Ki sa Labib kapab anseye nou?
Jezi se chemen an, verite a, lavi a
jy chap. 45 p. 114-p. 115 par. 2
Yon mesye ki gen anpil demon sou li k ap pwoche kot Jezi.

CHAPIT 45

Li gen pouvwa sou yon pakèt demon

MATYE 8:28-34 MAK 5:1-20 LIK 8:26-39

  • LI VOYE DEMON YO AL SOU KOCHON YO

Etandone disip Jezi yo retounen sou rivaj la apre gwo eprèv yo sot jwenn sou lanmè a, yo wè yon bagay ki fè yo sezi. Gen de mesye ki fewòs anpil ki soti nan yon simityè ki toupre a e k ap kouri vin kot Jezi! Yo gen demon sou yo. Etandone gen youn nan yo ki sanble pi vyolan pase lòt la e li gen plis tan depi li anba kontwòl demon yo, se li ki plis atire atansyon moun yo.

Mesye sa a ki nan yon eta deplorab te konn ap mache toutouni. Lajounen kou lannuit, li “te konn ap rele san rete nan simityè a ak nan mòn yo, e li te konn kòche kò l ak wòch”. (Mak 5:5.) Li tèlman vyolan pèsonn pa menm pran chans pase arebò wout sa a. Yo eseye mare l ak chenn, men li pete chenn yo e li kase fè ki nan pye l yo. Pa gen moun ki gen ase fòs pou metrize l.

Lè misye pwoche bò kot Jezi e li met ajenou nan pye l, demon ki sou li yo fè l pouse yon gwo rèl, li di: “Ki rapò mwen gen avè w, Jezi, Pitit Bondye a, Pitit Sila a ki nan pi gwo pozisyon an? Sèmante devan Bondye ou pap toumante m.” Jezi montre li gen pouvwa sou demon yo. Men lòd li ba yo: “Movèzespri, soti sou mesye a.” — Mak 5:7, 8.

An reyalite, mesye a gen anpil demon sou li. Lè Jezi mande: “Kòman w rele?” Li reponn: “Mwen rele Rejiman, paske nou anpil.” ​(Mak 5:9). Yon rejiman Women gen plizyè milye sòlda, kidonk, mesye sa a gen anpil demon sou li e yo pran plezi nan soufrans li. Demon yo sipliye Jezi pou l “pa ba yo lòd pou y al nan twou san fon an”. Sanble demon yo konnen sa k ap tann yo menm ak chèf yo a, anpalan de Satan. — Lik 8:31.

Yon twoupo kochon ki sou tèt yon falèz k ap lage kò yo nan lanmè.

Twouve, gen yon twoupo kochon ki gen anviwon 2 000 kochon. Selon Lalwa, bèt sa a pa t pwòp e Juif yo pa t dwe posede yo. Men sa demon yo di: “Kite nou antre nan kochon yo.” ​(Mak 5:12). Jezi mande yo pou yo ale, e yo antre nan kochon yo. Lè sa a, tout 2 000 kochon yo kouri al sou tèt falèz la e yo lage kò yo nan lanmè.

Lè gadò kochon yo wè sa, yo kouri al rakonte sa nan vil la ak nan zòn andeyò yo. Lè sa a, moun yo vini pou yo wè sa k pase a. Lè yo rive, yo wè mesye ki te gen demon sou li a vin nòmal e l ap aji avèk bonsans. Se pa ti sezi moun yo sezi dèske misye gen rad sou li, e dèske li ak tout bonsans li e li chita nan pye Jezi!

Jezi di yon mesye ki te gen demon sou li pou l retounen lakay li e pou l pale ak fanmi l konsènan gerizon l lan.

Moun ki tande sa k pase a oswa ki wè mesye a vin pè anpil paske yo pa konprann sa k pral rive yo. Yo sipliye Jezi pou l kite zòn yo a. Pandan Jezi pral monte bato a pou l kite zòn nan, mesye ki te gen demon sou li a sipliye Jezi pou l kite l al avè l. Men Jezi di mesye a: “Al lakay ou, al jwenn fanmi w, epi rakonte yo tout sa Jewova fè pou ou e ki jan li te gen pitye pou ou.” — Mak 5:19.

Jeneralman, Jezi bay moun li geri yo lòd pou yo pa di pèsonn sa, paske li pa vle moun tire konklizyon ki baze sou bagay egzajere moun ta ka rakonte. Nan ka sa a, mesye ki te gen demon sou li a pral bay moun, petèt Jezi pap gen okazyon rankontre yo, temwayaj. Anplis de sa, lefètke mesye sa a t ap la e sa t ap bay temwayaj sou bon aksyon Jezi te fè pou li a, sa t ap sèvi pou demanti rimè ki gendwa ap gaye konsènan pakèt kochon ki mouri yo. Donk, mesye a ale e li kòmanse bay temwayaj nan tout Dekapòl la konsènan sa Jezi te fè a.

  • Poukisa sanble se yon sèl mesye ki gen demon sou li ki plis atire atansyon moun yo, alòske se de mesye ki gen demon sou yo?

  • Ki sa demon yo konnen ki pral rive yo alavni?

  • Poukisa Jezi mande mesye ki te gen demon sou li a pou l al rakonte lòt moun sa li fè pou li?

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje