BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • mwbr21 mas p. 1-10
  • Referans pou Pwogram reyinyon Lavi nou ak travay nou fè a

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Referans pou Pwogram reyinyon Lavi nou ak travay nou fè a
  • Referans pou Pwogram reyinyon Lavi nou ak travay nou fè — 2021
  • Soutit
  • 1-7 MAS
  • 15-21 MAS
  • 22-28 MAS
  • 29 MAS–4 AVRIL
  • 5-11 AVRIL
  • 19-25 AVRIL
  • 26 AVRIL–2 ME
Referans pou Pwogram reyinyon Lavi nou ak travay nou fè — 2021
mwbr21 mas p. 1-10

Referans pou Pwogram reyinyon Lavi nou ak travay nou fè a

1-7 MAS

TREZÒ KI NAN PAWÒL BONDYE A | NONB 7-8

“Leson nou aprann sou kan Izrayèl la”

it-1-F 508 § 5

Kongregasyon

Ann Izrayèl, souvan moun ki te responsab e ki te reprezantan pèp la te konn aji pou byen pèp la (Esd 10:14). Donk, se “chèf tribi yo” ki te prezante ofrann yo apre yo te fin monte tabènak la (Nb 7:1-11). Epitou, nan epòk Neyemi an, se te prèt yo, Levit yo ak “chèf pami pèp la” ki te konn montre yo dakò lè yo pran “yon angajman fèm” lè yo mete so yo a (Ne 9:38–10:27). Nan epòk kote nasyon Izrayèl la t ap vwayaje nan dezè a, te gen “chèf pami pèp la, moun yo chwazi nan mitan pèp la e ki gen gwo renome”. Te gen 250 pami chèf sa yo ki te mete ansanm ak Kore, Datan, Abiram ak On pou yo revòlte kont Moyiz ak Arawon (Nb 16:1-3). Moyiz te suiv direksyon Bondye lè l te chwazi 70 gason pami ansyen ki nan pèp Izrayèl la ki te gen otorite pou ede l pote “chay pèp la”, paske l pa t ka pote l poukont li (Nb 11:16, 17, 24, 25). Levitik 4:15 pale de “ansyen ki nan pèp la”, e sanble ansyen ki pami pèp la, moun ki alatèt yo, jij yo ak moun ki gen otorite yo, se te yo ki te reprezantan pèp la. — Nb 1:4, 16; Joz 23:2; 24:1.

it-2-F 835 § 9

Ribenn

Nan kan Izrayèl la, tribi Ribenn nan, ki te bò kote tribi Simeyon an ansanm ak tribi Gad la, te nan zòn sid tabènak la. Twa tribi sa yo te gen Ribenn alatèt yo. Lè yo t ap deplase, yo te suiv gwoup tribi Jida a, tribi Isaka a ak tribi Zabilon an (Nb 2:10-16; 10:14-20). Se nan lòd sa a tou, tribi yo te prezante ofrann yo nan jou inogirasyon tabènak la. — Nb 7:1, 2, 10-47.

Trezò espirityèl

it-2-F 637

Premye pitit gason, premye pitit bèt

Piske premye pitit gason pami Izrayelit yo t ap gen pou yo vin chèf nan diferan fanmi, yo te reprezante tout nasyon an. Anfèt, Jewova te pale de tout nasyon an nèt antanke “premye pitit li”, se te premye nasyon l te chwazi sou baz alyans li te fè ak Abraram nan (Eg 4:22). Etandone Jewova te kite tout premye pitit yo an vi, Jewova te ba yo lòd pou yo mete “tout premye pitit gason Izrayelit yo apa pou [li]. Tout premye pitit gason ki fèt ak tout premye mal bèt ki fèt” dwe apa pou li (Eg 13:2). Konsa, premye pitit yo te pou Bondye.

8-14 MAS

TREZÒ KI NAN PAWÒL BONDYE A | NONB 9-10

“Fason Jewova gide pèp li a”

it-1-F 386 § 5

Kan

Deplasman gwo kan sa a sot nan yon zòn al nan yon lòt (nan Nonb 33 Moyiz te rapòte anviwon 40 deplasman kan an) tou se te yon òganizasyon san parèy. Toutotan nyaj la te rete anlè tabènak la, kan an te rete an plas. Men, lè nyaj la te deplase, kan an te deplase tou. “Se sou lòd Jewova yo te kanpe e se sou lòd Jewova yo te deplase.” ​(Nb 9:15-23). An jeneral, yo te sèvi ak de twonpèt ann ajan yo te bay fòm ak mato pou yo te fè kan an konnen lòd Jewova te bay (Nb 10:2, 5, 6). Lè yo te bay yon son monte desann ki espesyal, sa te vle di kan an dwe deplase. Premye fwa sa te rive se te “nan dezyèm ane [1512 anvan epòk nou an], nan dezyèm mwa a, nan ventyèm jou a”. Lach alyans lan te devan, e premye gwoup twa tribi ki te gen Jida alatèt yo te deplase, te gen Isaka ak Zabilon ki te suiv li. Pitit gason Gèchon yo ak pitit gason Merari yo te pote pati nan tabènak la yo te gen pou yo pote yo. Apre sa, te gen gwoup twa tribi ki te gen Ribenn alatèt yo, epi Simeyon ak Gad te suiv li. Apre yo, te gen desandan Keyat yo ki t ap pote bagay sakre ki nan tabènak la, epi twazyèm gwoup twa tribi ki te gen Efrayim, Manase ak Benjamen te suiv yo. Finalman, te gen gwoup Dann te alatèt li a ansanm ak Achè epi Neftali dèyè nèt. Konsa, de gwoup ki te gen plis moun e ki te pi pisan yo te ret dèyè nèt pou pwoteje pèp la. — Nb 10:11-28.

Trezò espirityèl

it-1-F 207 § 7

Reyinyon, Rasanbleman

Enpòtans sa genyen pou nou reyini ansanm. Selebrasyon fèt Pak la yo te konn fè chak ane te ede moun yo wè enpòtans pou yo byen pwofite dispozisyon Jewova te pran pou yo reyini ansanm pou yo jwenn benediksyon nan domèn espirityèl. Men, si yon gason te pwòp e li pa t ap vwayaje, men li te neglije fè sakrifis pou Pak la, yo te dwe touye l (Nb 9:9-14). Men yon pati nan mesaj wa Ezekyas te di moun nan Jida yo ak moun nan Jerizalèm yo sou selebrasyon fèt Pak yo t ap fete a: “Moun Izrayèl, tounen vin jwenn Jewova [...]. Pinga nou fè tèt di menm jan ak zansèt nou yo. Soumèt devan Jewova epi vin nan tanp li an li mete apa pou li pou toutan an pou n sèvi Jewova, Bondye nou an, yon fason pou l pa an kòlè kont nou ankò. [...] Jewova, Bondye nou an, gen kè sansib, li gen mizèrikòd e li pap vire do ban nou si nou tounen vin jwenn li.” ​(2Kw 30:6-9). Yon Izrayelit ki fè espre ki pa vin nan rasanbleman sa a montre li abandone Bondye. Epi, byenke kretyen yo pa oblije fete fèt sa yo, tankou fèt Pak la, Pòl te ankouraje yo pou yo pa abandone reyinyon pèp Bondye a fè yo, men sa l te di yo: “Annou voye je youn sou lòt, pou youn pouse lòt gen lanmou, pou youn pouse lòt fè bèl aksyon, san nou pa abandone reyinyon nou, jan se abitid kèk moun, men annou youn ankouraje lòt, e se pou n fè sa plis toujou, vin jwenn nou wè se pwoche jou a ap pwoche.” — Eb 10:24, 25; gade CONGRÉGATION.

15-21 MAS

TREZÒ KI NAN PAWÒL BONDYE A | NONB 11-12

“Poukisa nou dwe evite tandans plenyen?”

w01-F 15/6 17 § 20

Se pa pou nou ret ap tande pou nou bliye sèlman

20 Pifò kretyen yo pa janm tonbe nan imoralite seksyèl. Men, nou bezwen fè atansyon pou nou pa vin gen tandans ap plenyen, sa ki ka lakoz nou pèdi favè Bondye. Men sa apot Pòl di nou: “Annou pa teste Jewova, menm jan kèk nan [Izrayelit] yo te teste l, sa ki te lakòz yo peri anba sèpan yo. Pinga nou plenyen nonplis, menm jan kèk nan yo te konn plenyen, sa ki te lakòz yo peri anba destriktè a.” ​(1 Korentyen 10:9, 10). Izrayelit yo te plenyen kont Moyiz ak Arawon, e yo te menm plenyen kont Bondye dirèkteman, lè yo te plenyen kont lamàn li te ba yo pa mwayen yon mirak (Nonb 16:41; 21:5). Èske plenyen yo t ap plenyen an te fè Jewova fache mwens pase fònikasyon yo te fè yo? Bib la montre sèpan te touye anpil nan moun ki t ap plenyen yo (Nonb 21:6). Nan yon okazyon anvan sa, plis pase 14 700 rebèl ki t ap plenyen te detwi (Nonb 16:49). Ann pa teste pasyans Jewova lè nou pa respekte sa li ban nou yo.

it-2-F 715 § 1

Gwo diskisyon, kont

Plenyen. Lè yon moun ap plenyen, sa dekouraje lòt moun e sa fè yo kraze nèt. Yon ti tan apre Izrayelit yo te kite peyi Ejip, yo te plenyen kont Jewova, yo t ap kritike Moyiz ak Arawon, sèvitè Jewova, Jewova te mete pou dirije yo (Eg 16:2, 7). Annapre, yo te tèlman plenyen, sa te dekouraje Moyiz nan pwen li te mande pou l mouri (Nb 11:13-15). Lè yon moun plede ap plenyen, sa ka lakòz li tonbe nan pwoblèm ki ka mennen nan lanmò. Jewova te konsidere sa moun ki t ap plenyen kont Moyiz yo t ap di yo tankou yon rebelyon kont otorite l dirèkteman (Nb 14:26-30). Anpil nan yo te pèdi lavi yo akoz yo te chita ap kritike tout bagay.

Trezò espirityèl

it-2-F 207

Lamàn

Deskripsyon. Lamàn nan te “blan tankou grenn pitimi” e li te “sanble” ak yon gonm bwa ki santi bon, yon ti grenn ki klè ki te sanble ak lasi (lasi ki konn fonn nan) e ki te gen fòm yon grenn pèl. Li te gen “gou gato ki fèt ak siwo myèl” oswa “bonbon yo kuit ak luil”. Apre yo te fin moulen lamàn nan nan moulen oswa pile l nan pilon, yo te bouyi l oswa yo te kuit li nan fou tankou gato. — Eg 16:23, 31; Nb 11:7, 8.

22-28 MAS

Trezò espirityèl

it-1-F 740

Peyi Bondye te bay pèp Izrayèl la

VRÈMANVRE, peyi Bondye te bay pèp Izrayèl la se te yon bon peyi. Lè Moyiz te voye espyon yo pou yo t al espyone peyi Bondye te pwomèt la e pou yo te pote kèk pwodui ki soti ladan l, yo te tounen ak fig frans, grenad ak yon branch rezen ki gen plizyè grap ladan l ki te tèlman gwo, se de mesye ki te pote l sou yon bwa! Menmsi yo t ap rale kò yo paske yo te manke lafwa, yo te fè konnen peyi a se te “yon peyi kote lèt ak siwo myèl ap koule”. — Nb 13:23, 27.

29 MAS–4 AVRIL

Trezò espirityèl

w98-F 1/9 20 § 1-2

Veye pou w mete bagay ki pi enpòtan yo an premye!

Jewova te wè ka a pi serye. Bib la di: “Epi, Jewova di Moyiz: ‘Yo dwe touye misye san mank.’” ​(Nonb 15:35). Poukisa Jewova santi aksyon mesye sa a fè a te grav konsa?

Pèp la te gen sis jou pou yo ranmase bwa e pou yo chèche sa yo bezwen nan domèn materyèl tankou manje, rad ak kote pou yo rete. Setyèm jou a te konsakre pou bagay espirityèl yo. Se pa t yon bagay ki mal pou yon moun ranmase bwa, men sa te mal pou yon moun te fè sa nan moman ki te dwe rezève pou adorasyon Jewova a. Byenke kretyen yo pa anba Lalwa Moyiz la, èske istwa sa a pa aprann nou yon leson sou enpòtans sa genyen pou n bay bagay ki pi enpòtan yo priyorite jodi a? — Filipyen 1:10.

5-11 AVRIL

Trezò espirityèl

g02-F 8/6 14 § 2

Sèl se yon bagay ki gen anpil valè

Sèl te vin tounen yon senbòl ki montre yon bagay stab e li la pou toutan. Kidonk, nan Bib la, yo te rele yon alyans ki enpòtan “yon alyans [sèl, nòt]”. Byen souvan, moun ki te fè pati alyans sa a te manje yon repa ki gen sèl ansanm pou yo ka sele alyans lan (Nonb 18:19). Sou Lwa Moyiz la, yo te konn ajoute sèl nan sakrifis yo te konn ofri sou lotèl la, se sèten sa te montre sakrifis la pa t ka ni pouri ni gate.

19-25 AVRIL

it-1-F 909

Foli

Foli lè moun opoze ak Jewova. Pwofèt Balaam te aji avèk foli lè l te pwofetize kont Izrayèl, yon fason pou l te ka jwenn kòb nan men Balak, wa moun Mowab yo, men Jewova te montre pouvwa l e l te kontrekare efò l yo. Lè apot Pyè t ap pale de Balaam, li te di “yon bèt ki konn pot chay, ki pa menm konn pale, te pale ak vwa moun, konsa li te anpeche pwofèt la fè yon aksyon moun fou”. Pou pale de foli Balaam nan, apot la te itilize mo grèk parafwonya, ki bay ide “ret sou kote lespri w”. — 2P 2:15, 16; Nb 22:26-31.

26 AVRIL–2 ME

Trezò espirityèl

it-1-F 933 § 5-6

Fwontyè, Limit

Sanble fason yo te separe tè yo ant tribi yo te fèt sou baz de bagay: rezilta tiraj osò a ak gwosè tribi a. Tiraj osò a te ka fè konnen sèlman kote eritaj chak tribi ta dwe ye, konsa yo chwazi yon eritaj nan yon zòn oswa yon lòt nan peyi a, tankou nan nò oswa nan sid, lès oswa lwès, ansanm ak pati ki gen plèn k ap sou kot la, oswa nan zòn ki gen mòn. Se nan Jewova desizyon tiraj osò a te soti, sa ki t ap anpeche gen jalouzi oswa diskisyon pami tribi yo (Pw 16:33). Nan fason sa a, Bondye t ap dirije bagay yo tou yon fason pou sitiyasyon chak tribi te ka ann amoni ak pwofesi Bondye te enspire patriyach Jakòb bay pandan l te sou kabann li lè l t apral mouri, pwofesi nou jwenn nan Jenèz 49:1-33.

Apre tiraj osò a te fin detèmine pozisyon chak tribi, li t ap nesesè pou yo detèmine gwosè teritwa ki t ap pou tribi sa a sou baz dezyèm bagay la: gwosè tribi a. “Nou dwe fè tiraj osò pou nou separe peyi a bay fanmi nou yo kòm eritaj. Nou dwe ogmante eritaj gwoup ki gen anpil moun yo e nou dwe diminye eritaj gwoup ki pa gen anpil moun yo. Chak moun ap jwenn eritaj pa l kote pòsyon pa l la tonbe a.” ​(Nb 33:54). Sa tiraj osò a te fin deside konsènan pozisyon chak tribi a se li yo t ap kenbe, men yo te kapab fè kèk ajisteman sou gwosè eritaj la. Se sa k fè, lè yo te wè tèritwa tribi Jida a te twòp pou yo, yo te redui sou eritaj yo a, e yo te bay tribi Simeyon an kèk pati ladan l. — Joz 19:9.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje