BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • mwbr21 septanm p. 1-9
  • Referans pou Pwogram reyinyon Lavi nou ak travay nou fè a

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Referans pou Pwogram reyinyon Lavi nou ak travay nou fè a
  • Referans pou Pwogram reyinyon Lavi nou ak travay nou fè — 2021
  • Soutit
  • 6-12 SEPTANM
  • 20-26 SEPTANM
  • 27 SEPTANM–3 OKTÒB
  • 4-10 OKTÒB
  • 11-17 OKTÒB
  • 18-24 OKTÒB
  • 25-31 OKTÒB
Referans pou Pwogram reyinyon Lavi nou ak travay nou fè — 2021
mwbr21 septanm p. 1-9

Referans pou Pwogram reyinyon Lavi nou ak travay nou fè a

6-12 SEPTANM

TREZÒ KI NAN PAWÒL BONDYE A | DETEWONÒM 33-34

“Annou pran refij nan ‘bra [Jewova] ki la pou toutan’”

it-2-F 1200

Jechouwoun

Se yon tit ki montre onè yo te bay Izrayèl. Nan vèsyon grèk Septant lan yo te sèvi ak mo “Jechouwoun” nan pou montre afeksyon, konsa li te vin gen sans “byenneme”. Tit “Jechouwoun” nan te dwe fè Izrayelit yo sonje Jewova te fè alyans avèk yo antanke pèp li, e yo te gen obligasyon pou yo rete dwat (Dt 33:5, 26; Eza 44:2). Nan Detewonòm 32:15 yo sèvi ak tit “Jechouwoun” nan pou moke pèp Izrayèl la. Olye Izrayelit yo te viv ann amoni ak non Jechouwoun nan, yo te vin rebèl, yo te vire do bay Kreyatè yo a, e yo te meprize Sovè yo a.

rr 120, kare

Nou jwenn èd pou n kanpe sou de pye nou

Nou ka sonje kèk syèk anvan epòk Ezekyèl la, pwofèt Moyiz te fè konnen nonsèlman Jewova gen pouvwa pou l sèvi ak fòs li pou l ede pèp Li a, men tou, li vle fè sa. Men sa Moyiz te ekri: “Bondye se yon refij pou nou depi lontan, l ap soutni nou ak bra l ki la pou toutan.” ​(Det. 33:27). Wi, nou kapab gen asirans si nou chèche Jewova nan moman tètchaje nou yo, l ap soutni nou ak bra l avèk tandrès e l ap ede nou kanpe sou de pye nou. — Eze. 37:10.

w11 15/9 19 § 16

Annou kouri nan kous la avèk andirans

16 Menm jan ak Abraram, Moyiz pa t wè pwomès Bondye a reyalize pandan l te vivan. Pandan Izrayelit yo te sou wout pou yo antre nan Latè pwomiz, men sa Bondye te di Moyiz: “W’a rete byen lwen, w’a wè peyi mwen pral bay moun pèp Izrayèl yo anba nan pye ou. Men ou menm, ou p’ap mete pye ou ladan l.” Bondye te di sa paske, anvan sa, lè pèp la ki te rebèl te fè Moyiz ak Arawon fache, Moyiz ak Arawon ‘pa t fè sa Bondye te di yo fè devan pèp Izrayèl la, lè yo te bò sous dlo Meriba yo’. (Det. 32:51, 52.) Èske Moyiz te tris oubyen li te fache pou sa? Non. Li te beni pèp Izrayèl la e li te di pawòl ki vin annapre yo pou l fini: “Ala bon sa bon pou nou, moun pèp Izrayèl! Pa gen tankou nou! Se Senyè a menm ki delivrans nou! Se li ki pwoteksyon nou! Se li ki defans nou! L’ap mache devan nou pou l fè nou genyen batay la.” — Det. 33:29.

Trezò espirityèl

it-2-F 312 § 4

Moyiz

Moyiz te mouri a 120 an. Men sa Bib la di pou l pale de fòs fizik li te genyen: “Je l pa t febli, ni li pa t pèdi fòs li.” Jewova te antere l yon kote pèsonn pa janm konnen (Dt 34:5-7). Sanble se te yon fason pou Izrayelit yo pa t tonbe nan fo adorasyon lè yo fè tonm Moyiz tounen yon bagay ki sakre. Se sèten Dyab la te vle itilize kò Moyiz nan entansyon sa a. Se sa k fè, Jid, yon disip ki te demi frè Jezi te ekri pawòl sa yo konsènan anvi dyab la te genyen pou l itilize kò Moyiz: “Lè Mikayèl, akanj lan, te gen yon dezakò avèk Dyab la, e yo t ap diskite konsènan kò Moyiz, li pa t oze joure Dyab la pou l kondane l, men li te di l: ‘Se pou Jewova reprimande w.’” ​(Jid 9). Anvan pèp Izrayèl la te travèse Kanaran anba direksyon Jozye, yo te fè 30 jou nan lapenn pou Moyiz. — Dt 34:8.

13-19 SEPTANM

TREZÒ KI NAN PAWÒL BONDYE A | JOZYE 1-2

“Fason pou w reyisi nan chemen w”

w13 15/1 8 § 7

Met kouraj sou ou paske Jewova avè w!

7 Nou bezwen etidye Pawòl Bondye a epi aplike sa nou aprann ladan l yo pou nou ka gen kouraj pou nou fè volonte Bondye. Se sa Jewova te mande Jozye pou l fè apre Jozye te fin ranplase Moyiz. Men sa Jewova te di l: “Se pou w met gason sou ou e se pou w djanm anpil pou w ka pran san w pou w aplike tout lalwa sèvitè m Moyiz te kòmande w la. [...] Pawòl ki nan liv lalwa sa a dwe toujou nan bouch ou, e ou dwe li ladan l tou ba lajounen kou lannuit, dekwa pou w veye pou w fè tout sa ki ekri ladan l, paske se konsa w ap reyisi nan chemen w e se konsa w ap aji avèk sajès.” ​(Joz. 1:7, 8, NW). Etandone Jozye te suiv konsèy sa a, li te ‘reyisi nan chemen l yo’. Si nou fè menm jan an tou, n ap vin gen plis kouraj e n ap reyisi nan sèvis n ap bay Bondye a.

w13 15/1 11 § 20

Met kouraj sou ou paske Jewova avè w!

20 Se yon gwo defi sa ye pou nou kontinye fè volonte Bondye toutpandan n ap fè fas ak difikilte ki gen nan monn sa a ki mechan e ki chaje ak pwoblèm. Sepandan, nou pa poukont nou paske Bondye ansanm ak Pitit li a, ki se Chèf kongregasyon an, avè n. Gen plis pase 7 000 000 Temwen Jewova, sou tout kò tè a, ki avè n tou. Annou mete ansanm avèk tout moun sa yo pou nou kontinye montre nou gen lafwa epi kontinye preche bon nouvèl la toutpandan n ap kenbe tèks pou ane 2013 la nan lespri nou ki di: “Se pou w mete kouraj ak fòs sou ou. [...] Jewova Bondye w la avèk ou.” — Joz. 1:9, NW.

Trezò espirityèl

w05 1/1 28 § 6

Pwen enteresan nou jwenn nan liv Jozye a

2:4, 5 — Poukisa Rahab twonpe mesye wa a te voye dèyè espyon yo? Rahab riske lavi l pou l pwoteje espyon yo, paske li te vin gen lafwa nan Jewova. Se sa k fè, li pa t gen okenn obligasyon pou l bay mesye k ap chèche fè pèp Bondye a mal yo enfòmasyon sou kote espyon yo ye (Matye 7:6; 21:23-27; Jan 7:3-10). Anfèt, lè Labib di yo ‘deklare Rahab jis grasa aksyon li te fè’, aksyon sa yo gen ladan yo tou lè l te endike mesye wa a te voye yo yon move direksyon. — Jak 2:24-26.

20-26 SEPTANM

TREZÒ KI NAN PAWÒL BONDYE A | JOZYE 3-5

“Jewova beni moun ki montre yo gen lafwa”

it-2-F 63

Jouden

Dabitid, pati Jouden an ki sou tèt Lanmè Galile a mezire an mwayèn 1 mèt jiska 3 mèt (3 jiska 10 pye) pwofondè e anviwon 27 mèt jiska 30 mèt (90 jiska 100 pye) lajè. Men nan sezon prentan, Rivyè Jouden an te anvayi tout zòn arebò l yo, lè sa a li vin pi laj e pi fon (Joz 3:15). Nan moman rivyè a desann, se t ap yon danje pou nasyon Izrayèl la, ki te gen ladan l gason, fi ak timoun travèse Rivyè Jouden an, sitou toupre Jeriko. Kouran dlo a tèlman rapid nan zòn sa a, pa gen twò lontan li te ale ak kèk moun ki t ap benyen nan rivyè a. Sepandan, pa mwayen yon mirak Jewova te bloke Rivyè Jouden an, sa te fè l posib pou Izrayelit yo travèse sou tè sèk (Joz 3:14-17). Plizyè syèk annapre, yon mirak konsa te fèt yon fwa pou Eli pandan li te avèk Elize, e yon lòt fwa ankò pandan Elize te poukont li. — 2Wa 2:7, 8, 13, 14.

w13 15/9 16 § 17

Kite rapèl Jewova yo fè kè w kontan

17 Nan ki sans aksyon nou fè ki montre nou gen lafwa yo fè n vin gen plis konfyans nan Jewova? Ann konsidere istwa Izrayelit yo nan moman yo t ap antre nan Latè pwomiz. Jewova te mande prèt ki t ap pote lach alyans lan pou yo travèse rivyè Jouden an. Sepandan, pandan pèp la t ap pwoche, yo te kapab wè dlo a te monte byen wo akoz lapli ki t ap tonbe nan sezon prentan an. Ki sa Izrayelit yo t ap fè? Èske yo t ap monte tant yo bò rivyè a epi tann pandan plizyè semèn pou dlo a bese? Non, yo te met tout konfyans yo nan Jewova e yo te suiv enstriksyon l yo. Ki rezilta sa te bay? Men sa istwa a di: “Yonfwa prèt yo te met pye yo nan dlo a, rivyè a te sispann desann, [...] epi prèt yo te ret kanpe nan mitan rivyè a ki te vin seche toupre vil Jeriko, toutpandan lòt moun yo t ap travèse pou y al lòt bò [rivyè a].” ​(Joz. 3:12-17, Contemporary English Version). Imajine jan moun yo te kontan lè yo te wè kokennchenn dlo sa a, ki t ap desann, te vin seche bridsoukou! Vrèmanvre, Izrayelit yo te vin gen plis lafwa nan Jewova paske yo te suiv enstriksyon l yo.

w13 15/9 16 § 18

Kite rapèl Jewova yo fè kè w kontan

18 Se vre, jodi a, Jewova pa fè kalite mirak sa yo ankò pou pèp li a, sepandan, li beni yo lè yo fè aksyon ki montre yo gen lafwa nan li. Fòs aktif Bondye a ba yo fòs pou yo kontinye fè travay yo te ba yo lòd pou yo fè a ki se preche mesaj Wayòm nan nan lemonnantye. Apre Kris Jezi, pi gwo Temwen an, te fin resisite, li te bay disip li yo asirans li t ap ede yo nan travay enpòtan sa a. Men sa l te di: “Kidonk, ale, epi fè disip pami moun tout nasyon. [...] Mwen avèk nou toulejou rive jis nan fen sistèm nan.” ​(Mat. 28:19, 20). Anpil Temwen, petèt ki te timid, kapab bay prèv lespri sen Bondye te ba yo kouraj pou yo pale ak moun yo pa konnen nan travay predikasyon an. — Li Sòm 119:46; 2 Korentyen 4:7.

Trezò espirityèl

w05 1/1 29 § 1

Pwen enteresan nou jwenn nan liv Jozye a

5:14, 15 — Kiyès ki “prens lame Jewova a”? Sanble prens ki te vin fòtifye Jozye lè konkèt Latè pwomiz te kòmanse a se pa lòt moun, se “Pawòl la”, Jezi Kris, anvan l te vin sou tè a (Jan 1:1; Danyèl 10:13). Èske se pa yon bagay ki rekonfòtan pou nou dèske nou gen asirans Jezi Kris glorifye ap soutni sèvitè Jewova yo jodi a nan konba espirityèl y ap mennen an?

27 SEPTANM–3 OKTÒB

TREZÒ KI NAN PAWÒL BONDYE A | JOZYE 6-7

“Vire do bay sa k pa vo anyen”

w10 15/4 20 § 5

Pa ret ap gade bagay ki pa vo anyen!

5 Plizyè syèk annapre, je Akàn, yon Izrayelit, te fè l vòlè kèk bagay nan vil Jeriko lè Izrayelit yo te pran vil sa a. Bondye te ba yo lòd pou yo detwi tout sa yo te jwenn nan vil sa a, eksepte kèk bagay yo te dwe mete nan trezò Jewova. Men avètisman yo te jwenn: “Pinga nou pwoche bò kot bagay nou dwe detwi yo, yon fason pou nou pa vin gen dezi” pou nou pran kèk nan bagay sa yo. Lefètke Akàn te dezobeyi lòd sa a, pèp la te sibi yon defèt lè yo t al batay kont moun vil Ayi yo, e gen nan yo ki te mouri. Akàn pa t devwale se li ki te vòlè bagay yo jiskaske yo te dekouvri se li. Men sa li te di: “Mwen te wè” bagay yo. Apre sa li di: “Mwen te sitèlman anvi yo, mwen pran yo.” Je l te fè l vin gen dezi pou l pran bagay sa yo e sa te lakòz li mouri e yo te detwi “tout lòt bagay li te genyen” yo (Joz. 6:18, 19, NW; 7:1-26). Akàn te vin anvi posede bagay li pa t gen dwa pou l posede.

w97-F 15/8 28 § 2

Poukisa yo te konn rapòte bagay mal ki te fèt yo?

Yon rezon ki fè yo te konn rapòte bagay mal ki fèt se te pou kenbe kongregasyon an pwòp. Jewova se yon Dye ki pwòp e ki sen. Li mande moun k ap adore l yo pou yo pwòp nan domèn espirityèl ak nan domèn moral. Men sa Pawòl li a di byen klè: “Tankou timoun ki obeyisan, sispann aji selon dezi nou te genyen anvan yo, lè nou te nan inyorans. Men, se pou nou vin sen nan tout konduit nou menm jan ak Bondye ki sen an ki rele nou an, paske men sa ki ekri: ‘Nou dwe sen, paske mwen menm, mwen sen.’” ​(1 Pyè 1:14-16). Moun k ap pratike bagay ki pa pwòp oswa sa ki mal ka sal tout kongregasyon an epi fè kongregasyon an pèdi favè Jewova, amwenske yo pran dispozisyon pou korije moun sa yo oswa yo mete yo deyò. — Konpare ak Jozye chapit 7.

w10 15/4 21 § 8

Pa ret ap gade bagay ki pa vo anyen!

8 Dezi je ak dezi lachè ka gen efè sou vrè kretyen yo tou. Se sa k fè Pawòl Bondye a ankouraje nou pou nou disipline tèt nou anrapò ak sa n ap gade e anrapò ak sa nou anvi genyen (1 Kor. 9:25, 27; li 1 Jan 2:15-17). Jòb, yon nonm fidèl, te rekonèt rapò ki genyen ant sa nou wè ak dezi nou genyen. Men sa l te di: “Mwen te fè yon alyans ak je m, donk, kòman m ta fè ap plede gade yon fi ki vyèj?” ​(Jòb 31:1, NW). Nonsèlman Jòb pa t aksepte manyen yon fi yon fason ki imoral, men menm nan lespri l li pa t mete lide konsa. Jezi te mete aksan sou nesesite pou lespri nou rete pwòp, pou l pa gen panse ki imoral ladan l lè l te di: “Si yon nonm gade yon fi avèk lanvi, li deja fè adiltè avè l nan kè l.” — Mat. 5:28.

Trezò espirityèl

w15 15/11 13 § 2-3

Kesyon lektè yo poze

Nan tan lontan, lè yon lame vin atake yon vil ki byen pwoteje, li te gen abitid ansèkle vil la. Kèlkeswa kantite tan yo te fè ansèkle vil la, lame ki rive pran l lan te konn pran tout richès ki ladan l san wete manje ki te rete yo. Men, nan plas kote ansyen vil Jeriko a te ye a, akeyològ yo te jwenn anpil manje yo te stoke. Men sa yon ansiklopedi di sou sa: “Manje angren se bagay yo te plis jwenn apre destriksyon vil la, apa veso an tè yo. [...] Se yon bagay moun pa t janm wè anvan sa nan zafè akeyoloji nan peyi Palestin. Yo te ka jwenn youn oswa de po, men, pou yo rive jwenn tout kantite manje angren sa a, se yon bagay estrawòdinè.” — Biblical Archaeology Review.

Selon sa n li nan Bib la, Izrayelit yo te gen bonjan rezon pou yo pa t pran manje angren ki te gen nan vil Jeriko yo. Jewova te ba yo lòd pou yo pa fè sa (Joz. 6:17, 18). Izrayelit yo te atake vil la nan sezon prentan, tousuit apre sezon rekòt la kote te gen anpil manje angren nan vil la (Joz. 3:15-17; 5:10). Piske te gen anpil manje angren ki te rete nan vil Jeriko, sa montre Izrayelit yo pa t ansèkle vil la pandan anpil tan jan Bib la montre sa.

4-10 OKTÒB

TREZÒ KI NAN PAWÒL BONDYE A | JOZYE 8-9

“Leson nou ka aprann nan istwa moun Gabawon yo”

it-1-F 1046

Gabawon

Fason Jozye te trete yo. Nan epòk Jozye a se Ivit yo ki te abite Gabawon, yo te nan lis sèt nasyon yo te dwe detwi nan Kanaran yo (Dt 7:1, 2; Joz 9:3-7). Yo te konn rele moun Gabawon yo Amorit tou, paske sanble pafwa yo te konn sèvi ak tit sa a pou pale de tout Kananeyen yo (2Sa 21:2; konpare ak Jen 10:15-18; 15:16.). Kontrèman ak lòt Kananeyen yo, moun Gabawon yo te rann yo kont menmsi yo pi fò nan domèn militè e vil yo a te gwo anpil, yo pa t ap ka reziste ak Izrayelit yo paske Jewova t ap batay pou Izrayelit yo. Pou rezon sa a, apre destriksyon vil Jeriko ak Ayi, mesye Gabawon yo, ki petèt te reprezante 3 lòt vil Ivit yo, anpalan de Kefira, Beyewòt ak Kiriyatjeyarim (Joz 9:17), te voye yon delegasyon kot Jozye nan Gilgal pou mande fè lapè. Anbasadè moun Gabawon yo, ki te mete sandal ki fini e ki pyese nan pye yo, rad ki te fin tounen ranyon, vye bidon ki fèt ak po bèt yo konn met diven ladan yo ki te koule e ki te pyese, vye sakpay ki fini, avèk pen ki te rasi e ki te kraze fè miyèt moso, te parèt kòmsi yo te soti nan yon peyi byen lwen, ki pa nan tèritwa kote Izrayelit yo te dwe pran yo. Kèk tan anvan sa, yo te wè men Jewova nan sa k te rive Ejip ak wa Amorit yo, Siyon ak Òg. Avèk sajès, yo pa t mansyone sa k te rive Jeriko ak Ayi a, piske nouvèl sa a pa t ap gentan rive nan “yon peyi ki byen lwen” anvan lè yo vle fè kwè yo te deplase a. Reprezantan Izrayelit yo te egzamine e yo te aksepte demann yo a epi yo fè yon alyans pou yo pa detwi yo. — Joz 9:3-15.

w11 15/11 8 § 14

“Pa apiye sou pwòp entèlijans ou”

14 Etandone nou tout nou enpafè, menm ansyen ki gen eksperyans yo bezwen veye pou yo pa rive nan yon sitiyasyon kote yo sispann chèche direksyon nan men Jewova lè yo gen desizyon pou yo pran. Annou wè ki sa Jozye, moun ki te ranplase Moyiz la, ansanm ak ansyen nan mitan pèp Izrayèl yo te fè lè Gibeyonit yo, ki te entèlijan, te pran pòz yo soti nan yon peyi ki byen lwen pou yo te kapab twonpe Jozye ak pèp la. Jozye ak lòt mesye yo te fè yon alyans ak Gibeyonit yo e yo te fè lapè avèk yo san yo pa t menm mande Jewova anyen. Menm lè Jewova te vin aksepte alyans yo te fè ak Gibeyonit yo annapre, li te fè mete istwa sa a nan Bib la yon fason pou nou konnen Jozye ak ansyen yo nan mitan pèp Izrayèl la pa t chèche direksyon nan men l. Nou dwe toujou mande Jewova direksyon anvan nou pran yon desizyon. — Joz. 9:3-6, 14, 15.

w04 1/11 18 § 14

“Bat tout peyi a”

14 Reprezantan yo te di: “Se nan yon peyi byen lwen sèvitè w yo soti konsènan non Jewova Bondye w la.” ​(Jozye 9:3-9). Rad sou yo ansanm ak manje yo te pote te fè yo parèt tankou moun ki soti lwen vre, men, an reyalite, se anviwon 30 kilomèt ki separe Gibeyòn ak Gilgal. Jozye ansanm ak chèf tribi yo te kwè yo e yo te fè yon antant pou yo rete zanmi ak Gibeyòn ansanm ak vil ki ozalantou Gibeyòn yo. Èske fent Gibeyonit yo te fè a se te tou senpleman pou yo te evite yo egzekite yo? Okontrè, sa te montre dezi yo genyen pou yo jwenn favè Bondye Izrayèl la. Jewova te apwouve Gibeyonit yo e yo te vin nan “ranmase bwa e nan bwote dlo pou asanble a ak pou lotèl Jewova a”, yo t ap bay bwa pou lotèl kote yo fè sakrifis la (Jozye 9:11-27). Gibeyonit yo te kontinye montre yo dispoze fè nenpòt ki travay nan sèvis Jewova. Sanble kèk nan yo te pami Netinim ki te kite Babilòn e ki te sèvi nan rekonstriksyon tanp lan (Ezra 2:1, 2, 43-54; 8:20). Nou ka imite atitid yo lè nou prezève lapè ak Bondye e lè nou dispoze akonpli nenpòt ki travay yo konfye nou nan sèvis Bondye.

Trezò espirityèl

it-2-F 523

Pann moun sou poto

Dapre lwa Jewova te bay pèp Izrayèl la, gen kèk kriminèl yo te dwe pann sou yon poto apre yo fin mouri, antanke “moun ki gen malediksyon Bondye,” yo te mete yo nan yon espas piblik kòm avètisman pou lòt moun. Yo te dwe desann kadav la sot sou poto a anvan solèy la kouche e yo te dwe antere l, piske si yo te kite l sou poto a pandan tout nuit lan, sa t ap kontamine peyi Bondye te bay Izrayelit yo (Dt 21:22, 23). Izrayelit yo te suiv règ sa a menmsi moun yo te egzekite a pa t yon Izrayelit. — Joz 8:29; 10:26, 27.

11-17 OKTÒB

TREZÒ KI NAN PAWÒL BONDYE A | JOZYE 10-11

“Jewova batay pou pèp Izrayèl la”

it-1-F 48

Adonisedèk

Yon wa Jerizalèm nan epòk Izrayelit yo te pran Peyi Bondye te pwomèt la. Adonisedèk te mete ansanm ak lòt ti wayòm ki nan Lwès Jouden an pou yo te ranfòse efò y ap fè pou yo bloke lame Jozye a (Joz 9:1-3). Sepandan, Ivit ki abite Gabawon yo te fè lapè ak Jozye. Nan objektif pou anpeche lòt gwoup al jwenn kan ènmi an, lame Adonisedèk la te met ansanm ak kat lòt wa Amorit, e li te ansèkle Gabawon e yo te fè lagè avè l. Jozye te sove moun Gabawon yo yon fason remakab e l te pot laviktwa sou lame ki te met ansanm yo, sa ki te fè senk wa yo kouri al Makeda, kote yo te pran nan pyèj nan yon gwòt. Se Jozye li menm ki te touye Adonisedèk ak kat lòt wa yo devan lame yo, e li pann yo sou poto. Finalman yo te jete kò yo nan gwòt la, ki te vin tounen tonm yo. — Joz 10:1-27.

it-1-F 1028

Lagrèl

Lè Jewova itilize lagrèl. Lagrèl se youn nan fòs Jewova te konn itilize pafwa, pou akonpli pawòl li epi pou montre gwo pouvwa l genyen (Sm 148:1, 8; Eza 30:30). Premye fwa yo rapòte sa, se te nan setyèm flewo ki te tonbe sou peyi Ejip tan lontan an, gwo grenn lagrèl te depatcha tout plant ak tout pyebwa, e l te touye ni moun ni bèt ki te rete deyò men li pa t tonbe Gochenn kote Izrayelit yo t ap viv la (Eg 9:18-26; Sm 78:47, 48; 105:32, 33). Annapre, lè Izrayelit yo te nan Peyi Bondye te pwomèt la, anba direksyon Jozye, yo t al pote moun Gabawon yo sekou lè senk wa Amorit yo te mete ansanm pou atake yo, Jewova te itilize gwo grenn lagrèl kont Amorit yo. Nan okazyon sa a, te gen plis moun ki te mouri akoz gwo grenn lagrèl yo pase moun ki te mouri nan batay la. — Joz 10:3-7, 11.

w05 1/1 30 § 1

Pwen enteresan nou jwenn nan liv Jozye a

10:13 — Ki jan yon fenomèn konsa fè posib? “Èske gen yon bagay ki twò estrawòdinè pou Jewova”, Kreyatè syèl la ak tè a (Jenèz 18:14)? Si l vle, li ka aji sou mouvman tè a ap fè dekwa pou solèy la ak lalin nan parèt fiks pou yon moun ki kanpe sou tè a k ap obsève. Oubyen tou, li ka kite tè a ak lalin nan kontinye kous yo e li fè reyon solèy la ak reyon lalin nan refrakte, sa vle di chanje direksyon, dekwa pou limyè ki soti ladan yo ka kontinye klere. Kèlkeswa sa k te pase a, “pa t gen jou ki te tankou jou sa a” nan istwa lèzòm. — Jozye 10:14.

Trezò espirityèl

w09 15/3 32 § 5

Kesyon lektè yo poze

Lefètke yo pale de yon seri liv nan Bib la e lefètke liv sa yo te sèvi kòm sous pou ekriven yo, sa pa ta dwe fè nou panse liv sa yo te enspire. Sepandan, Jewova Dye te prezève tout liv ki gen “pawòl” li ladan yo, e liv sa yo ap “la pou toutan”. (Iza. 40:8.) Wi, sa Jewova te chwazi mete nan 66 liv ki nan Bib la se egzakteman sa nou bezwen pou nou ‘kalifye nèt, pou nou ekipe totalman pou tout zèv ki bon’. — 2 Tim. 3:16, 17, NW.

18-24 OKTÒB

TREZÒ KI NAN PAWÒL BONDYE A | JOZYE 12-14

“Suiv Jewova ak tout kè w”

w05 1/1 32 § 1

Pwen enteresan nou jwenn nan liv Jozye a

14:10-13. Kwak Kalèb te gen 85 an, li te mande yon asiyasyon ki difisil, li te mande pou l al chase moun ki t ap viv nan rejyon Ebwòn yo. Moun ki t ap viv nan zòn sa a se te Anakim yo, yon seri gwo potorik gason ki pa t gen tankou yo. Avèk èd Jewova, gèrye eksperimante sa a te reyisi, e Ebwòn te tou vin tounen yon vil refij (Jozye 15:13-19; 21:11-13). Egzanp Kalèb montre nou pa fèt pou nou kouri pou asiyasyon teyokratik ki difisil.

w06 1/10 20 § 11

Yo te gen kouraj grasa lafwa ak lakrentif pou Bondye

11 Yon lafwa konsa pa sispann grandi. L ap grandi toutotan n ap viv laverite, toutotan n ap “goute” byenfè yo, toutotan n ap “wè” repons priyè nou yo e toutotan n ap santi direksyon Jewova nan lavi nou (Sòm 34:8; 1 Jan 5:14, 15). Nou kapab sèten lafwa Jozye ak Kalèb te vin pi fò ofiramezi yo t ap goute byenveyans Bondye (Jozye 23:14). Konsidere pwen sa yo: yo te rete vivan pandan 40 an Izrayelit yo te fè ap monte desann nan dezè a, jan Bondye te pwomèt yo sa (Nonb 14:27-30; 32:11, 12). Yo te jwe yon wòl aktif pandan sizan konkèt Kanaran te dire a. E anfennkont, yo te viv lontan an sante e yo chak te menm resevwa eritaj pa yo. Se pa ti rekonpanse Jewova rekonpanse moun k ap sèvi l ak lafwa ak kouraj! — Jozye 14:6, 9-14; 19:49, 50; 24:29.

Trezò espirityèl

it-1-F 1032

Gebal

Jewova te mete “peyi moun Gebal yo” pami kote Izrayelit yo pa t rive pran pandan epòk Jozye a (Joz 13:1-5). Selon kritik yo fè, se te yon kontradiksyon, piske vil Gebal te lwen nan Nò Izrayèl (anviwon 100 km nan Nò Dann) e sanble l pa t janm vin anba dominasyon Izrayelit yo. Gen kèk biblis ki panse tèks ebre a te gen yon erè nan vèsè sa a e yo konsidere lontan yo te konn li resi a konsa: “peyi ki toupre Liban an,” oswa ‘jiska fwontyè moun Gebal yo.’ Sepandan, li t ap bon tou pou n note sa Jewova te pwomèt nan Jozye 13:2-7 yo te mache ak yon kondisyon. Petèt Izrayelit yo pa t janm rive pran Gebal akoz pwòp dezobeyisans yo. — Konpare ak Joz 23:12, 13.

25-31 OKTÒB

TREZÒ KI NAN PAWÒL BONDYE A | JOZYE 15-17

“Pwoteje eritaj ou a ki gen anpil valè”

it-1-F 1101 § 2

Ebwon

Toutpandan Izrayelit yo t ap kontinye pran tèritwa nan batay yo t ap fè nan sid Kanaran, yo te dwe detwi moun ki te abite Ebwon yo tou, ansanm ak wa a (sètènman wa ki te vini apre Owam nan) ki t ap dirije yo a (Joz 10:36, 37). Sepandan, menm lè Izrayelit yo te venk lame pisan ki te nan Kanaran yo, sanble yo pa t etabli twoup militè tousuit pou yo te kenbe viktwa yo a. Se sa k fè pandan Izrayelit yo t ap fè lagè nan lòt zòn, Anakim yo te retounen vin viv Ebwon ankò, konsa li te vin nesesè pou Kalèb (oswa pitit Jida yo ki te anba direksyon Kalèb) repran vil la avèk fòs nan men yo kèk tan apre (Joz 11:21-23; 14:12-15; 15:13, 14; Jj 1:10). Okòmansman se Kalèb ki soti nan tribi Jida ki te resevwa zòn Ebwon an, men apre sa li te vin yon vil sakre, yon vil refij. Li te sèvi kòm vil pou prèt yo tou. Toutfwa, “tè ki andeyò vil la [Ebwon]” ak tout ti vil ki sou kont vil la te fè pati eritaj Kalèb ak fanmi l te resevwa yo. — Joz 14:13, 14; 20:7; 21:9-13.

it-1-F 1097

Travay kòm esklav

Se sèten itilizasyon ekspresyon “travay kòm esklav” la (ann Ebre, mas) te kouran nan tan biblik yo paske souvan yo te konn fè moun ki nan peyi yo anvayi yo tounen esklav (Dt 20:11; Joz 16:10; 17:13; Est 10:1; Eza 31:8; Lm 1:1). Antanke moun ki t ap travay kòm esklav anba sipèvizyon chèf Ejipsyen yo ki t ap maltrete yo, Izrayelit yo te dwe bati Piton ak Ramsès, de vil kote yo te fè depo (Eg 1:11-14). Apre sa, lè Izrayelit yo te fin antre nan Peyi Bondye te pwomèt la, olye yo te obeyi kòmandman Bondye te bay pou yo mete tout moun Kanaran yo deyò epi detwi yo tout, Izrayelit yo te pito fè yo travay di kòm esklav. Sa te gen move efè sou Izrayelit yo e li te lakòz yo tonbe nan adore fo dye (Joz 16:10; Jj 1:28; 2:3, 11, 12). Wa Salomon te kontinye fè desandan moun Kanaran yo, sa ki gen ladan l Amorit yo, desandan Èt yo, desandan Perizit yo, desandan Ivit yo ak desandan moun Jebis yo tounen esklav. — 1Wa 9:20, 21.

it-1-F 390 § 4

Kanaran

Byenke anpil Kananeyen pa t vin anba kontwòl Izrayelit yo e yo te reziste, nou te ka toujou di “Jewova te bay pèp Izrayèl la tout peyi li te fè sèman l ap bay zansèt yo,” li te fè yo gen “lapè toupatou nan peyi a”, e konsa “pa gen yon pwomès nan tout bèl pwomès Jewova te fè pèp Izrayèl la ki pa t reyalize. Yo tout nèt te reyalize.” ​(Joz 21:43-45). Toutotou Izrayelit yo, pèp ènmi yo t ap viv nan laperèz e yo pa t yon menas vrèman pou sekirite Izrayelit yo. Anvan sa Bondye te di li t ap chase Kananeyen yo “tikras pa tikras” yon fason pou bèt sovaj pa vin anpil yon sèl kou nan yon peyi ki pa gen moun ladan l (Eg 23:29, 30; Dt 7: 22). Malgre Kananeyen yo te gen gwo ekipman pou fè lagè, sa gen ladan l charyo pou fè lagè ki gen epe nan wou yo, nou pa ka repwoche Jewova kòmkwa li echwe nan pwomès li fè si finalman Izrayelit yo pa t reyisi pran kèk tèritwa (Joz 17:16-18; Jj 4:13). Okontrè, resi biblik yo montre si Izrayelit yo te pèdi kèk gè se te akoz enfidelite yo. — Nb 14:44, 45; Joz 7:1-12.

Trezò espirityèl

w15 15/7 32

Èske w te konnen?

Èske te gen anpil pyebwa nan Izrayèl tan lontan an jan Bib la sanble fè konn sa?

BIB la fè konnen gen kèk zòn nan Latè pwomiz ki te “gen anpil” pyebwa (1 Wa 10:27; Joz. 17:15, 18, NW). Sepandan, jodi a, lè n ap gade jan anpil kote nan peyi sa a pa gen okenn pyebwa vre, gen kèk moun ki kapab mande si se konsa sa te ye vre.

Gen yon liv ki fè konnen “nan Izrayèl tan lontan an te gen plis rak bwa lontan pase jan sa ye jodi a”. (Life in Biblical Israel.) Bwapen Alèp (Pinus halepensis), pye sapen (Quercus calliprinos) ak terebent (Pistacia palaestin) se plant natirèl sa yo sitou ki te konn pouse sou tèt mòn yo. Nan zòn ki rele Chefela a, zòn kote pye mòn ki twouve yo ant gwoup mòn prensipal la ak kot lanmè Meditèrane a ye a, te chaje ak pye fig sikomò tou (Ficus sycomorus).

Gen yon liv ki fè konnen kounye a gen kèk kote ann Izrayèl ki pa gen okenn pyebwa ditou (Plants of the Bible). Ki sa k lakòz sa? Pou liv la esplike jan sa rive fèt tikras pa tikras, li di: “Lèzòm pa janm sispann aji sou vejetasyon natirèl yo sitou pou yo jwenn plis espas pou yo fè elvaj bèt ak kote pou bèt manje, men tou, pou yo jwenn materyèl pou fè konstriksyon ak chabon pou yo fè dife.”

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje