Referans pou Pwogram reyinyon Lavi nou ak travay nou fè a
3-9 ME
TREZÒ KI NAN PAWÒL BONDYE A | NONB 27-29
Trezò espirityèl
it-2-F 850 § 1
Ofrann
Bwason y ap vide kòm ofrann. Menm jan ak pifò lòt ofrann yo, yo te konn pote bwason kòm ofrann tou, yo te fè sa sitou apre Izrayelit yo te fin antre nan Peyi Bondye te pwomèt yo a (Nb 15:2, 5, 8-10). Pami yo te konn gen diven (“bwason ki gen alkòl”) epi yo te konn vide yo sou lotèl la (Nb 28:7, 14; konpare ak Eg 30:9; Nb 15:10). Men sa apot Pòl te ekri kretyen ki t ap viv nan vil Filip yo: “Menmsi yo vide m tankou yon bwason y ap vide kòm ofrann sou sakrifis lafwa nou pouse nou fè nan sèvis sakre n ap bay la, mwen kontan.” Nan pasaj sa a li te sèvi ak egzanp yon bwason yo vide kòm ofrann, pou l montre bon dispozisyon li genyen pou l bay tout li menm pou kretyen parèy li yo (Fp 2:17). Yon tikras tan anvan l mouri, men sa l te ekri Timote: “Mwen prezante tèt mwen tankou yon bwason y ap vide kòm ofrann, e moman pou m libere a toupre rive.” — 2Ti 4:6.
10-16 ME
TREZÒ KI NAN PAWÒL BONDYE A | NONB 30-31
“Respekte ve w fè a”
it-2-F 1164
Ve
Yo te chwazi fè ve yo, men yonfwa yo fin fè yo, yo te oblije respekte yo. Tout ve yo te konn fèt volontèman. Sepandan, lè yon gason te fè yon ve, Lwa Bondye a te oblije l respekte ve sa a. Se sa k fè, yo te konn di ve li fè a tankou ‘yon obligasyon sou nanm li,’ ki te angaje pwòp vi pa l kòm garanti l ap kenbe pawòl li. (Nb 30:2; gade tou Wm 1:31, 32.) Piske lavi moun nan te menase, nou ka konprann rezon ki fè Ekriti yo ensiste pou yon moun pran anpil prekosyon anvan li fè yon ve, pou l byen reflechi sou obligasyon li pral genyen pou l respekte yo. Lalwa te di: “Si nou fè Jewova, Bondye nou an, yon ve [...] pa gen dout se sa menm, Bondye nou an, vle pou nou fè. Si nou pa respekte ve nou fè a, se yon peche sa ye. Men, si nou pa fè okenn ve, nou pap koupab.” — Dt 23:21, 22.
it-2-F 1164
Ve
Se yon pwomès ki serye yon moun fè Bondye pou l fè yon bagay, pou l bay ofrann oswa kado, pou l antre nan yon fòm sèvis oubyen viv yon fason ki diferan, oswa pou l evite yon seri bagay Lalwa pa kondane. Yon ve se yon bagay yon moun te chwazi fè volontèman. Piske se yon pwomès serye, li te gen menm fòs ak yon sèman oswa lè yon moun jire, e pafwa toude mo sa yo konn mache ansanm nan Bib la (Nb 30:2; Mt 5:33). Mo “ve” a plis gen rapò ak deklarasyon konsènan entansyon moun nan, alòske mo “sèman” an enplike yon otorite ki ka sètifye oswa valide angajman ki gen nan deklarasyon moun nan fè a. Souvan, sèman yo te konn kore deklarasyon ki fèt pou fè yon alyans. — Jen 26:28; 31:44, 53.
Trezò espirityèl
it-2-F 1203 § 4
Jefte
Gen moun yo te konn bay pou fè sèvis Jewova sèlman anrapò ak tabènak la. Se te yon dwa paran yo te genyen. Samyèl se te yon moun konsa, depi anvan l te fèt, manman l te pwomèt li t ap bay li pou fè sèvis nan tabènak la. Èlkana, mari l te apwouve ve sa a. Yonfwa samyèl te sevre, Ana te mennen l nan tabènak la. Lè l t ap mennen l, Ana te pote yon bèt kòm sakrifis (1Sa 1:11, 22-28; 2:11). Samson se yon lòt timoun yo te bay espesyalman pou fè sèvis Jewova antanke Nazireyen. — Jj 13:2-5, 11-14; konpare ak otorite yon papa sou pitit fi l jan sa parèt nan Nb 30:3-5, 16.
17-23 ME
TREZÒ KI NAN PAWÒL BONDYE A | NONB 32-33
“Detwi tout moun ki abite nan peyi a”
w10-F 1/8 23
Èske w te konnen?
Ki sa “kote ki wo” yo pale de yo souvan nan liv ki te ekri ann ebre yo te ye?
Lè Izrayelit yo t apral antre nan peyi Bondye te pwomèt yo a, Jewova te mande yo pou yo detwi tout kote Kananeyen yo ki t ap viv nan peyi a te konn sèvi pou adorasyon. Jewova te di yo: “Nou dwe [...] detwi tout estati an wòch yo, tout estati yo fè ak metal yo fonn yo e nou dwe kraze tout kote yo adore fo dye yo”. (Nonb 33:52.) Kote sa yo moun yo te konn pratike fo adorasyon an te kapab kèk espas lib ki sou tèt mòn oswa kèk estrad yo te konstwi yo menm, tankou anba pyebwa oswa nan vil yo (1 Wa 14:23; 2 Wa 17:29; Ezekyèl 6:3). Pami akseswa yo te konn itilize yo te gen lotèl, poto sakre ki fèt ak wòch oswa poto sakre ki fèt an bwa, imaj, lotèl ki fèt pou boule lansan, ak lòt kalite zouti pou adorasyon.
it-1-F 392 § 4
Kanaran
Avèk sajès Jozye “te fè tout sa Jewova te bay Moyiz lòd pou l fè yo nèt” konsènan destriksyon moun ki t ap viv kanaran yo. (Joz 11:15.) Men, nasyon Izrayèl la pa t suiv bon fason li te gide yo a pou yo te elimine tout sa ki te ka kòwonp yo nan peyi a. Lefètke Kananeyen yo te toujou nan mitan Izrayelit yo, sa te kontamine yo. Tank tan t ap pase, san dout, sa te lakòz plis moun mouri (san n pa pale de moun ki mouri akoz krim, imoralite, ak idolatri) pase sa dekrè pou detwi moun kanaran yo t ap lakòz si yo te egzekite l kòrèkteman (Nb 33:55, 56; Jj 2:1-3, 11-23; Sm 106:34-43). Jewova te avèti Izrayelit yo li pap gen patipri nan jistis li ak jijman l, e depi Izrayelit yo ta antre nan relasyon ak moun kanaran yo, marye avèk yo, patisipe nan adorasyon yo, epi adopte koutim ki nan relijyon moun kanaran yo ak pratik dezagreyab moun sa yo, sa t ap lakòz yo rale menm dekrè eliminasyon sa a sou tèt yo, e yo t ap lakòz ‘peyi a vomi’ yo. — Eg 23:32, 33; 34:12-17; Le 18:26-30; Dt 7:2-5, 25, 26.
Trezò espirityèl
it-1-F 933 § 6
Fwontyè, Limit
Apre tiraj osò a te fin detèmine pozisyon chak tribi, li t ap nesesè pou yo detèmine gwosè tèritwa ki t ap pou tribi sa a sou baz dezyèm bagay la: gwosè tribi a. “Nou dwe fè tiraj osò pou nou separe peyi a bay fanmi nou yo kòm eritaj. Nou dwe ogmante eritaj gwoup ki gen anpil moun yo e nou dwe diminye eritaj gwoup ki pa gen anpil moun yo. Chak moun ap jwenn eritaj pa l kote pòsyon pa l la tonbe a.” (Nb 33:54). Sa tiraj osò a te fin deside konsènan pozisyon chak tribi a se li yo t ap kenbe, men yo te kapab fè kèk ajisteman sou gwosè eritaj la. Se sa k fè, lè yo te wè tèritwa tribi Jida a te twòp pou yo, yo te redui sou eritaj yo a, e yo te bay tribi Simeyon an kèk pati ladan l. — Joz 19:9.
24-30 ME
TREZÒ KI NAN PAWÒL BONDYE A | NONB 34-36
Trezò espirityèl
w91-F 15/2 13 § 13
Yon ranson egalego pou tout moun
Sepandan, ni Adan ni Èv pap benefisye ranson an. Lwa Moyiz la te gen prensip sa a: “Nou pa dwe aksepte okenn ranson pou n sove lavi yon asasen ki merite lanmò.” (Nonb 35:31). Se pa Adan yo te twonpe, donk li te peche volontèman, li te fè espre (1 Timote 2:14). Se te kòmsi l te touye desandan l yo, paske yo te eritye enpèfeksyon l lan, konsa, yo vin anba santans lanmò. Sa klè, Adan te merite lanmò, antanke moun pafè, li te chwazi dezobeyi lwa Bondye a volontèman. Sa t ap kontrè ak prensip Jewova yo ki jis si l ta aplike ranson an pou Adan. Sepandan, lefètke peche Adan an te peye, sa te elimine santans lanmò ki te tonbe sou desandan l yo! (Women 5:16). Nan yon sans legal, efè peche a elimine depi nan rasin. Sila a ki peye ranson an ‘goute lanmò pou tout moun,’ konsa, li pote konsekans peche a pou tout pitit Adan yo. — Ebre 2:9; 2 Korentyen 5:21; 1 Pyè 2:24.
31 ME–6 JEN
TREZÒ KI NAN PAWÒL BONDYE A | DETEWONÒM 1-2
“Se pou Bondye n ap jije”
w96-F 15/3 23 § 1
Jewova renmen sa ki dwat ak sa ki jis
Ansyen ki nome nan kongregasyon an oblije jije ka kote gen peche grav ki fèt (1 Korentyen 5:12, 13). Lè y ap fè sa, yo bezwen sonje pou yo chèche fè mizèrikòd depi sa posib selon jistis Bondye. Si sa rive moun ki peche a pa repanti, li pap posib pou yo fè l mizèrikòd. Men, ansyen yo pap mete moun k ap fè sa ki mal la deyò nan kongregasyon an san rezon valab. Yo gen espwa disiplin sa a ka ede moun nan tounen nan bon sans li (Konpare ak Ezekyèl 18:23). Anba direksyon Kris, ansyen yo ap travay pou fè gen jistis, e se sa ki fè yo vin tankou “yon kote pou moun kache lè gen van.” (Ezayi 32:1, 2). Donk, yo dwe montre yo pa gen patipri e yo rezonab. — Detewonòm 1:16, 17.
w02-F 1/8 9 § 4
Annou soumèt fidèlman anba otorite Bondye etabli
Sepandan, pou yon moun te jij sa te mande plis pase annik konnen Lalwa. Antanke enpafè, mesye ki aje yo te dwe veye pou yo metrize move tandans yo genyen tankou egoyis, patipri, ak avidite ki ka kòwonp jijman yo t ap fè. Moyiz te di yo: “Nou pa dwe gen patipri lè n ap jije. Nou dwe koute ni moun ki pa enpòtan, ni moun ki enpòtan. Nou pa dwe kite moun fè nou pè, paske se pou Bondye n ap jije.” Wi, jij ann Izrayèl yo te jije pou Bondye. Se te vrèman yon privilèj san parèy! — Detewonòm 1:16, 17.
7-13 JEN
TREZÒ KI NAN PAWÒL BONDYE A | DETEWONÒM 3-4
“Lwa Jewova yo saj e yo jis”
it-2-F 1199 § 2
Bon konprann
Moun ki etidye e aplike Pawòl Bondye a avèk atansyon kapab vin gen plis bon konprann pase moun ki te anseye l yo e plis bon konprann pase ansyen yo (Sm 119:99, 100, 130; konpare ak Lk 2:46, 47). Annefè, sa rive paske sajès ak bon konprann baze sou kòmandman ak lwa Bondye yo ki pwòp; se poutèt sa, lè pèp Izrayèl la obeyi yo fidèlman, sa t ap fè nasyon ki toutotou yo wè yo tankou “moun ki gen sajès ak bon konprann.” (Dt 4:5-8; Sm 111:7, 8, 10; konpare ak 1Wa 2:3). Moun ki gen bon konprann nan rekonèt Pawòl Bondye a pa ka chanje, li vle konfòme vi l anrapò ak pawòl Bondye a e l priye Bondye pou L ede l (Sm 119:169). Li kite mesaj Bondye a rantre fon nan li (Mt 13:19-23), li ekri l sou kè l (Pw 3:3-6; 7:1-4), e li vin gen lahèn pou “tout move chemen”. (Sm 119:104.) Lè Pitit Bondye a te sou tè a, li te montre yon bon konprann konsa, lè l pa t menm eseye chape anba lanmò sou yon poto paske akonplisman Ekriti yo te fè konnen se konsa l t ap mouri. — Mt 26:51-54.
w99 1/11 20 § 6-7
Lè gen anpil jenewozite
Rèn nan te tèlman sezi devan sa l te wè ak sa l te tande, avèk imilite li te reponn: “Byennere moun ki nan pèp ou a e byennere sèvitè w yo ki toujou kanpe devan w ap koute pawòl sajès k ap sot nan bouch ou!” (1 Wa 10:4-8). Byenke sèvitè Salomon yo te antoure ak bagay ki chè anpil, rèn nan pa t di se sa ki fè yo kontan. Men pito, sèvitè Salomon yo te beni paske yo te ka toujou ap koute sajès Salomon ki soti nan Bondye. Ala yon bèl egzanp rèn Cheba kite pou pèp Bondye a jodi a, k ap pwofite sajès kreyatè a li menm ak sajès pitit li a, Jezi Kris!
Li bon pou n note tou lòt remak rèn nan te fè Salomon: “Se pou Jewova, Bondye w la [...] jwenn louwanj pou sa.” (1 Wa 10:9). Sa klè, li te wè men Jewova nan sajès ak richès Salomon te genyen. Sa ann amoni ak pwomès Jewova te fè Izrayèl la. Men sa l te di “Mwen fè nou konnen yon seri kòmandman [...] sa ap fè pèp ki pral tande pale de kòmandman sa yo wè nou gen sajès ak bon konprann e y ap di: ‘Vrèmanvre, moun ki nan gwo nasyon sa a se moun ki gen sajès ak bon konprann.’” — Detewonòm 4:5-7.
w07-F 15/5 15-16
Ki jan m ka byen fòme pitit mwen?
Lè n ap pale, moun ka rive wè sa n swete fè, sa n panse, nan ki sa nou kwè ak sa ki enterese nou, men tou yo ka rive wè bagay sa yo nan fason nou aji (Women 2:21, 22). Depi yo toupiti, timoun yo kòmanse aprann lè y ap gade paran yo. Timoun yo gade ki sa ki enpòtan pou paran yo e souvan se menm bagay sa yo ki vin enpòtan pou yo tou. Si w renmen Jewova toutbon, timoun ou yo ap wè sa. Pa egzanp, y ap wè li Labib epi etidye l enpòtan pou ou. Y ap vin konprann ou met Wayòm nan an premye nan lavi w (Matye 6:33). Lè w toujou asiste reyinyon yo e w toujou patisipe nan travay predikasyon an, w ap montre yo se sèvis sakre w ap bay Jewova a ki pi enpòtan pou ou. — Matye 28:19, 20; Ebre 10:24, 25.
28 JEN–4 JIYÈ
TREZÒ KI NAN PAWÒL BONDYE A | DETEWONÒM 9-10
“Ki sa Jewova Bondye nou an mande nou?”
w09-F 1/10 10 § 3-4
Ki sa Jewova mande nou?
Ki sa ki ka motive n pou n chwazi obeyi Bondye? Moyiz te pale de yon bagay ki ka motive n lè l te di: “Se pou nou gen lakrentif pou Jewova Bondye nou an.” (Vèsè 12). Se pa paske nou pè pou Bondye pa pini nou, men pito se gwo respè ak gwo admirasyon nou gen pou Bondye ak pou chemen l yo. Si nou gen yon gwo respè pou Bondye, n ap dispoze evite bagay ki pa fè l plezi.
Ki premye bagay ki ta dwe motive n pou n obeyi Bondye? Men sa Moyiz te di: “Se pou nou renmen l [Jewova], [...] sèvi Jewova Bondye nou an, ak tout kè nou, e ak tout nanm nou.” (Vèsè 12). Lanmou pou Jewova vle di plis pase yon senp santiman. Men sa yon referans esplike: “Pafwa, vèb ebre yo itilize pou mo santiman an fè referans ak aksyon ki mache ak santiman sa a.” Menm referans sa a fè konnen renmen Bondye vle di “aji [avèk li] ak lanmou”. Nou ta ka di, si nou renmen Bondye toutbon, n ap aji fason nou konnen k ap fè l plezi. — Pwovèb 27:11.
w09-F 1/10 10 § 6
Ki sa Jewova mande nou?
Lè nou obeyi Jewova volontèman sa fè nou jwenn byenfè. Men sa Moyiz te ekri: “Obeyi lwa ak kòmandman [...] m ap ban nou jodi a, yon fason pou tout bagay ka mache byen pou nou.” (Vèsè 13). Wi, tout kòmandman Jewova yo, tout sa l mande nou fè yo se pou byen nou. Se nòmal, paske men sa Bib la di: “Bondye se lanmou”. (1 Jan 4:8.) Donk, li bay kòmandman sa yo pou byen nou pou toutan (Ezayi 48:17). Lè nou fè sa Jewova mande nou yo, depi kounye a sa ede nou evite anpil tètchaje, e alavni, n ap jwenn benediksyon ki pap janm fini anba dominasyon Wayòm li.
Trezò espirityèl
it-1-F 115
Anakim
Se te yon ras moun ki te wo anpil ki te abite nan zòn ki gen mòn ak zòn bò lanmè nan peyi Kanaran, sitou nan sid peyi a. Te gen yon lè, 3 mesye ki te pi enpòtan pami moun Anak yo anpalan de Ayiman, Chechayi ak Talmayi te abite nan Ebwon (Nb 13:22). Se la a 12 espyon yo te wè moun Anak yo pou premye fwa, epi 10 nan espyon yo te bay yon rapò ki efreyan konsènan moun Anak yo, yo te fè konnen mesye sa yo se te desandan Nefilim ki t ap viv anvan delij la, e devan mesye sa yo, yo menm yo tankou “krikèt.” (Nb 13:28-33; Dt 1:28). Wotè mesye sa yo te fè yo sèvi ak yo kòm referans pou yo pale de mesye Emim yo ak mesye Refayim yo ki te wo tankou jeyan. Sanble se te akoz fòs yo ki fè te vin gen yon pwovèb ki di: “Kiyès ki ka kanpe devan pitit gason Anak yo?” — Dt 2:10, 11, 20, 21; 9:1-3.