BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • mwbr21 jiyè p. 1-11
  • Referans pou Pwogram reyinyon Lavi nou ak travay nou fè a

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Referans pou Pwogram reyinyon Lavi nou ak travay nou fè a
  • Referans pou Pwogram reyinyon Lavi nou ak travay nou fè — 2021
  • Soutit
  • 5-11 JIYÈ
  • 12-18 JIYÈ
  • 19-25 JIYÈ
  • 26 JIYÈ–1 OUT
  • 2-8 OUT
  • 9-15 OUT
  • 16-22 OUT
  • 23-29 OUT
  • 30 OUT–5 SEPTANM
Referans pou Pwogram reyinyon Lavi nou ak travay nou fè — 2021
mwbr21 jiyè p. 1-11

Referans pou Pwogram reyinyon Lavi nou ak travay nou fè a

5-11 JIYÈ

TREZÒ KI NAN PAWÒL BONDYE A | DETEWONÒM 11-12

“Fason Jewova vle pou nou adore l”

it-1-F 93 § 7

Nanm

Sèvi ak tout nanm. Jan yo montre sa a, “nanm” nan vle di moun nan menm. Poutan, gen kèk tèks ki ankouraje nou pou nou chèche Bondye, renmen l epi sèvi l ak ‘tout kè nou e ak tout nanm nou’ (Dt 4:29; 11:13, 18), tandiske Detewonòm 6:5 di: “Nou dwe renmen Jewova, Bondye nou an, ak tout kè nou, ak tout nanm nou e ak tout fòs nou.” Jezi te di li nesesè pou n sèvi Jewova ak tout nanm nou, ak tout fòs nou, e “ak tout lespri nou.” ​(Mk 12:30; Lk 10:27). Nou ka ap mande tèt nou rezon ki fè yo site lòt bagay sa yo ansanm ak nanm nan, alòske yo tout fè pati nanm nan. Ann pran yon egzanp pou esplike sa: Yon moun ka vann tèt li (nanm li) kòm esklav bay yon lòt moun, konsa, li vin tounen byen moun sa a e moun nan vin mèt li. Poutan, li gendwa pa sèvi mèt li ak tout kè l, avèk tout motivasyon l e ak dezi pou l fè l plezi, e li ka pa sèvi ak tout fòs li oswa tout kapasite mantal li pou fè enterè mèt li avanse (konpare ak Ef 6:5; Kl 3:22). Konsa, yo mansyone lòt pati sa yo ki nan nanm nan pou atire atansyon sou yo, yon fason pou n pa bliye yo e pou n sonje yo nan sèvis n ap bay Bondye a, li menm se pou li nou ye a, ak Pitit li a, lavi l te sèvi pri ranson ki te achte nou an. Sèvi Bondye ak “tout nanm” nou vle di, sèvi l ak tout nou menm, san n pa bliye okenn pati nan kò nou, wòl yo, kapasite nou, oswa okenn dezi nou. — Konpare ak Mt 5:28-30; Lk 21:34-36; Ef 6:6-9; Fp 3:19; Kl 3:23, 24.

it-1-F 231 § 10

Lotèl

Izrayelit yo te jwenn lòd pou yo kraze tout lotèl payen yo e detwi poto sakre ki fèt an wòch yo ak poto sakre ki fèt an bwa, yo te konn gen abitid konstwi sou kote lotèl yo (Eg 34:13; Dt 7:5, 6; 12:1-3). Yo pa t dwe janm imite yo ni ofri pitit yo nan dife jan Kananeyen yo te konn fè sa a (Dt 12:30, 31; 16:21). Olye pou yo te gen yon pakèt lotèl, peyi Izrayèl la te dwe gen yon sèl lotèl pou yo adore sèl vrè Dye a, e lotèl sa a t ap kote Jewova te chwazi pou l ye a (Dt 12:2-6, 13, 14, 27; sa te diferan ak Babilòn, kote te gen 180 lotèl pou deyès Ichta sèlman). Dabò yo te jwenn lòd pou yo fè yon lotèl avèk wòch ki pa taye lè yo fin travèse Rivyè Jouden an (Dt 27:4-8), e Jozye te bati l sou Mòn Ebal (Joz 8:30-32). Apre yo te fin separe tè yo pran yo, tribi Ribenn ak tribi Gad ak mwatye nan tribi Manase a te bati yon kokennchenn lotèl toupre Rivyè Jouden an, sa ki te lakòz latwoublay pami lòt tribi yo pou yon ti tan jiskaske yo te vin wè lotèl la pa t gen rapò ak apostazi, men se sèlman yon siy k ap fè yo sonje se ak Jewova yo dwe fidèl antanke vrè Dye a. — Joz 22:10-34.

Trezò espirityèl

it-1-F 1037

Gerizim, Mòn

Ann amoni ak enstriksyon Moyiz te bay yo, tribi Izrayèl yo te rasanble sou Mòn Gerizim ak Ebal anba direksyon Jozye, yon tikras tan apre yo te fin pran Ayi. Se la pèp la te tande ki benediksyon yo t ap jwenn si yo te obeyi Jewova ak malediksyon ki t ap tann yo si yo te dezobeyi l. Tribi Simeyon, Levi, Jida, Isaka, Jozèf, ak Benjamen te kanpe devan Mòn Gerizim. Levit yo ak lach alyans lan te nan vale a, e sis lòt tribi yo te kanpe devan Mòn Ebal (Dt 11:29, 30; 27:11-13; Joz 8:28-35). Sanble, tribi ki te devan Mòn Gerizim yo te reponn ak benediksyon yo te li nan direksyon pa yo, tandiske lòt tribi yo te reponn ak malediksyon yo te li nan direksyon Mòn Ebal. Kèk moun fè konnen yo te li benediksyon yo nan direksyon Mòn Gerizim akoz li pi bèl lontan e li bay plis rannman kontrèman ak Mòn Ebal ki chaje wòch e yon bon pati ladan l pa bay rannman, men Bib la pa di anyen sou sa. Yo te li Lalwa byen fò “devan tout pèp Izrayèl la, ki te gen fi ak timoun ansanm ak etranje ki t ap viv pami pèp la.” ​(Joz 8:35). Gwo foul sa a te ka tande pawòl yo nan pozisyon yo ye devan chak mòn. Sa te posib petèt akoz fason son an te ka byen gaye nan zòn nan. — Gade EBAL, MÒN.

12-18 JIYÈ

TREZÒ KI NAN PAWÒL BONDYE A | DETEWONÒM 13-15

“Ki jan Lalwa te montre fason Jewova pran ka moun ki pòv yo?”

it-1-F 648 § 5

Dim

Sanble te gen yon lòt dim yo te dwe bay, yon dezyèm dim, yo te mete l apa chak ane pou fè lòt bagay ki pa gen rapò ak sipò yo te konn bay Levit yo ak prèt yo, menm lè Levit yo te resevwa ladan l tou. Nòmalman, fanmi Izrayelit yo te konn byen pwofite dim sa yo lè yo rasanble ansanm nan moman fèt nasyonal yo. Nan kèk ka kote mwayen transpò pou yo pote dim sa a Jerizalèm t ap fè distans lan twò long, yo te konvèti dizyèm nan sou fòm lajan, epi yo te konn sèvi ak lajan sa a pou soutni fanmi yo nan anbyans k ap gen pandan rasanbleman sakre k ap fèt Jerizalèm nan (Dt 12:4-7, 11, 17, 18; 14:22-27). Epitou, nan fen chak twazyèm oswa sizyèm ane ki nan sik ane saba a, olye yo sèvi ak dim sa a pou kouvri depans ki te konn fèt pandan asanble nasyonal yo, yo te konn mete l apa pou Levit yo, rezidan etranje yo, vèv yo ak ti gason ki pa gen papa k ap viv nan kominote a. — Dt 14:28, 29; 26:12.

it-2-F 843

Ane saba

Yo te rele ane saba a “ane Liberasyon an [hash·shemit·tahʹ].” ​(Dt 15:9; 31:10). Pandan ane sa a peyi a te jwenn yon repo konplè, oswa yon liberasyon, paske tè yo te rete san yo pa travay yo (Egz 23:11). Te gen yon repo, oswa yon liberasyon tou nan dèt yo te gen youn anvè lòt. Se te “yon liberasyon pou Jewova,” pou yo te ka onore l. Sepandan, gen moun ki gen lòt opinyon sou sa, gen kòmantatè ki fè konnen dèt yo pa t anile vre, men depreferans moun ki te prete a pa t fè presyon sou Juif parèy li pou ranbouse l dèt la, piske kiltivatè a pa t fè lajan pandan ane sa a, men li te ka egzije yon etranje peye l dèt la kanmenm (Dt 15:1-3). Kèk rabi fè konnen yo te anile dèt moun te fè pou charite oswa pou ede yon frè yo ki te pòv, men dèt ki fèt nan kad biznis yo te nan yon lòt kategori. Yo te fè konnen, nan premye syèk epòk nou an, Hillel te vini ak yon pwosedi kote moun ki te prete a te ka al nan tribinal pou l ka sekirize dèt li a pou anpeche yo sezi byen li lè l fè yon deklarasyon pou sa. — The Pentateuch and Haftorahs, London, 1972, pp. 811, 812, se J. Hertz ki te ekri l.

it-1-F 794 § 1

Esklav

Lwa ki te jere relasyon mèt ak esklav. Pami Izrayelit yo, yon Izrayelit ki te esklav pa t menm jan ak yon esklav ki te yon etranje, yon rezidan etranje oswa yon imigran. Alòske yo te konsidere yon esklav etranje kòm pwopriyete mèt li e yon papa te ka pase l bay pitit li (Lev 25:44-46), esklav Juif la li menm yo te dwe libere l nan chak setyèm ane esklavaj oswa nan ane Liberasyon an, toudepan de ki moman ki rive anvan. Pandan moman esklavaj li a, yo te dwe konsidere l tankou yon ouvriye yo te anboche (Egz 21:2; Lev 25:10; Dt 15:12). Yon Izrayelit ki te vann tèt li kòm esklav bay yon rezidan etranje, manm fanmi yon rezidan etranje oswa yon imigran te ka jwenn yon moun rachte l nenpòt lè, swa li menm li rachte tèt li oswa yon lòt moun ki gen dwa pou sa te ka fè sa. Pri y ap rachte l la te baze sou kantite ane ki rete anvan ane liberasyon an oswa anvan setyèm ane esklavaj la (Lev 25:47-52; Dt 15:12). Lè yo t ap libere yon esklav Izrayelit, mèt la te dwe ba l yon kado pou ede l rekòmanse lavi l tankou yon moun lib (Dt 15:13-15). Si esklav la te vini ak yon madanm, madanm nan prale avèk li. Sepandan, si mèt la te ba l yon madanm (sètènman yon fi etranje pa t ap jwenn libète l nan setyèm ane esklavaj la), madanm nan ak nenpòt pitit li te fè ap rete pou pwopriyetè a. Nan ka sa a, yon esklav Izrayelit te ka chwazi rete ak mèt li. Yo t ap pèse zòrèy li ak yon pik pou montre li pral rete nan esklavaj pou toutan. — Egz 21:2-6; Dt 15:16, 17.

Trezò espirityèl

w06-F 1/4 31

Kesyon lektè yo poze

Ki sa n ka aprann nan entèdiksyon nou jwenn nan Egzòd 23:19: “Nou pa dwe bouyi yon ti kabrit nan lèt manman l”?

Enstriksyon sa a nan lwa Bondye te bay Moyiz la ki parèt twa fwa nan Bib la, ka ede nou wè jan Jewova renmen sa ki dwat, li ede n wè konpasyon ak tandrès Li gen lakay li. Li mete aksan tou sou jan Jewova rayi fo adorasyon an. — Egzòd 34:26; Detewonòm 14:21.

Bouyi yon ti kabrit oswa nenpòt lòt bèt nan lèt manman l kontrè ak fason Jewova te ranje bagay yo tou natirèlman. Bondye te fè lèt manman pou nouri pitit li e pou ede l grandi. Jan yon biblis te di sa, kuit yon ti pitit nan lèt manman l menm, t ap montre ‘yo meprize relasyon Bondye te mete pou genyen ant paran ak pitit, yon relasyon li te beni’.

Mete sou sa, gen kèk moun ki panse kesyon bouyi yon ti pitit nan lèt manman l lan te sanble fè pati yon rityèl payen pou fè lapli tonbe. Si se te sa, entèdiksyon sa a te pwoteje Izrayelit yo kont pratik ki pa gen sans e ki mechan nasyon ozalantou yo te konn ap pratike yo. Lwa Bondye te bay Moyiz la te di byen klè Izrayelit yo pa dwe fè sa lòt nasyon yo t ap fè. — Levitik 20:23.

Pou fini, lwa sa a fè nou wè nan ki pwen Jewova gen kè sansib. Anfèt, Lwa a te gen yon bann lòt kòmandman ki sanble ak sa a ki te kondane mechanste sou bèt e ki te pwoteje yo kont travay yo pa fèt pou yo fè. Se sa k fè, Lalwa te bay entèdiksyon pou yo pa sakrifye yon bèt ki te gen mwens pase sèt jou avèk manman l, pou yo pa touye yon bèt menm jou ak pitit li epi pou yo pa pran yon manman zwazo ak ze l yo oswa ak ti zwazo l yo sou yon nich. — Levitik 22:27, 28; Detewonòm 22:6, 7.

Sa klè, Lalwa pat jis yon sistèm ki plen kòmandman ak entèdiksyon. Anplis de sa, prensip ki ladan l yo fè nou kiltive yon sansiblite wo nivo nan domèn moral ki byen reflete kalite estrawòdinè Jewova yo. — Sòm 19:7-11.

19-25 JIYÈ

TREZÒ KI NAN PAWÒL BONDYE A | DETEWONÒM 16-18

“Prensip k ap ede nou jije yon fason ki dwat”

it-1-F 410 § 2

Avèg

Lè yo bay yon jij kado anba anba pou anpeche l fè bon jijman se tankou yo te fè l avèg. Nou jwenn anpil konsèy nan Lalwa kont lajan anba anba, kado oubyen prejije, bagay sa yo kapab bouche je yon jij e anpeche l bay jistis san patipri. “Kado anba anba ka anpeche nou fè sa ki dwat.” ​(Eg 23:8). “Kado anba anba ka bouche je moun ki saj la.” ​(Dt 16:19). Menm yon jij ki konn aji dwat e ki gen bon konprann kapab kite kado anba anba yo ba li gen efè sou jijman l ap fè, kit li konsyan de sa, kit li pa konsyan. Lwa Bondye a byen pale sou ki jan kado anba anba kapab bouche ni je nou ni santiman nou, men sa l di: “Nou pa dwe montre nou gen patipri pou moun ki pòv la, ni nou pa dwe montre nou gen patipri pou moun ki rich la.” ​(Le 19:15). Konsa, keseswa akoz santiman oubyen anvi pou fè pifò moun plezi, yon jij pa dwe kondane yon moun ki rich tou senpleman paske l rich. — Eg 23:2, 3.

it-2-F 415 § 2

Chif, Nimewo

De. Yo souvan itilize chif 2 a nan domèn legal. Lè se de moun ki di yon bagay, temwayaj yo a gen plis fòs. Pou yo mennen yon ka devan jij yo, yo te bezwen de e menm 3 temwen. Se menm prensip sa a kongregasyon kretyen an suiv tou (Dt 17:6; 19:15; Mt 18:16; 2Ko 13:1; 1Ti 5:19; Eb 10:28). Bondye te suiv prensip sa a tou lè l t ap prezante pitit li a antanke Sovè lèzòm. Men sa Jezi te di: “Men sa ki ekri nan pwòp Lwa nou an: ‘Se temwayaj de moun ki laverite.’ Mwen bay temwayaj sou tèt mwen, e Papa a ki voye m nan bay temwayaj sou mwen.” — Jan 8:17, 18.

it-2-F 657 § 3

Prèt

Se te prèt yo an premye ki te gen privilèj pou esplike lwa Bondye a, e yo te jwe yon wòl enpòtan nan sistèm jidisyè Izrayèl la. Prèt yo te disponib pou asiste jij yo nan vil yo te genyen yo, epitou yo te sèvi kòm jij pou ka ki twò difisil pou tribinal lokal yo jije (Dt 17:8, 9). Yo te mande prèt yo pou yo travay ansanm ak ansyen yo pou ka kote yo touye yon moun san yo pa konn kiyès ki touye l, yon fason pou yo suiv etap ki te la pou vil la pa responsab san moun (Dt 21:1, 2, 5). Si yon mari ki jalou ta akize madanm li kòmkwa l fè adiltè an kachèt, li ta dwe mennen l nan tabènak la, kote prèt yo t ap fè seremoni Jewova te mande a pou yo ka konnen si madanm nan inosan oswa si li koupab, konsa li t ap jwenn jijman Jewova dirèkteman (Nb 5:11-31). Nan kèlkeswa ka, yo dwe respekte jijman prèt yo oswa jij yo nome yo fè yo, yo t ap touye yon moun ki dezobeyi oswa ki pa respekte jijman sa. — Nb 15:30; Dt 17:10-13.

Trezò espirityèl

it-1-F 852

Mete deyò

Sou Lalwa, pou yo te pini yon moun, yo te dwe tande temwayaj nan bouch de temwen pou pi piti (Dt 19:15). Se temwen sa yo an premye ki te dwe kalonnen moun ki koupab la ak kout wòch (Dt 17:7). Sa t ap montre zèl yo pou lwa Bondye a ak pou pwòpte kongregasyon Izrayèl la e sa t ap sèvi yon avètisman tou kont fo temwayaj, neglijans, oswa pale san reflechi.

26 JIYÈ–1 OUT

TREZÒ KI NAN PAWÒL BONDYE A | DETEWONÒM 19-21

“Lavi moun gen anpil valè pou Jewova”

it-2-F 892

San

Lèzòm gen dwa pou yo pwofite lavi Bondye te bay yo a, e nenpòt moun ki detwi lavi ap gen pou yo reponn devan Bondye. Sa parèt nan pawòl Bondye te di Kayen, asasen an, kote L te di: “Men san frè w la atè a ap rele m pou l mande jistis.” ​(Jen 4:10). Menmsi se yon moun ki rayi frè l, li ta swete lanmò pou li, li ta fè tripotay oswa bay fo temwayaj sou li yon fason pou mete lavi l an danje, l ap vin koupab pou san pwochen l lan. — Le 19:16; Dt 19:18-21; 1J 3:15.

Trezò espirityèl

it-2-F 1106 § 1

Tribinal, Jidisyè

Tribinal la te nan pòtay vil la (Dt 16:18; 21:19; 22:15, 24; 25:7; Rt 4:1) Lè yo di “pòtay” sa vle di espas piblik anndan vil la ki te toupre pòtay la. Se nan Pòtay yo yo te konn li Lalwa devan moun ki te rasanble yo e yo te konn fè konnen sa yo dwe fè (Ne 8:1-3). Nan pòtay yo, li te fasil pou jwenn temwen pou yon seri bagay tankou lè y ap vann yon byen paske te gen anpil ale vini pandan jounen an. Mete sou sa, lefètke jijman an t ap fèt anba je tout moun sa te motive jij yo pou yo fè atansyon e pou yo jis nan fason y ap jije e nan desizyon y ap pran. Nòmalman te gen yon plas toupre pòtay la kote jij yo te ka alèz pou yo fè travay yo (Jòb 29:7). Samyèl te vwayaje al Betèl, Gilgal, Mispa e “li te sèvi kòm jij pou pèp Izrayèl la tout kote sa yo,” menm jan ak nan Rama, vil kote kay li te ye a. — 1Sa 7:16, 17.

2-8 OUT

TREZÒ KI NAN PAWÒL BONDYE A | DETEWONÒM 22-23

“Ki jan Lalwa te montre sousi Jewova genyen pou bèt yo?”

it-1-F 868

Chay

Souvan yo te konn sèvi ak bèt pou pote chay nan tan lontan, e yo te di Izrayelit yo si youn nan yo ta wè bourik yon moun ki rayi l kouche anba yon chay, olye li kite l kote l ye a, li te dwe “ede moun nan retire chay la sou bèt la.” ​(Egz 23:5). Kantite bagay bèt la te ka pote a te rele chay, tankou “kantite [...] de milèt ap kapab pote.” — 2Wa 5:17.

it-1-F 635 § 2

Detewonòm

Nan liv Detewonòm nan yo te montre gwo konsiderasyon pou bèt yo tou. Izrayelit yo pa t gen dwa pran yon zwazo ki kouche sou yon nich, paske se ensten pou l pwoteje pitit li ki fè li fasil pou yo pran l. Izrayelit yo te kapab pran pitit yo, men yo te dwe kite manman an ale. Konsa, manman an t ap gen posiblite pou l gen lòt pitit (Dt 22:6, 7). Kiltivatè yo pa t dwe mete yon towo bèf ak yon bourik ansanm, yon fason pou evite fè bèt ki pi fèb la soufri (22:10). Yo pa dwe met baboukèt pou yon towo bèf pandan l ap bat manje angren, li kapab fatige anpil tèlman l grangou alòske gen manje bò kote l e l mete tout fòs li pou l bat manje a. — 25:4

Trezò espirityèl

it-1-F 629

Dèt, moun ki prete

Yon dèt se sa yon moun dwe, se yon obligasyon pou peye yon lajan oswa remèt yon bagay. Nan Izrayèl tan lontan an, chanjman sitiyasyon ekonomik yo se prensipal rezon ki fè moun yo te konn gen dèt. Se te yon wont pou yon Izrayelit dwe yon lòt paske l te vin tounen esklav moun ki prete l la (Pw 22:7). Pèp Bondye a te resevwa lòd pou yo montre yo donan e pou yo pa t wè tèt yo sèlman lè yo t ap prete Izrayelit parèy yo, pou yo pa t chèche pwofite sitiyasyon an e pou yo pa t mande enterè sou lajan yo prete yo (Eg 22:25; Dt 15:7, 8; Sm 37:26; 112:5). Men, yo te ka fè yon etranje peye enterè (Dt 23:20). Espè Juif yo te konprann lwa sa a te aplikab nan kad biznis men se pa nan ka kote yon moun bezwen yon èd. Nòmalman etranje yo pa t vin rete ann Izrayèl, souvan se te machann yo te ye, donk li nòmal pou yo te atann y ap peye enterè piske yo menm tou yo t ap prete lòt moun avèk enterè.

9-15 OUT

TREZÒ KI NAN PAWÒL BONDYE A | DETEWONÒM 24-26

“Ki jan Lalwa te montre sousi Jewova gen pou medam yo?”

it-1-F 874 § 4

Fi

Menm lwa militè yo te pwofitab alafwa pou madanm e pou mari yo, lè l fè eksepsyon pou yon gason ki te fèk marye pandan ennan. Sa te bay koup la posiblite pou yo egzèse dwa yo genyen pou yo gen timoun nan, sa ki t ap yon gwo soulajman pou manman an lè mari a pa la, e sa k pi rèd la, si mari a ta mouri nan lagè. — Dt 20:7; 24:5.

it-1-F 994 § 8

Grapiye

Sa klè, bèl aranjman sa a yo te pran pou pòv yo nan peyi a pa t ankouraje parès nan okenn fason, men pito li te ankouraje yo demontre jenewozite, konsiderasyon, ak konfyans nan benediksyon Jewova bay. Sa parèt klè nan yon deklarasyon David te fè: “Mwen pa janm wè Bondye abandone yon moun ki jis, ni mwen pa janm wè pitit li ap mande charite.” ​(Sm 37:25). Grasa dispozisyon Lalwa te pran an favè yo a, menm moun ki pòv yo, grasa travay di yo te fè pa t ap nan grangou, epi ni yo menm ni pitit yo pa t ap bezwen mande charite.

w11-F 1/3 23

Èske w te konnen?

Nan Izrayèl tan lontan an, si yon gason te mouri san l pa t gentan gen pitit, yo te atann pou frè l marye ak vèv la nan objektif pou li te ka bay defen an yon desandans ki pral kontinye ak liy fanmi defen an (Jenèz 38:8). Annapre, yo te vin mete aranjman sa a nan Lwa Moyiz la, yo te rele l maryaj kote yon gason marye ak madanm frè l, oswa maryaj leviratik (Detewonòm 25:5, 6). Aksyon Bowaz te poze a, ki parèt nan liv Rit la, montre responsablite sa a te ka tonbe sou do yon lòt gason nan fanmi defen an si tout lòt frè l yo te gentan mouri. — Rt 1:3, 4; 2:19, 20; 4:1-6.

Istwa kote Sadiseyen yo te fè referans ak maryaj leviratik la montre moun yo te konn fè maryaj sa a nan tan Jezi a, jan sa parèt nan Mak 12:20-22. Istoryen Juif nan premye syèk la ki rele Flaviyis Jozèf te fè konnen koutim sa a te nonsèlman konsève non fanmi an, men tou li te pwoteje pwopriyete fanmi an e li te kontribye nan byennèt vèv la tou. Nan epòk sa a, yon fi pa t gen dwa eritye byen mari l. Toutfwa, yon timoun ki te fèt grasa yon maryaj leviratik t ap ka konsève eritaj gason ki mouri a.

Trezò espirityèl

it-1-F 657 § 5

Divòs

Papye divòs. Abi ki te vin genyen annapre yo pa ta dwe fè n kouri di Lwa Bondye te bay Moyiz la te fè l fasil pou yon gason Izrayelit divòse ak madanm li. Pou yon moun te divòse, li te dwe suiv kèk etap byen presi. Li te nesesè pou l ekri yon dokiman, pou l “ekri yon papye divòs ba li”. Gason ki t ap divòse a te gen “pou l ekri yon papye divòs ba li e [...] pou l fè l kite kay li a.” ​(Dt 24:1). Byenke Ekriti yo pa bay lòt detay sou fason sa te dwe fèt, ta sanble etap legal la te gen ladan l pou al kote mesye ki te la pou sa yo, mesye sa yo t ap fè gwo efò pou eseye rekonsilye moun yo. Kantite tan sa te pran pou prepare papye a e pou legalize divòs la te bay mari a opòtinite pou l reflechi sou desizyon l lan. Te dwe gen rezon valab pou divòs la, e lè yo te suiv tout etap yo jan yo te dwe fè l la, lojikman sa te ka dekouraje moun ki ta vle divòse pou ti krik ti krak yo. Mete sou sa, yo te pwoteje dwa ak enterè madanm yo te genyen tou. Ekriti yo pa t bay detay sou sa ki nan yon “papye divòs.”

16-22 OUT

TREZÒ KI NAN PAWÒL BONDYE A | DETEWONÒM 27-28

“Jewova [...] ap vide yon pakèt benediksyon sou nou”

w01-F 15/9 10 § 2

Èske Jewova ap vide yon pakèt benediksyon sou ou?

2 Vèb ebre yo mete “koute” pou li nou jwenn nan Detewonòm 28:2 a bay sans yon aksyon k ap kontinye fèt. Pèp Jewova a pa dwe jis koute L yon lè konsa, men sa dwe fè pati lavi yo. Se sèl konsa Jewova ap ka vide benediksyon l sou yo. Yo idantifye vèb ebre yo mete “vide” pou li a tankou yon ekspresyon ki vle di souvan “kontre ak” oubyen “rive jwenn.”

Trezò espirityèl

it-1-F 364

Bòn tè

Lwa Jewova a te entèdi moun deplase bòn tè yo (Dt 19:14; gade tou Pw 22:28). Anfèt, malediksyon t ap tonbe sou yon moun ki “deplase bòn tè vwazen” l. (Dt 27:17.) Piske moun ki te mèt tè yo te depann de sa tè yo pwodui, deplase bòn tè yon moun t ap vle di anpeche moun nan jwenn yon pati nan sa l bezwen pou l viv. Se te menm bagay ak lè yon moun vòlè e se konsa yo te wè sa nan tan lontan (Jòb 24:2). Men te gen kèk moun san pitye ki te koupab poutèt yo te fè abi sa a, e te gen prens nan Jida nan epòk Oze a ki te enplike nan zafè deplase bòn tè a. — Oz 5:10.

23-29 OUT

Trezò espirityèl

it-2-F 453 § 3

Zòrèy

Pa mwayen sèvitè l yo, Jewova te pale ak Izrayelit rebèl e ki dezobeyisan yo ki te ‘fèmen zòrèy yo’ ​(Jr 6:10; Tr 7:51). Se tankou zòrèy yo te bouche ak yon bagay ki anpeche yo tande. Jewova pa t ouvri zòrèy yo, li menm ki bay moun k ap chèche l yo zòrèy pou yo konprann e obeyi l, men ki pèmèt zòrèy espirityèl moun ki dezobeyisan yo fèmen (Dt 29:4; Wm 11:8). Apot Pòl te anonse yon epòk kote kèk swadizan kretyen ta pral abandone vrè lafwa a, yo pa t ap vle tande verite ki nan Pawòl Bondye a, men yo t ap pito kite lòt moun fè zòrèy yo “dous” ak bagay ki fè yo plezi, e konsa yo t ap prefere koute fo anseyan yo (2Ti 4:3, 4; 1Ti 4:1). Menm jan an tou, zòrèy moun yo ka “sonnen” lè yo tande nouvèl k ap fè yo sezi, an patikilye nouvèl ki gen rapò ak malè. — 1Sa 3:11; 2Wa 21:12; Jr 19:3.

30 OUT–5 SEPTANM

TREZÒ KI NAN PAWÒL BONDYE A | DETEWONÒM 31-32

“Ki jan yon chante Bondye te enspire ka aprann nou fason pou n sèvi ak egzanp?”

w09-F 1/5 14 § 4

Egzanp ki nan Bib la — Èske w konprann yo?

Bib la konpare Jewova ak bagay ki pa gen vi tou. Li pale de Jewova tankou “Wòch Izrayèl la,” tankou yon “mas wòch,” tankou yon “fòtrès” ​(2 Samyèl 23:3; Sòm 18:2; Detewonòm 32:4). Kote resanblans lan? Menm jan yon gwo wòch pa fasil pou deplase se konsa tou Jewova se yon sous kote nou ka jwenn sekirite.

w01-F 1/10 9 § 7

Ann imite Jewova nan bay pitit nou fòmasyon

7 Ann reflechi sou lanmou Jewova te demontre nan fason l te boule ak Izrayelit yo. Moyiz te sèvi ak yon bèl konparezon pou l dekri lanmou Jewova te genyen pou nasyon Izrayèl la ki te fèk fòme. Men sa nou li: “Menm jan ak yon èg k ap montre pitit li vole, K ap plane anlè tèt pitit li yo, Ki ouvri zèl li, ki pran pitit li yo e ki pote yo sou zèl li, Jewova te kontinye dirije [Jakòb].” ​(Detewonòm 32:9, 11, 12). Pou yon ti èg aprann vole, manman èg la ‘montre pitit li vole,’ li bat zèl li pou l ankouraje ti èg la fè menm jan an. Lè yon ti zwazo resi vole kite nich la ki souvan byen wo sou yon tèt mòn, manman an “plane anlè tèt” ti zwazo a. Si ti zwazo k ap aprann vole a sanble pral tonbe atè, manman an pase pa anba l pou l pwoteje l ‘avèk zèl li.’ Menm jan an tou, avèk lanmou, Jewova te pwoteje nouvo nasyon Izrayèl la. Li te bay pèp la Lwa Mozayik la (Sòm 78:5-7). Bondye te voye je sou nasyon an e Li te rete tou pare pou l vin sove moun yo lè yo nan pwoblèm.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje