BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • mwbr21 novanm p. 1-9
  • Referans pou Pwogram reyinyon Lavi nou ak travay nou fè a

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Referans pou Pwogram reyinyon Lavi nou ak travay nou fè a
  • Referans pou Pwogram reyinyon Lavi nou ak travay nou fè — 2021
  • Soutit
  • 1-7 NOVANM
  • 8-14 NOVANM
  • 15-21 NOVANM
  • 22-28 NOVANM
  • 29 NOVANM–5 DESANM
  • 6-12 DESANM
  • 13-19 DESANM
  • 20-26 DESANM
  • 27 DESANM–2 JANVYE
Referans pou Pwogram reyinyon Lavi nou ak travay nou fè — 2021
mwbr21 novanm p. 1-9

Referans pou Pwogram reyinyon Lavi nou ak travay nou fè a

1-7 NOVANM

TREZÒ KI NAN PAWÒL BONDYE A | JOZYE 18-19

“Fason Jewova te separe peyi a avèk sajès”

it-1-F 933 § 5

Fwontyè, Limit

Sanble fason yo te separe tè yo ant tribi yo te fèt sou baz de bagay: rezilta tiraj osò a ak gwosè tribi a. Tiraj osò a te ka fè konnen sèlman kote eritaj chak tribi ta dwe ye, konsa yo chwazi yon eritaj nan yon zòn oswa yon lòt nan peyi a, tankou nan nò oswa nan sid, lès oswa lwès, ansanm ak pati ki gen plèn k ap sou kot la, oswa nan zòn ki gen mòn. Se nan Jewova desizyon tiraj osò a te soti, sa ki t ap anpeche gen jalouzi oswa diskisyon pami tribi yo (Pw 16:33). Nan fason sa a, Bondye t ap dirije bagay yo tou yon fason pou sitiyasyon chak tribi te ka ann amoni ak pwofesi Bondye te enspire patriyach Jakòb bay pandan l te sou kabann li lè l t apral mouri, pwofesi nou jwenn nan Jenèz 49:1-33.

it-1-F 1107 § 6

Eritaj

Tè fanmi yo te genyen. Se Jewova ki te bay pitit Izrayèl yo pòsyon tè pa yo, li menm ki te trase limit tè yo bay Moyiz (Nb 34:1-12; Joz 1:4). Moyiz te bay desandan Gad yo, desandan Ribenn yo ak moun ki nan demi tribi Manase a tèritwa pa yo (Nb 32:33; Joz 14:3). Rès tribi yo te resevwa eritaj pa yo pa mwayen tiraj osò anba direksyon Jozye ak Eleyaza (Joz 14:1, 2). Ann amoni ak pwofesi Jakòb te bay nan Jenèz 49:5, 7 la, Simeyon ak Levi pa t jwenn yon tèritwa apa kòm eritaj. Tèritwa moun nan tribi Simeyon an te gen ladan l tè (ansanm ak vil ki anndan) nan tèritwa moun Jida yo (Joz 19:1-9), tandiske yo te bay moun nan tribi Levi yo 48 vil toupatou nan tèritwa Izrayèl la. Piske Jewova te chwazi Levit yo pou yon sèvis espesyal nan tant reyinyon an, Jewova te di se li ki eritaj yo. Yo te resevwa yon dizyèm kòm pòsyon pa yo oswa kòm eritaj pou sèvis yo (Nb 18:20, 21; 35:6, 7). Fanmi yo te jwenn tè nan tèritwa tribi yo a. Ofiramezi fanmi yo t ap ogmante e pitit gason yo t ap jwenn eritaj nan men papa yo, peyi a t ap separe tikras pa tikras an pòsyon ki pi piti.

it-1-F 933 § 6

Fwontyè, Limit

Apre tiraj osò a te fin detèmine pozisyon chak tribi, li t ap nesesè pou yo detèmine gwosè tèritwa ki t ap pou tribi sa a sou baz dezyèm bagay la: gwosè tribi a. “Nou dwe fè tiraj osò pou nou separe peyi a bay fanmi nou yo kòm eritaj. Nou dwe ogmante eritaj gwoup ki gen anpil moun yo e nou dwe diminye eritaj gwoup ki pa gen anpil moun yo. Chak moun ap jwenn eritaj pa l kote pòsyon pa l la tonbe a.” ​(Nb 33:54). Sa tiraj osò a te fin deside konsènan pozisyon chak tribi a se li yo t ap kenbe, men yo te kapab fè kèk ajisteman sou gwosè eritaj la. Se sa k fè, lè yo te wè tèritwa tribi Jida a te twòp pou yo, yo te redui sou eritaj yo a, e yo te bay tribi Simeyon an kèk pati ladan l. — Joz 19:9.

Trezò espirityèl

it-1-F 934 § 1

Fwontyè, Limit

Istwa konsènan separasyon tèritwa a nan lwès Jouden an montre toudabò pòsyon pa fanmi Jida a (Joz 15:1-63), Jozèf (Efrayim) (Joz 16:1-10), epi demi tribi Manase a ki t al viv nan lwès Jouden an (Joz 17:1-13) te delimite an premye, pandan yo t ap fikse limit fwontyè yo ak vil yo. Apre sa, sanble yo te fè yon ti kanpe sou separasyon peyi a, piske kan Izrayèl la te deplase sot Gilgal al Silo (Joz 14:6; 18:1). Yo pa di konbyen tan sa te pran, men finalman Jozye te reprimande sèt lòt tribi yo pou atitid pouryanis yo te montre yo genyen lè pou yo te pran rès peyi a (Joz 18:2,3). Yo bay plizyè esplikasyon konsènan rezon ki fè sèt tribi yo te gen atitid sa a. Kèk kòmantatè fè konnen, petèt kantite bagay yo te jwenn lè yo te anvayi peyi a, e libète yo te panse yo te genyen an te fè yo santi moun Kanaran yo pa t vrèman reprezante yon danje pou yo ankò, konsa yo pa t wè ijans pou yo pran rès pati tèritwa a. Petèt laperèz yo te genyen pou y al afwonte yon seri gwo ènmi te ka esplike rezon ki fè yo te pran tout tan sa a (Joz 13:1-7). Anplis de sa, yo te ka panse pati sa a nan Peyi Bondye te pwomèt la te ka pi piti lontan parapò ak sa ki te deja separe yo.

8-14 NOVANM

TREZÒ KI NAN PAWÒL BONDYE A | JOZYE 20-22

“Leson nou ka aprann nan yon malantandi”

w06-F 15/4 5 § 3

Bonjan konsèy pou w byen kominike ak konjwen w

Yon kominikasyon ki fran ka ede n evite mal konprann ak move entèpretasyon. Byen bonè nan istwa Izrayelit yo, tribi Ribenn nan, tribi Gad la ansanm ak demi tribi Manase a ki te abite nan lès Rivyè Jouden an te bati yon “kokennchenn lotèl” toupre Rivyè Jouden an. Lòt tribi yo te mal konprann aksyon yo a. Yo te panse frè yo ki te pa lòtbò Jouden an te komèt apostazi, tribi ki te nan lwès yo te prepare yo pou y al fè lagè ak “rebèl yo.” Sepandan, anvan yo soti pou y al fè lagè a, yo te voye yon delegasyon pou al pale ak tribi ki nan lès yo. Ala yon bèl desizyon! Yo te vin konprann lotèl la pa t la pou yo te boule ofrann oswa pou yo te fè sakrifis Bondye pa t apwouve. Olye de sa, tribi ki te nan lès yo te pè pou alavni lòt tribi yo pa t di yo pawòl sa yo: “Nou pa gen okenn rapò ak Jewova.” Lotèl la t ap sèvi kòm temwen pou montre yo menm tou yo se adoratè Jewova (Jozye 22:10-29). Yo te rele lotèl la Temwen, petèt paske yo te vle montre pou yo Jewova se vrè Dye a. — Jozye 22:34, nòt.

w08 15/11 18 § 5

“Annou pousuiv bagay ki favorize lapè”

Petèt gen kèk Izrayelit ki te santi te gen ase prèv ki montre tribi sa yo te fè yon bagay ki mal e si yo te atake yo san yo pa avèti yo, mwens moun t ap mouri. Men, olye tribi yo ki te nan zòn lwès Jouden an te kouri aji, yo te delege kèk moun pou y al diskite pwoblèm nan ak frè yo. Men sa yo te di: “Ki bagay lèd sa a nou fè konsa kont Bondye pèp Izrayèl la? Poukisa jòdi a nou vire do bay Seyè a?” Anfèt, tribi sa yo ki te bati lotèl la pa t enfidèl. Men, kòman yo t apral reyaji devan yon akizasyon konsa? Èske yo t apral pale di ak moun ki te vin akize yo a oubyen èske yo t ap refize pale ak yo? Tribi yo te akize yo te reponn avèk dousè, yo te fè konnen byen klè se dezi yo te genyen pou yo sèvi Jewova ki te pouse yo bati lotèl la. Repons dous yo te bay la te prezève relasyon yo te genyen avèk Bondye e li te sove lavi yo. Lefètke yo te pale yon fason kalm, sa te rezoud pwoblèm nan e sa te fè gen lapè ankò. — Joz. 22:13-34.

Trezò espirityèl

it-1-F 390 § 4

Kanaran

Byenke anpil Kananeyen pa t vin anba kontwòl Izrayelit yo e yo te reziste, nou te ka toujou di “Jewova te bay pèp Izrayèl la tout peyi li te fè sèman l ap bay zansèt yo,” li te fè yo gen “lapè toupatou nan peyi a”, e konsa “pa gen yon pwomès nan tout bèl pwomès Jewova te fè pèp Izrayèl la ki pa t reyalize. Yo tout nèt te reyalize.” ​(Joz 21:43-45). Toutotou Izrayelit yo, pèp ènmi yo t ap viv nan laperèz e yo pa t yon menas vrèman pou sekirite Izrayelit yo. Anvan sa, Bondye te di li t ap chase Kananeyen yo “tikras pa tikras” yon fason pou bèt sovaj pa vin anpil yon sèl kou nan yon peyi ki pa gen moun ladan l (Eg 23:29, 30; Dt 7: 22). Malgre Kananeyen yo te gen gwo ekipman pou fè lagè, sa gen ladan l charyo pou fè lagè ki gen epe nan wou yo, nou pa ka repwoche Jewova kòmkwa li echwe nan pwomès li fè si finalman Izrayelit yo pa t reyisi pran kèk tèritwa (Joz 17:16-18; Jj 4: 13). Okontrè, resi biblik yo montre si Izrayelit yo te pèdi kèk gè se te akoz enfidelite yo. — Nb 14:44, 45; Joz 7:1-12.

15-21 NOVANM

TREZÒ KI NAN PAWÒL BONDYE A | JOZYE 23-24

“Dènye pawòl Jozye te di nasyon an”

it-1-F 82

Alyans

Sitiyasyon an te diferan lè nasyon Izrayèl la te rantre Kanaran, Peyi Bondye pwomèt la. Bondye Toupisan an te bay Izrayèl tout dwa sou peyi a yon fason pou l akonpli pwomès li te fè zansèt yo. Donk, yo pa t antre nan peyi a kòm rezidan etranje, e Jewova te entèdi yo fè alyans ak lòt nasyon payen ki te nan peyi a (Egz 23:31-33; 34:11-16). Se sèlman lwa Bondye yo ak kòmandman l yo yo te dwe obeyi, yo pa t dwe obeyi lwa nasyon yo t apral mete deyò yo (Le 18:3, 4; 20:22-24). Yo te ba yo avètisman byen klè pou yo pa fè alyans ak nasyon sa yo lè yo marye avèk yo. Kalite alyans sa yo t ap fè yo gen relasyon entim ak medam payen yo, men tou ak fanmi yo, ak pratik fo relijyon yo ak koutim yo, e sa t ap lage yo nan apostazi ak nan yon pyèj. — Dt 7:2-4; Egz 34:16; Joz 23:12, 13.

w07 1/11 26 § 19-20

Pawòl Jewova pa janm echwe

19 Pa gen dout nan sa, selon sa nou wè ak pwòp je nou, nou kapab di: “Pa gen yon pawòl nan tout bon pawòl Jewova Bondye nou an di nou ki echwe. Yo tout reyalize pou nou. Pa gen yon sèl pawòl nan yo ki echwe.” ​(Jozye 23:14). Jewova delivre sèvitè l yo, li pwoteje yo e li pran swen yo. Èske w ka site menm youn nan pwomès li te fè yo ki pa reyalize nan moman li te dwe reyalize a? Sa enposib. Donk, lè nou mete konfyans nou nan Pawòl Bondye a, yon Pawòl ki pap echwe, nou montre nou se moun ki saj.

20 Ki pwomès Pawòl Bondye a fè nou pou lavni? Jewova di nou pifò nan nou kapab espere viv sou tè a k ap tounen yon bèl paradi, e gen yon ti kantite moun ki gen esperans pou y al dirije avèk Kris nan syèl la. Kèlkeswa esperans nou, nou gen tout rezon pou nou rete fidèl menm jan ak Jozye. Jou a ap rive pou esperans nou reyalize. Lè sa a, n ap sonje tout pwomès Jewova te fè nou yo e nou menm tou n ap di: “Yo tout reyalize.”

Trezò espirityèl

w05 1/1 31 § 9

Pwen enteresan nou jwenn nan liv Jozye a

24:2 — Èske Tera, papa Abraram, se te yon adoratè zidòl? Okòmansman, Tera pa t ap sèvi Jewova Dye. Sanble li te konn adore dye lalin ki rele Sin nan, yon dye ki te popilè anpil nan vil Ou. Selon tradisyon juif la, sanble Tera te menm konn fè zidòl. Sepandan, lè Abraram obeyi kòmandman Bondye ba li pou l kite vil Ou, Tera te akonpaye l al Aràn. — Jenèz 11:31.

22-28 NOVANM

TREZÒ KI NAN PAWÒL BONDYE A | JIJ 1-3

“Yon gason ki te gen kouraj e ki te gen anpil taktik”

w04-F 15/3 31 § 3

Ewoud kraze jouk moun ki t ap toupizi pèp la

Se pa paske Ewoud te entèljian oubyen ènmi li yo pa t gen kapasite ki fè li te pote laviktwa. Reyalizasyon objektif Bondye yo pa depann de lèzòm. Prensipal rezon ki fè Ewoud te pote laviktwa se grasa èd Bondye te ba li paske li te aji ann amoni ak volonte Bondye pou li libere pèp li a. Jewova te chwazi Ewoud, “e lè Jewova te ba [pèp li a] yon jij, Jewova te avèk jij la.” — Jij 2:18; 3:15.

w04-F 15/3 30 § 1-3

Ewoud kraze jouk moun ki t ap toupizi pèp la

Premye bagay Ewoud te dwe fè se “fè yon epe”. Yon epe ki file de bò ki te kout nan mezi pou l te ka kache l anba rad li. Li konnen petèt yo te ka fouye l. An jeneral, se sou bò goch moun yo te abitye mete epe yo, konsa moun ki pi abil ak men dwat yo te ka rale epe a byen rapid. Lefètke Ewoud te goche, li te kache zam li an “sou kuis dwat li pa anba rad li,” e sanble se yon kote moun k ap bay wa a sekirite yo pa t ap verifye. Apre sa, san pèdi tan, “li pote taks la bay Eglon, wa peyi Mowab la.” — Jij 3:16, 17.

Yo pa bay detay sou sa k te pase anvan sa nan lakou Eglon an. Bib la di tousenpleman: “Apre Ewoud fin ba l taks la, li fè moun ki te pote taks la ansanm avèk li yo ale e li menm tou li ale.” ​(Jij 3:18). Lè Ewoud fin bay taks la, li akonpaye moun ki te pote taks la rive nan yon distans kote yo an sekirite parapò ak kay Eglon an, li fè yo ale epi li menm li retounen. Pou ki rezon? Èske l te ale avèk yo kòm pwoteksyon, akoz kèk prensip, oswa sèlman paske se yo menm ki konn pote taks yo? Epi, èske li te vle yo soti nan zòn nan anvan li egzekite plan li te genyen an? Kèlkeswa entansyon li te genyen an, avèk kouraj, Ewoud te retounen ankò poukont li.

“Li rive bò zidòl ki Gilgal yo, epi li di: ‘Mwen gen yon mesaj sekrè pou ou, o monwa.’” Bib la pa di ki jan l te fè pou l reparèt devan Eglon ankò. Èske gad yo pa ta dwe sispèk li? Èske yo te panse yon sèl Izrayelit pa t yon menas pou mèt yo a? Èske lefètke li te vini poukont li sa te bay enpresyon li t ap trayi moun peyi l yo? Antouka, Ewoud t ap chèche yon okazyon pou l te ansanm ak wa a poukont li, e l te jwenn li. — Jij 3:1.

Trezò espirityèl

w05-F 15/1 24 § 7

Pwen enteresan ki nan liv Jij la

2:10-12. Nou dwe gen yon pwogram etid Labib ki regilye yon fason pou n ‘pa bliye tout sa Jewova fè yo.’ ​(Sòm 103:2). Paran yo dwe fè verite ki nan Pawòl Bondye a antre nan kè pitit yo. — Detewonòm 6:6-9.

29 NOVANM–5 DESANM

TREZÒ KI NAN PAWÒL BONDYE A | JIJ 4-5

“Jewova sèvi ak de fi pou delivre pèp li a”

w15 1/8 13 § 1

“Mwen te vin tankou yon manman pou pèp Izrayèl la”

Sisera! Non mesye sa a sèlman lakòz moun pè e li fè yo panike nan peyi Izrayèl. Kananeyen yo te gen yon relijyon ak yon kilti ki sovaj. Yo te konn sakrifye timoun piti e yo te konn fè pwostitisyon nan tanp yo. Ki jan peyi a te ye lè se yon jeneral kananeyen ansanm ak lame l ki t ap domine sou li? Chante Debora te fè a montre li te prèske enposib pou moun vwayaje nan peyi a, epi yo pa t viv nan vil yo ankò (Jij 5:6, 7). Nou ka imajine moun yo ki do ba nan bwa yo ak nan mòn yo, yo pè fè jaden oubyen yo pè al viv nan vil ki pa gen miray, yo pè vwayaje sou gran wout paske y ap atake yo, y ap pran pitit yo e y ap vyole medam yo.

w15 1/8 13 § 2

“Mwen te vin tankou yon manman pou pèp Izrayèl la”

Laperèz te blayi sou peyi a pandan 20 an jiskaske Jewova te gen prèv pèp li a ki rebèl te pare pou l chanje, oubyen jan Debora ak Barak te di nan chante Bondye te enspire yo fè a: “Jiskaske mwen menm, Debora, mwen te parèt, e jiskaske mwen te vin tankou yon manman pou pèp Izrayèl la.” Nou pa konnen si Debora, ki te madanm yon mesye ki rele Lapidòt, te yon manman nan yon sans literal, men, yo itilize mo sa a nan yon sans senbolik. Annefè, Jewova te bay Debora asiyasyon pou l pwoteje nasyon an menm jan ak yon manman. Jewova te ba l misyon pou l voye chèche jij Barak, yon mesye ki gen yon lafwa ki solid e pou l dirije mesye sa a pou l leve kont Sisera. — Jij 4:3, 6, 7; 5:7, NW.

w15 1/8 15 § 2

“Mwen te vin tankou yon manman pou pèp Izrayèl la”

Jayèl te dwe reflechi vit. Li bay Sisera yon kote pou l repoze. Sisera te ba l lòd pou l pa kite okenn gason ki gendwa ap chèche l konnen l la. Lè Sisera kouche, Jayèl kouvri l, e lè Sisera mande l dlo, li ba l yon lèt ki fè krèm. Sa pa t pran tan pou Sisera tonbe nan yon pwofon somèy. Lè sa a, Jayèl pran yon pikèt tant ak yon mato, de zouti medam ki t ap viv nan tant yo te konn byen itilize. Li bese toupre tèt Sisera. Bon, li anfas yon gwo desizyon ki se aji antanke moun k ap egzekite jijman Jewova. Menm yon ti dout oubyen yon ti ezitasyon te ka lakòz gwo dezas. Èske l te panse ak pèp Bondye a, ak fason mesye sa a te maltrete yo pandan plizyè dizèn ane? Oubyen èske l te reflechi ak privilèj li genyen pou l pran pozisyon pou Jewova? Istwa a pa di anyen sou sa. Sèl sa n konnen li te aji byen vit. Li te touye Sisera! — Jij 4:18-21; 5:24-27.

Trezò espirityèl

w05-F 15/1 25 § 5

Pwen enteresan ki nan liv Jij la

5:20 — Nan ki sans zetwal ki nan syèl la te goumen pou Barak? Bib la pa di si se te pa mwayen zanj yo, oswa meteyorit ki te parèt mesye ki te saj Sisera te genyen yo te mal entèprete, oubyen tou si se prediksyon astwolojik yo te fè pou Sisera yo ki pa t reyalize. Men sa ki sèten, yon fason oubyen yon lòt, Bondye te aji.

6-12 DESANM

TREZÒ KI NAN PAWÒL BONDYE A | JIJ 6-7

“Ale ak fòs ou genyen an”

w02-F 15/2 6-7

Prensip Bondye yo bon pou nou

Jedeyon, yon jij Ebre nan tan lontan an, te gen yon pwennvi ekilibre sou tèt li ak sou valè li te genyen. Li pa t ap chèche vin chèf sou Izrayèl. Okontrè, lè yo te chwazi l pou l ranpli wòl sa a, Jedeyon te fè konnen li pa yon moun ki enpòtan. Li te esplike: “Nan tribi Manase a se fanmi m ki gen mwens enpòtans, e se mwen ki gen mwens enpòtans lakay papa m”. — Jij 6:12-16

w05-F 15/7 16 § 3

“Epe Jewova a ak epe Jedeyon an!”

Kounye a, se pa ti kè kase ki anvayi moun Madyan yo! Bridsoukou, trankilite yo te genyen an te vole ale lè 300 mesye ki te avèk Jedeyon yo te pran kraze 300 krich yo, pandan yo t ap sonnen 300 kòn yo te genyen yo. Lè moun Madyan yo te tande kri “epe Jewova a ak epe Jedeyon an!”, yo vin panike e yo te pran rele. Akoz gwo konfizyon sa a, li te vin enposib pou yo distenge kiyès ki patizan yo toutbon. Tout 300 sòlda Jedeyon yo te ret kanpe nan pozisyon yo te mete yo a pandan Bondye t ap fè ènmi yo kòmanse touye youn lòt ak pwòp zam yo ankò. Yo te kraze kan moun Madyan yo, pa t gen okenn mwayen pou yo chape ankò, apre sa, yo fè yon dènye gwo efò pou yo pousuiv yo jiskaske moun Madyan yo pa t yon menas pou yo ankò. Se konsa, dominasyon sa a ki te dire anpil tan e ki te lakòz anpil moun mouri te rive nan bout li. — Jij 7:19-25; 8:10-12, 28.

Trezò espirityèl

w05-F 15/1 26 § 6

Pwen enteresan ki nan liv Jij la

6:25-27. Jedeyon te pran prekosyon pou l pa t fè opozan l yo fache pou granmesi. Lè n ap preche bon nouvèl la, nou dwe veye sou fason n ap pale pou n pa fè moun yo fache san rezon.

13-19 DESANM

TREZÒ KI NAN PAWÒL BONDYE A | JIJ 8-9

“Imilite pi bon pase ògèy”

w00-F 15/8 25 § 3

Ki fason w regle pwoblèm yo?

Pandan Jedeyon te byen fon nan gè ak Madyan, li te mande moun tribi Efrayim yo èd. Sepandan, lè batay la te fini, moun tribi Efrayim yo vin kot Jedeyon yo t ap repwoche l paske li pa t rele yo depi nan kòmansman batay la. Istwa a fè konnen “yo t al chèche fè kont ak Jedeyon.” Kòm repons Jedeyon di yo: “Ki sa m fè ki ka parèt devan sa nou fè? Èske rezen ki rete apre moun Efrayim yo fin rekòlte yo pa pi bon pase rekòt rezen desandan Abyezè yo fè a? Èske se pa nan men nou Bondye te lage Orèb ak Zeyèb, prens Madyan yo? Mwen pa fè anyen ki ka parèt devan sa nou fè yo”. (Jij 8:1-3.) Avèk pawòl sa yo ki te byen chwazi, ki te kalm, Jedeyon te evite sa ki te ka pwovoke yon gwo gè ant tribi yo. Moun nan tribi Efrayim yo te petèt twò kwè nan tèt yo e yo te gen ògèy. Sepandan, sa pa t anpeche Jedeyon travay pou gen lapè. Èske nou ka fè menm jan an?

w17.01 20 § 15

Rezon ki fè li toujou bon pou n konn limit nou

15 Jedeyon se yon bèl egzanp antanke moun ki te konn limit li. Lè yon zanj Jewova te parèt devan Jedeyon pou premye fwa, byen vit, Jedeyon te rekonèt li pa t sot nan gran fanmi e li pa t fè anyen ki estrawòdinè (Jij 6:15). Apre Jedeyon te fin aksepte asiyasyon Jewova te ba l la, li te asire l li byen konprann sa yo te mande l fè a, e l te chèche direksyon nan men Jewova (Jij 6:36-40). Jedeyon te gen kran ak kouraj. Aktout sa, li te aji ak prekosyon e l te pridan (Jij 6:11, 27). Li pa t pwofite responsablite Bondye te ba l la pou l chèche vin yon moun enpòtan. Okontrè, kou sa te posib, li te kontan retounen nan plas li. — Jij 8:22, 23, 29.

w08 15/2 9 § 9

Annou mache nan chemen Jewova yo

9 Pou nou zanmi Bondye, nou dwe “gen imilite”. (1 Pyè 3:8; Sòm 138:6.) Nan Jij chapit 9, yo montre nou enpòtans imilite genyen. Yotam, pitit Gideyòn, te di pawòl sa yo: “Yon jou, pyebwa yo te ale pou yo wenn yon wa sou tèt yo.” Li te pale de pye oliv, pye fig frans ak pye rezen. Yo te reprezante moun ki diy de konfyans ki pa t chèche dirije lòt Izrayelit parèy yo. Men, ti pye pikan an, ki sèvi sèlman pou moun fè dife, te reprezante wayote Abimelèk, yon nonm ògeye, yon asasen ki te vle domine sou lòt moun. Byenke li ‘te aji kòm prens sou Izrayèl pandan twazan’, li te mouri anvan lè l (Jij 9:8-15, 22, 50-54). Èske l pa pi bon lontan pou nou “gen imilite”?

Trezò espirityèl

it-1-F 784 § 5

Efòd, I

Byenke Jedeyon te gen bon entansyon pou l selebre viktwa Jewova te bay Izrayèl la e pou l onore Bondye, efòd la “te tounen yon pyèj pou Jedeyon ak moun lakay li,” paske Izrayelit yo te komèt imoralite nan domèn espirityèl lè yo te adore efòd la (Jj 8:27). Sepandan, Labib pa di Jedeyon te adore efòd la; okontrè apòt Pòl site non l byen klè pami ‘gwo nyaj’ Temwen Jewova fidèl ki te viv nan peryòd anvan Kris la. — Eb 11:32; 12:1.

20-26 DESANM

TREZÒ KI NAN PAWÒL BONDYE A | JIJ 10-12

“Jefte te yon gason ki kite lespri Bondye gide l”

w16.04 7 § 9

N ap jwenn favè Bondye si nou fidèl

9 Petèt, egzanp Jozèf te ede Jefte. Jefte dwe te aprann kòman Jozèf te demontre mizèrikòd anvè frè l yo menm lè yo te rayi l (Jenèz 37:4; 45:4, 5). Sandout, lè Jefte te reflechi ak egzanp sa a, sa te ede l aji yon fason ki fè Jewova plezi. Sa frè l yo te fè a te vrèman blese santiman l. Men, se pa t santiman Jefte yo ki te pi enpòtan pou li, sa k te pi enpòtan pou li a se te goumen pou non Jewova e pou pèp Jewova a (Jij 11:9). Li te detèmine pou l ret fidèl ak Jewova. Fason l te aji a te fè ni li menm ni Izrayelit yo jwenn favè Jewova. — Ebre 11:32, 33.

it-2-F 1202 § 6

Jefte

Jefte, yon gason vanyan, pa t pèdi tan pou l pran latèt avèk detèminasyon. Li te voye yon mesaj bay wa Amon an, kote l te fè konnen se Amon ki te mal aji ak Izrayèl lè Amon te anvayi tèritwa yo a. Wa a reponn pou l di se tèritwa Amon Izrayèl te pran (Jj 11:12, 13). Nan istwa sa a, Jefte montre li pa jis yon moun konsa konsa, yon gèrye ki pa edike, men pito li se yon moun ki konn listwa e ki byen konnen fason Bondye boule ak pèp li a. Li demanti moun Amon yo lè l te fè yo konnen (1) Izrayèl pa t janm eksplwate ni moun Amon yo, ni moun Mowab yo, ni moun Edòm yo (Jj 11:14-18; Dt 2:9, 19, 37; 2Kw 20:10, 11); (2) Tèritwa ki nan diskisyon an pa t janm pou Amon nan moman Izrayèl t ap pran tèritwa yo paske se nan men Amorit ki t ap viv Kanaran yo tèritwa a te ye, e Bondye te lage wa yo a, Siyon, ansanm ak tèritwa l la nan men Izrayèl; (3) pandan 300 dènye ane ki pase yo Amon pa t diskite konsènan okipasyon Izrayèl la; donk, sou ki baz yo te ka fè sa kounye a? — Jj 11:19-27.

it-2-F 1202 § 7

Jefte

Jefte t al nan kè pwoblèm nan lè l te montre pwoblèm nan gen rapò ak adorasyon. Li te di Jewova te bay Izrayèl tèritwa a e se pou rezon sa a, yo pa t ap bay adoratè fo dye yo menm yon yota ladan l. Li te pale de Kemòch antanke dye moun Amon yo. Gen kèk moun ki te panse se te yon erè. Men, aktout Milkòm se te dye moun Amon yo, epi Kemòch li menm se te dye moun Mowab yo, nasyon sa yo te adore anpil dye. Salomon te fè yon gwo erè lè l te mennen adorasyon Kemòch ann Izrayèl akoz madanm etranje l te genyen yo (Jj 11:24; 1Wa 11:1, 7, 8, 33; 2Wa 23:13). Mete sou sa, selon kèk biblis “Kemòch” ka vle di “sila a ki fè moun soumèt la, sila a ki venk moun nan”. (Gade Gesenius’s Hebrew and Chaldee Lexicon, 1901, p. 401, se S. Tregelles ki tradui l). Petèt Jefte te pale de dye sa a paske moun Amon yo te kwè se li ki ‘te fè lòt dye yo soumèt’ oswa ‘ki venk lòt dye yo’ e ki te ba yo tèritwa yo.

Trezò espirityèl

it-2-F 1201

Jefte

Jefte yon pitit gason lejitim. Manman Jefte se te “yon pwostitye”. Sepandan, sa pa vle di, Jefte te fèt nan pwostitisyon oubyen li pa t yon pitit lejitim. Manman l te yon pwostitye anvan l te marye avèk Galaad antanke yon dezyèm madanm, menm jan Rahab te yon pwostitye, men pi devan li te vin marye ak Salmon (Jj 11:1; Joz 2:1; Mt 1:5). Lefètke demi frè Jefte yo ki te pitit premye madanm Galaad yo te mete Jefte deyò pou l te ka pa eritye okenn nan byen papa l yo bay prèv li pa t yon pitit ki pa lejitim (Jj 11:2). Anplis de sa, pi devan mesye nan Galaad yo te vin aksepte Jefte kòm chèf yo (sanble demi frè l yo te deja aksepte sa) (Jj 11:11). Epitou, li te ofri Bondye sakrifis nan tabènak la (Jj 11:30, 31). Okenn nan bagay sa yo pa t ap posib pou yon pitit gason ki pa pitit lejitim, paske Lalwa te fè konnen byen klè: “Yon pitit ki pa pitit lejitim pap ka antre nan rasanbleman k ap fèt pou adore Jewova yo. Pa gen youn nan desandan l yo k ap kapab antre nan rasanbleman k ap fèt pou adore Jewova yo rive menm nan dizyèm jenerasyon an.” — Dt 23:2.

27 DESANM–2 JANVYE

TREZÒ KI NAN PAWÒL BONDYE A | JIJ 13-14

“Ki sa paran yo ka aprann sou Manowa ak madanm li?”

w13 15/8 16 § 1

Paran — Anseye pitit ou depi yo toupiti

Ann konsidere egzanp Manowa, yon moun ki te soti nan tribi Dàn e ki t ap viv nan vil Zora, nan Izrayèl tan lontan an. Zanj Jewova a te fè madanm Manowa, ki pa t ka fè pitit, konnen li t apral fè yon pitit gason (Jij 13:2, 3). Pa gen dout nan sa, ni Manowa, yon moun ki te fidèl, ni madanm li te kontan anpil lè yo te tande nouvèl sa a. Sepandan, yo te enkyè anpil tou. Se sa k fè, Manowa te priye konsa: “Tanpri, Mèt mwen, fè moun Bondye ou te voye a vin bò kote nou ankò pou l ka di nou sa pou nou fè pou ti gason ki pral fèt la.” ​(Jij 13:8). Manowa ak madanm li te enkyete yo pou edikasyon pitit yo a. Pa gen dout nan sa, yo te anseye pitit gason yo a, ki te rele Samson, lwa Bondye yo, e sa klè, efò yo te fè yo te pote bon rezilta. Bib la fè konnen ‘lespri Senyè a te kòmanse travay nan Samson’. Kòm rezilta, antanke jij nan peyi Izrayèl, Samson te fè anpil gwo aksyon. — Jij 13:25; 14:5, 6; 15:14, 15.

w05-F 15/3 25-26

Samson pote laviktwa grasa fòs Jewova!

Toutpandan Samson t ap grandi, “Jewova te kontinye beni [l].” ​(Jij 13:24). Yon jou Samson t al kot papa l ak manman l epi l te di yo: “Pandan m te Timna, je m tonbe sou yon fi ki moun Filisti. Mwen ta renmen nou fè sa n kapab pou l vin madanm mwen.” ​(Jij 14:2). Imajine jan yo te sezi! Olye pitit gason yo a te libere Izrayèl anba men moun ki t ap toupizi nasyon an, li te vle fè alyans avèk yo lè l te marye ak yon fi ki moun Filisti. Sa te kontrè ak Lwa Bondye a pou yon moun chwazi yon madanm pami moun k ap adore dye payen yo (Egzòd 34:11-16). Se sa k fè, paran l yo te mande l: “Poukisa w pa chèche yon fi pami fanmi w yo, nan pèp nou an? Èske w oblije al pran yon madanm nan mitan moun Filisti yo ki pa menm sikonsi?” Men, Samson te ensiste: “Fè sa nou kapab pou l vin madanm mwen, paske se fi pa m nan sa.” — Jij 14:3.

Trezò espirityèl

w05-F 15/3 26 § 1

Samson pote laviktwa grasa fòs Jewova!

Nan ki sans se fi ki te moun Filisti a ki “te bon” pou Samson? Gen yon ansiklopedi ki fè konnen se pa paske fi a te “bèl, byen kanpe, atiran,” men pito se paske li “t ap byen mache pou objektif final la.” ​(McClintock and Strong’s Cyclopedia). Ki objektif sa a? Jij 14:4 fè konnen “se yon mwayen [Samson] t ap chèche pou l tire revanj sou moun Filisti yo.” Se nan objektif sa a Samson te enterese nan fi a. Toutpandan Samson t ap grandi, “lespri Jewova te kòmanse pouse [l] aji”. (Jij 13:25.) Donk, se lespri Jewova ki t ap pouse Samson fè demann sa a pou yon madanm e se lespri Jewova tou ki te motive l pandan tout peryòd li te jij sou Izrayèl la. Èske Samson te jwenn opòtinite l t ap chèche a? Toudabò, ann egzamine fason Jewova te ba l asirans l ap soutni l.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje