BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • mwbr22 septanm p. 1-10
  • Referans pou Pwogram reyinyon Lavi nou ak travay nou fè a

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Referans pou Pwogram reyinyon Lavi nou ak travay nou fè a
  • Referans pou Pwogram reyinyon Lavi nou ak travay nou fè — 2022
  • Soutit
  • 5-11 SEPTANM
  • TREZÒ KI NAN PAWÒL BONDYE A | 1 WA 9-10
  • “Louwe Jewova pou sajès li”
  • w99-F 1/7 30 § 6
  • Yon vizit ki te bay anpil satisfaksyon
  • w99-F 1/11 20 § 6
  • Lè gen anpil jenewozite
  • w99-F 1/7 30-31
  • Yon vizit ki te bay anpil satisfaksyon
  • Trezò espirityèl
  • w08-F 1/11 22 § 4-6
  • Èske w te konnen?
  • Ki kantite lò wa Salomon te genyen?
  • 12-18 SEPTANM
  • TREZÒ KI NAN PAWÒL BONDYE A | 1 WA 11-12
  • “Chwazi konjwen w avèk sajès”
  • w18.07 18 § 7
  • “Kiyès ki pou Jewova?”
  • w19.01 15 § 6
  • Ki jan nou ka pwoteje kè nou?
  • w18.07 19 § 9
  • “Kiyès ki pou Jewova?”
  • Trezò espirityèl
  • w18.06 14 § 1-4
  • Li te kapab gen favè Bondye
  • 19-25 SEPTANM
  • TREZÒ KI NAN PAWÒL BONDYE A | 1 WA 13-14
  • “Poukisa nou dwe kontante nou epi rekonèt limit nou?”
  • w08 15/8 8 § 4
  • Annou kontinye montre nou fidèl, san kè nou pa divize
  • w08 15/8 11 § 15
  • Annou kontinye montre nou fidèl, san kè nou pa divize
  • w08 15/8 9 § 10
  • Annou kontinye montre nou fidèl, san kè nou pa divize
  • Trezò espirityèl
  • w10-F 1/7 29 § 5
  • L ap chèche sa ki bon nan nou
  • 26 SEPTANM–2 OKTÒB
  • TREZÒ KI NAN PAWÒL BONDYE A | 1 WA 15-16
  • “Aza te aji ak kouraj, e ou menm?”
  • w12 15/8 8 § 4
  • “N’ap jwenn rekonpans travay nou”
  • w17.03 19 § 7
  • Sèvi Jewova ak tout kè w!
  • it-1-F 195
  • Aza
  • Trezò espirityèl
  • w98-F 15/9 21-22
  • Èske Bondye reyèl pou ou?
  • 3-9 OKTÒB
  • TREZÒ KI NAN PAWÒL BONDYE A | 1 WA 17-18
  • “Ki lè n ap sispann gen de lide?”
  • w17.03 14 § 6
  • Demontre ou gen lafwa: Pran desizyon avèk sajès!
  • ia 88 § 15
  • Li te pran pozisyon pou vrè adorasyon an
  • ia 90 § 18
  • Li te pran pozisyon pou vrè adorasyon an
  • Trezò espirityèl
  • w08-F 1/4 19, kare
  • Li te gade epi l te ret tann
  • Konbyen tan sechrès ki te gen nan epòk Eli a te dire?
  • 10-16 OKTÒB
  • TREZÒ KI NAN PAWÒL BONDYE A | 1 WA 19-20
  • “Chèche Jewova pou n jwenn rekonfò”
  • w19.06 15 § 5
  • Annou konte sou Jewova lè nou anba strès
  • ia 103 § 13
  • Li te jwenn konsolasyon nan men Bondye l la
  • ia 106 § 21
  • Li te jwenn konsolasyon nan men Bondye l la
  • ia 106 § 22
  • Li te jwenn konsolasyon nan men Bondye l la
  • Trezò espirityèl
  • w97-F 1/11 31 § 2
  • Yon bèl egzanp sakrifis ak fidelite
  • 17-23 OKTÒB
  • TREZÒ KI NAN PAWÒL BONDYE A | 1 WA 21-22
  • “Annou imite fason Jewova egzèse otorite”
  • it-1-F 1266
  • Jewova, Chèf lame yo
  • w21.02 4 § 9
  • “Chèf tout gason se Kris”
  • it-2-F 254
  • Manti
  • Trezò espirityèl
  • w21.10 3 § 4-6
  • Ki lè yon moun repanti toutbon?
  • 24-30 OKTÒB
  • TREZÒ KI NAN PAWÒL BONDYE A | 2 WA 1-2
  • “Yon bèl egzanp sou fason pou nou bay fòmasyon”
  • w15 15/4 13 § 15
  • Fason ansyen yo fòme lòt moun pou yo vin kalifye
  • w15 15/4 13 § 16
  • Fason ansyen yo fòme lòt moun pou yo vin kalifye
  • Trezò espirityèl
  • w05 1/8 9 § 1
  • Pwen enteresan ki nan dezyèm liv Wa yo
  • 31 OKTÒB–6 NOVANM
  • TREZÒ KI NAN PAWÒL BONDYE A | 2 WA 3-4
  • “Pran pitit gason w lan”
  • w17.12 4 § 7
  • “Mwen konnen l ap leve”
  • w17.12 4 § 8
  • “Mwen konnen l ap leve”
  • Trezò espirityèl
  • it-2-F 672 § 6
  • Pwofèt
Referans pou Pwogram reyinyon Lavi nou ak travay nou fè — 2022
mwbr22 septanm p. 1-10

Referans pou Pwogram reyinyon Lavi nou ak travay nou fè a

5-11 SEPTANM

TREZÒ KI NAN PAWÒL BONDYE A | 1 WA 9-10

“Louwe Jewova pou sajès li”

w99-F 1/7 30 § 6

Yon vizit ki te bay anpil satisfaksyon

Lè rèn nan te rankontre Salomon, li te kòmanse teste l avèk “yon seri kesyon ki difisil”. (1 Wa 10:1.) Mo Ebre yo sèvi avè l la a ka vle di “devinèt”. Men, sa pa t vle di rèn nan te angaje Salomon nan yon seri jwèt ki pa gen sans. Sa enteresan pou n wè nan Sòm 49:4, yo sèvi ak menm mo Ebre sa a pou yo pale de yon seri gwo kesyon ki gen rapò ak peche, lanmò ak ranson. Menm jan an tou, rèn Cheba a te pale sou yon seri sijè ki pwofon ak Salomon pou l te ka teste jis nan ki pwen Salomon gen sajès. Bib la fè konnen rèn nan “te pale avè l konsènan tout sa k te nan kè l. Salomon te reponn tout kesyon l yo. Li te ba l esplikasyon pou tout sa l te mande yo, paske pa gen anyen ki te twò difisil pou wa a esplike l”. — 1 Wa 10:2b, 3.

w99-F 1/11 20 § 6

Lè gen anpil jenewozite

Rèn nan te ret bouch ouvè devan sa l te wè ak sa l te tande, epi avèk imilite, li te reponn: “Byennere moun ki nan pèp ou a e byennere sèvitè w yo ki toujou kanpe devan w ap koute pawòl sajès k ap sot nan bouch ou.” ​(1 Wa 10:4-8). Byenke sèvitè Salomon yo t ap viv nan liks, rèn Cheba pa t di se rezon sa a ki te fè yo byennere. Olye de sa, sèvitè Salomon yo te beni paske yo te ka toujou ap koute sajès Bondye te bay Salomon. Ala yon bèl egzanp rèn Cheba ye pou pèp Jewova a jodi a ki konte nèt sou sajès Kreyatè a menm ak sou sajès pitit li a, Jezi Kris!

w99-F 1/7 30-31

Yon vizit ki te bay anpil satisfaksyon

Rèn Cheba te tèlman enpresyone devan sajès Salomon ak pwosperite wayòm li an, sa te fè l “pa t gen bouch pou l pale”. (1 Wa 10:4, 5.) Gen kèk moun ki di fraz sa a vle di rèn nan te ret “bouch ouvè”. Gen yon biblis ki menm panse li te pèdi konesans! Kèlkeswa jan sa te ye, rèn nan te ret bouch ouvè devan sa l te wè ak sa l te tande. Li te di sèvitè Salomon yo byennere paske yo te ka tande pawòl saj ki t ap soti nan bouch wa a e li te beni Jewova ki te mete Salomon sou twòn nan. Apre sa, li te bay wa a kado ki koute chè, nan epòk pa nou an kantite lò a sèlman egal ak anviwon $40 000 000. Salomon te bay kado tou lè l te bay rèn nan “kèlkeswa sa l te vle ak kèlkeswa sa l te mande.” — 1 Wa 10:6-13.

Trezò espirityèl

w08-F 1/11 22 § 4-6

Èske w te konnen?

Ki kantite lò wa Salomon te genyen?

Bib la fè konnen Iram, wa peyi Ti a, te voye kat tòn lò pou Salomon, rèn Cheba te ba li menm kantite a epi bato Salomon yo te pote plis pase 15 tòn lò sot Ofi. Istwa a fè konnen “chak ane, wa a te konn resevwa 666 talan lò” oswa plis pase 25 tòn (1 Wa 9:14, 28; 10:10, 14). Èske sa lojik? Ki gwosè rezèv lò wa yo te genyen nan tan lontan yo te ye?

Gen yon tèks ki te ekri nan tan lontan, biblis yo fè konnen yo ka fè l konfyans, ki di Farawon Toutmosis III, nan peyi Ejip (2000 anv. e. n.) te bay anviwon 13,5 tòn lò pou tanp Amounra nan Kanak. Pandan uityèm syèk anv. e. n., Peyi Ti te bay Tiglatpilesè III, wa peyi Asiri a, 4 tòn lò kòm taks, epi Sagon II te fè dye Babilòn yo kado menm kantite lò a. Yo fè konnen Filip II, wa Masedwàn nan (359-336 anv. e. n.), te fouye plis pase 28 tòn lò chak ane nan min ki nan zòn Panje ki nan Tras.

Lè Aleksann Legran, pitit gason Filip (336-323 anv. e. n.) te pran Souz, yon vil nan peyi Pès, li fè konnen li te pran anviwon 1 180 tòn lò ladan l epi prèske 7 000 tòn nan tout peyi Pès. Donk lè nou konpare rapò sa yo, kantite lò Bib la dekri Salomon te genyen an pa t egzajere.

12-18 SEPTANM

TREZÒ KI NAN PAWÒL BONDYE A | 1 WA 11-12

“Chwazi konjwen w avèk sajès”

w18.07 18 § 7

“Kiyès ki pou Jewova?”

7 Nou ka aprann plis bagay nan egzanp wa Salomon. Lè Salomon te jèn, li te chèche jwenn konsèy nan men Jewova. Bondye te ba l yon kokennchenn sajès e l te ba l privilèj pou l konstwi yon bèl tanp nan Jerizalèm. Men, Salomon te pèdi relasyon l te gen ak Jewova a (1 Wa 3:12; 11:1, 2). Yon fason klè, Lwa Bondye a te entèdi yon wa ebre gen “anpil madanm, pou sa pa detounen l”. (Det. 17:17.) Salomon pa t obeyi lwa sa a, e rive yon lè, li te vin gen 700 madan marye. Anplis de sa, li te gen 300 madanm sou kote ki te abite lakay li (1 Wa 11:3). Anpil nan madanm li yo pa t Izrayelit e yo t ap adore fo dye. Konsa, Salomon te dezobeyi lwa Bondye te bay pou moun pa marye ak fi ki etranje. — Det. 7:3, 4.

w19.01 15 § 6

Ki jan nou ka pwoteje kè nou?

6 Satan vle nou vin menm jan avè l, pou n se yon rebèl ki pa bay prensip Jewova yo regle anyen pou nou e ki wè tèt nou sèlman. Satan pa ka fòse nou panse oswa aji jan l vle. Donk, li chèche lòt fason pou l eseye atenn objektif li. Pa egzanp, li antoure nou ak moun li deja kòwonp (1 Jan 5:19). Li espere n ap chwazi pase tan avèk yo, menmsi nou konnen move frekantasyon ap kòwonp fason nou panse ak fason nou aji (1 Kor. 15:33). Taktik sa a te mache nan ka wa Salomon. Li te marye ak anpil medam payen, e nòmalman “medam yo te gen yon gwo enfliyans sou li” e “tikras pa tikras, madanm li yo te pran tèt li”. — 1 Wa 11:3, nòt

w18.07 19 § 9

“Kiyès ki pou Jewova?”

9 Men, Jewova pa janm fèmen je l sou move bagay moun fè. Men sa Bib la fè konnen: “Jewova te fache anpil kont Salomon, paske li te vire do bay Jewova [...], ki te fè l wè l nan rèv pandan de fwa e ki te avèti l pou l pa al sèvi lòt dye. Men, li pa t obeyi lòd Jewova te ba l la.” Kòm konsekans, li te pèdi apwobasyon Bondye e Bondye pa t kontinye ede l. Desandan Salomon yo te pèdi wayòm Izrayèl la ki te ini e yo te soufri akoz anpil kalamite yo te jwenn pandan plizyè jenerasyon annapre. — 1 Wa 11:9-13.

Trezò espirityèl

w18.06 14 § 1-4

Li te kapab gen favè Bondye

Akoz rebelyon sa a, Wobowam te fè rasanble lame l la. Men, pa mwayen pwofèt Chemaya, Jewova te di yo: “Nou pa dwe monte al goumen avèk Izrayelit yo paske yo se frè nou. Se pou chak moun tounen lakay yo, paske se mwen menm ki fè sa rive.” — 1 Wa 12:21-24.

San l pa t menm fè yon konba? Nou ka imajine jan sa dwe te bay Wobowam pwoblèm! Ki sa pèp la t apral panse de wa a ki te di l ap bat yo “ak rigwaz”, men yon ti tan annapre, li oblije koube l devan gwo rebelyon sa a? (Konpare ak 2 Kwonik 13:7.) Aktout sa, wa a ak moun nan lame l la te “obeyi sa Jewova di yo a e yo retounen lakay yo jan Jewova te di yo fè a”.

Ki leson nou aprann? Li saj pou n obeyi Bondye menmsi sa ka fè yo pase n nan rizib. Lè n obeyi Bondye, sa fè n jwenn favè l ak benediksyon l. — Det. 28:2.

Ki jan sa te vin pase pou Wobowam? Avèk obeyisans, li te abandone plan l te genyen pou l al goumen ak nasyon ki te fèk fòme a, li te kòmanse konstwi yon seri vil nan tèritwa tribi Jida a ak tribi Benjamen an ki te toujou anba otorite l. Li te ranfòse yon pakèt vil “plis toujou”. (2 Kwo. 11:5-12.) Sa k pi enpòtan an, pandan yon tan, li te suiv lwa Jewova yo. Pandan moun nan 10 tribi wayòm Izrayèl la ki te anba otorite Jewobowam te lage kò yo nan idolatri, gen anpil moun nan tribi sa yo ki te “soutni Wobowam” lè yo te konn vwayaje al Jerizalèm pou yo pran pozisyon pou vrè adorasyon an (2 Kwo. 11:16, 17). Konsa, obeyisans Wobowam te fè l vin gen plis otorite antanke wa.

19-25 SEPTANM

TREZÒ KI NAN PAWÒL BONDYE A | 1 WA 13-14

“Poukisa nou dwe kontante nou epi rekonèt limit nou?”

w08 15/8 8 § 4

Annou kontinye montre nou fidèl, san kè nou pa divize

4 Apre sa, men sa Yawobam te di pwofèt vrè Dye a: “Ann al lakay avè m’. W’a manje. Lèfini, m’a fè ou kado kichòy.” ​(1 Wa 13:7). Ki sa pwofèt la t apral fè? Èske l t apral aksepte pou l al lakay wa a al manje apre l te fin ba l mesaj kondanasyon sa a (Sòm 119:113)? Oubyen èske li t ap refize envitasyon wa a, alòske wa a sanble te repanti? Sandout, Yawobam te gen mwayen pou l bay moun ki zanmi l gwo kado ki koute chè. Si pwofèt Bondye a te gen lanmou pou bagay materyèl nan kè l, sa wa a te ofri l la te ka yon gwo tantasyon pou li. Men, Jewova te ba l lòd ‘pou l’ pa ni manje ni bwè anyen, ni pou l’ pa pran menm chemen li te vini an pou l’ tounen lakay li’. Se sa k fè pwofèt la te bay wa a yon repons ki te klè e ki te fè m: “Ou ta mèt ban mwen mwatye nan tout richès ou yo, mwen p’ap mete pwent pye m’ lakay ou. Mwen p’ap manje pen, ni mwen p’ap bwè dlo isit la.” Apre sa, pwofèt la kite Betèl, li pase nan yon lòt chemen (1 Wa 13:8-10). Ki leson desizyon l te pran an ban nou anrapò ak lè yon moun montre l fidèl ak tout kè l? — Wom. 15:4.

w08 15/8 11 § 15

Annou kontinye montre nou fidèl, san kè nou pa divize

15 Ki lòt bagay nou ka aprann nan erè pwofèt Jida a te fè a? Men sa Pwovèb 3:5 di: “Mete konfyans ou nan Jewova ak tout kè w epi pa apiye sou pwòp entèlijans ou.” ​(NW) Olye pwofèt Jida a te kontinye mete konfyans li nan Jewova jan li te fè sa anvan, nan sikonstans sa a, li te mete konfyans nan tèt li. Erè sa a te fè l pèdi lavi l ansanm ak bèl non li te genyen devan Bondye a. Sa k te rive l la montre nou sa vrèman enpòtan pou nou soumèt devan Jewova e pou nou sèvi l avèk fidelite!

w08 15/8 9 § 10

Annou kontinye montre nou fidèl, san kè nou pa divize

10 Pwofèt Jida a te dwe konprann riz pwofèt ki granmoun nan te itilize a. Li te ka mande tèt li: ‘Poukisa Jewova ta voye yon zanj pale ak yon lòt moun pou ba l yon nouvo enstriksyon pou l ban mwen?’ Li te ka pale ak Jewova pou l verifye si se vre. Men, Labib pa montre li te fè sa. Okontrè, li “tounen lakay [pwofèt ki granmoun nan], li manje, li bwè avè l’”. Sa pa t fè Jewova plezi. Apre yo te fin twonpe pwofèt la, li te pran wout pou l retounen Jida, men, pandan l nan wout, yon lyon bare avè l epi li touye l. Karyè pwofèt la te vrèman fini mal! — 1 Wa 13:19-25

Trezò espirityèl

w10-F 1/7 29 § 5

L ap chèche sa ki bon nan nou

Sa k pi enpòtan an, pawòl ki nan 1 Wa 14:13 yo anseye nou yon bèl bagay sou Jewova ak sa l ap chèche nan nou. Sonje, Li “te wè” gen yon bon bagay nan kè Abija. Sa klè, Jewova te chèche nan kè Abija jiskaske l jwenn yon ti bagay ki bon nan li. Jan yon biblis esplike sa a, an konparezon ak fanmi l, Abija se te sèl grenn pèl “sou yon pil wòch”. Jewova te apresye sa ki bon an e l te rekonpanse l pou sa lè l te demontre mizèrikòd pou moun sa a ki te fè pati yon fanmi ki mechan.

26 SEPTANM–2 OKTÒB

TREZÒ KI NAN PAWÒL BONDYE A | 1 WA 15-16

“Aza te aji ak kouraj, e ou menm?”

w12 15/8 8 § 4

“N’ap jwenn rekonpans travay nou”

Pandan 20 an ki te pase apre Izrayèl te vin divize e li te vin gen de wayòm, moun nan tribi Jida a te vin kòwonpi nan pratike idolatri. Lè Aza te vin wa nan ane 977 anvan epòk nou an, menm moun ki t ap kolabore avè l yo t ap sèvi dye kananeyen ki gen rapò ak fètilite. Konsènan wa Aza, Bib la di li te “kòmanse fè sa ki bon ak sa ki dwat nan je Jewova, Bondye l la”. Aza te “detwi lotèl fo dye yo ak kote ki wo yo, li te kraze kolòn sakre yo ak poto sakre yo”. (2 Kwo. 14:2, 3, NW.) Aza te kouri dèyè tout “gason [ki t ap] fè pwostitisyon nan tanp yo” e ki te konn fè sèks nan dèyè nan kad adorasyon yo t ap bay fo dye yo nan wayòm Jida a. Aza pa t kontante l fè sa sèlman, li te ankouraje moun yo “mache dapre volonte Senyè a, Bondye zansèt yo a” e li te ankouraje yo obeyi “lalwa ak kòmandman” Bondye yo a. — 1 Wa 15:12, 13, NW; 2 Kwo. 14:4.

w17.03 19 § 7

Sèvi Jewova ak tout kè w!

7 Nou chak kapab egzamine kè nou pou n wè si l atache nèt ak Bondye. Mande tèt ou: ‘Èske m pran detèminasyon pou m fè Jewova plezi, pou m defann vrè adorasyon an e pou m pwoteje pèp li a kont nenpòt enfliyans ki kapab kòwonp li?’ Reflechi ak tout kouraj sa te mande pou Aza te kanpe devan Maaka, ki te “rèn” nan peyi a! Ou ka pa konn pèsonn ki aji menm jan avè l, men, kapab gen sitiyasyon kote ou kapab imite zèl Aza. Pa egzanp, ki sa w ap fè si yon moun nan fanmi w oswa yon bon zanmi w peche, li pa repanti, e yo oblije eskominye l? Èske w t ap aji san pèdi tan pou w sispann frekante moun sa a? Ki sa kè w t ap pouse w fè?

it-1-F 195

Aza

Malgre pafwa Aza te manke sajès ak disènman nan domèn espirityèl, bèl kalite l te genyen yo ak lefètke l pa t mele nan apostazi te parèt plis pase erè l yo, e yo te wè l kòm youn nan wa fidèl ki soti nan fanmi Jida (2Kw 15:17). Rèy Aza a ki te dire 41 an te egal ak kantite tan uit wa ann Izrayèl te fè ap dirije: Jewobowam, Nadab, Baacha, Ela, Zimri, Omri, Tibni (ki t ap dirije sou yon pati Izrayèl pandan yo te opoze ak Omri t ap dirije rès la) ak Ahab (1Wa 15:9, 25, 33; 16:8, 15, 16, 21, 23, 29). Apre lanmò Aza, pitit gason l, Jozafa, te vin wa. — 1Wa 15:24.

Trezò espirityèl

w98-F 15/9 21-22

Èske Bondye reyèl pou ou?

Pa egzanp, ann li pwofesi sou santans ki t ap tann nenpòt moun ki ta rebati Jeriko e ann wè ki jan l te reyalize. Men sa Jozye 6:26 fè konnen: “Jozye fè sèman, li di: “Si yon moun al eseye rebati vil Jeriko, se pou malediksyon tonbe sou moun sa a devan Jewova. Lè l ap fè fondasyon vil la, l ap pèdi premye pitit li e lè l ap monte pòt yo, l ap pèdi dènye pitit li.’” Pwofesi sa a te akonpli anviwon 500 an annapre paske men sa nou li nan 1 Wa16:34: “Nan epòk Ahab t ap dirije a, Yèl, moun Betèl, te rebati Jeriko. Men, pawòl Jewova te di pa mwayen Jozye, pitit gason Noun nan, te reyalize sou li. Lè l t ap fè fondasyon vil la, li pèdi Abiram, premye pitit li a, e lè l t ap monte pòt vil la, li pèdi Segoub, dènye pitit li a.” Se sèlman yon Dye ki reyèl ki ka bay kalite pwofesi sa yo epi fè yo reyalize.

3-9 OKTÒB

TREZÒ KI NAN PAWÒL BONDYE A | 1 WA 17-18

“Ki lè n ap sispann gen de lide?”

w17.03 14 § 6

Demontre ou gen lafwa: Pran desizyon avèk sajès!

6 Yonfwa Izrayelit nan tan lontan yo te fin tabli nan peyi Bondye te pwomèt la, yo te dwe fè yon chwa ki te trèzenpòtan, yon chwa ki te fondamantal: Swa yo adore Jewova, swa yo adore yon lòt dye (oubyen lòt dye yo). (Li Jozye 24:15.) Sa te ka sanble yon desizyon tou senp. Poutan, chwa yo te gen pou yo fè a te yon chwa ki te gen rapò ak lavi oswa ak lanmò. Souvan pandan epòk jij yo, Izrayelit yo te fè chwa ki montre yo pa t gen sajès. Yo te vire do bay Jewova e yo te adore fo dye (Jij 2:3, 11-23). Yon lòt bò, fè yon ti reflechi sou yon sitiyasyon ki te rive annapre nan istwa pèp Bondye a lè yo te oblije pran yon desizyon. Pwofèt Eli te mete yon chwa ki byen klè devan yo: Swa yo sèvi Jewova, swa yo sèvi fo dye ki rele Baal la (1 Wa 18:21). Eli te blame pèp la paske yo pa t ka pran yon desizyon. Ou ta ka panse se yon chwa tou senp sa te ye paske li toujou saj pou yon moun sèvi Jewova e sa toujou pote byenfè. Anfèt, pa gen okenn moun ki rezonab ki ta dwe santi Baal atire yo oswa ki t ap atache avè l. Malgre sa, Izrayelit yo te “gen de lide”. Avèk sajès, Eli te ankouraje yo chwazi adorasyon ki pi bon an, sètadi adorasyon Jewova a.

ia 88 § 15

Li te pran pozisyon pou vrè adorasyon an

15 Lè prèt Baal yo tande sa Eli di yo, yo vin aji tankou moun fou, “yo t ap rele byen fò e yo t ap filange kò yo ak kouto ak lans, selon abitid yo te genyen, jiskaske san t ap koule sou tout kò yo”. Men, sa pa t itil anyen. “Yo pa t tande okenn vwa, pèsonn pa t reponn yo, pa t gen pèsonn ki t ap koute yo.” ​(1 Wa 18:28, 29). An reyalite, Baal pa egziste. Se Satan ki envante dye sa a pou l te fè moun sispann adore Jewova. Li klè, lè yon moun pa chwazi Jewova kòm mèt li, sa ka lage l nan gwo pwoblèm e menm nan lawont. — Li Sòm 25:3; 115:4-8.

ia 90 § 18

Li te pran pozisyon pou vrè adorasyon an

18 Anvan Eli te fè priyè l la, petèt foul moun ki te sou mòn nan t ap mande tèt yo si adorasyon Jewova a se yon gwo blòf menm jan ak adorasyon Baal la. Men, apre priyè a, yo pa t menm bezwen poze tèt yo kesyon ankò. Men sa Bib la fè konnen: “Lè sa a, Jewova fè yon dife sot nan syèl la ki boule sakrifis la, moso bwa yo, wòch yo, pousyè a e ki te seche dlo ki te nan kanal la.” ​(1 Wa 18:38). Ala yon repons estrawòdinè sa te ye! Ki reyaksyon moun yo te genyen?

Trezò espirityèl

w08-F 1/4 19, kare

Li te gade epi l te ret tann

Konbyen tan sechrès ki te gen nan epòk Eli a te dire?

Eli, pwofèt Jewova a te anonse wa Ahab sechrès la t apral fini talè konsa. Sa te rive “nan twazyèm ane” a, siman apati jou Eli te premye fè konnen t ap gen sechrès la (1 Wa 18:1). Jewova te fè lapli tonbe tousuit apre Eli te fin di Li t ap fè sa. Se sa k fè, gen kèk moun ki ka di sechrès la te fini pandan twazyèm ane a, donk sa ta vle di li te dire mwens pase twazan. Sepandan, ni Jezi ni Jak fè konnen sechrès la te dire plis pase “twazan sis mwa”. (Lik 4:25; Jak 5:17.) Èske sa a se yon kontradiksyon?

Pa ditou. Nòmalman, sezon sechrès nan Izrayèl tan lontan an te long anpil, li te konn dire jiska sis mwa. Pa gen dout nan sa, Eli t al kot Ahab pou l anonse sechrès la pandan sezon sechrès la te deja dire plis tan pase jan l te konn ye e ki te pi rèd. Annefè, sechrès la te gentan gen prèske sis mwa depi l te kòmanse. Donk, lè Eli te anonse sechrès la t apral fini “nan twazyèm ane” a parapò ak lè l te fè konnen t apral gen sechrès la, sa te gentan fè prèske twazan edmi depi te gen sechrès. Nan moman kote pèp la te rasanble pou yo te wè gwo tès ki te fèt sou Mòn Kamèl la, tout “twazan sis mwa” a te deja pase.

Donk, ann konsidere lè Eli t al vizite Ahab la. Pèp la te kwè Baal te “gen pouvwa sou nyaj yo”, dye ki ka fè lapli tonbe pou mete fen nan sezon sechrès la. Si sechrès la te pi long pase jan l te konn ye a, petèt moun yo te konn ap mande: ‘Kot Baal? Ki lè l pral fè lapli tonbe?’ Sa dwe te yon chòk pou moun ki t ap adore Baal yo lè Eli te fè konnen pa t ap gen ni lapli ni lawouze jiskaske l di t ap genyen ankò. — 1 Wa 17:1.

10-16 OKTÒB

TREZÒ KI NAN PAWÒL BONDYE A | 1 WA 19-20

“Chèche Jewova pou n jwenn rekonfò”

w19.06 15 § 5

Annou konte sou Jewova lè nou anba strès

5 Li 1 Wa 19:1-4. Eli te vin pè lè rèn Jezabèl te di l ap touye l. Se sa k fè li te kouri al nan zòn Beyècheba. Li te tèlman dekouraje li te “mande Bondye pou l mouri”. Ki sa k fè l te santi l konsa? Eli te yon moun ki enpafè, “yon moun menm jan avèk nou”. (Jak 5:17.) Petèt, li te santi l anba gwo strès e li te fatige pou l mouri. Sanble Eli te panse efò li te fè pou l ankouraje moun yo adore Jewova a se te pou granmesi, li te panse pa t gen anyen ki te amelyore ann Izrayèl e se li menm sèl ki te toujou ap sèvi Jewova (1 Wa 18:3, 4, 13; 19:10, 14). Nou ka sezi tande pwofèt fidèl sa a te santi l konsa. Men, Jewova te konprann jan Eli santi l.

ia 103 § 13

Li te jwenn konsolasyon nan men Bondye l la

13 Dapre ou menm, ki santiman Jewova genyen detan l nan syèl la lè l t ap gade pwofèt li renmen anpil la ki kouche anba yon pye bayawonn nan dezè a e k ap mande lanmò? Nou deja konn repons lan. Lè dòmi te fin pran Eli, Jewova te voye yon zanj kote l. Zanj lan fè yon ti souke Eli epi li di l: “Leve, manje.” Eli te fè sa. Zanj lan te prepare yon ti bagay pou Eli pase nan bouch li. Li te bay Eli pen ki byen cho ak enpe dlo pou l bwè. Èske Eli te sonje di zanj lan mèsi? Bib la annik fè konnen, pwofèt la te manje, li te bwè, epi li te dòmi ankò. Èske moral li te tèlman ba li pa t menm ka pale? Antouka, zanj lan te reveye l yon dezyèm fwa, petèt nan granmmaten. Yon lòt fwa ankò, li di Eli: “Leve, manje.” Apre sa, li te di Eli pawòl touchan sa yo: “Paske vwayaj la ap twòp pou ou.” — 1 Wa 19:5-7.

ia 106 § 21

Li te jwenn konsolasyon nan men Bondye l la

21 Nan chak gwo evènman natirèl sa yo ki te rive yo, Bib la fè nou sonje Jewova pa t ladan yo. Eli te konnen Jewova pa t yon dye mistik tankou Baal, ki swadizan gen kontwòl sou evènman natirèl yo, jan sèvitè Baal yo te kwè Baal se “moun ki gen pouvwa sou nyaj yo” oubyen moun ki fè lapli tonbe. Se Jewova ki dèyè tout gwo fòs ki genyen nan lanati e l pi pisan lontan pase tout sa l kreye yo. Ata syèl nou ka wè a pa ka kenbe Jewova (1 Wa 8:27)! Kòman tout sa Eli te wè yo te ede l? Sonje, li te pè anpil. Etandone Eli te gen Jewova, yon Dye ki gen yon pouvwa estrawòdinè, bò kote l, Eli pa t bezwen pè ni Ahab ni Jezabèl! — Li Sòm 118:6.

ia 106 § 22

Li te jwenn konsolasyon nan men Bondye l la

22 Apre dife a te fin pase, tousuit apre te vin gen yon gwo silans. Epi, Eli tande “yon vwa kalm ki te byen ba”. Yon lòt fwa ankò, vwa a te envite Eli pou l di sa l santi. Eli te fè sa, li te fè l konnen tout sa k ap enkyete l. Petèt sa te konsole l plis toujou. Pa gen dout nan sa, sa “vwa kalm ki te byen ba” a te di Eli annapre a te konsole l plis toujou. Jewova te fè Eli konnen li te gen anpil valè nan je l. Kòman Jewova te fè sa? Bondye te fè Eli konnen sa l gen pou l fè pi devan kont adorasyon moun yo t ap bay Baal la ann Izrayèl la. Li klè, Eli pa t travay pou granmesi paske Bondye t apral aji pou l fini ak adorasyon Baal la. Anplis de sa, Jewova te fè l konnen li t ap kontinye sèvi avè l kòm pwofèt paske l te ba l yon seri enstriksyon byen presi yon fason pou l te ka kontinye travay li t ap fè a. — 1 Wa 19:12-17.

Trezò espirityèl

w97-F 1/11 31 § 2

Yon bèl egzanp sakrifis ak fidelite

Anpil sèvitè Bondye jodi a demontre yon etadespri menm jan an. Gen kèk ki kite “tèritwa yo”, kote yo te leve pou yo preche bon nouvèl la nan tèritwa ki lwen oswa pou yo sèvi kòm manm yon fanmi Betèl. Kèk lòt vwayaje nan peyi etranje pou y al travay nan pwojè konstriksyon òganizasyon an ap fè yo. Anpil nan yo aksepte yon seri travay moun ta ka konsidere kòm travay ki rabesan. Epoutan, pa gen yon moun ki esklav Jewova k ap ba li yon sèvis ki san valè. Jewova apresye tout moun ki mete yo disponib pou yo sèvi l e l ap beni etadespri sakrifis yo demontre. — Mak 10:29, 30.

17-23 OKTÒB

TREZÒ KI NAN PAWÒL BONDYE A | 1 WA 21-22

“Annou imite fason Jewova egzèse otorite”

it-1-F 1266

Jewova, Chèf lame yo

Lè Jozye te wè yon zanj toupre Jeriko e l te mande l si se pou Izrayèl li ye oswa pou kan ènmi an, men repons zanj lan te bay: “Se pa sa w panse a. Mwen vini antanke chèf lame Jewova a.” ​(Joz 5:13-15). Pandan pwofèt Mikaya t ap fè referans ak pitit espirityèl Bondye yo, men sa l te di wa Ahab ak Jozafa: “Mwen wè Jewova ki chita sou twòn li e tout lame syèl la kanpe bò kote l, sou bò dwat li ak sou bò goch li.” ​(1Wa 22:19-21). Li apwopriye pou yo sèvi ak ekspresyon “Jewova, Chèf lame yo” o pliryèl, paske yo pa dekri lame zanj yo sèlman kòm gwoup apa ki gen cheriben, serafen ak zanj (Eza 6:2, 3; Jen 3:24; Re 5:11), men tou antanke gwoup òganize. Se sa k fè, Jezi te fè konnen li te ka mande pou l gen “plis pase 12 rejiman zanj”. (Mt 26:53.) Lè Ezekyas te sipliye Jewova pou l ede l la, li te rele l “Jewova, Chèf lame yo, Bondye Izrayèl la, ou menm ki chita sou twòn ou anlè cheriben yo”, sa klè li t ap pale de lach alyans lan ki te gen foto cheriben yo sou kouvèti l, sa ki te senbolize twòn Jewova a ki nan syèl la. (Eza 37:16; Konpare ak 1Sa 4:4; 2Sa 6:2.) Pa mwayen yon mirak, sèvitè Elize a ki te pè anpil te fè yon vizyon ki te ba l asirans kote li te wè mòn ki te toutotou vil lame a te antoure a, vil kote kay Elize te ye a, te gen “yon pakèt cheval ak charyo ki te tankou dife” ki fè pati lame zanj Jewova yo. — 2Wa 6:15-17.

w21.02 4 § 9

“Chèf tout gason se Kris”

9 Imilite. Se Jewova ki gen plis sajès. Epoutan, li koute opinyon sèvitè l yo (Jen. 18:23, 24, 32). Li pèmèt sila yo ki anba otorite l di sa yo panse (1 Wa 22:19-22). Jewova pafè, men li pa atann pou nou pafè kounye a. Okontrè, li ede moun k ap sèvi l yo ki enpafè pou yo reyisi nan sèvis y ap ba li a (Sòm 113:6, 7). Anfèt, Bib la menm fè konnen Jewova se yon “èd”. (Sòm 27:9; Ebre 13:6.) Wa David te rekonèt se grasa imilite Jewova genyen ki fè l te ka fè gwo travay li te fè yo. — 2 Sam. 22:36.

it-2-F 254

Manti

Jewova konn pèmèt moun ki prefere kwè nan pawòl ki pa laverite olye yo kwè nan bon nouvèl sou Jezi yo “pran nan blòf”, “pou yo ka vin kwè nan manti”. (2Te 2:9-12.) Prensip sa a parèt nan sa k te rive sa gen plizyè syèk nan ka Ahab, yon wa Izrayelit. Yon seri pwofèt te bay Ahab manti pou fè l kwè l ap genyen batay kont Ramòt Galaad la, alòske Mikaya, yon pwofèt Jewova te pwofetize malè. Jan sa parèt nan vizyon Mikaya te resevwa a, Jewova te pèmèt yon zanj “fè tout pwofèt [Ahab] yo bay manti”. Nan ka sa a, zanj lan te sèvi ak pouvwa li pou l te fè yo di pawòl ki pa verite, pawòl yo menm yo te vle di ak sa Ahab te vle tande yo di l. Malgre li te resevwa avètisman, Ahab te prefere kite yo twonpe l ak manti yo te ba l yo, e li te peye sa ak lavi l. — 1Wa 22:1-38; 2Kw 18.

Trezò espirityèl

w21.10 3 § 4-6

Ki lè yon moun repanti toutbon?

4 Finalman, pasyans Jewova te rive nan bout li. Li te voye Eli al fè Ahab ak Jezabèl konnen ki jan li pral pini yo. Yo t ap gen pou yo touye tout kòt fanmi yo. Pawòl Eli te di yo te boulvèse Ahab anpil! Mesye awogan sa a te fè yon bagay moun pa t ap atann, li te “imilye tèt li”. — 1 Wa 21:19-29.

5 Byenke Ahab te imilye tèt li lè sa a, fason l te aji apre sa te montre li pa t repanti toutbon. Li pa t eseye fè anyen pou fè moun yo sispann adore Baal nan wayòm li an. E li pa t ankouraje moun yo adore Jewova nonplis. Ahab te fè lòt bagay ankò ki montre li pa t repanti.

6 Annapre, lè Ahab te envite Jozafa, wa Jida a, ki te yon bon wa, pou al avè l nan lagè li t apral fè ak moun peyi Siri yo, Jozafa te konseye l pou l al pale ak yon pwofèt Jewova anvan. Okòmansman, Ahab pa t dakò. Men sa l te di: “Gen yon lòt moun ankò nou kapab pale avè l pou n konn sa Jewova panse, men, mwen pa vle wè misye, paske li pa janm bay pwofesi ki bon pou mwen, se toujou sa ki mal li di.” Aktout sa, yo t al pale ak pwofèt Mikaya. Ahab te konn sa l t ap di. Pwofèt Bondye a te anonse l yon move nouvèl! Olye Ahab te repanti pou l te ka chèche jwenn padon Jewova, wa mechan sa a te fè met pwofèt la nan prizon (1 Wa 22:7-9, 23, 27). Malgre wa a te fè met pwofèt Jewova a nan prizon, li pa t ka anpeche pwofesi a reyalize. Ahab te mouri nan batay ki te vin fèt la. — 1 Wa 22:34-38.

24-30 OKTÒB

TREZÒ KI NAN PAWÒL BONDYE A | 2 WA 1-2

“Yon bèl egzanp sou fason pou nou bay fòmasyon”

w15 15/4 13 § 15

Fason ansyen yo fòme lòt moun pou yo vin kalifye

15 Istwa Elicha a, moun ki te ranplase Eliya a, aprann nou tou ki fason frè yo jodi a ka demontre bonjan respè pou ansyen yo ki gen eksperyans. Apre Eliya ak Elicha te fin vizite yon gwoup pwofèt nan vil Jeriko, de mesye yo te mèt tèt nan direksyon rivyè Jouden an. Lè yo rive bò rivyè a, ‘Eliya pran rad pwofèt ki te sou li a, li woule l, li frape dlo rivyè a e rivyè a fann de bò’. Apre yo fin travèse rivyè a san yo pa mouye, de mesye yo te kontinye ‘pale toutpandan y ap mache’. Sa klè, nan moman sa a, Elicha pa t panse l fin konn tout bagay. Elicha te kontinye reflechi ak tout kè l sou chak pawòl anseyan l lan te di l yo rive jis nan moman Eliya te separe avè l la. Apre sa, Eliya te monte nan yon toubiyon. Nan pita, lè Elicha tounen bò Jouden an li frape dlo rivyè a ak rad Eliya a epi l rele byen fò, li di: “Kote Jewova, Bondye Eliya a?” Yon lòt fwa ankò, dlo yo te fann de bò. — 2 Wa 2:8-14, NW.

w15 15/4 13 § 16

Fason ansyen yo fòme lòt moun pou yo vin kalifye

16 Èske w remake premye mirak Elicha te fè a se egzakteman menm mirak ak dènye mirak Eliya te fè a? Poukisa sa enteresan? Sanble Elicha pa t panse piske se li menm kounye a ki gen responsablite a li dwe chanje fason bagay yo dwe fèt la. Olye de sa, lefètke Elicha te kontinye suiv menm fason Eliya te ranpli asiyasyon l lan, li te demontre bonjan respè pou anseyan l lan e sa te fè pwofèt parèy li yo fè l konfyans (2 Wa 2:15). Sepandan, annapre, pandan 60 an Elicha te fè ap sèvi kòm pwofèt la, Jewova te pèmèt li fè plis mirak lontan pase Eliya. Antanke moun y ap bay fòmasyon, ki leson w ka aprann nan sa jodi a?

Trezò espirityèl

w05 1/8 9 § 1

Pwen enteresan ki nan dezyèm liv Wa yo

2:11 — “Syèl” kote “Eliya te monte nan tanpèt van” an, ki sa l te ye? Se pa t ni yon kote lwen nan linivè a, ni nan domèn espirityèl kote Bondye ansanm ak zanj li yo abite (Detewonòm 4:19; Sòm 11:4; Matye 6:9; 18:10). “Syèl” kote Eliya te monte a se atmosfè a (Sòm 78:26; Matye 6:26). Aparamman, charyo dife Eliya a te kontinye kouri nan atmosfè tè a, li te transfere Eliya nan yon lòt andwa sou tè a kote li t al kontinye viv pou yon sèten tan. Dayè, kèk ane apre, Eliya te ekri Yeworam, wa Jida a, yon lèt. — 2 Kwonik 21:1, 12-15.

31 OKTÒB–6 NOVANM

TREZÒ KI NAN PAWÒL BONDYE A | 2 WA 3-4

“Pran pitit gason w lan”

w17.12 4 § 7

“Mwen konnen l ap leve”

7 Pwofèt Elize, ki te ranplase pwofèt Eli, te fè dezyèm rezirèksyon yo rapòte nan Ekriti yo. Nan vil Chounèm, gen yon dam izrayelit tout moun te byen konnen ki te byen akeyi Elize. Pa mwayen pwofèt la, Bondye te fè dam sa a ansanm mari l ki te fin granmoun e ki pa t gen pitit vin gen yon pitit gason. Kèk ane apre, tigason an te mouri. Imajine jan manman an te nan gwo lapenn. Avèk pèmisyon mari l, li te fè anviwon 30 kilomèt ap vwayaje pou l al kot Elize sou Mòn Kamèl. Pwofèt la te fè Geyazi, sèvitè l la, al nan vil Chounèm anvan yo. Geyazi pa t kapab resisite tigason an ki te mouri. Apre sa, manman an ki te nan lapenn te vin rive ansanm ak Elize. — 2 Wa 4:8-31.

w17.12 4 § 8

“Mwen konnen l ap leve”

8 Elize te ret bò kot kadav la ki te nan kay la nan vil Chounèm e l te pran priye. Grasa yon mirak, tigason an ki te mouri te retounen viv ankò e l te vin ansanm ak manman l ki te kontan anpil! (Li 2 Wa 4:32-37.) Petèt dam nan te sonje priyè Ana, yon dam nan tan lontan ki pa t ka fè pitit, te fè lè l te mennen Samyèl al sèvi nan tabènak la. Men sa Ana te di: “Jewova [...] fè moun desann nan Tonm e li leve moun.” ​(1 Sam. 2:6). Vrèmanvre, Bondye te leve tigason nan vil Chounèm nan toutbon, e sa montre l gen kapasite pou l resisite moun.

Trezò espirityèl

it-2-F 672 § 6

Pwofèt

“Pitit pwofèt yo.” Jan liv Gesenius’ Hebrew Grammar (Oxford, 1952, p. 418) fè konn sa, mo ebre ben an (yon pitit) oswa mo benehʹ a (pitit) ka gen sans “manm yon gwoup oswa yon sosyete (oswa yon tribi, oubyen yon seri moun byen presi).” ​(konpare ak Ne 3:8, kote yon “moun ki te konn fè luil santi bon yo” te vle di literalman “yon pitit moun ki te konn fè luil santi bon yo.”) Sepandan “pitit pwofèt yo” te ka gen sans yon lekòl fòmasyon pou moun ki te gen kapasite pou sa oswa jis yon senp asosyasyon pwofèt k ap soutni youn lòt. Yo fè konnen gwoup pwofèt sa yo te nan zòn Betèl, Jeriko ak Gilgal. (2Wa 2:3, 5; 4:38; konpare ak 1Sa 10:5, 10.) Samyèl te responsab yon gwoup konsa nan Rama (1Sa 19:19, 20), epi sanble Elize te gen menm pozisyon sa a tou nan epòk li a. (2Wa 4:38; 6:1-3; konpare ak 1Wa 18:13.) Rechèch yo montre yo te konn bati pwòp kote pa yo pou yo abite e yo te konn prete zouti nan men moun, sa ki montre yo te gen yon vi senp. Byenke souvan yo te konn abite ansanm e yo te konn manje ansanm, men yo te ka resevwa kèk misyon pèsonèl antanke pwofèt tou. — 1Wa 20:35-42; 2Wa 4:1, 2, 39; 6:1-7; 9:1, 2.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje