BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • th leson 10 p. 13
  • Fè varyasyon nan son vwa w

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Fè varyasyon nan son vwa w
  • Konsantre w sou lekti w ap fè ak ansèyman w ap bay
  • Sou menm sijè a
  • Fè varyasyon nan son vwa w
    Byen pwofite Lekòl ministè teyokratik la
  • Pale ak yon volim vwa ki apwopriye
    Byen pwofite Lekòl ministè teyokratik la
  • Mete vi nan sa w ap di
    Konsantre w sou lekti w ap fè ak ansèyman w ap bay
  • Pale ak konviksyon
    Konsantre w sou lekti w ap fè ak ansèyman w ap bay
Gade plis
Konsantre w sou lekti w ap fè ak ansèyman w ap bay
th leson 10 p. 13

LESON 10

Fè varyasyon nan son vwa w

Vèsè biblik.

Pwovèb 8:4, 7.

SA POU W FÈ: Fè ide yo parèt klè epi montre sa w santi lè w varye volim vwa w, ton vwa w ak vitès w ap pale a.

FASON POU W FÈ SA:

  • Varye volim vwa w. Ogmante volim vwa w pou w met aksan sou pwen prensipal yo e pou w ankouraje moun k ap koute w yo. Fè menm bagay la lè w ap li vèsè ki gen yon mesaj jijman. Diminye volim vwa w pou w fè moun yo anvi konnen sa w pral di oubyen lè w ap pale sou yon sitiyasyon ki bay laperèz oswa enkyetid.

    Konsèy pratik.

    Pa ogmante volim vwa w twò souvan pou moun k ap koute w yo pa santi w ap reprimande yo. Evite fè teyat pou w pa atire atansyon sou ou.

  • Varye ton vwa w. Si lang ou pale a pèmèt sa, monte ton vwa w pou w mete vi nan sa w ap di a oswa lè w ap pale sou gwosè ak distans. Bese ton vwa w lè w ap pale sou yon sitiyasyon ki bay lapenn oswa enkyetid.

  • Varye vitès w ap pale. Pale pi vit pou w montre kontantman. Pale pi dousman lè w ap atire atansyon sou pwen enpòtan yo.

    Konsèy pratik.

    Pa chanje vitès w ap pale a bridsoukou pou w pa fè moun k ap koute w yo pantan. Evite pale twò vit pou w pa mal pwononse mo yo.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje