Referans pou Pwogram reyinyon Lavi nou ak travay nou fè a
6-12 JIYÈ
TREZÒ KI NAN PAWÒL BONDYE A | EGZÒD 6-7
“Kounye a, ou pral wè sa m pral fè Farawon”
it-2-F 309 § 5
Moyiz
Atitid mesye yo nan mitan pèp Izrayèl la te chanje anpil tou. Okòmansman, yo te aksepte Moyiz antanke moun Jewova voye, men, lè Farawon te fè yo travay nan kondisyon ki te pi di pase jan sa te ye anvan, yo te kòmanse ap plenyen kont Moyiz. Yo te tèlman ap plenyen, sa te fè Moyiz dekouraje e li te kòmanse sipliye Jewova pou ede l (Eg 4:29-31; 5:19-23). Sila a ki nan pi gwo pozisyon an te bay Moyiz fòs lè l te fè l konnen Li pral reyalize pwomès Abraram, Izarak ak Jakòb t ap tann nan. Sa vle di Bondye t ap fè Moyiz konnen siyifikasyon non l nèt e l t ap fè sa lè l delivre pèp Izrayèl la epi fè l vin yon gwo nasyon ki t ap abite nan peyi li te pwomèt yo a (Eg 6:1-8). La a ankò, mesye Izrayèl yo pa t koute Moyiz. Men, apre nevyèm flewo a, yo tout te fè yon sèl pou yo kowopere ak Moyiz, e konsa apre dizyèm flewo a, li te ka òganize yo “tankou sòlda ki pral nan lagè” epi fè yo kite peyi a. — Eg 13:18.
it-2-F 309 § 3-4
Moyiz
Devan Farawon peyi Ejip la. Kounye a, Moyiz ak Arawon vin jwe yon gwo wòl nan ‘batay ki gen ant dye yo’ ak vrè Dye a. Farawon te mete pisans tout dye peyi Ejip yo ansanm kont pisans Jewova, e li te fè sa pa mwayen moun ki konn fè maji yo, petèt se Janès ak Janbrès ki te chèf moun sa yo (2Ti 3:8). Premye mirak Arawon te fè devan Farawon anba direksyon Moyiz te pwouve Jewova gen plis pisans pase dye peyi Ejip yo. Malgre sa, Farawon te kontinye fè tèt di (Eg 7:8-13). Pi devan, apre twazyèm flewo a, menm prèt yo te oblije rekonèt “sa k fèt la, se grasa fòs Bondye li fèt”! E yo menm tou, yo te tèlman vin gen gwo bouton sou yo, pa t gen youn ki te ka parèt devan Farawon pou kenbe tèt ak Moyiz. — Eg 8:16-19; 9:10-12.
Flewo yo te fè kèk moun renmen Jewova, men gen lòt ki te kenbe tèt ak li pi plis toujou. Se Moyiz ak Arawon ki te anonse lè chak nan dis flewo yo t ap vini. Lefètke flewo yo te fèt jan yo te anonse yo a, sa pwouve se Bondye ki te voye Moyiz. Toupatou nan peyi Ejip, non Jewova te nan bouch tout moun, kòm rezilta, gen kèk moun ki te renmen Jewova, men gen lòt ki te kontinye kenbe tèt ak Sila a ki gen non sa a. Yon bò, Izrayelit yo ak kèk Ejipsyen te renmen Jewova, men yon lòt bò, Farawon, kèk nan moun ki te konn ba l konsèy yo ansanm ak kèk nan moun ki t ap soutni l yo te kenbe tèt ak Jewova pi plis toujou (Eg 9:16; 11:10; 12:29-39). Olye pou Ejipsyen yo te met nan tèt yo se yo menm ki te fè dye yo te konn adore yo fache, yo te rekonèt se Jewova ki t ap jije dye sa yo. Apre nevyèm flewo a, ‘sèvitè Farawon yo ak lòt Ejipsyen yo te vin respekte Moyiz anpil tou nan peyi Ejip’. — Eg 11:3.
Fouye pou n ka jwenn trezò espirityèl
it-2-F 1091 § 4-5
Toupisan
Jewova te sèvi ak tit “Bondye Toupisan” an (Èl Chaday) lè l t ap fè Abraram pwomès ki gen rapò ak nesans Izarak la. Sa te mande pou Abraram montre l gen gwo lafwa nan pouvwa Bondye genyen pou l reyalize sa l te pwomèt la. Annapre, yo te sèvi ak menm tit sa a lè yo t ap pale de Bondye antanke Sila a ki t ap gen pou l beni Izarak ak Jakòb, yo menm ki t ap eritye alyans Bondye te fè avèk Abraram nan. — Jen 17:1; 28:3; 35:11; 48:3.
Se sa k fè, annapre Jewova te kapab di Moyiz: “Mwen te konn pale ak Abraram, ak Izarak ak Jakòb antanke Bondye Toupisan [beÈl Chaday]. Men, mwen pa t fè yo konn non Jewova a nèt.” (Eg 6:3). Sa pa t vle di patriyach sa yo pa t konn non Jewova a, etandone ni yo menm ni lòt moun ki te la anvan yo te konn sèvi ak non sa a (Jen 4:1, 26; 14:22; 27:27; 28:16). Anfèt, nan liv Jenèz la, yon liv ki rakonte istwa lavi patriyach yo, mo “Toupisan” an parèt sis fwa sèlman, tandiske yo ekri non Jewova 172 fwa nan tèks ebre orijinal la. Se vre eksperyans patriyach sa yo te fè ak Bondye te pèmèt yo wè li gen dwa e li gen kapasite pou l gen tit “Toupisan an”, sepandan, yo pa t janm gen opòtinite konprann tout sa non Bondye, ki se Jewova, vle di ak tout sa non sa a gen ladan l. Nan sans sa a, men ki kòmantè yon diksyonè fè: “Premye fwa Bondye te fè patriyach yo konnen kiyès li ye gen rapò ak yon seri pwomès ki t ap gen pou reyalize alavni. Sa t ap ba yo asirans Li, anpalan de Yawe, te yon Bondye (èl) e li gen kapasite (youn nan siyifikasyon chaday la ka genyen) pou l reyalize pwomès li fè yo. Lè Bondye te parèt nan pye pikan an, sa te pi estrawòdinè toujou e pa gen anpil moun ki te la, pisans Bondye ansanm ak prezans li ki te la e ki te kontinye avèk yo, tout sa te makònen ak non Yawe a, yon non moun te byen konnen.” — The Illustrated Bible Dictionary, Vol. 1, p. 572, se J. D. Douglas ki te pibliye l, 1980.
it-2-F 308 § 6
Moyiz
Se pa t timidite Moyiz ki te fè l pa kalifye. Se timidite ki fè Moyiz te di pale pa yon bagay ki fasil pou li. Fason l te aji nan moman an te diferan nèt ak jan l te aji, sa gen 40 an, lè l te deside konsidere tèt li kòm moun ki pral delivre pèp Izrayèl la. Li te kontinye pale avèk Jewova, opwen li te menm mande l pou l pa ba l fè travay sa a. Byenke sa Moyiz te fè a te fè Bondye fache anpil, Bondye pa t rejte l. Okontrè, li te bay Moyiz Arawon, frè l la, pou sèvi l pòtpawòl. Nan ka sa a, Moyiz t ap aji antanke reprezantan Bondye, konsa, Moyiz t ap vin tankou “Bondye” pou Arawon, ki t ap pale nan plas li. Lè de mesye yo te konn reyini ak ansyen nan pèp Izrayèl la ak lè yo te konn rankontre ak Farawon, Bondye te bay Moyiz enstriksyon ak lòd. Moyiz di Arawon sa pou l di epi Arawon bò kote pa l pale ak Farawon (Farawon ki te la nan moman an te vini apre Farawon Moyiz te sove pou li, sa gen 40 an an) (Eg 2:23; 4:10-17). Annapre, Jewova te pale de Arawon kòm “pwofèt” Moyiz, sa vle di, li te dwe resevwa direksyon nan men Moyiz, menm jan Moyiz te resevwa direksyon nan men Bondye antanke pwofèt li. Mete sou sa, Moyiz t ap gen pou l vin “Bondye pou Farawon” nan sans Bondye t ap bay Moyiz pisans ak otorite sou Farawon, konsa, Moyiz pa t ap gen okenn rezon pou l pè wa peyi Ejip la. — Eg 7:1, 2.
13-19 JIYÈ
TREZÒ KI NAN PAWÒL BONDYE A | EGZÒD 8-9
“Farawon, ki te gen ògèy, pa t rann li kont li t ap pèmèt Jewova reyalize objektif li”
it-2-F 431
Fè tèt di
Nan fason Jewova te boule ak lèzòm, li te aji ak pasyans lè l te pèmèt chak moun ak chak nasyon kontinye egziste, menm lè yo te merite mouri (Jen 15:16; 2 P 3:9). Kèk moun pami yo te byen reyaji, yo te fè sa ki nesesè pou yo benefisye mizèrikòd Jewova (Joz 2:8-14; 6:22, 23; 9:3-15), gen lòt moun ki te kenbe tèt ak Jewova e ak pèp li a pi plis toujou (Dt 2:30-33; Joz 11:19, 20). Piske Jewova pa anpeche pèsonn vin gen tèt di, yo pale de li kòm Sila a ki ‘kite yo fè tèt di’ oubyen ki ‘fè tèt yo vin di’. Finalman, lè Jewova fè vanjans sou moun k ap fè tèt di yo, sa montre jan li gen anpil pisans epi li fè moun konnen non l. — Konpare ak Eg 4:21; Jan 12:40; Wm 9:14-18.
it-2-F 240 § 8, 241 § 1-2
Mechanste
Anplis de sa, Jewova Dye konn sèvi ak sitiyasyon yo pou fè mechan yo reyalize objektif li, san yo pa menm rann yo kont. Byenke mechan yo kont Bondye, li kapab anpeche yo aji nan mezi sa nesesè pou pèmèt sèvitè l yo rete fidèl e li kapab menm fè aksyon mechan sa yo fè jistis li parèt aklè (Wm 3:3-5, 23-26; 8:35-39; Sm 76:10). Nou jwenn menm ide a nan Pwovèb 16:4, ki di: “Jewova fè tout bagay mache pou l reyalize objektif li, li menm rezève mechan yo pou jou malè.”
Farawon Jewova te voye Moyiz ak Arawon al bay lòd pou l libere Izrayelit yo nan esklavaj la se yon bèl egzanp nan sans sa a. Se pa t Bondye ki te fè dirijan ejipsyen sa a mechan, sepandan, Bondye te pèmèt li kontinye viv e li te dirije evènman yo yon fason ki te fè Farawon montre aklè li te mechan e li te merite lanmò. Rezon ki te pouse Jewova fè sa parèt nan Egzòd 9:16, lè l te di: “Sepandan, men pou ki rezon mwen kite w viv toujou: pou m ka fè w wè pisans mwen e pou yo ka fè konnen non m sou tout tè a.”
Dis flewo Jewova te lage sou peyi Ejip yo ak detwi l te detwi Farawon ak lame l la nan Lanmè Wouj la montre jis nan ki pwen Jewova gen yon pisans san parèy (Eg 7:14–12:30; Sm 78:43-51; 136:15). Apre sa, nasyon ki te ozalantou yo te kontinye pale de sa menm apre plizyè ane, konsa, moun te vin konnen non Bondye sou tout tè a (Joz 2:10, 11; 1Sa 4:8). Si Jewova te touye Farawon lapoula, yo pa t ap janm wè jis nan ki pwen Jewova pisan, sa ki te fè l jwenn glwa, e yo pa t ap janm wè jan l sèvi ak pisans li pou l libere pèp li a.
Fouye pou n ka jwenn trezò espirityèl
it-2-F 1039
Gwo mouch
Selon mo ebre orijinal yo itilize nan Ekriti yo, yo pa fin konnen de ki kalite ensèk y ap pale egzakteman lè Jewova te lage katriyèm flewo a sou peyi Ejip, premye fwa li te epaye Izrayelit yo ki t ap viv Gochenn (Eg 8:21, 22, 24, 29, 31; Sm 78:45; 105:31). Pandan plizyè fwa, pou yo tradui mo Awòv la, yo mete “gwo mouch” (JB, NW, Ro), “vonvon” (Yg), “mouch” (AS, KJ, RS), “moustik” (AT) ak “tawon” (LXX).
Ann anglè, lè y ap pale de “gwo mouch”, sa gen rapò tou ak divès lòt kalite ensèk. Gwo mouch femèl la konn pike po moun ak bèt pou bwè san yo. Gen yon kalite mouch, lè l ap kale, li viv tankou parazit sou kò moun ak bèt. Se nan peyi twopikal yo ki gen kalite mouch sa yo ki konn enfekte moun. Sa ede n konprann, lè Jewova te lage flewo gwo mouch la sou Ejipsyen yo ak sou twoupo bèt yo, se pa ti soufri sa dwe tè fè yo soufri, e ka menm gen nan yo ki te mouri.
20-26 JIYÈ
TREZÒ KI NAN PAWÒL BONDYE A | EGZÒD 10-11
it-2-F 309 § 6
Moyiz
Kouraj ak lafwa pou parèt devan Farawon. Se sèlman grasa fòs Jewova ak pouvwa lespri sen l Moyiz ak Arawon te kapab ranpli asiyasyon Jewova te ba yo a. Imajine palè Farawon an, wa pisans mondyal okenn moun pa t ka konteste nan epòk la. Piske Farawon te gen yon glwa san parèy konsa, sa te fè l gen ògèy e li te pran tèt li pou yon dye. Li te antoure ak yon pakèt konseye, kòmandan, gad ak esklav. Anplis de sa, te gen chèf relijye yo, prèt ki te konn fè maji yo, yo menm ki te pi gwo advèsè Moyiz. Apre Farawon, mesye sa yo se te moun ki te gen plis pouvwa nan wayòm nan. Tout gwo potanta sa yo te met ansanm ak Farawon pou yo defann dye peyi Ejip yo. Se pa t yon sèl fwa Moyiz ak Arawon te parèt devan Farawon, men chak fwa sa yo, Farawon te fè tèt di pi plis toujou, paske l te detèmine pou l te kenbe esklav ebre yo, ki te itil li anpil, anba pouvwa l. Anfèt, apre Moyiz ak Arawon te fin anonse uityèm flewo a, yo te fè yo soti byen vit devan Farawon, epi apre nevyèm flewo a, yo te ba yo lòd pou yo pa eseye vin devan Farawon ankò, si yo te fè sa, yo t ap mouri. — Eg 10:11, 28.
Fouye pou n ka jwenn trezò espirityèl
w95-F 1/9 11 § 11
Yon pakèt temwen kont fo dye a
11 Pandan Izrayelit yo te toujou ann Ejip, Jewova te voye Moyiz kot Farawon e l te di l: “Al kot Farawon. Paske, mwen kite li menm ak sèvitè l yo kontinye fè tèt di pou m ka fè mirak mwen yo devan l, pou w ka fè pitit ou ak pitit pitit ou konnen jan m te pini Ejipsyen yo e pou w ka fè yo konnen mirak mwen te fè nan mitan Ejipsyen yo. Konsa, n ap konnen mwen se Jewova.” (Egzòd 10:1, 2). Izrayelit ki te obeyisan yo t ap rakonte pitit yo tout gwo aksyon Jewova te fè yo. Pitit yo, bò kote pa yo, t ap rakonte pitit pa yo bagay sa yo, e sa t ap fèt jenerasyon apre jenerasyon. Konsa, yo t ap sonje gwo aksyon Jewova fè yo. Menm jan an tou jodi a, paran yo gen responsablite pou yo pale ak pitit yo konsènan Jewova. — Detewonòm 6:4-7; Pwovèb 22:6.
it-1-F 849 § 6
Yo kite peyi Ejip
Pa mwayen yon pisans estrawòdinè, Jewova te fè non l jwenn glwa e l te delivre Izrayèl. Izrayelit yo te rive sennesof bò lès Lanmè Wouj, e anba direksyon Moyiz, yo te chante yon chante pandan Miryam, sè Moyiz la, yon dam ki pwofèt, pran yon tanbouren, e tout lòt fi yo t ap suiv li ak tanbouren nan men yo toutpandan yo t ap danse epi yo t ap reponn mesye yo ki t ap chante (Eg 15:1, 20, 21). Izrayelit yo te separe nèt ak ènmi yo. Lè yo t ap kite Ejip, Jewova pa t kite okenn moun oubyen bèt fè yo mal. Pa menm gen yon chen ki te jape yo (Eg 11:7). Menmsi istwa ki nan liv Egzòd la pa di si Farawon te antre nan lanmè a ak lame l la e l te detwi, Sòm 136:15 fè konnen Jewova “te lage Farawon ak lame l la nan Lanmè Wouj”.
27 JIYÈ–2 OUT
TREZÒ KI NAN PAWÒL BONDYE A | EGZÒD 12
it-2-F 485 § 7
Fèt Pak
Gen kèk aspè nan fèt Pak la ki te reyalize sou Jezi. Youn ladan yo gen rapò ak san yo te pase sou pòt kay yo ann Ejip, ki te delivre premye pitit yo anba men zanj ki t ap fè destriksyon an. Pòl te pale de kretyen Bondye chwazi pou al nan syèl yo antanke kongregasyon premye pitit Bondye yo (Eb 12:23), e l te pale de Jezi antanke sila a ki te delivre yo grasa san li (1Te 1:10; Ef 1:7). Izrayelit yo pa t gendwa kase okenn zo nan timouton yo t ap manje yo pandan fèt Pak la. Gen yon pwofesi ki te fè konnen yo pa t ap kase menm youn nan zo Jezi yo, e sa te reyalize lè l te mouri (Sm 34:20; Jan 19:36). Kidonk, Lalwa te sèvi kòm lonbray anpil bagay ki te gen pou vini, e fèt Pak Juif yo te konn selebre pandan plizyè syèk la te youn nan bagay ki te ladan l e li te atire atansyon sou Jezi Kris, “Ti Mouton Bondye a”. — Eb 10:1; Jan 1:29.
Fouye pou n ka jwenn trezò espirityèl
it-2-F 484 § 2
Fèt Pak
Dis flewo ki te frape peyi Ejip la se te yon jijman kont fo dye Ejip yo, sitou dizyèm nan ki te lakòz lanmò tout premye pitit yo (Eg 12:12). Piske mal mouton yo se te bèt ki sakre pou dye ki rele Ra a, pase yo te pase san timouton Pak la sou lento pòt yo te yon blasfèm pou Ejipsyen yo. Epitou, towo bèf se te yon bèt ki sakre, donk, lè tout towo bèf ki te fèt an premye yo te mouri a, se te yon gwo kou dye ki rele Osiris la te pran. Yo te adore Farawon antanke pitit gason dye ki rele Ra a. Donk, lanmò premye pitit gason Farawon an te montre jan ni dye ki rele Ra a ni Farawon pa t gen okenn pouvwa.
it-1-F 207 § 1
Fèt
Youn nan rezon ki te fè “fèt” yo espesyal se paske nan moman sa yo, moun yo pa t dwe fè okenn travay di. Pa egzanp, konsènan premye ak setyèm jou “fèt” Pen san ledven an, Jewova te di: “Pèsonn pa dwe fè okenn travay nan jou sa yo. Men, chak moun kapab prepare sa yo bezwen pou yo manje sèlman.” (Eg 12:15, 16). Sepandan, pandan “fèt” yo, prèt yo te okipe nan ofri Jewova sakrifis (Le 23:37, 38). Travay prèt yo t ap fè yo pa t vyole kòmandman yo te bay sou travay moun yo te konn fè chak jou yo. Rasanbleman sa yo pa t yon okazyon pou pèp la te fè parès, okontrè, moman sa yo te chaje ak aktivite espirityèl ki te pote anpil byenfè pou yo. Pa egzanp, nan moman saba ki te konn fèt chak semèn nan, moun yo te konn reyini ansanm pou yo adore Bondye an piblik e pou yo koute enstriksyon yo t ap bay yo. Konsa, lekti yo te konn fè nan Pawòl Bondye a an piblik ak esplikasyon yo te konn bay sou li te ankouraje pèp la. Yo te kontinye fè sa nan sinagòg yo annapre (Tr 15:21). Donk, menmsi Izrayelit yo pa t konn fè okenn travay di nan jou saba a oubyen nan lòt “fèt” yo, yo te pran tan sa yo pou yo priye epi medite sou Kreyatè a ak objektif li genyen. — Gade ASSEMBLÉE.