Referans pou Pwogram reyinyon Lavi nou ak travay nou fè a
1-7 JEN
TREZÒ KI NAN PAWÒL BONDYE A | JENÈZ 44-45
Fouye pou n ka jwenn trezò espirityèl
it-1-F 606
Lè yon moun chire rad sou li
Se te yon bagay Juif yo ak lòt moun k ap viv ann Oryan yo te konn fè souvan, espesyalman lè yo pran nouvèl lanmò yon moun pa yo. Nan anpil ka, moun nan te annik chire rad la pa devan, jis ase pou lestomak li parèt, donk, rad la pa t oblije chire nèt nan pwen pou l pa ka mete l ankò.
Premye egzanp moun nou jwenn nan Bib la ki te fè sa se Ribenn, pi gran pitit gason Jakòb la. Lè l te retounen bò pi a e l pa t jwenn Jozèf, li te chire rad sou li e l te di: “Apa pitit la pa la! Kounye a, ki sa m pral fè?” Antanke premye pitit, se Ribenn ki te sitou responsab pou sa k te rive pi jèn frè l la. Lè yo te fè Jakòb, papa Ribenn, konnen kòmkwa pitit gason l lan mouri, li menm tou, li te chire rad sou li, li te mare ren l ak yon twal sak e l te nan lapenn (Jen 37:29, 30, 34), epi lè mesye ki te frè Jozèf bò kot papa yo te desann ann Ejip, yo te chire rad sou yo pou montre lapenn yo te genyen lè Jozèf te fè yon fason pou Benjamen pase pou yon vòlè. — Jen 44:13.
BYEN PREPARE W POU TRAVAY PREDIKASYON AN
w06-F 1/2 31
Kesyon lektè yo poze
Èske Jozèf, yon sèvitè fidèl Jewova, te konn sèvi ak koup ann ajan l lan pou l chèche konn sa k pral rive alavni, jan Jenèz 44:5 sanble montre sa?
Pa gen okenn rezon pou n ta panse Jozèf te sèvi ak kèlkeswa pratik ki gen rapò ak divinasyon.
Bib la montre sa Jozèf te byen konprann sou kesyon sèvi ak maji pou konnen sa k pral rive demen. Anvan sa, lè yo te mande Jozèf pou l fè Farawon konnen sans rèv li yo, li te fè konnen pandan plizyè fwa se sèlman Bondye ki kapab “fè konnen” bagay ki gen pou rive yo. Kòm rezilta, menm Farawon te kwè se Bondye Jozèf ap adore a, vrè Dye a, ki fè Jozèf te konnen enfòmasyon konsènan sa k pral rive demen, men se pa grasa pouvwa mistik (Jenèz 41:16, 25, 28, 32, 39). Annapre, nan Lwa Bondye te bay Moyiz la, Jewova te entèdi yo sèvi ak maji oswa divinasyon, sa ki montre se li menm sèl k ap di sa k pral rive demen. — Detewonòm 18:10-12.
Ebyen, poukisa Jozèf te fè konprann, pa mwayen sèvitè l la, li konn sèvi ak yon koup ann ajan pou l “wè sa k pral rive”? (Jenèz 44:5.) Pou n jwenn repons lan, nou bezwen konsidere nan ki sikonstans Jozèf te di pawòl sa yo.
Akoz grangou a ki te rèd anpil, frè Jozèf yo te vwayaje al ann Ejip pou yo jwenn manje. Plizyè ane anvan sa, menm frè sa yo te vann Jozèf kòm esklav. Kounye a, san yo pa konnen, yo t ap chèche èd nan men frè yo a, ki te vin ap dirije tout sa ki gen rapò ak kesyon manje nan peyi Ejip. Jozèf pa t fè yo konnen kiyès li ye. Olye de sa, li te deside teste yo. Li te gen rezon fè sa, piske l te vle konnen si yo te repanti toutbon. Li te vle konnen si yo te renmen Benjamen, frè yo a, ansanm ak Jakòb, papa yo, ki te renmen Benjamen anpil. Donk, Jozèf te sèvi ak yon taktik. — Jenèz 41:55–44:3.
Jozèf te mande youn nan sèvitè l yo pou l plen sak frè l yo ak pwovizyon, remete lajan yo chak la nan sak yo, epi met koup ann ajan l lan nan sak Benjamen an. Nan fason Jozèf te aji a, li te fè tèt li pase pou yon dirijan ki soti nan yon peyi ki pap adore Bondye. Donk, li fè yon jan pou fason l ye, fason l aji ak fason l pale sanble ak yon dirijan konsa, e l te parèt sa vre pou frè l yo, ki pa t sispèk li.
Lè Jozèf te devan frè l yo, li te kontinye sèvi ak taktik la lè l te mande yo: “Ki aksyon sa a nou fè la a? Èske nou pa konnen yon moun tankou m gen pouvwa pou m konn sa k pral rive?” (Jenèz 44:15). Donk, li klè, koup la te fè pati plan an. Menm jan Benjamen pa t vòlè koup la vre, se konsa tou koup la pa t yon koup li te konn sèvi pou l wè sa k pral rive toutbon.
8-14 JEN
TREZÒ KI NAN PAWÒL BONDYE A | JENÈZ 46-47
“Yo jwenn manje nan peryòd grangou”
w87-F 1/5 15 § 2
Li ede yo pou yo pa mouri nan peryòd grangou
2 Sèt ane ki te bay anpil manje yo te fini, e jan Jewova te di sa, grangou a te kòmanse, pa sèlman ann Ejip, men “sou tout tè a nèt”. Lè moun ki t ap soufri grangou ann Ejip yo te kòmanse kriye nan pye Farawon pou manje, Farawon di yo: “Al kot Jozèf, epi fè tout sa l di nou.” Jozèf te vann Ejipsyen yo manje jiskaske lajan yo te fini. Apre sa, li te aksepte pran bèt yo kòm lajan. Finalman, pèp la te vin kot Jozèf e yo di l: “Achte nou ansanm ak tè nou yo pou w ka ban nou manje. Konsa, n ap vin esklav Farawon e tè nou yo ap vin pou li.” Konsa, Jozèf te achte tout tè Ejipsyen yo pou Farawon. — Jenèz 41:53-57; 47:13-20.
Fouye pou n ka jwenn trezò espirityèl
it-1-F 227 § 16
Konpòtman ak jès
Fèmen je yon moun ki mouri. Lè Jewova te di Jakòb: “Se Jozèf k ap fèmen je w” (Jen 46:4), se yon fason pou l te di l se Jozèf k ap fèmen je l lè l mouri, yon bagay nòmalman se premye pitit la ki te konn fè l. Donk, ta sanble Jewova te tou fè Jakòb konprann se Jozèf ki ta dwe jwenn dwa premye pitit la. — 1Kw 5:2.
nwtsty, nòt etid pou Tr 7:14
75 moun antou: Etyèn pa t ka site pawòl yon vèsè ki soti nan Liv ki te ekri ann ebre yo an patikilye, lè l te di kantite moun antou nan fanmi Jakòb ki te ann Ejip se te 75. Nou pa jwenn chif sa a nan tèks Liv ki te ekri ann ebre yo Masorèt yo te rekopye a. Jen 46:26 di: “Tout moun ki desandan Jakòb ki t al ann Ejip avè l yo, san konte madanm pitit gason Jakòb yo, te 66 moun antou.” Vèsè 27 la kontinye pou l di: “Te gen 70 moun antou ki fanmi Jakòb ki te vin ann Ejip.” La a, yo itilize de fason diferan pou konte moun yo, premye chif la ta sanble gen ladan sèlman desandan Jakòb yo e dezyèm chif la bay kantite moun antou ki te vin ann Ejip. Kantite desandan Jakòb yo parèt tou nan Eg 1:5 ak Dt 10:22, kote yo bay chif “70” la. Sanble Etyèn bay yon twazyèm chif ki gen ladan l plis moun nan fanmi Jakòb toujou. Kèk moun fè konnen li gen ladan l pitit ak pitit pitit Manase ak Efrayim, pitit gason Jozèf yo, jan sa parèt nan Jen 46:20 nan tradiksyon Septant lan. Gen lòt ankò ki fè konnen li gen ladan l madanm pitit gason Jakòb yo, ki pa t nan chif yo bay nan Jen 46:26 la. Kidonk, chif “75” lan ka yon gwo total. Chif sa a ka jwenn yon baz tou nan kopi Liv ki te ekri ann ebre yo ki te gaye nan premye syèk epòk nou an. Pandan plizyè ane, biblis yo te konnen “75” sa a se chif yo te bay nan Jen 46:27 ak Eg 1:5 nan tradiksyon Septant lan, yon tradiksyon grèk. Anplis de sa, nan 20yèm syèk la, yo te jwenn de moso tèks nan woulo Lanmè Mòt yo sou Eg 1:5 ann ebre, e yo menm tou te itilize chif “75” lan. Petèt chif Etyèn te bay la te ka baze sou youn nan ansyen tèks sa yo. Kèlkeswa ide ki kòrèk la, chif Etyèn nan sèlman montre yon fason diferan yo konte tout kantite desandan yo.
15-21 JEN
TREZÒ KI NAN PAWÒL BONDYE A | JENÈZ 48-50
“Moun ki aje yo gen anpil bagay pou yo aprann nou”
it-1-F 1228 § 8
Jakòb
Yon tikras tan anvan l mouri, Jakòb te beni pitit pitit li yo, pitit gason Jozèf yo, e jan Bondye te pouse l fè sa, li te mete Efrayim, pi piti a, anvan Manase, pi gran an. Apre sa, li di Jozèf ki t ap resevwa doub pòsyon premye pitit la: “Mwen ba w yon moso tè anplis frè w yo, moso tè mwen te pran nan men Amorit yo ak epe m ansanm ak banza m.” (Jen 48:1-22; 1Kw 5:1). Kòm Jakòb te achte moso tè ki toupre Sichèm nan san pwoblèm nan men pitit gason Amò yo (Jen 33:19, 20), sanble pwomès li te fè Jozèf la te yon fason pou Jakòb demontre lafwa l, ladan l li te pwofetize konsènan desandan l yo ki t apral pran Kanaran kòmsi sa te deja fèt pa mwayen epe l ak banza l. (Gade AMORITE.) Doub pòsyon tè sa a Jozèf te jwenn nan reprezante de pòsyon yo te bay tribi Efrayim ak Manase a.
it-1-F 623 § 1
Dènye jou yo
Pwofesi Jakòb te bay anvan l mouri a. Lè Jakòb te di pitit gason l yo: “Nou tout mèt vini pou m kapab di nou sa k pral rive nou nan dènye jou yo” oubyen “nan jou k ap vini yo” (Bib la), li t ap pale de tan kote pawòl li yo t apral kòmanse reyalize (Jen 49:1). Plis pase 200 an anvan sa, Jewova te di Abram (Abraram), granpapa Jakòb, yo pral maltrete desandan l yo pandan 400 an (Jen 15:13). Donk, nan ka sa a, tan Jakòb te rele “dènye jou yo” pa t ap kòmanse toutotan 400 an soufrans lan pa t fini. (Pou w jwenn plis detay konsènan Jenèz 49 la, gade atik ki sou non chak pitit gason Jakòb yo.) Nou ka atann nou tou pwofesi sa a t ap gen yon lòt aplikasyon annapre sou “Izrayèl Bondye” a. — Ga 6:16; Wm 9:6.
Fouye pou n ka jwenn trezò espirityèl
it-1-F 299 § 7
Benjamen
Pwofesi Jakòb te bay anvan l mouri a montre jan desandan Benjamen yo t ap konn batay byen. Men sa l te di ladan l konsènan pitit gason sa a li te renmen anpil la: “Benjamen ap kontinye devore bèt tankou yon lou. Nan maten, l ap manje bèt li pran, e nan aswè, l ap separe sa l ranmase yo.” (Jen 49:27). Yo te konnen moun nan tribi Benjamen yo kòm moun ki te konn tire wòch byen, kit ak men dwat, kit ak men goch, yo te ka tire wòch “dèyè yon branch cheve” san yo pa rate l (Jj 20:16; 1Kw 12:2). Jij Ewoud, yon moun tribi Benjamen, ki te goche, te touye wa Eglon ki te yon boutdi (Jj 3:15-21). Li bon tou pou n note Sayil te soti nan tribi Benjamen an, “tribi ki pi piti nan tout tribi Izrayèl yo”, e se te “nan maten” wayòm Izrayèl la sa te fèt. Se li ki premye wa Izrayèl la, yon pitit gason Kich, ki te montre l se yon vanyan gèrye kont moun Filisti yo (1Sa 9:15-17, 21). Menm jan an tou “nan aswè”, pou sa ki gen rapò ak nasyon Izrayèl la, tribi Benjamen an te bay rèn Estè ak Madoche, premye minis lan. Se ak yo Bondye te sèvi pou l sove Izrayelit yo, pou yo pa t detwi yo anba dominasyon wayòm peyi Pès la. — Est 2:5-7.
22-28 JEN
TREZÒ KI NAN PAWÒL BONDYE A | EGZÒD 1-3
Fouye pou n ka jwenn trezò espirityèl
g04-F 8/4 6 § 4
Èske Moyiz te egziste vre?
Men, èske sa pa parèt dwòl pou n ta kwè yon prensès ann Ejip ta adopte yon tigason konsa? Non, paske relijyon Ejipsyen yo te anseye li nesesè pou yo fè bon aksyon pou y al nan syèl. Anrapò ak adopsyon an, akeyològ Joyce Tyldesley fè remak sa a: “Medam Ejip yo te egalego ak mesye Ejip yo. Yo te gen menm dwa legal e ekonomik, omwen an teyori, e [...] medam yo te ka adopte timoun.” Gen yon ansyen papiris sou zafè adopsyon ki pale de yon fi ann Ejip ki te adopte esklav li. Konsènan manman Moyiz yo te chwazi kòm nouris la, gen yon diksyonè (The Anchor Bible Dictionary) ki di: ‘Gen kèk ka ki sanble ak peye yo te peye manman Moyiz pou ba l tete a nan kontra yo te konn fè pou adopte timoun nan Mezopotami.’
BYEN PREPARE W POU TRAVAY PREDIKASYON AN
Yon bagay ki pi gran pase trezò peyi Ejip yo
w02-F 15/6 11 § 1-4
Lè Moyiz te gen 40 an, li te kapab vin tounen yon Ejipsyen totalkapital, li te “soti pou l al wè Ebre parèy li yo, e pou l wè jan y ap fè yo travay di”. Gen aksyon li t apral fè annapre ki montre se pa konnen l te vle konnen sèlman, men li te swaf ede frè l yo. Lè l te wè yon Ejipsyen t ap bat yon Ebre, li te vin ede Ebre a e li te touye Ejipsyen an. Aksyon sa Moyiz te fè a montre jan l te renmen frè l yo. Yo te ka touye l si yo te vin aprann li touye yon Ejipsyen. Petèt moun li te touye a se te yon fonksyonè ki t ap fè travay li. Nan je tout Ejipsyen, Moyiz te gen tout rezon pou l fidèl ak Farawon. Men, sa k te motive l se te lanmou pou sa ki jis, yon kalite li t apral demontre yon jou apre lè l te reprimande yon Ebre ki t ap bat yon Ebre parèy li san rezon. Moyiz te vle libere Izrayelit anba vye esklavaj sa a, men lè Farawon vin konn sa l te fè a, li te vle touye l, se poutèt sa Moyiz te kouri al Madyan. — Egzòd 2:11-15; Travay 7:23-29.
Moman Moyiz te vle libere pèp la, se pa t moman sa a Jewova te fiske. Men, aksyon l yo te montre l gen lafwa. Ebre 11:24-26 di: “Grasa lafwa Moyiz te genyen, li te refize yo rele l pitit gason pitit fi Farawon an lè l te vin gran. Li te pito yo maltrete l ansanm ak pèp Bondye a, olye pou l te pran plezi pou yon ti tan nan peche.” Poukisa? “Paske li te konsidere dezonè l te jwenn antanke sila a Bondye chwazi a kòm yon richès ki pi gran pase trezò peyi Ejip yo, piske li te kite je l fikse sou rekonpans li t apral jwenn nan.” Tit “sila a Bondye chwazi a” byen apwopriye pou Moyiz, paske annapre li t apral resevwa yon misyon espesyal nan men Jewova dirèkteman.
Fè yon ti reflechi! Se sèl gwo potanta ann Ejip yo ki te ka resevwa fòmasyon Moyiz te resevwa a. Li te ka fè yon gwo karyè e li te ka jwenn kèlkeswa plezi l te imajine a, men li te voye tout bagay sa yo jete. Pou Moyiz, lanmou pou Jewova ak sa ki jis pa menm ditou ak viv nan palè Farawon, yon nonm ki te mechan. Konesans li te gen sou pwomès Jewova te fè Abraram, Izarak ak Jakòb, zansèt li yo, ak meditasyon li te fè sou sa te pouse l bay favè Jewova plis enpòtans. Kòm rezilta, Jewova te kapab bay Moyiz yon privilèj espesyal nan akonplisman objektif li.
Nou tout gen pou n demontre ki bagay ki pi enpòtan pou nou. Menm jan ak Moyiz, petèt nou gen yon desizyon difisil pou n pran. Èske n dwe kite kèk abitid, kèk bagay ki parèt bay avantaj, kèlkeswa sa sa ap koute nou? Si n devan yon sitiyasyon konsa, sonje ki jan Moyiz te bay relasyon l te genyen ak Jewova plis valè pase tout trezò peyi Ejip yo, e li pa t janm regrèt sa.
29 JEN–5 JIYÈ
TREZÒ KI NAN PAWÒL BONDYE A | EGZÒD 4-5
Fouye pou n ka jwenn trezò espirityèl
w04-F 15/3 28 § 4
Kesyon lektè yo poze
Ekspresyon “ou se yon mari san pou mwen” Sefora te itilize a, se pa yon ekspresyon yo te abitye avè l. Ki sa sa aprann nou sou li? Lefètke l te soumèt anba sa lwa sikonsizyon an te mande, Sefora te dakò li nan yon alyans ak Jewova. Annapre, alyans Lalwa a Jewova te fè avèk Izrayelit yo te montre nan yon alyans, Jewova ka jwe wòl yon mari e lòt pati a ka jwe wòl yon madanm (Jeremi 31:32). Konsa, lè Sefora t ap pale ak Jewova (ak yon zanj ki te reprezante l) e li te di li se “yon mari san”, sanble li te montre l rekonèt li soumèt anba kondisyon ki gen nan alyans sa a. Se kòmsi l te aksepte jwe wòl madanm nan nan alyans sikonsizyon an, e Jewova Dye te jwe wòl mari a. Antouka, lefètke l te prese obeyi sa Jewova te mande a, li te sove lavi pitit gason l lan.
it-1-F 1257 § 3
Jewova
Se poutèt sa, “konnen” pa vle di egzakteman jis abitye ak yon bagay oswa yon moun, oubyen jis konnen l la. Nabal, yon nonm ki te sòt, te konnen non David, epoutan, li te mande “kiyès ki David la?” Nan sans sa a, li te vle mande “ki sa k David la?” (1Sa 25:9-11; konpare ak 2Sa 8:13). Farawon tou te mande Moyiz: “Kiyès Jewova ye pou m ta obeyi l, pou m ta voye pèp Izrayèl la ale? Mwen pa konn kiyès ki Jewova a, mete sou sa, m pap voye pèp Izrayèl la ale.” (Eg 5:1, 2). Pa gen dout, Farawon te vle di li pa rekonèt Jewova se vrè Dye a oubyen li pa konnen Jewova gen okenn otorite sou wa Ejip la ak aktivite wa a, ni l pa gen okenn pouvwa pou l fè yo akonpli volonte l, jan Moyiz ak Arawon fè konn sa. Kounye a, Farawon ak tout peyi Ejip, ansanm ak Izrayelit yo, t ap vin konnen vrè siyifikasyon non sa a ak Moun ki pote l la. Jan Jewova te montre Moyiz sa, sa t apral fèt lè l reyalize objektif li te gen pou pèp Izrayèl la, li libere yo, li ba yo Peyi li te pwomèt yo a, epi konsa, li t ap akonpli alyans li te fè ak zansèt Izrayelit yo. Kidonk, jan Bondye te di yo sa: “N ap konnen se mwen menm, Jewova, ki Bondye nou.” — Eg 6:4-8; gade TOUT-PUISSANT.