BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • jy chap. 82 p. 192-p. 193 par. 4
  • Aktivite Jezi nan Pere

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Aktivite Jezi nan Pere
  • Jezi se chemen an, verite a, lavi a
  • Sou menm sijè a
  • Jezi pran wout la ankò pou l al Jerizalèm
    Moun ki pi enpòtan ki pase sou tè a
  • Pilat ak Ewòd wè Jezi inosan
    Jezi se chemen an, verite a, lavi a
  • Ki sa moun gen dwa fè nan jou saba a
    Jezi se chemen an, verite a, lavi a
  • Yo touye yon moun pandan y ap fete yon anivèsè nesans
    Jezi se chemen an, verite a, lavi a
Gade plis
Jezi se chemen an, verite a, lavi a
jy chap. 82 p. 192-p. 193 par. 4
Yon manman poul k ap rasanble ti poul li yo anba zèl li.

CHAPIT 82

Aktivite Jezi nan Pere

LIK 13:22–14:6

  • FÈ GWO EFÒ POU NOU ANTRE NAN PÒT KI JIS LA

  • JEZI DWE MOURI JERIZALÈM

Jezi t ap anseye moun nan Jide ak nan Jerizalèm epi l t ap geri yo. Apre sa, li ale pa lòt bò Rivyè Jouden an, li preche sot nan yon vil al nan yon lòt nan distri Pere a. Men, talè konsa l ap retounen Jerizalèm.

Yon mesye k ap fè gwo efò pou l pase nan pòt ki jis la.

Pandan Jezi Pere, gen yon mesye ki mande l: “Seyè, èske se kèk grenn moun k ap sove?” Petèt mesye sa a konnen chèf relijye juif yo konn ap pale pou konnen si se anpil moun k ap sove oubyen si se kèk grenn moun. Jezi pa pale sou konbyen moun k ap sove men li pale pito sou ki sa yon moun dwe fè pou l sove. Men sa Jezi di: “Fè gwo efò pou nou antre nan pòt ki jis la.” Wi, nou bezwen fè gwo efò vre. Sa k fè sa? Men sa Jezi esplike: “M ap di nou sa: Anpil moun pral chèche antre ladan l, men yo pap kapab.” — Lik 13:23, 24.

Pou Jezi montre jan li enpòtan pou nou fè gwo efò li di: “Lè mèt kay la leve e li fèmen pòt la, n ap ret kanpe deyò ap frape pòt la, n ap di: ‘Mèt, ouvri pou nou.’ [...] Men, lè sa a, l ap di nou: ‘Mwen pa konn kote n soti. Rale kò nou sou mwen, nou tout, bann moun k ap fè sa ki mal!’” — Lik 13:25-27.

Sa montre nan ki pwoblèm yon moun ki rive an reta, petèt ki vin nan lè ki bon pou li, ap twouve l. L ap jwenn pòt la fèmen epi take. Li te dwe vin pi bonè, menm lè lè a pa t ap bon pou li. Se ap menm bagay la pou anpil moun ki ta ka jwenn byenfè paske Jezi nan mitan yo ap anseye yo. Yo pa t pwofite okazyon yo te genyen pou yo mete adorasyon Jewova a an premye nan lavi yo. Pifò nan Juif yo te voye Jezi al ede yo pa t aksepte dispozisyon Bondye pran pou moun sove a. Jezi di yo ‘pral kriye e yo pral manje dan’ lè yo jete yo deyò. Men, moun ap “soti nan lès ak nan lwès, nan nò ak nan sid”, wi, y ap soti nan tout nasyon, “y ap vin chita sou tab nan Wayòm Bondye a”. — Lik 13:28, 29.

Men sa Jezi esplike: “Gen nan moun ki te dènye yo [moun ki pa Juif ak Juif yo te toupizi yo] k ap premye, e gen nan sa ki te premye yo [chèf relijye juif ki te fyè paske yo se desandan Abraram] k ap dènye.” ​(Lik 13:30). Lefètke moun sa yo te engra yo vin “dènye”, sa vle di yo pap antre nan Wayòm Bondye a menm.

Kounye a, gen kèk Farizyen ki vin kot Jezi, e yo ba l konsèy sa a: “Ale, kite zòn nan, paske Ewòd [Antipas] vle touye w.” Petèt se wa Ewòd ki fè bri sa a kouri pou l fè Jezi kite zòn nan. Ewòd gendwa pè pou l pa mele nan lanmò yon lòt pwofèt Bondye, menm jan sa te rive lè yo te touye Jan ki konn batize moun nan. Men, Jezi di Farizyen yo: “Al di rena sa a: ‘M ap chase demon, m ap fè gerizon ni jodi a ni demen, e m ap fini sou twazyèm jou a.’” ​(Lik 13:31, 32). Lè Jezi di Ewòd se yon “rena”, li fè referans ak jan rena yo gen riz. Sepandan, Jezi pap kite ni Ewòd ni kèlkeswa moun nan ap di l sa pou l fè. L ap kontinye fè travay Papa l ba l fè a nan lè Papa l deside a, men li pap fè sa nan lè lèzòm vle.

Jezi kontinye vwayaje pou l al Jerizalèm paske jan l di sa “yo pa ka touye yon pwofèt lòt kote apa Jerizalèm”. (Lik 13:33.) Pa t gen okenn pwofesi nan Bib la ki te di Mesi a dwe mouri nan vil sa a, kidonk, poukisa Jezi di yo gen pou yo touye l nan vil sa a? Paske Jerizalèm se kapital la, se la tribinal Sanedren an ki gen 71 manm nan ye, kote yo konn jije moun yo akize kòm fo pwofèt. Anplis de sa, se nan vil sa a yo konn fè sakrifis bèt yo. Kidonk, Jezi rann li kont se nan vil sa a menm yo dwe touye l.

Yon manman poul k ap rasanble ti poul li yo anba zèl li.

Men sa Jezi di ak lapenn: “Jerizalèm, Jerizalèm, vil k ap touye pwofèt yo e k ap touye moun yo voye kote l yo ak kout wòch, se pa ni de ni twa fwa mwen te vle rasanble pitit ou yo, menm jan yon manman poul rasanble ti poul li yo anba zèl li! Men, nou pa t vle sa. Gade! Bondye kite kay nou an ban nou.” ​(Lik 13:34, 35). Nasyon an rejte Pitit Bondye a e yo dwe peye konsekans aksyon yo a.

Anvan Jezi al Jerizalèm, gen yon chèf pami Farizyen yo ki envite l vin manje lakay li nan jou saba a. Lòt moun ki te envite yo ap veye l etandone gen yon mesye ki la ki gen yon maladi ki fè men l ak pye l anfle, paske yo gen dlo ladan yo. Jezi pale ak Farizyen ak espè nan Lalwa ki la yo, li mande: “Èske yon moun gen dwa geri yon moun jou saba oubyen èske li pa gen dwa fè sa?” — Lik 14:3.

Pèsonn pa di yon mo. Jezi geri mesye a e li mande yo: “Kiyès nan nou la a, si pitit li oubyen yon towo bèf li tonbe nan yon pi yon jou saba, ki pap retire l tousuit?” ​(Lik 14:5). Pèsonn pa di yon mo ankò lè yo tande bèl rezònman sa a.

  • Ki sa Jezi montre yon moun bezwen fè pou l sove, e poukisa anpil moun fèmen deyò?

  • Kiyès ki “dènye” ki vin “premye” a, e kiyès ki “premye” ki vin “dènye” a?

  • Nan ki sa, petèt, wa Ewòd pa t vle mele?

  • Poukisa Jezi fè konnen y ap touye l nan Jerizalèm?

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje