BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • w15 15/11 p. 13
  • Kesyon lektè yo poze

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Kesyon lektè yo poze
  • Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2015
  • Sou menm sijè a
  • Ann met konfyans nou nan Kris ki se Gid nou
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2018
  • Miray Jeriko yo
    Liv istwa biblik mwen an
  • Rahab kache espyon yo
    Liv istwa biblik mwen an
Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2015
w15 15/11 p. 13
Prèt yo sonnen kòn belye yo, Jozye fè yon gwo rèl epi miray Jeriko yo kòmanse tonbe.

KESYON LEKTÈ YO POZE

Ki prèv ki montre yo te pran ansyen vil Jeriko a san yo pa t ansèkle l pou anpil tan?

Dapre sa n li nan Jozye 6:10-15, 20, lame Izrayèl la te fè wonn vil Jeriko yon fwa pa jou pandan sis jou. Sou setyèm jou a, yo te fè wonn vil la sèt fwa, epi Bondye te fè gwo miray Jeriko a tonbe. Sa te pèmèt Izrayelit yo antre nan vil Jeriko epi pot laviktwa sou li. Èske akeyològ yo jwenn prèv ki montre yo pa t ansèkle vil Jeriko a pandan anpil tan jan Bib la montre sa?

Nan tan lontan, lè yon lame vin atake yon vil ki byen pwoteje, li te gen abitid ansèkle vil la. Kèlkeswa kantite tan yo te fè ansèkle vil la, lame ki rive pran l lan te konn pran tout richès ki ladan l san wete manje ki te rete yo. Men, nan plas kote ansyen vil Jeriko a te ye a, akeyològ yo te jwenn anpil manje yo te stoke. Men sa yon ansiklopedi di sou sa: “Manje angren se bagay yo te plis jwenn apre destriksyon vil la, apa veso an tè yo. [...] Se yon bagay moun pa t janm wè anvan sa nan zafè akeyoloji nan peyi Palestin. Yo te ka jwenn youn oswa de po, men, pou yo rive jwenn tout kantite manje angren sa a, se yon bagay estrawòdinè.” — Biblical Archaeology Review.

Selon sa n li nan Bib la, Izrayelit yo te gen bonjan rezon pou yo pa t pran manje angren ki te gen nan vil Jeriko yo. Jewova te ba yo lòd pou yo pa fè sa (Joz. 6:17, 18). Izrayelit yo te atake vil la nan sezon prentan, tousuit apre sezon rekòt la kote te gen anpil manje angren nan vil la (Joz. 3:15-17; 5:10). Piske te gen anpil manje angren ki te rete nan vil Jeriko, sa montre Izrayelit yo pa t ansèkle vil la pandan anpil tan jan Bib la montre sa.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje