Referans pou Pwogram reyinyon Lavi nou ak travay nou fè a
7-13 MAS
TREZÒ KI NAN PAWÒL BONDYE A | 1 SAMYÈL 12-13
“Lè yon moun pran dwa ki pa pou li sa ap mennen nan dezonè”
w00-F 1/8 13 § 17
Lè yon moun pran dwa ki pa pou li sa ap mennen nan dezonè
17 Lè n fèk gade, ta sanble Sayil te gen rezon aji konsa. Dayè, pèp Bondye a te “kwense”, yo te “nan yon sitiyasyon ki difisil anpil” epi yo t ap tranble paske yo te nan yon sitiyasyon ki dezespere (1 Samyèl 13:6, 7). Se sèten, li pa mal pou n pran inisyativ lè sikonstans yo pèmèt sa. Men sonje sa, Jewova ka li sa ki nan kè nou e li wè entansyon ki pouse nou aji (1 Samyèl 16:7). Donk, li dwe te wè kèk bagay konsènan Sayil yo pa di nan istwa ki nan Bib la. Pa egzanp, Jewova te ka wè se ògèy ki fè Sayil pa t ka tann. Petèt Sayil dwe te fache anpil paske li menm, ki se wa tout Izrayèl te dwe ret tann yon moun li wè tankou yon granmoun, yon pwofèt k ap pèdi tan! Antouka, Sayil te santi Samyèl t ap fè l pèdi tan, e l te panse sa te ba l dwa pou l fè sa l te deside a toutpandan l te dezobeyi enstriksyon byen klè l te resevwa. Ki rezilta sa te bay? Samyèl pa t felisite Sayil pou sa l te fè a. Okontrè, li te reprimande Sayil lè l te di l: “Wayòm ou an pap dire [...] paske w pa t obeyi lòd Jewova te ba w la.” (1 Samyèl 13:13, 14). Yon lòt fwa ankò, lè yon moun pran dwa ki pa pou li sa ap mennen nan dezonè.
Jewova bay obeyisans nou anpil valè
8 Istwa Bib la rapòte sou wa Sayil montre kokenn enpòtans obeyisans genyen. Okòmansman, Sayil se te yon wa ki te enb e ki te modès, li te “piti nan je pa l”. Sepandan, apre yon sèten tan, ògèy ak fo rezònman te vin kòmanse dirije desizyon l t ap pran (1 Samyèl 10:21, 22; 15:17). Yon lè, Sayil te gen pou l fè fas ak Filisten yo nan yon batay. Samyèl te di wa a pou l ret tann li vini pou l ofri Jewova sakrifis e pou l ba l lòt enstriksyon. Sepandan, Samyèl pa t vini nan lè yo t ap tann li an. E konsa, pèp la te kòmanse ale. Lè Sayil wè sa, “li ofri olokos la”. Sa pa t fè Jewova plezi ditou. Lè Samyèl rive finalman, wa a chèche defann tèt li pou dezobeyi li te dezobeyi a, li di Samyèl, kòm li te anreta, li ‘te santi l oblije’ ofri olokos la pou l te ka jwenn favè Jewova. Pou wa Sayil, ofri sakrifis la te pi enpòtan pase obeyi enstriksyon li te resevwa pou l tann Samyèl vin ofri sakrifis sa a. Men sa Samyèl di l: “Ou aji tankou moun sòt. Ou pa obsève kòmandman Jewova Bondye w la, sa l te kòmande w la.” Piske Sayil te dezobeyi Jewova, li te pèdi pozisyon l antanke wa. — 1 Samyèl 10:8; 13:5-13.
Trezò espirityèl
Annou suiv enstriksyon Jewova, Bondye ki gen lanmou an
15 Èske Izrayelit yo te panse yo te ka plis fè wa sa yo konfyans pase yo fè Jewova konfyans? Si se konsa yo te wè bagay yo, yo te vrèman ap kouri dèyè vanite! Mete sou sa, te gen risk pou yo kouri dèyè yon pakèt lòt vanite ki soti nan Satan. Moun yo t apral chwazi kòm wa yo ta kapab fè yo tonbe nan sèvi zidòl byen fasil. Moun k ap sèvi zidòl yo mete nan tèt yo yo ka fè bagay tankou wòch ak bwa plis konfyans pase yo fè Jewova konfyans, Bondye yo pa ka wè a, Bondye ki kreye tout bagay la. Jan apot Pòl te di sa, zidòl yo “pa anyen”. (1 Kor. 8:4.) Yo pa ka ni wè, ni tande, ni pale, ni fè anyen. Byenke w ka wè yo e w ka manyen yo, si w ta adore yo, an reyalite, sa t ap montre w ap kouri dèyè vanite, sa ki t ap lage w nan tchouboum. — Sòm 115:4-8.
14-20 MAS
TREZÒ KI NAN PAWÒL BONDYE A | 1 SAMYÈL 14-15
“Obeyi gen plis valè pase yon sakrifis”
Jewova bay obeyisans nou anpil valè
4 Piske se Jewova ki Kreyatè a, tout bagay materyèl nou posede deja pou li. Si se konsa, èske gen yon bagay nou ka ba li? Wi, nou ka ba li yon bagay ki gen anpil valè. Ki sa l ye? Nou ka jwenn repons lan nan egzòtasyon sa a ki di: “Montre w saj, pitit gason m, e fè kè m kontan dekwa pou m kapab reponn moun k ap pwovoke m nan.” (Pwovèb 27:11). Yon bagay nou ka bay Bondye se obeyisans nou. Byenke nou tout pa nan menm sitiyasyon e nou pa t fè menm eksperyans, men lè nou obeyisan, nou chak nou ka reponn akizasyon malveyan Satan Ledyab te fè a, lè l te di lèzòm pap rete fidèl lè yo anba eprèv. Ala yon gwo privilèj nou genyen!
it-2-F 429 § 1
Obeyisans
Pa gen anyen ki ka ranplase obeyisans, san li li enposib pou n jwenn favè Bondye. Jan Samyèl te di wa Sayil sa a: “Èske plezi Jewova pran lè moun obeyi [yon fason yo tradui mo shamaʽʹ a] sa Jewova di se menm plezi sa a li pran nan sakrifis yo boule nèt ak nan lòt kalite sakrifis? Gade! Obeyi [literalman, koute] gen plis valè pase fè sakrifis, epi koute gen plis valè pase ofri grès mal mouton.” (1 Samyèl 15:22). Lè yon moun pa obeyi, se rejte l rejte pawòl Jewova a, li demontre l pa vrèman kwè, li pa gen konfyans e l pa gen lafwa nan pawòl la ak nan Sila a ki bay li a. Donk, pa gen diferans ant moun ki pa obeyi ak moun k ap pratike divinasyon e k ap adore zidòl (1Sa 15:23; konpare ak Wm 6:16). Jis di n ap fè yon bagay pa vle di anyen si nou pa fè sa yo mande a; Lè nou pa fè sa yo mande nou fè sa montre nou manke lafwa e nou pa gen respè pou moun ki ban nou enstriksyon an (Mt 21:28-32). Moun ki jis kontante yo tande sèlman epi jis pretann yo aksepte verite ki soti nan Bondye a, men yo pa fè sa yo dwe fè yo, ap twonpe tèt yo ak fo rezònman e yo pap resevwa benediksyon (Jk 1:22-25). Pitit Bondye a te montre aklè, menm moun ki fè bagay menm jan ak sa yo te mande yo fè yo, men nan move fason an oswa ak move entansyon pa t ap janm ka antre nan Wayòm nan, men yo t ap rejte yo nèt. — Mt 7:15-23.
Trezò espirityèl
it-2-F 598
Konpasyon
Lè nou pran nan presyon pou n demontre konpasyon lè sa kontrè ak volonte Bondye, sa ka gen konsekans ki grav. Sa parèt nan sa k te rive wa Sayil la. Lè a te rive pou Bondye egzekite jijman l sou moun Amalèk yo, premye pèp ki te pwovoke Izrayelit yo apre yo te fin kite peyi Ejip. Sayil te resevwa lòd pou l pa t demontre konpasyon pou yo. Li te pran nan presyon moun li t ap dirije yo, sa te fè l pa t suiv tout enstriksyon Jewova te bay yo nèt. Se sa k fè Jewova te rejte Sayil kòm wa (1Sa 15:2-24). Yon moun ki gen gwo apresyasyon pou chemen Jewova yo ki jis e ki mete fidelite l anvè Jewova anvan tout bagay, ka evite tonbe nan erè, epi pèdi apwobasyon Bondye menm jan ak Sayil.
21-27 MAS
TREZÒ KI NAN PAWÒL BONDYE A | 1 SAMYÈL 16-17
“Batay la se batay Jewova”
“Batay la se batay Jewova”
David te bay Sayil asirans lè l te rakonte l sa l fè yon lyon ak yon lous. Èske se vante li t ap vante tèt li? Non. David konnen ki sa k fè l te genyen batay sa yo. Li te di: “Jewova ki te sove m anba pat lyon an ak anba pat lous la se li menm k ap sove m anba men sòlda Filisti sa a.” Finalman, Sayil te aksepte, e li te reponn: “Ou mèt ale. Mwen swete pou Jewova avè w!” — 1 Samyèl 17:37.
Èske w ta renmen gen lafwa menm jan ak David? Donk, remake lafwa David pa t senpleman yon bagay li te imajine. Li te gen lafwa nan Bondye l la paske l te gen konesans sou li e l te fè eksperyans avè l. Li te konnen Jewova kòm yon Moun ki pwoteje sèvitè l avèk amou e ki kenbe pwomès li fè yo. Si nou vle gen yon lafwa konsa, nou bezwen kontinye aprann konnen Bondye Bib la pale de li a. Toutpandan n ap viv ann amoni ak sa nou aprann yo, n ap jwenn bon rezilta k ap fòtifye lafwa nou. — Ebre 11:1.
“Batay la se batay Jewova”
Jis jounen jodi a, repons David la se yon bèl deklarasyon lafwa. Imajine jèn gason sa a k ap di Golyat: “W ap vin sou mwen ak yon epe ak de lans, men mwen menm, m ap vin sou ou nan non Jewova, Chèf lame yo, Bondye lame Izrayèl la, w ap bay defi a.” David te konnen pouvwa lèzòm ak zam lèzòm yo pa t twò enpòtan. Golyat te montre li pa t respekte Jewova Dye, e Jewova t apral ba l yon repons. Jan David te di sa, “batay la se batay Jewova”. — 1 Samyèl 17:45-47.
David pa t avèg pou l pa t wè wotè Golyat ak zam li te genyen yo. Men, David pa t kite bagay sa yo kraponnen l. Li pa t fè menm erè Sayil ak lòt manm lame l yo te fè a. David pa t konpare tèt li ak Golyat. Okontrè, li te konpare Golyat ak Jewova. Golyat, ki te mezire 2,9 mèt wotè, te pi wo lontan pase lòt mesye yo, men an konparezon ak Souvren linivè a, èske Golyat te parèt yon bagay? Alaverite, menm jan ak nenpòt moun, li pa t plis pase yon ti moustik, e nan ka sa a, yon ti moustik Jewova te pare pou l kraze!
“Batay la se batay Jewova”
Jodi a, sèvitè Bondye yo pa patisipe nan lagè. Yo pa nan moman sa yo ankò (Matye 26:52). Sepandan, nou bezwen imite lafwa David. Menm jan avè l, nou bezwen wè Jewova kòm yon Pèsòn reyèl, kòm sèl Dye nou dwe sèvi e nou dwe admire. Pafwa, nou kapab santi nou toupiti devan pwoblèm nou yo, men pwoblèm nou yo toupiti tou devan pisans Jewova genyen an ki san limit. Si nou chwazi Jewova kòm Dye pa nou, e nou mete lafwa nan li menm jan ak David, pa gen okenn defi ni okenn pwoblèm k ap rive dekouraje nou. Pisans Jewova kapab pote laviktwa sou kèlkeswa pwoblèm nan!
Trezò espirityèl
it-2-F 905
Sayil
Se te apre sa epi apre yo te fin chwazi David kòm pwochen wa ann Izrayèl, lespri Jewova te soti sou Sayil. Depi lè sa a “Jewova te kite Sayil vin gen yon move mantalite ki fè l boulvèse”. Lè l fin retire lespri l sou Sayil, Jewova te kite yon move mantalite domine l, sa ki te fè Sayil pèdi lapè lespri l, sa te gen efè negatif sou santiman l, panse l ak imajinasyon l. Echwe Sayil te echwe nan obeyi Bondye a montre li te gen yon move panchan nan lespri l ak nan kè l, sa ki te kont lespri Bondye e ki te fè Sayil pa t jwenn pwoteksyon oswa fòs pou l reziste. Sepandan, piske Jewova te kite “yon move mantalite” ranplase lespri L e boulvèse Sayil, sa ta ka vle di “Jewova te kite l vin gen yon move mantalite”. Donk, sèvitè l yo te pale de lespri sa a tankou “move lespri Bondye”. Selon konsèy youn nan sèvitè l yo te bay, Sayil te mande pou David vin jwe mizik pou li nan palè a pou kalme l lè “move lespri a” ap twouble l. — 1Sa 16:14-23; 17:15.
28 MAS–3 AVRIL
TREZÒ KI NAN PAWÒL BONDYE A | 1 SAMYÈL 18-19
“Toujou demontre imilite menm lè w jwenn siksè”
Toujou konte sou lespri Bondye nan tout chanjman ki fèt nan lavi w
4 Sa pa t pran lontan pou tout moun nan peyi a vin ap pale de ti bèje sa a. Li te vin osèvis wa ki te la a, e li te konn jwe mizik pou li. Li te touye Golyat, yon gèrye, yon jeyan ki te tèlman fewòs, menm sòlda Izrayelit yo, ki te gen anpil eksperyans nan lagè, te pè afwonte l. Yo te vin mete David nan tèt lame peyi a, e li te ranpòte laviktwa sou Filisten yo. Pèp la te vin fou pou li. Yo te konpoze chante pou yo fè lwanj pou li. Anvan sa, gen yon konseye wa Sayil ki te pale an byen de David, aktout li te jèn. Non sèlman li te di David se yon moun ki “fò nan jwe” hap, men tou li te pale de li kòm yon “gason ki vanyan e ki gen fòs, yon gason ki konn fè lagè e ki pale avèk entèlijans, yon gason ki byen fòme”. — 1 Samyèl 16:18; 17:23, 24, 45-51; 18:5-7.
Gade diferans ki gen ant moun yo
6 Gen kèk moun ki vin gen ògèy akoz yo bèl, yo popilè, yo fò nan mizik, yo gen anpil kapasite fizik, oubyen yo nan gwo pozisyon. David pa t annik gen youn nan bagay sa yo, men l te gen yo tout. Poutan, li te demontre imilite pandan tout vi l. Apre David te fin touye Golyat e wa Sayil te ba l pitit fi l pou l vin madanm li, men sa David te di: “Ki sa m ye, ki moun ki fanmi m e ki moun ki fanmi papa m ann Izrayèl pou se mwen ki vin bofis wa a?” (1 Sam. 18:18). Ki sa k te ede David kontinye gen imilite? David te gen kalite, kapasite ak privilèj li te genyen yo paske Bondye te “bese” oswa l te aji ak imilite pou l ba l atansyon (Sòm 113:5-8). David te konnen tout bon bagay li te genyen yo se Jewova ki te ba li yo. — Konpare ak 1 Korentyen 4:7.
7 Menm jan ak David, pèp Jewova a jodi a fè tout sa yo kapab pou yo demontre imilite. Nou ret bouch ouvè lè n aprann Jewova, pi gran Pèsonaj ki gen nan linivè, konn aji ak imilite, yon kalite ki atiran (Sòm 18:35). Nou pran konsèy ki vin annapre a nou jwenn nan Pawòl Bondye a trèzoserye: “Se pou nou abiye nou ak yon afeksyon e ak yon tandrès ki sot nan yon kè ki sansib, e se pou nou abiye nou ak bonte, imilite, dousè ak pasyans.” (Kol. 3:12). Anplis de sa, nou konnen lanmou “pa vante tèt li, li pa kite ògèy plen tèt li”. (1 Kor. 13:4.) Lè n demontre imilite, sa ka atire moun vin sèvi Jewova. Menm jan madanm yo ka genyen mari yo san pawòl grasa konduit yo, se konsa tou imilite pèp Bondye a demontre ka atire lòt moun vin sèvi Bondye. — 1 Pyè 3:1.
Trezò espirityèl
it-2-F 671
Pwofèt
Ta sanble pwofèt Jewova te chwazi pa mwayen lespri sen yo pa t toujou kontinye pale anba enspirasyon. Olye de sa, lespri Bondye te ‘vin sou yo’ kèk fwa e l te revele yo mesaj yo dwe anonse a (Eze 11:4, 5; Mi 3:8). Sa te gen yon gwo efè sou yo e sa te pouse yo pale (1Sa 10:10; Jr 20:9; Am 3:8). Nonsèlman yo te fè bagay moun yo pa t abitye fè, men tou, sandout fason yo te pale ak fason yo te aji te reflete aklè gwo santiman ak emosyon ki vrèman estrawòdinè. Nan yon sans, sa esplike sa sa vle di lè moun “aji tankou pwofèt”. (1Sa 10:6-11; 19:20-24; Jr 29:24-32; konpare ak Tr 2:4, 12-17; 6:15; 7:55.) Gwo konsantrasyon, zèl ak kouraj yo te genyen nan misyon yo a te ka fè moun wè konpòtman yo a etranj oswa menm pa nòmal, menm jan yon seri chèf militè te wè yon pwofèt ap aji lè yo te chwazi Jeyi. Konsa, lè yo te vin reyalize mesye a se te yon pwofèt, chèf yo te pran mesaj li a trèzoserye. (2Wa 9:1-13; konpare ak Tr 26:24, 25.) Pandan Sayil t ap kouri dèyè David, sa te fè Sayil ‘aji tankou yon pwofèt’, li te retire rad sou li e li te rete prèske “san rad sou li tout lajounen, tout lannuit”, pandan tan sa a David te tou chape poul li (1Sa 19:18–20:1). Sa pa t vle di pwofèt yo te toujou aji yon fason ki dwòl paske istwa nan Bib la pwouve se lekontrè. Nan de lòt istwa yo rapòte nan Bib la, pwofèt yo te aji yon fason ki dwòl nan yon objektif, se te pou yo montre kèk detay nan pwofesi yo a (Eza 20:2-4; Mi 1:8-11). Nan ka Sayil la, kit se te jis pou l montre l se yon moun menm jan ak tout moun, kit se paske l te retire rad wa a sou li, oubyen paske l te fèb devan otorite ak pouvwa Jewova oswa pou yon lòt rezon, yo pa t esplike rezon ki te fè Sayil te toutouni an.
4-10 AVRIL
TREZÒ KI NAN PAWÒL BONDYE A | 1 SAMYÈL 20-22
“Ki jan w ka yon bon zanmi?”
Chèche gen bon zanmi anvan lafen an vini
18 Jodi a, frè n ak sè n yo ap fè fas ak tout kalite pwoblèm. Pa egzanp, anpil ladan yo viktim anba katastwòf natirèl oswa katastwòf lèzòm lakòz. Lè sa rive, kèk nan nou ka dispoze akeyi zanmi sa yo lakay nou. Gen lòt moun ki ka ede yo nan domèn ekonomik. Men, nou tout ka mande Jewova pou l ede frè n ak sè n yo. Si nou aprann yon frè oswa yon sè dekouraje, nou ka pa konn ki sa pou n di oswa ki jan pou n aji, men nou tout ka fè yon bagay. Pa egzanp, nou ka pase tan ak zanmi nou. Nou ka pran tan pou nou koute l lè l ap pale. E nou ka pataje vèsè nou pi renmen nou konnen ki ka konsole l la avè l (Eza. 50:4). Sa k pi enpòtan an, se pou nou dispoze ede zanmi nou yo lè yo bezwen nou. — Li Pwovèb 17:17.
Annou mache nan chemen Jewova yo
7 Bondye atann pou nou zanmi ki diy konfyans (Pwo. 17:17). Yonatàn, pitit wa Sayil te vin zanmi David. Lè l te tande David te touye Golyat, “nanm li te vin atache ak nanm David, e Yonatàn te kòmanse renmen l kòmsi se te pwòp nanm li”. (1 Sam. 18:1, 3.) Lè Sayil t ap chèche touye David la, Yonatàn te menm fè l konnen sa. Apre David te fin chape, Yonatàn te rankontre l e li te fè yon alyans avè l. Li te prèske pèdi lavi l akoz li te pale ak Sayil konsènan David, men, de zanmi yo te rankontre ansanm ankò e yo te renouvle amitye yo a (1 Sam. 20:24-41). Nan dènye rankont yo a, Yonatàn te bay men David fòs “pou sa ki gen rapò ak Bondye”. — 1 Sam. 23:16-18.
Fason pou nou konsève amitye nou genyen nan monn sa a ki san lanmou
11 Se pou nou fidèl. “Yon vrè konpayon renmen tout tan, e se yon frè ki fèt pou lè gen malè.” (Pwo. 17:17, NW). Lè Salomon t ap ekri pawòl sa yo, petèt li t ap panse ak amitye David, papa l, te genyen avèk Yonatàn (1 Sam. 18:1). Wa Sayil te vle pou Yonatàn, pitit li, resevwa twòn Izrayèl la. Men, Yonatàn te konnen Jewova te chwazi David pou l ba l privilèj sa a e li te aksepte sa. Kontrèman ak Sayil, li pa t rayi David poutèt sa. David te konn resevwa louwanj e sa pa t ba l pwoblèm, ni li pa t kwè manti Sayil t ap bay sou David yo (1 Sam. 20:24-34). Èske nou tankou Yonatàn? Lè zanmi nou yo resevwa privilèj, èske nou kontan pou yo? Lè yo nan pwoblèm, èske nou rekonfòte yo e èske nou ba yo sipò nou? Si nou tande moun ap pale yon zanmi nou mal, èske nou kouri kwè sa y ap di yo? Oubyen, menm jan ak Yonatàn, èske nou defann zanmi nou an avèk fidelite?
Trezò espirityèl
Pwen enteresan ki nan premye liv Samyèl la
21:12, 13. Jewova atann pou nou itilize kapasite mantal nou ansanm ak talan nou genyen pou nou fè fas ak sitiyasyon difisil ki gen nan lavi a. Li ban nou Pawòl li ki enspire, ki anseye nou disènman, ki ban nou konesans ak kapasite pou nou reflechi (Pwovèb 1:4). Nou benefisye èd ansyen yo tou, yo menm ki se kretyen ki nome.
18-24 AVRIL
TREZÒ KI NAN PAWÒL BONDYE A | 1 SAMYÈL 23-24
“Tann Jewova avèk pasyans”
Toujou konte sou lespri Bondye nan tout chanjman ki fèt nan lavi w
8 David refize fè Sayil sa ki mal. Li te gen yon fwa ak yon pasyans ki te fè l prefere kite bagay yo nan men Jewova. David tann kou wa a soti nan gwòt la, li rele l byen fò, li di l: “Se pou Jewova jije ant mwen menm avè w. E se pou Jewova tire revanj pou mwen kont ou, men se pa men pa m k ap janm vin sou ou.” (1 Samyèl 24:12). Aktout David te konnen se Sayil ki antò, li pa t dèyè tire revanj, e li pa t pale lèd ni lè l devan Sayil ni lè l dèyè l. David te jwenn plizyè lòt okazyon ankò pou l te regle bagay yo li menm, men li te refize fè sa. Li te prefere konte sou Jewova pou mete bagay yo nan plas yo. — 1 Samyèl 25:32-34; 26:10, 11.
w04-F 1/6 22-23
Èske se sikonstans ou ki kontwole lavi w?
Twazyèm leson an sèke olye nou sèvi ak mwayen ki pa ann amoni ak Ekriti yo, nou dwe ret tann Jewova. Men sa disip Jak te ekri: “Se pou andirans lan fin fè travay li nèt, pou nou ka konplè, pou nou ka san defo nan tout domèn, san nou pa manke anyen.” (Jak 1:4). Nou dwe kite “andirans lan fin fè travay li nèt” lè nou kite eprèv la rive nan bout li san nou pa itilize mwayen ki pa ann amoni ak Bib la pou nou fini avè l. Konsa, lafwa nou ap pase anba eprèv e l ap vin rafine, e fòs ki t ap motive lafwa nou an ap parèt aklè. Jozèf ak David te gen menm kalite andirans sa a. Yo pa t eseye jwenn solisyon ki t ap fè Jewova fache. Olye de sa, yo te fè tout sa yo te kapab nan sitiyasyon yo te ye a. Yo te ret tann Jewova, e se pa ti benediksyon yo te jwenn pou sa! Jewova te sèvi ak toude pou l delivre e pou l gide pèp li a. — Jenèz 41:39-41; 45:5; 2 Samyèl 5:4, 5.
Nou menm tou, nou ka jwenn sitiyasyon ki ka fè nou tante chèche solisyon ki pa ann amoni ak Bib la. Pa egzanp, èske w dekouraje paske w poko jwenn yon konjwen ki apwopriye? Si se sa, evite kèlkeswa tantasyon pou w ta dezobeyi kòmandman Jewova bay pou w marye ak yon moun “sèlman si moun sa a nan Seyè a”. (1 Korentyen 7:39.) Èske n ap fè fas ak pwoblèm nan maryaj nou? Olye n kite lespri monn sa a k ap fè pwomosyon pou separasyon ak divòs kontwole n, fè efò pou n travèse moman difisil yo ansanm (Malachi 2:16; Efezyen 5:21-33). Èske w ap fè fas ak pwoblèm nan fanmi w akoz sitiyasyon ekonomik? Ret tann Jewova gen ladan l evite aktivite ki pa klè e ki ilegal pou w eseye fè lajan (Sòm 37:25; Ebre 13:18). Wi, nou tout dwe travay di pou n fè tout sa n kapab nan sitiyasyon nou e fè gwo efò pou n bay Jewova yon bagay pou l beni. Toutpandan n ap fè sa, ann pran detèminasyon pou n ret tann Jewova ban nou solisyon ki pafè a. — Miche 7:7.
Trezò espirityèl
Pa kite anyen anpeche w jwenn rekonpans lan
11 Si n chèche gen lanmou ak bonte nan kè nou, nou pap vin jalou fasil. Pawòl Bondye a di: “Lanmou gen pasyans ak byenveyans. Lanmou pa jalou sò moun.” (1 Kor. 13:4). Pou n pa kite jalouzi pran rasin nan kè nou, nou dwe fè efò pou n wè bagay yo jan Bondye wè yo e pou n wè frè n ak sè n yo kòm moun ki fè pati menm kò a antanke kretyen. Sa ap ede n demontre menm santiman an pou yo ann amoni ak konsèy sa a ki di: “Si yon manm jwenn glwa, tout lòt yo rejwi avè l.” (1 Kor. 12:16-18, 26). Donk, olye n jalou lè lòt moun jwenn benediksyon, n ap kontan pou yo. Ann pran egzanp Jonatan, pitit gason wa Sayil. Li pa t jalou lè Bondye te chwazi David pou l vin eritye twòn nan. Okontrè, li te ankouraje David (1 Sam. 23:16-18). Èske n ka demontre bonte ak lanmou menm jan ak Jonatan?
25 AVRIL–1 ME
TREZÒ KI NAN PAWÒL BONDYE A | 1 SAMYÈL 25-26
“Èske w aji san reflechi?”
Li te aji ak bon konprann
10 Kòman sòlda sa yo, ki t ap travay di, te trete bèje yo? Li te fasil pou yo pran yon mouton nenpòt lè yo te vle, men yo pa t fè sa. Okontrè, sòlda yo te tankou yon miray toutotou bèje Nabal yo ak mouton l yo pou pwoteje yo. (Li 1 Samyèl 25:15, 16.) Bèje yo ak mouton yo te konn fè fas ak anpil danje. Nan epòk sa a, te chaje ak bèt sovaj ki te ka atake yo. Anplis de sa, fwontyè ki te nan sid Izrayèl la te tèlman pre, sa te fè bandi ki soti nan lòt nasyon ak vòlè vin atake yo souvan.
11 Li dwe pa t fasil pou David bay tout sòlda sa yo manje nan dezè a. Konsa, yon jou, David voye dis sòlda pou al mande Nabal pou l ede yo. David te chwazi bon moman an pou l te fè sa. Se te epòk yo te konn taye lenn mouton. E selon koutim nan, nan moman sa a moun yo te renmen bay e yo te konn fè anpil manje. Anplis de sa, David te byen chwazi pawòl li t ap voye di yo. Se te bon ti pawòl, pawòl ki te montre respè. Li te menm pale de tèt li antanke ‘pitit gason Nabal’ nan mesaj li te voye a petèt pou l te montre respè li te gen pou Nabal ki te pi gran pase l. Kòman Nabal te reyaji? — 1 Sam. 25:5-8.
12 Se pa ti fache Nabal te fache! Men sa jènjan nou te pale de li anvan an te esplike Abigayil: “Li rele sou mesye yo, li manke yo dega.” Etandone Nabal te peng, li tonbe plenyen byen fò bay moun yo pou pen, dlo ak vyann li te genyen yo. Nan pawòl li te di yo, li te rabese David e li te konpare David ak yon esklav ki sove kite kay mèt li. Genlè Nabal te wè David menm jan ak Sayil, yon moun ki te rayi David. Sayil ak Nabal pa t wè bagay yo menm jan ak Jewova. Bondye te renmen David e li pa t wè David kòm yon esklav ki te kite mèt li, men kòm wa ki t apral dirije pèp Izrayèl la. — 1 Sam. 25:10, 11, 14.
Li te aji ak bon konprann
18 Li te pran pwoblèm nan met sou do l epi l mande David pou l padone l. Li te admèt mari l se yon moun ki sòt, jan siyifikasyon non mari a montre sa, e petèt nan pawòl li, li te fè konprann David twò bon moun pou l ta gaspiye tan l nan pini yon moun tankou mari l. Li te montre l kwè David se reprezantan Jewova, lè l te rekonèt “se pou Jewova [David] ap fè lagè”. Anplis de sa, li te montre l konnen Jewova pwomèt l ap fè David vin wa, paske men sa l te di: “[Jewova] mete w chèf pèp Izrayèl la.” Anplis de sa, li te ankouraje David pou l pa fè anyen ki te ka fè l responsab san moun, pou David pa vin “gen remò”, oubyen pou konsyans li pa vin ap bat li. (Li 1 Samyèl 25:24-31.) Se pa ti jantiyès ak ankourajman ki parèt nan pawòl Abigayil yo!
Trezò espirityèl
Li te aji ak bon konprann
16 Èske sa te vle di Abigayil te rebele kont mari l antanke chèf li? Non. Pa bliye Nabal te aji ak mechanste kont moun Jewova te chwazi pou vin wa a, yon aksyon ki te ka fè anpil moun lakay Nabal pèdi lavi yo san rezon. Si Abigayil pa t fè anyen, èske sa pa t ap montre li dakò ak aksyon mari l la? Nan ka sa a, li te oblije soumèt devan Bondye anvan l soumèt devan mari l.