BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • lff leson 23
  • W ap jwenn anpil benediksyon lè w batize!

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • W ap jwenn anpil benediksyon lè w batize!
  • Ou kapab viv ak kè kontan pou toutan! — Yon liv k ap ede w konn Bib la
  • Soutit
  • Sou menm sijè a
  • FOUYE PLIS
  • SA W TE APRANN
  • APRANN PLIS
  • Batèm: Yon obligasyon pou kretyen yo
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2018
  • Èske w pare pou w batize?
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2020
  • Batèm ak relasyon w avèk Bondye
    Ki sa Labib anseye toutbonvre?
  • Ranpli kondisyon pou batèm kretyen an
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2006
Gade plis
Ou kapab viv ak kè kontan pou toutan! — Yon liv k ap ede w konn Bib la
lff leson 23
Leson 23. Yon fi k ap batize kòm Temwen Jewova, yo plonje l nèt nan dlo a.

LESON 23

W ap jwenn anpil benediksyon lè w batize!

Édition imprimée
Édition imprimée
Édition imprimée

Jezi te anseye pou nou vin kretyen nou dwe batize. (Li Matye 28:19, 20.) Men, ki sa batèm nan ye? Ki sa yon moun dwe fè pou l batize?

1. Ki sa batèm nan ye?

Mo “batize” a soti nan yon mo grèk ki vle di “plonje” anba dlo. Lè yo t ap batize Jezi, yo te plonje l nan dlo rivyè Jouden an, epi li te monte “sot nan dlo a”. (Mak 1:9, 10.) Menm jan an tou, lè y ap batize vrè kretyen yo, yo plonje yo nèt anba dlo a.

2. Lè yon moun batize, ki sa sa montre?

Lè yon moun batize, li montre li te vwe lavi l bay Jewova. Ki jan yon moun kapab vwe lavi l bay Jewova? Anvan yon moun batize, li di Jewova li vle sèvi l pou toutan nan yon priyè pèsonèl li fè. Li pwomèt Jewova se sèl li menm l ap adore, e l ap bay volonte Bondye premye plas nan lavi l. Li deside pou l ‘nye tèt li, e pou l kontinye suiv’ ansèyman Jezi yo ak egzanp Jezi (Matye 16:24). Lè yon moun vwe lavi l bay Jewova e li batize, sa fè l posib pou l gen bon relasyon ak Jewova ansanm ak lòt moun k ap adore Jewova yo.

3. Ki sa yon moun dwe fè pou l batize?

Pou w ka prepare w pou w batize, ou bezwen aprann konnen Jewova e w bezwen fè efò pou w gen plis lafwa nan li. (Li Ebre 11:6.) Tank w ap gen plis konesans sou Jewova e w ap gen plis lafwa nan li, se tank w ap vin pi renmen l. Konsa, w ap santi w anvi pale de li e w ap viv selon prensip li yo (2 Timote 4:2; 1 Jan 5:3). Lè yon moun ap viv “yon fason ki diy devan Jewova, yon fason pou [l] fè l plezi nèt”, li ka pran desizyon pou l vwe lavi l bay Jewova e pou l batize. — Kolosyen 1:9, 10a.

FOUYE PLIS

Gade ki sa nou ka aprann nan batèm Jezi a, epi gade ki jan yon moun ka prepare l pou etap enpòtan sa a.

4. Sa nou ka aprann nan batèm Jezi a

Li Matye 3:13-17 pou w ka jwenn plis enfòmasyon sou batèm Jezi, epi reponn kesyon sa yo:

  • Èske Jezi te tibebe lè yo te batize l?

  • Ki jan yo te batize l? Èske yo te annik vide yon ti dlo sou li?

Lè Jezi te batize, li te kòmanse travay espesyal Bondye te ba l fè sou tè a. Li Lik 3:21-23 ak Jan 6:38, epi reponn kesyon sa a:

  • Apre Jezi fin batize, ki travay li te bay premye plas nan lavi l?

5. Ou kapab batize

Anfèt, li kapab parèt difisil pou yon moun vwe lavi l bay Bondye e pou l batize. Men, ou ka fè pwogrè nan pwen pou w pa pè pran gwo desizyon sa a. Pou w wè kèk moun ki pran desizyon sa a, gade VIDEYO a.

VIDEYO: Fason nou ka vin pi bon zanmi ak Jewova (1:11)

Li Jan 17:3 ak Jak 1:5, epi reponn kesyon sa a:

  • Ki sa k kapab ede yon moun pare pou l batize?

A. Yon fi k ap vwe lavi l bay Bondye nan yon priyè. B. Menm fi sa a k ap batize kòm Temwen Jewova, yo plonje l nèt nan dlo a.
  1. Nou vwe lavi nou bay Jewova lè nou di l nou vle sèvi l pou toutan.

  2. Lè nou batize, nou montre tout moun k ap gade nou nou vwe lavi nou bay Bondye.

6. Lè nou batize, nou vin fè pati fanmi Jewova a

Lè nou batize, nou fè pati yon fanmi ini ki sou tout tè a. Menm lè nou soti divès kote e nou pa gen menm kilti, nou tout gen menm kwayans e n ap suiv menm prensip moral. Li Sòm 25:14 ak 1 Pyè 2:17, epi reponn kesyon sa a:

  • Lè yon moun batize, ki jan sa ede l gen bon relasyon avèk Jewova ansanm ak lòt moun k ap adore Jewova yo?

Foto ki ansanm: Yon sè batize ki kontan pandan l ap panse ak bon relasyon l gen ak moun nan kongregasyon an. 1. L ap vide kè l bay yon sè. 2. L ap soutni yon sè ki granmoun pandan y ap mache. 3. L ap manje ak plizyè zanmi ki pa gen menm laj. 4. Li menm ak yon lòt sè ap preche yon mesye. 5. L ap fè yon foto ak de lòt Temwen ki pa menm ras avèk li nan yon kongrè.

GEN MOUN KI DI: “M pa pare pou m batize.”

  • Si se konsa w santi w, èske w panse se yon bon bagay pou yon moun kenbe objektif la epi travay pou l batize kanmenm?

SA W TE APRANN

Jezi te anseye pou yon moun kretyen li dwe batize. Pou yon moun batize, li dwe chèche gen yon lafwa solid nan Jewova. Li dwe viv selon prensip Jewova yo e li dwe vwe lavi l ba Li.

Revizyon

  • Ki sa batèm nan ye, e poukisa li enpòtan?

  • Lè yon moun batize, ki sa sa montre l fè deja?

  • Ki sa yon moun dwe fè pou l vwe lavi l bay Jewova e pou l batize?

Objektif

APRANN PLIS

Chèche konnen ki sa batèm nan ye, ak ki sa l pa ye.

“Ki sa batèm nan ye?” (Atik sou Entènèt)

Gade ki sa yon moun ka fè pou l batize.

“Lanmou ak rekonesans nou gen pou Jewova pouse n batize” (Toudegad mas 2020)

Li fason yon mesye te pran desizyon pou batize, men l pa t annik fè sa sou kout tèt.

“Yo te vle m verifye sa Bib la anseye toutbonvre” (Toudegad 1ye fevriye 2013)

Gade sa k fè yon moun ki batize ap jwenn anpil benediksyon, e fason w ka prepare w pou w batize.

“Èske m dwe batize?” (Bonjan repons pou kesyon jèn yo konn poze, volim 2, chapit 37)

a Menmsi yon moun te deja batize nan lòt relijyon, l ap bezwen batize ankò. Poukisa? Paske nan relijyon li te ye a, yo pa t anseye verite ki nan Bib la. — Gade Travay 19:1-5 ak leson 13.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje