BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • th leson 12 p. 15
  • Pale ak tout kè w epi mete w nan plas moun yo

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Pale ak tout kè w epi mete w nan plas moun yo
  • Konsantre w sou lekti w ap fè ak ansèyman w ap bay
  • Sou menm sijè a
  • Mete vi nan sa w ap di
    Konsantre w sou lekti w ap fè ak ansèyman w ap bay
  • Fè efò pou w touche kè moun yo
    Konsantre w sou lekti w ap fè ak ansèyman w ap bay
  • Pale ak tout kè w e avèk santiman
    Byen pwofite Lekòl ministè teyokratik la
  • Pale tankou lè w ap fè konvèsasyon
    Konsantre w sou lekti w ap fè ak ansèyman w ap bay
Gade plis
Konsantre w sou lekti w ap fè ak ansèyman w ap bay
th leson 12 p. 15

LESON 12

Pale ak tout kè w epi mete w nan plas moun yo

Vèsè biblik.

1 Tesalonisyen 2:7, 8.

SA POU W FÈ: Pale ak bonjan santiman epi montre moun k ap koute w yo ou gen sousi pou yo.

FASON POU W FÈ SA:

  • Panse ak moun k ap koute w yo. Prepare kè w lè w sonje pwoblèm moun yo ap rankontre. Eseye imajine ki jan yo santi yo.

  • Byen chwazi mo w ap itilize yo. Chèche ankouraje, rekonfòte epi chofe moun k ap koute w yo. Evite di bagay ki pa nesesè pou w pa ofanse moun yo, epi pa di move pawòl sou moun ki pa kwayan yo oswa sou bagay yo kwè ak tout kè yo.

  • Montre w gen sousi pou moun yo. Montre moun k ap koute w yo ou gen bonjan sousi pou yo lè w pale ak yon ton vwa ki demontre jantiyès ak lè w fè jès ki apwopriye. Sonje pou w demontre santiman sou vizaj ou, souri tanzantan.

    Konsèy pratik.

    Pa fòse fè yon santiman parèt oswa pa montre sa w santi yon fason ki egzajere. Lè w ap li, demontre santiman ki parèt nan pasaj w ap li a, men, pa atire atansyon ki pa nesesè sou ou. Piske lè w met aksan sou konsòn yo sa ka fè prezantasyon w lan frèt oswa sa ka fè l parèt bout bout, met aksan sou vwayèl yo pou w ka chofe ton vwa w.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje