BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • Jewova toujou fè sa ki dwat
    Toudegad — 2005 | 1ye fevriye
    • 21. Nan ka Ouza, poukisa li enpòtan pou nou sonje Jewova wè mobil ki nan kè moun ?

      21 Jan nou deja di sa pi wo a, Jewova gen kapasite pou l li nan kè moun. Piske Pawòl li rele aksyon Ouza a yon “ zak derespektan ”, Jewova ka te wè lakay Ouza kèk mobil egoyis istwa a pa revele dirèkteman. Petèt, èske se pa paske Ouza te yon moun ki gen prezonpsyon, yon moun ki gen tandans depase limit li (Pwovèb 11:2) ? Etandone Lach fanmi l te pwoteje an prive a, li t ap kondui l an piblik, èske sa pa t fè l vin pran tèt li pou yon pakèt afè (Pwovèb 8:13) ? Èske Ouza te tèlman manke lafwa, li te panse men Jewova te twò kout pou l kenbe kòf sakre ki senbolize prezans Li a fiks kote l te ye a ? Kèlkeswa rezon an, nou ka sèten Jewova te fè sa ki dwat. Petèt, li te wè yon bagay nan kè Ouza ki te mande pou Li pini l menm kote a. — Pwovèb 21:2.

  • Èske w ta renmen resevwa yon vizit ?
    Toudegad — 2005 | 1ye fevriye
    • Èske w ta renmen resevwa yon vizit ?

      Menm nan monn sa a ki chaje ak pwoblèm, ou ka jwenn kè kontan grasa konesans egzak Bib la bay sou Bondye, sou Wayòm li an ak sou bèl pwogram li genyen pou limanite. Si w ta renmen jwenn plis enfòmasyon, oswa si w ta renmen yon moun vin lakay ou pou etidye Bib la avèk ou gratis, ou mèt ekri Temwen Jewova yo nan adrès sa a : 25 Columbia Heights, Brooklyn, NY 11201-2483, oubyen nan youn nan adrès ki parèt nan paj 2 a.

Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
Dekonekte
Konekte
  • Kreyòl ayisyen
  • Pataje
  • Preferans
  • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
  • Kondisyon pou w sèvi avè l
  • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
  • Paramètres de confidentialité
  • JW.ORG
  • Konekte
Pataje