Referans pou Pwogram reyinyon Lavi nou ak travay nou fè a
7-13 SEPTANM
TREZÒ KI NAN PAWÒL BONDYE A | EGZÒD 23-24
it-1-F 11 § 3
Arawon
N ap note nan tou le twa devyasyon sa yo, Arawon pa t parèt kòm prensipal moun ki te alatèt move aksyon an. Men pito, sanble l te fè aksyon an akoz presyon l te jwenn nan sikonstans lan oubyen li te kite lòt moun enfliyanse l pou l fè sa ki mal. Anfèt, li te ka suiv prensip ki nan kòmandman sa a depi nan premye fo pa a: “Nou pa dwe fè sa ki mal akoz n ap suiv pifò moun.” (Eg 23:2). Sepandan, annapre nan Bib la yo byen sèvi ak non l, e lè Pitit Bondye a te sou tè a, li te rekonèt fonksyon prèt Arawon an te legal. — Sm 115:10, 12; 118:3; 133:1, 2; 135:19; Mt 5:17-19; 8:4.
it-1-F 410 § 2
Avèg
Lè yo bay yon jij kado anba anba pou anpeche l fè bon jijman se tankou yo te fè l avèg. Nou jwenn anpil konsèy nan Lalwa kont lajan anba anba, kado oubyen prejije, bagay sa yo kapab bouche je yon jij e anpeche l bay jistis san patipri. “Kado anba anba ka anpeche nou fè sa ki dwat.” (Eg 23:8). “Kado anba anba ka bouche je moun ki saj la.” (Dt 16:19). Menm yon jij ki konn aji dwat e ki gen bon konprann kapab kite kado anba anba yo ba li gen efè sou jijman l ap fè, kit li konsyan de sa, kit li pa konsyan. Lwa Bondye a byen pale sou ki jan kado anba anba kapab bouche ni je nou ni santiman nou, men sa l di: “Nou pa dwe montre nou gen patipri pou moun ki pòv la, ni nou pa dwe montre nou gen patipri pou moun ki rich la.” (Le 19:15). Konsa, keseswa akoz santiman oubyen anvi pou fè pifò moun plezi, yon jij pa dwe kondane yon moun ki rich tou senpleman paske l rich. — Eg 23:2, 3.
Fouye pou n ka jwenn trezò espirityèl
it-2-F 280
Mikayèl
1. Li se sèl zanj ki sen yo site non l nan Bib la, apa Gabriyèl, e se li menm sèl yo rele “akanj”. (Jid 9.) Premye fwa yo site non l se nan dizyèm chapit liv Dànyèl la, kote yo dekri Mikayèl kòm “youn nan prens ki nan pi gwo pozisyon yo”. Li te vin ede yon zanj ki gen mwens pisans pase l, piske “prens wayòm Pès la” te opoze ak zanj sa a. Yo di Mikayèl se ‘prens pèp Dànyèl la’, “gran prens k ap aji pou byen pèp [Dànyèl la]”. (Dn 10:13, 20, 21; 12:1.) Sa yo di sou li la yo fè n konnen Mikayèl se zanj ki t ap kondui Izrayelit yo pandan yo te nan dezè a (Eg 23:20, 21, 23; 32:34; 33:2). Yon bagay ki pwouve sa se lefètke “Mikayèl akanj lan te gen yon dezakò avèk Dyab la, e yo t ap diskite konsènan kò Moyiz”. — Jid 9.
14-20 SEPTANM
TREZÒ KI NAN PAWÒL BONDYE A | EGZÒD 25-26
“Bagay ki te pi enpòtan nan tabènak la”
it-1-F 159
Lach alyans lan
Modèl ak fòm. Lè Jewova te mande Moyiz konstwi tabènak la, premye bagay li te ba li se te modèl ak fòm Lach la. Anfèt, se te bagay ki te pi enpòtan nan tabènak la e nan tout kan pèp Izrayèl la. Kòf sa a te mezire 2,5 koude longè, 1,5 koude lajè ak 1,5 koude wotè (anviwon 111 × 67 × 67 sm; 44 × 26 × 26 pous). Li te fèt ak bwa akasya, li te kouvri ak bon lò ni anndan ni deyò. Li te gen yon “yon bòdi annò” ki te byen fèt e ki te bèl toutotou l. Dezyèm pati lach la se te kouvèti a, li te fèt annò, se pa t jis bwa ki kouvri ak lò, men se te tout longè ak lajè kòf la ki te kouvri ak lò. Te gen desen de cheriben yo te bay fòm ki fèt ak lò sou kouvèti a, youn te sou chak bò kouvèti a e youn te anfas lòt, tèt yo te bese e zèl yo te ouvè, yo te kouvri tout Lach la (Eg 25:10, 11, 17-22; 37:6-9). Yo te pale de kouvèti sa a tou kòm yon mwayen ‘pou kouvri peche, yon fason pou moun ka gen favè Bondye’ oubyen “kouvèti padon an”. — Eg 25:17; Eb 9:5, nòt; gade PROPITIATOIRE.
it-1-F 159 § 4
Lach alyans lan
Lach la te sèvi kòm yon achiv ki sen kote rapèl ki sakre yo oubyen temwayaj la te an sekirite. Toudabò, li te gen de tablèt temwayaj yo oubyen Dis Kòmandman yo anndan l (Eg 25:16). Epi, yo te mete “ja annò a ki te gen lamàn nan ak baton Arawon ki te boujonnen an” anndan Lach la, men annapre, yo te retire yo nan Lach la kèk tan anvan konstriksyon tanp Salomon an (Eb 9:4; Eg 16:32-34; Nb 17:10; 1Wa 8:9; 2Kw 5:10). Jis anvan Moyiz te mouri, li te bay Levit ki prèt yo yon kopi “liv lalwa a” e l te ba yo enstriksyon pou yo mete l “bò kote lach alyans Jewova, Bondye nou an. [...] pou l sèvi kòm yon temwen kont nou”, yo pa t gen pou yo mete l anndan lach la. — Dt 31:24-26.
it-1-F 159 § 5
Lach alyans lan
Li gen rapò ak prezans Bondye. Pandan tout listwa Lach la, li te gen rapò ak prezans Bondye. Jewova te di “se sou tèt kouvèti a m ap vin pale avè w. Se nan mitan de cheriben yo ki sou lach alyans lan m ap fè w konnen tout kòmandman m ap ba ou pou Izrayelit yo”. “M ap parèt nan yon nyaj sou kouvèti a.” (Eg 25:22; Le 16:2). Samyèl te ekri Jewova se “Sila a ki chita sou twòn li anlè cheriben yo” (1Sa 4:4); donk, cheriben yo te sèvi kòm “reprezantasyon charyo a” pou Jewova (1Kw 28:18). Se sa k fè, “chak fwa Moyiz te antre nan tant reyinyon an pou l pale ak Bondye, li te tande vwa Bondye k ap pale avè l anlè kouvèti lach alyans lan, ant de cheriben yo, e se la Bondye te konn pale avè l”. (Nb 7: 89.) Pi devan, Jozye ak gran prèt Fineyas te mande Jewova direksyon tou devan Lach la (Joz 7:6-10; Jj 20:27, 28). Men, se sèl gran prèt la an reyalite ki te konn antre Kote ki pi sen an yon fwa pa ane epi wè Lach la, se pa pou l te ka pale ak Jewova, men pito pou l fè sa Lalwa te mande nan Jou Pirifikasyon an. — Le 16: 2, 3, 13, 15, 17; Eb 9:7.
Fouye pou n ka jwenn trezò espirityèl
it-1-F 437 § 1
Cheriben
Pòtre cheriben yo te pami bagay yo te mete nan tabènak la ki te nan dezè a. Yo te mete de cheriben ki te fèt annò yo te bay fòm ak mato nan chak pwent kouvèti Lach la. Youn te anfas lòt. Figi cheriben yo te bay sou kouvèti a tankou y ap adore. De zèl cheriben yo te ouvri pa anlè pou yo kouvri kouvèti a pou veye e pou pwoteje l (Eg 25:10-21; 37:7-9) Epitou, pati anndan twal tant yo ki kouvri tabènak la ak rido ki te separe Kote ki sen an ak Kote ki pi sen an te gen desen cheriben bwode sou li. — Eg 26: 1, 31; 36: 8, 35.
it-2-F 472-473
Pen yo konn prezante
Yo te mete douze pen sou yon tab nan Kote ki sen nan tabènak la oubyen nan tanp lan, epi chak saba, yo te ranplase yo ak pen ki fre (Eg 35:13; 39:36; 1Wa 7:48; 2Kw 13:11; Ne 10:32, 33). Mo ebre yo mete pen nou konn prezante pou li a vle di literalman “pen fas la”. Pafwa, mo “fas” la konn gen sans “prezans” (2Wa 13:23), donk, pen yo konn prezante devan fas Jewova a se te yon ofrann yo te mete devan l toutan (Eg 25:30). Epitou, pen yo konn prezante yo te fè referans ak “pen yo te konn mete youn sou lòt yo” (2Kw 2:4) ansanm ak “pen yo te konn prezante devan Bondye yo” (Mk 2:26; Eb 9:2).
21-27 SEPTANM
TREZÒ KI NAN PAWÒL BONDYE A | EGZÒD 27-28
“Ki sa nou ka aprann sou Rad Prèt yo?”
it-2-F 464-465
Ourim nan ak Toumim nan
Anpil biblis kwè Ourim nan ak Toumim nan te la pou fè konnen desizyon Bondye pran yo. Nan tradiksyon James Moffatt la yo rele yo “tiraj osò sakre yo” nan Egzòd 28:30. Anpil nan biblis yo panse l te gen twa pati, yon pati te ekri “wi” sou li, yon pati te ekri “non” epi lòt la te blanch. Lè yo rale yo, yo t ap jwenn repons kesyon ki te poze a. Men, si se pati blanch lan yo rale, yo pa t ap jwenn repons. Gen lòt ki panse li posib pou se te de wòch plat, yo gen yon bò blan ak yon bò nwa. Lè yo voye wòch yo anlè, si yo te tonbe sou de bò blan yo, sa t ap vle di “wi”, si yo te tonbe sou de bò nwa yo, sa t ap vle di “non”, epi si youn te tonbe sou bò nwa e lòt la te tonbe sou bò blan, sa t ap vle di pa gen repons. Yon lè, Sayil te mande prèt la si l dwe desann al atake moun Filisti yo ankò, li pa t jwenn repons. Piske l te santi gen yon moun pami mesye yo ki te peche, li di Jewova: “O Bondye Izrayèl la, ban m yon repons ki klè (“reponn ak Toumim nan”, nòt)!” Sayil ak Jonatan te rete lwen pèp la; apre sa, yo te fè tiraj osò pou konn kiyès nan yo de a ki peche. Nan istwa sa a, lè l di “ban m yon repons ki klè” a, sanble sa pa gen rapò ak tiraj osò a, byenke sa ka montre te gen yon lyen ant yo de a. — 1Sa 14:36-42.
it-1-F 931 § 5
Fwon
Gran prèt Izrayèl la. Ann Izrayèl, gran prèt yo te gen yon mouchwa espesyal, e sou mouchwa sa a, te gen “plak annò ki sakre a” sou fwon yo. Yo te grave pawòl sa yo “Jewova sen” sou li menm jan ak lè y ap fè yon so (Eg 28:36-38; 39:30). Antanke prensipal reprezantan Jewova nan adorasyon pèp Izrayèl t ap bay Jewova a, gran prèt la te dwe toujou pwòp nan sèvis sakre li a. Sa k te ekri sou plak la t ap ede tout Izrayelit yo sonje tou, yo dwe toujou rete pwòp nan adorasyon y ap bay Jewova a. Epitou, sa te byen anonse travay Gran Prèt ki pi enpòtan an, Jezi Kris, li menm Jewova mete nan fonksyon prèt la pou l soutni Bondye antanke Sila a ki sen an. — Eb 7:26.
Fouye pou n ka jwenn trezò espirityèl
w12-F 1/8 26 § 1-3
Èske w te konnen?
Ki kote pyè ki gen anpil valè yo ki te sou pòch rad gran prèt ann Izrayèl la soti?
Apre Izrayelit yo te kite peyi Ejip pou yo antre nan dezè a, Bondye te ba yo lòd pou yo fè pòch sa a (Egzòd 28:15-21). Pòch sa a te gen pyè sa yo: ribi, topaz, emwod, tikwaz, safi, jasp, lechèm, agat, ametis, krizolit, oniks ak jad. Ki kote Izrayelit yo te jwenn pyè ki gen anpil valè sa yo?
Nan tan yo t ap ekri Bib la, moun yo te renmen pyè ki gen anpil valè sa yo e yo te konn fè komès ak yo. Pa egzanp, Ejipsyen nan tan lontan yo te konn resevwa pyè ki gen valè ki soti nan zòn ki lwen, tankou zòn ki rele jodi a Iran, Afganistan, e menm End petèt. Min Ejipsyen yo te bay yon kantite pyè diferan ki gen valè. Wa Ejipsyen yo te gen kontwòl sou tout kote yo fouye min nan teritwa pa yo a. Job, yon patriyach, te montre ki jan moun ki t ap viv nan menm epòk ak li yo te fouye anba tè a pou chèche trezò. Jòb te mansyone safi ak topaz pami trezò yo te konn chèche yo. — Jòb 28:1-11, 19.
Liv Egzòd la di Izrayelit yo te “piye Ejipsyen yo”, yo te pran nan bagay ki gen valè Ejipsyen yo te genyen lè yo t ap kite peyi a (Egzòd 12:35, 36). Donk, li posib pou pyè ki gen anpil valè yo te mete sou pòch rad gran prèt ann Izrayèl la te soti ann Ejip.
it-2-F 861 § 8
Sen
Bèt ak danre. Yo te konsidere premye ti towo bèf, premye ti mal mouton ak premye ti kabrit kòm sen pou Jewova e yo pa merite pou yo rachte yo. Yo te dwe sakrifiye yo, epi gen yon pati ki te pou prèt yo ki sen (Nb 18:17-19). Premye fwi yo ak dizyèm yo te sen, menm jan ak tout sakrifis yo ak tout ofrann ki sakre pou sèvis nan tabènak la (Eg 28:38). Tout bagay ki sen pou Jewova se te bagay sakre e yo pa t ka pran yo alalejè oswa itilize yo konsa konsa, oubyen yon fason ki montre yo pwofane yo. Men yon egzanp an rapò ak ofrann dizyèm nan. Si yon gason te mete yon bagay sou kote pou l bay kòm dizyèm, pa egzanp, nan ble li rekòlte, apre sa, li menm oswa yon moun nan fanmi l pran yon pati ladan l pou kay la san l pa fè espre, tankou yo kuit li, gason sa a koupab, li vyole lwa Bondye ki konsène bagay sakre yo. Lalwa te mande pou l bay tabènak la yon montan ki egal, plis 20 pousan, epitou l ap bay yon jenn ti mal mouton ki pa gen okenn domaj li pran nan twoupo l kòm sakrifis. Donk, yo te ankouraje moun pou yo gen yon gwo respè pou bagay sakre ki te pou Jewova yo. — Le 5:14-16.
28 SEPTANM-4 OKTÒB
TREZÒ KI NAN PAWÒL BONDYE A | EGZÒD 29-30
“Yon kontribisyon pou Jewova”
it-1-F 767-768
Anrejistreman
Nan Sinayi. Selon kòmandman Jewova te bay, yo te fè premye anrejistreman an nan Sinayi nan dezyèm mwa nan dezyèm ane ki te pase apre yo te kite Ejip. Pou Jewova te ede Moyiz rive fè sa, li te mande pou l chwazi yon chèf nan chak tribi pou l ba yo responsablite e pou yo sipèvize anrejistreman k ap fèt nan tribi pa yo a. Se pa sèlman tout gason yo te met nan lis la ki te gen 20 an oswa plis yo te pran pou sèvi nan lame, men tou Lalwa te mande pou chak moun yo anrejistre bay mwatye yon chekèl ($1,10) pou sèvis nan tabènak la (Eg 30:11-16; Nb 1:1-16, 18, 19). Kantite gason yo te anrejistre antou se te 603 550, yo pa t anrejistre Levit yo, ki pa t ap gen eritaj ann Izrayèl. Yo pa t peye taks pou tabènak la e yo pa t mande yo pou yo sèvi nan lame. — Nb 1:44-47; 2:32, 33; 18:20, 24.
it-1-F 517
Kontribisyon
Gen kèk kontribisyon Lalwa te mande. Lè Moyiz t ap konte Izrayelit yo nan yon resansman, chak gason ki te gen 20 an oswa plis te dwe bay yon ranson pou lavi l, “se mwatye yon chekèl [petèt $1,10] ki nan kote ki sakre a”. Se te yon “kontribisyon pou Jewova” y ap bay pou kouvri peche yo e “pou sèvis k ap fèt nan tant reyinyon an”. (Eg 30:11-16.) Selon Jozèf, yon istoryen juif, yo te dwe bay “taks ki pou Bondye a” chak ane (Lagè Juif yo (anglè), VII, 218 [vi, 6]). — 2Kw 24:6-10; Mt 17:24; gade IMPÔT.
w11-F 1/11 12 § 1-2
Èske w te konnen?
Ki jan yo te rive jwenn kòb pou sèvis yo te konn fè nan tanp Jewova a nan Jerizalèm?
Plizyè sèvis nan tanp lan te konn fèt grasa enpo yo te bay. Yon premye enpo moun yo te gen obligasyon pou yo bay se te dizyèm nan. Men, te gen lòt enpo ankò moun yo te konn bay. Pa egzanp, nan moman yo t ap konstwi tabènak la, Jewova te mande Moyiz pou l ranmase mwatye yon chekèl kòm “kontribisyon pou Jewova” nan men chak moun yo te anrejistre. — Egzòd 30:12-16.
Sanble, sa te vin yon abitid pou Juif yo te bay kantite kòb sa a chak ane kòm enpo pou tanp lan. Se te enpo sa a Jezi te mande Pyè pou l peye avèk yon pyès monnen ki te soti nan bouch yon pwason. — Matye 17:24-27.
Fouye pou n ka jwenn trezò espirityèl
it-2-F 185 § 5
Men
Poze men. An jeneral, se te yon bagay nòmal pou yo poze men sou moun, sepandan, yo te konn poze men sou yon moun oubyen yon bagay nan anpil objektif. Men, yo te konn fè aksyon sa a pou montre yo chwazi yon moun oswa yon bagay, pou montre yo aksepte oswa rekonèt li. Pandan seremoni pou mete prèt yo nan fonksyon yo, Arawon ak pitit gason l yo te met men yo sou tèt towo bèf la ak de jenn ti mal mouton yo t ap gen pou sakrifye yo, konsa yo te montre yo rekonèt yo sakrifye bèt sa yo pou yo pou fè yo vin prèt pou Jewova Dye (Eg 29:10, 15, 19; Le 8:14, 18, 22). Lè Moyiz t ap mete Jozye nan plas li, jan Bondye te mande l fè sa, Moyiz te poze men l sou Jozye, sa ki te fè l “gen anpil sajès” epi l te kalifye pou l mennen pèp Izrayèl la jan l dwe fè sa (Dt 34:9). Yo te konn poze men sou moun lè yo chwazi yo pou resevwa yon benediksyon (Jen 48:14; Mk 10:16). Jezi Kris te touche, sa vle di poze men sou, kèk moun li te geri (Mt 8:3; Mk 6:5; Lk 13:13). Nan kèk okazyon, moun te resevwa don lespri sen lè apot yo te poze men sou yo. — Tr 8:14-20; 19:6.
it-2-F 437 § 1
Yon moun oswa yon bagay yo chwazi, Onksyon
Nan Lwa Bondye te bay Moyiz la, li te di l fason pou l fè luil onksyon an. Li te dwe mete yon seri engredyan espesyal ansanm: lami, kanèl, wozo santi bon, kas ak luil doliv (Eg 30:22-25). Se te yon bagay ki mal anpil pou yon moun te fè melanj sa a pou l sèvi avè l pou l pase sou yon moun ki pa gen dwa pase l sou li (Eg 30:31-33). Nan yon sans, sa te montre jan l enpòtan lè yo te nome yon moun nan yon fonksyon e se yon bagay sakre. Epi yo te sèvi ak luil sakre a pou montre Bondye chwazi moun sa a.