-
Pwogram pou semèn 25 masMinistè Wayòm — 2013 | mas
-
-
Pwogram pou semèn 25 mas
SEMÈN 25 MAS
Kantik 76 ak priyè
□ Etid biblik kongregasyon an:
bt chap. 6 § 17-24, kare p. 48 (30 min.)
□ Lekòl ministè teyokratik:
Lekti Labib: Lik 4-6 (10 min.)
No 1: Lik 4:22-39 (4 minit oubyen mwens)
No 2: Ki kote divès ras yo soti? — rs-F p. 294 § 4–p. 295 § 2 (5 min.)
No 3: Ki prèv ki montre Jezi te resisite? — 1 Kor. 15:3-7 (5 min.)
□ Reyinyon sèvis:
5 min: Kòmanse etid biblik premye samdi a. Sèvi ak prezantasyon yo bay kòm modèl nan paj 8 la pou nou fè yon demonstrasyon sou fason pou nou kòmanse yon etid premye samdi nan mwa avril la. Ankouraje tout moun pou yo soti nan predikasyon jou sa a.
25 min: “Fason pou n sèvi ak bwochi Bon nouvèl Bondye bay la!” Kesyon ak repons. Lè n ap egzamine paragraf 6 la fè de demonstrasyon.
Kantik 97 ak priyè
-
-
Fason pou n sèvi ak bwochi Bon nouvèl Bondye bay la!Ministè Wayòm — 2013 | mas
-
-
3. Nan ki sans bwochi sa a pa menm ak lòt piblikasyon nou konn itilize pou n fè etid biblik?
3 Fason yo prezante enfòmasyon yo: Anpil nan piblikasyon nou itilize pou n fè etid ak moun ekri yon fason moun ka li yo e moun ka konprann laverite san yo pa bezwen yon lòt moun pou ede yo. Se pa menm bagay pou bwochi sa a. Yo fè l pou yon anseyan itilize l kòm yon gid pou l kòmanse etid biblik ak moun. Sepandan, lè n ap ba yon moun li, li pi bon pou n egzamine youn oubyen de paragraf avè l. Paragraf yo pa long, nou ka egzamine yo ak moun nan nan papòt kay li oubyen nan biznis li. Byenke leson 1 an nan bon pozisyon pou n kòmanse etid biblik ak yon moun, men nou ka kòmanse yon etid prèske nenpòt kote nan bwochi a.
4. Kòman bwochi a ede nou pou n anseye moun yo dirèkteman nan Bib la?
4 Nan anpil piblikasyon nou yo, nou ka jwenn repons kesyon yo nan paragraf yo. Men, nan bwochi sa a, se sitou nan Bib la n ap jwenn repons kesyon yo. Anpil moun prefere aprann laverite dirèkteman nan Bib la olye yo aprann laverite nan piblikasyon nou yo. Sepandan, pifò tèks biblik yo bay yo, yo pa site sa yo di. Etidyan an oblije li yo nan Bib la menm. Sa ap ede yo konprann sa yo aprann nan se nan Bondye yo soti. — Iza. 54:13.
5. Poukisa li enpòtan pou nou byen prepare chak fwa nou pral kondui yon etid?
5 Bwochi a pa esplike tout tèks nou jwenn ladan l yo. Poukisa? Se paske yo prezante enfòmasyon yo yon fason pou ankouraje etidyan an poze kesyon e pou moun k ap kondui etid la sèvi ak kapasite l genyen pou l anseye. Se sa k fè, li enpòtan pou n byen prepare chak fwa nou pral kondui yon etid. Men, atansyon: pinga nou pale twòp. Se vre, nou renmen esplike moun tèks biblik yo, men n ap fè yon pi bon travay si nou mande etidyan an pou l esplike sa l konprann nan tèks la. Lè nou itilize kesyon yo avèk tak, nou ka ede l rezone sou chak tèks biblik. — Tra. 17:2.
-