BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • mwbr22 novanm p. 1-8
  • Referans pou Pwogram reyinyon Lavi nou ak travay nou fè a

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Referans pou Pwogram reyinyon Lavi nou ak travay nou fè a
  • Referans pou Pwogram reyinyon Lavi nou ak travay nou fè — 2022
  • Soutit
  • 7-13 NOVANM
  • 14-20 NOVANM
  • 21-27 NOVANM
  • 28 NOVANM–4 DESANM
  • 5-11 DESANM
  • 12-18 DESANM
  • 19-25 DESANM
  • 26 DESANM–1ye JANVYE
Referans pou Pwogram reyinyon Lavi nou ak travay nou fè — 2022
mwbr22 novanm p. 1-8

Referans pou Pwogram reyinyon Lavi nou ak travay nou fè a

7-13 NOVANM

TREZÒ KI NAN PAWÒL BONDYE A | 2 WA 5-6

“Kantite moun ki avèk nou an plis pase kantite moun ki avèk yo a”

it-1-F 728 § 5

Elize

Izrayèl delivre anba men Siri. Pandan wa Jeworam t ap dirije Izrayèl, Siri te planifye pou l atake Izrayèl san yo pa t atann. Pandan plizyè fwa, Bennadad II pa t reyisi nan manèv li t ap fè yo paske Elize te fè wa Jeworam konnen tout sa moun Siri yo t ap planifye pou fè yo. Okòmansman, Bennadad te panse gen yon trèt nan kan yo a menm. Men, lè l te vin jwenn vrè sous pwoblèm li an, li te voye yon lame ki chaje ak cheval ak charyo pou fè lagè al ansèkle Dotan pou pran Elize (Foto, Vol. 1, p. 950). Sèvitè Elize a t ap tranble tèlman l te pè, men Elize te priye Bondye pou L ouvri je sèvitè a, “e sèvitè a wè yon pakèt cheval ak charyo ki te tankou dife toutotou Elize nan zòn ki gen mòn nan”. Kounye a, pandan moun Siri yo t ap pwoche pi pre, Elize priye pou yon mirak ki kontrè ak sa l te mande anvan an, li te di: “Tanpri, fè tout moun sa yo pa wè nan je yo.” Elize di moun Siri yo “suiv mwen”, men li pa t oblije kenbe men yo pou l mennen yo, sa ki montre yo pa t avèg toutbon olye de sa se te yon pwoblèm mantal. Yo pa t rekonèt Elize yo te vin chèche a, alewè pou yo ta konnen kote l ap mennen yo. — 2Wa 6:8-19.

w13 15/8 p. 30 § 2

Elicha te ret kalm lè ènmi l yo te antoure l nan vil Dotàn. Sa k fè sa? Se paske li te gen yon lafwa ki solid nan Jewova. Nou menm tou nou bezwen gen kalite lafwa sa a. Kidonk, annou priye Bondye pou n mande l lespri sen l yon fason pou nou ka vin gen lafwa ansanm ak lòt kalite ki fè pati fwi lespri a. — Lik 11:13; Gal. 5:22, 23.

it-1-F 409 § 4

Avèg

Sa klè, se nan domèn mantal moun ki te nan lame peyi Siri a te vin avèg la lè Elize te fin mande sa a. Si se te wè tout moun nan lame a pa t wè toutbon, yo tout t ap bezwen yo kenbe men yo pou mennen yo. Men istwa a sèlman rapòte Elize te di yo: “Se pa wout la sa. Se pa vil sa a n ap chèche. Suiv mwen.” Nan liv Principles of Psychology (1981, Vol. 1, p. 59) men sa William James fè konnen konsènan fenomèn sa a: “Youn nan pi gwo efè twoub ki nan zòn kòtikal nan sèvo moun genyen se fè sèvo a pa konprann sa l wè a. Sa pa vrèman gen rapò ak ensansiblite pou je a wè toutbon, men pito li pa gen kapasite pou l konprann sa l wè a. Nan domèn sikoloji, yo fè konnen se pèdi moun nan pèdi kapasite l genyen pou l fè relasyon ant sa je a wè ak sa yo siyifi; ak nenpòt entèripsyon ant wout kote je a stoke enfòmasyon li resevwa yo ak lòt zòn ki bay siyifikasyon enfòmasyon sa yo.” Ta sanble se twoub vizyon sa a Jewova te retire pou moun ki nan lame Siri a lè yo te rive Samari (2Wa 6:18-20). Petèt, se menm kalite twoub vizyon sa a ki te rive nan ka mesye Sodòm yo tou, jan istwa a montre sa, olye yo te panike paske yo te pèdi kapasite pou yo wè, yo te pèsiste nan eseye chèche jwenn pòt kay Lòt la. — Jen 19:11.

Trezò espirityèl

w05 1/8 9 § 2

Pwen enteresan ki nan dezyèm liv WA yo

5:15, 16 — Poukisa Elicha pa t aksepte kado Naamàn te ba li a? Elicha te refize kado a paske li te rekonèt se grasa pouvwa Jewova li te fè mirak pou l geri Naamàn, se pa t pouvwa pa l. Sa pa t janm pase nan tèt li pou l ta chèche fè pwofi nan fonksyon Bondye te etabli l la. Jodi a, vrè adoratè yo pa chèche fè pwofi pèsonèl nan sèvis Jewova. Yo sonje egzòtasyon Jezi bay ki di: “Nou resevwa gratis, bay gratis.” — Matye 10:8.

14-20 NOVANM

TREZÒ KI NAN PAWÒL BONDYE A | 2 WA 7-8

“Jewova te fè sa moun pa t atann nan rive”

it-1-F 729

Elize

Sepandan, annapre, Bennadad II te anvayi Samari, men li pa t fè sa ak yon gwoup vòlè yon lè konsa, li te fè fòs sou Samari e l te ansèkle l. Sa te tèlman rèd te gen omwen yon ka kote yo te fè wa a konnen gen yon dam ki te manje pwòp pitit gason l. Antanke desandan Ahab, “pitit yon asasen”, wa Jeworam sèmante l ap touye Elize. Men, sèman san reflechi li te fè a pa t reyalize. Lè Jeworam ak sèvitè l la rive kay pwofèt la, li fè konnen li pèdi tout espwa pou l jwenn èd Jewova. Elize te bay wa a asirans pral gen manje ann abondans nan demen. Sèvitè wa a te pase sa Elize te anonse a nan jwèt, se sa k fè Elize te di l: “Ou gen pou w wè sa ak je w, men, ou pap manje ladan l.” Jewova te fè moun nan kan Siri yo tande yon gwo bri, ki te fè yo kwè gen yon gwo lame ki gen plizyè nasyon ki met ansanm k ap avanse sou yo, yo pran kouri e yo kite kan an jan l te ye a ak tout manje ki te ladan l. Lè wa a aprann moun Siri yo kouri kite kan an, li met sèvitè l te fè konfyans lan veye pòtay Samari, e se la yo te mache sou li jis li mouri lè gwo foul Izrayelit ki te grangou yo t ap kouri pou y al piye kan an. Li te wè manje a men li pa t manje ladan l. — 2Wa 6:24–7:20.

Trezò espirityèl

it-2-F 108 § 6

Lanp

WA ki soti nan liy fanmi David. Jewova Dye te mete David wa sou twòn Izrayèl la e David te gide e dirije nasyon an avèk sajès anba direksyon Bondye. Se sa k fè yo te rele l “lanp Izrayèl la”. (2Sa 21:17.) Men sa Jewova te pwomèt David nan alyans li te fè avè I pou yon wayòm nan: “Twòn ou an ap byen chita pou toutan.” ​(2Sa 7:11-16). Anrapò ak sa, wayòm nan oswa liy fanmi dirijan ki soti nan David pa mwayen pitit gason l Salomon te tankou yon “lanp” pou Izrayèl. — 1Wa 11:36; 15:4; 2Wa 8:19; 2Kw 21:7.

21-27 NOVANM

TREZÒ KI NAN PAWÒL BONDYE A | 2 WA 9-10

“Li te aji ak kouraj, detèminasyon ak zèl”

w11 15/11 3 § 2

Yewou te defann vrè adorasyon an

Li te resevwa yon asiyasyon nan yon epòk kote nasyon Izrayèl la te nan yon move sitiyasyon. Peyi a te anba enfliyans Jezabèl, yon dam ki te mechan. Dam sa a te pèdi mari l ki te rele Ahab e se te manman Yeworam, wa ki t ap dirije peyi a. Li te ankouraje moun adore Baal toutpandan li t ap kraze vrè adorasyon an. Mete sou sa, li te touye pwofèt Bondye yo. Piske li t ap “fè maji” e li t ap “sèvi zidòl”, li te kòwonp moun yo (2 Wa 9:22; 1 Wa 18:4, 13). Jewova te mande pou yo detwi tout moun ki nan fanmi Ahab nèt, san wete Yeworam ak Jezabèl. Se Yewou ki te dwe pran devan nan misyon sa a.

w11 15/11 4 § 2-3

Yewou te defann vrè adorasyon an

Lè de mesaje te vin pale ak Yewou, li pa t di yo anyen. Apre sa, li te rankontre ak wa Yeworam ki te ansanm ak Ahazya, wa Jida a. De mesye sa yo te fè yon alyans. Yo chak te sou charyo pa yo. Men sa Yeworam te mande Yewou: “Eske ou vin an zanmi?” Yewou reponn li: “Ki zanmi w’ap pale la a lè manman ou, Jezabèl, ap donnen pi rèd nan fè maji ak nan sèvi zidòl?” Lè Yeworam tande repons sa a, kè l kase e li kase tèt tounen pou l chape poul li. Men, Yewou te twò rapid pou misye. Li rale banza l e li lage yon flèch nan kè Yeworam. Lè sa a, wa a tonbe nan charyo l la epi l mouri. Byenke Ahazya te reyisi chape poul li, annapre Yewou fann dèyè l e li fè touye l. — 2 Wa 9:22-24, 27

Lòt moun nan fanmi wa Ahab ki t apral pèdi lavi l se rèn Jezabèl. Yewou te byen fèt rele l “fanm madichon an”. Pandan Yewou ap antre nan vil Yizreyèl, li wè Jezabèl k ap gade l nan yon fenèt nan palè a. San l pa t nan pale anpil, li bay kèk moun ki t ap sèvi nan palè a lòd pou yo lage l anba nan fenèt la. Lapoula, Yewou fè cheval li a pile fanm sa a ki t ap kòwonp tout moun ann Izrayèl. Annapre, Yewou fè touye yon bann lòt moun nan fanmi wa Ahab, yon wa ki te mechan. — 2 Wa 9:30-34; 10:1-14.

w11 15/11 5 § 3-4

Yewou te defann vrè adorasyon an

Se vre Yewou te fè anpil san koule, men, Bib la di li se yon moun ki te gen kran e ki te libere pèp Izrayèl anba men Jezabèl ak fanmi l ki t ap toupizi pèp la. Pou yon chèf ann Izrayèl te reyisi detwi Jezabèl ak fanmi l, fòk li te gen kran ak detèminasyon, e fòk li te zele. Men sa yon diksyonè biblik di: “Se yon misyon difisil ki te mande pou moun k ap egzekite l yo djanm anpil. Si yo te mou, yo te gendwa pa rive elimine adorasyon Baal la ann Izrayèl.”

Siman ou rann ou kont kretyen yo bezwen gen kèk nan kalite Yewou te genyen yo pou yo goumen ak lavi a jodi a. Pa egzanp, ki jan nou t ap reyaji si nou ta jwenn tantasyon pou nou fè bagay Jewova kondane? Nan yon sitiyasyon konsa, nou ta dwe aji vit, avèk kran e avèk detèminasyon. Antanke moun ki vwe tèt nou bay Jewova, nou pa dwe tolere pou anyen fè konpetisyon avè l.

Trezò espirityèl

w11 15/11 5 § 6-7

Yewou te defann vrè adorasyon an

Yewou te gendwa panse pou wayòm Izrayèl la rete separe ak wayòm Jida a, li te nesesè pou chak wayòm sa yo gen relijyon pa yo. Se gendwa rezon sa a ki fè, menm jan ak kèk ansyen wa ann Izrayèl, li te sèvi ak adorasyon ti bèf la pou l eseye fè de wayòm sa yo rete divize. Sepandan, si se sa k te nan tèt li, sa t ap montre li te manke lafwa nan Jewova ki te fè l vin wa.

Jewova te felisite Yewou paske Yewou te ‘aji byen e li te fè sa ki dwat nan je l’. Sepandan, Yewou “pa t veye pou l mache nan lwa Jewova, Bondye Izrayèl la, ak tout kè l”. (2 Wa 10:30, 31, NW.) Lè nou sonje tout sa Yewou te fè, sa kapab fè nou sezi e sa ka fè nou mal pou li dèske li pa t kontinye mache nan lwa Jewova yo ak tout kè l. Men, nou ka aprann yon leson nan sa: Nou pa dwe janm pran relasyon nou genyen ak Jewova a alalejè. Nou bezwen fè efò chak jou pou nou fidèl ak Bondye. N ap rive fè sa si nou etidye Pawòl li a, si nou medite sou li e si nou priye Bondye, Papa nou ki nan syèl la, ak tout kè nou. Kidonk, annou veye pou nou kontinye mache nan lwa Jewova yo ak tout kè nou. — 1 Kor. 10:12.

28 NOVANM–4 DESANM

TREZÒ KI NAN PAWÒL BONDYE A | 2 WA 11-12

“Yo te pini yon dam ki te gen anbisyon e ki te mechan”

it-1-F 217

Atali

Menm jan ak manman l Jezabèl, Atali te pouse Jeworam, mari l, fè sa ki mal nan je Jewova pandan 8 an li te fè ap dirije a (1Wa 21:25; 2Kw 21:4-6). E menm jan ak manman l, Atali te fè san anpil moun inosan koule san l pa t jennen. Lè Ahazya pitit gason l lan ki te mechan te mouri apre l te fin fè yon ane ap dirije, Atali te touye tout lòt moun ki nan fanmi wa a, eksepte Jewowas, ki te yon tibebe, gran prèt la ak madanm li ki te matant Jewowas te kache l. Pandan tan sa a, Atali te fè tèt li rèn pou sizan, ozv. 905-899 anv. e. n. (2Kw 22:11, 12). Pitit gason l yo te vòlè bagay sakre ki te nan tanp Jewova a e yo ofri yo bay Baal. — 2Kw 24:7.

it-1-F 217

Atali

Lè Jewowas te gen setan, gran prèt Jewoyada ki te gen lakrentif pou Bondye fè ti Jewowas soti kote l te kache a, e l kouwone l antanke eritye legal twòn nan. Lè Atali tande gwo bri a, li kouri al nan tanp lan, lè l wè sa k ap fèt la li rele byen fò: “Konplo! Konplo!” Gran prèt Jewoyada te bay lòd pou yo soti avè l nan tanp lan epi touye l nan pòtay cheval palè a; petèt se te dènye moun ki te rete nan fanmi Ahab ki te mechan (2Wa 11:1-20; 2Kw 22:1–23:21). Ala sa pwouve pawòl sa yo se laverite: “Pa gen yon sèl pawòl Jewova di kont fanmi Ahab Jewova pap reyalize!” — 2Wa 10:10, 11; 1Wa 21:20-24.

Trezò espirityèl

it-2-F 1185

Jewowas

Se sa k fè, toutotan gran prèt Jewoyada te vivan e li t ap aji tankou yon papa ak yon konseye pou Jewowas, jèn wa a te kontinye pwospere. Antretan, lè l te vin gen 21 an li te marye, li te gen de madanm, youn nan yo te rele Jewoyadan e li te vin fè pitit gason ak pitit fi pou Jewowas. Nan fason sa a, liy fanmi David ki t ap mennen nan Mesi a, fanmi ki te prèske detwi nèt la, te vin djanm ankò. — 2Wa 12:1-3; 2Kw 24:1-3; 25:1.

5-11 DESANM

TREZÒ KI NAN PAWÒL BONDYE A | 2 WA 13-15

“Efò nou fè ak tout kè nou pote anpil benediksyon”

w10 15/4 26 § 11

Èske w suiv Kris ak tout kè w?

11 Pou nou ka konprann jan li enpòtan pou nou zele nan sèvis n ap bay Bondye a, remake yon evènman ki te pase nan lavi yon wa ann Izrayèl yo te rele Yewoach. Yewoach te enkyete paske li te konprann peyi Siri t apral anvayi Izrayèl. Se sa k fè li t al kriye bay Elicha. Lè sa a, pwofèt la ba l lòd pou l tire yon flèch nan direksyon Siri. Konsa, li te montre Izrayèl t ap pote laviktwa sou nasyon sa a grasa Jewova. Se sèten sa te dwe bay wa a fòs. Apre sa, Elicha di Yewoach pou l pran flèch li yo epi pou l frape yo atè. Li te fè sa twa fwa. Sa te fè Elicha fache. Paske, si wa a te frape yo atè senk oswa sis fwa, sa t ap vle di li t ap “bat moun peyi Siri yo jouk [li] ta fini nèt nèt ak yo”. Poutèt sa, se twa viktwa sèlman Yewoach t apral genyen e li pa t ap genyen viktwa sa yo nèt. Piske li te montre li manke zèl, li pa t ap gen anpil viktwa (2 Wa 13:14-19). Ki leson nou kapab tire nan istwa sa a? Jewova ap ban nou anpil benediksyon a kondisyon nou fè travay li a ak tout kè nou e avèk zèl.

w13 1/11 11 § 5-6

“Sila a ki rekonpanse moun k ap chèche l toutbonvre”

Ki moun Jewova rekonpanse? Pòl di se “moun k ap chèche l toutbonvre”. Gen yon diksyonè biblik yo fè pou moun k ap tradui Labib ki di, mo grèk lè yo tradui l ki bay ekspresyon “moun k ap chèche l toutbonvre” a pa vle di “soti pou w jwenn” men li vle di vin jwenn Bondye pou w “adore” l. Gen yon lòt diksyonè biblik ki esplike, vèb grèk sa a yo itilize l nan yon fòm ki mete aksan sou kantite efò yon moun dwe fè ak kokenn efò li dwe fè. Wi, Jewova rekonpanse moun ki kite lafwa yo pouse yo adore l ak yon kè ki chaje lanmou e yo fè sa avèk zèl. — Matye 22:37.

Kòman Jewova rekonpanse sèvitè li yo ki fidèl? Li pwomèt yo yon bèl avni, li pral ba yo lavi etènèl nan paradi sou tè a. Sa montre jan li renmen bay e jan l renmen yo anpil (Revelasyon 21:3, 4). Menm depi kounye a, moun ki chèche Jewova toutbon yo jwenn anpil benediksyon. Grasa èd lespri sen e grasa sajès ki soti nan Bib la, yo mennen yon vi ki ba yo satisfaksyon e ki pwofitab pou yo. — Sòm 144:15; Matye 5:3.

Trezò espirityèl

w05 1/8 21 § 3

Pwen enteresan ki nan dezyèm liv WA yo

13:20, 21 — Èske mirak sa a montre moun ka venere yon seri objè relijye ki sakre? Non, se pa sa sa montre. Bib la pa montre yo te janm konn venere zosman Elicha. Se grasa pouvwa Bondye mirak sa a te rive fèt, menm jan ak tout mirak Elicha te konn fè lè l te vivan yo.

12-18 DESANM

TREZÒ KI NAN PAWÒL BONDYE A | 2 WA 16-17

“Pasyans Jewova gen limit”

it-2-F 868 § 4

Salmanaza

Dominasyon Izrayèl. Pandan rèy Oze, wa Izrayèl (ozv. 758-740 anv. e. n.), Salmanaza V te avanse sou Palestin e Oze te vin anba dominasyon l e l te fòse Oze peye yon taks chak ane (2Wa 17:1-3). Sepandan, rive yon lè, Oze pa t peye taks la e yo te vin konnen li met ansanm ak So, wa peyi Ejip la pou yo fè konplo. (Gade SO.) Pou rezon sa a, Salmanaza te met Oze nan prizon epi li te ansèkle Samari pandan twazan, finalman vil ki te byen pwoteje a te tonbe e yo te mennen Izrayelit yo ann egzil. — 2Wa 17:4-6; 18:9-12; konpare ak Oz 7:11; Eze 23:4-10.

it-1-F 402

Kaptivite

Se te menm koz ki te fè ni wayòm dis tribi ki te nan nò Izrayèl la, ni wayòm de tribi ki te nan Jida a ale ann egzil: yo te abandone vrè adorasyon Jewova a pou y al adore fo dye (Dt 28:15, 62-68; 2Wa 17:7-18; 21:10-15). Jewova, bò kote pa l, te kontinye voye pwofèt pou avèti yo toude, men, se te anven (2Wa 17:13). Pa gen youn nan wa nan wayòm dis tribi Izrayèl la ki te janm rive elimine fo adorasyon Jewobowam, premye wa nasyon an te met sou pye a. Jida, sè l la, wayòm ki te nan sid la, pa t koute ni avètisman dirèk Jewova te ba li ni l pa t tire leson nan egzanp Izrayèl yo te mennen ann egzil (Jer 3:6-10). Finalman, yo te mennen moun ki te nan toude wayòm sa yo ann egzil, yo chak te ale ann egzil plis pase yon fwa.

Trezò espirityèl

it-2-F 878

Samariten

Ekspresyon “Samariten” an parèt pou premye fwa nan Bib la apre yo te fin pran wayòm dis tribi Samari a nan ane 740 anv. e. n.; yo te sèvi ak ekspresyon sa a pou yo pale de moun ki t ap viv nan wayòm nò a anvan yo te pran wayòm nan, pou yo te distenge yo ak etranje yo ki annapre te soti nan lòt pati anpi Asiri a (2Wa 17:29). Ta sanble moun Asiri yo pa t retire tout Izrayelit ki t ap viv nan peyi a, paske resi ki nan 2 Kwonik 34:6-9 la (Konpare ak 2Wa 23:19, 20) fè konnen pandan rèy wa Jozyas te toujou gen Izrayelit nan peyi a. Avèk letan, ekspresyon “Samariten” an te vle di desandan moun ki te rete Samari yo ak moun moun Asiri yo te mennen nan peyi a. Sandout, gen ladan yo se pitit moun de nasyonalite diferan ki te marye. Kèk tan annapre, non an te plis vin gen rapò ak relijyon olye l gen rapò ak ras oswa politik. Ekspresyon “Samariten” an te vin fè referans ak moun ki t ap suiv ti gwoup relijye ki te ozalantou ansyen vil Sichèm ak vil Samari a, e ki t ap suiv yon seri kwayans ki te diferan nèt ak kwayans relijyon Jidayis la. — Jan 4:9.

19-25 DESANM

TREZÒ KI NAN PAWÒL BONDYE A | 2 WA 18-19

“Fason opozan nou yo ap eseye fè nou vin fèb”

w05 1/8 21 § 5

Pwen enteresan ki nan dezyèm liv WA yo

18:19-21, 25 — Èske Izkiya te fè alyans avèk Ejip? Non. Ni akizasyon Rabchake te fè yo, ni lè li te pretann se avèk “otorizasyon Jewova” li vini, yo tout te fo. Wa Izkiya, ki te fidèl, te mete konfyans li sèlman nan Jewova.

w10 15/7 13 § 3

“Nou pa bezwen pè. M’ap ede nou!”

Rabchake te sèvi ak move rezònman nan objektif pou l te mete dout nan lespri pèp la. Li te di: “Se pa kote nou te mete apa pou [Jewova] yo ansanm ak tout lotèl li yo wa Ezekyas [Izkiya] te fè disparèt nan peyi a? [...] Se Senyè a menm ki di m atake peyi ou la pou m detwi l.” ​(2 Wa 18:22, 25). Konsa, Rabchake te fè konnen Jewova pa t ap goumen pou pèp li a paske li pa t pran plezi nan yo. Men, se pa t vre. Jewova te pran plezi nan Izkiya ak Juif ki te retounen ap pratike vrè adorasyon an. — 2 Wa 18:3-7.

w13 11/15 19 § 14

Sèt bèje, uit dik: Ki sa sa vle di pou nou jodi a?

14 Wa peyi Asiri a te etabli kan l nan Lakich, yon vil ki te nan sidwès Jerizalèm. Depi kote l te ye a, li te voye twa moun al di moun nan vil la pou yo soumèt yo. Pòtpawòl wa a ki te gen tit ofisyèl li ki se Rabchake, te sèvi ak plizyè taktik. Toutpandan l ap pale ebre, li te ankouraje pèp la pou yo trayi wa a epi pou yo soumèt yo devan Asiryen yo, li te bay pèp la manti lè l te pwomèt yo li t ap mennen yo nan yon peyi kote yo t ap ka viv byen. (Li 2 Wa 18:31, 32.) Apre sa, Rabchake te fè konnen menm jan dye lòt nasyon yo pa t ka pwoteje moun ki t ap adore yo a, se konsa tou, Jewova pap ka delivre Juif yo anba grif Asiryen yo. Avèk sajès, pèp la pa t eseye reyaji devan manti kri sa yo. Jodi a, byen souvan, sèvitè Jewova yo suiv egzanp sa a. — Li 2 Wa 18:35, 36.

yb74-F 176 § 2

Dezyèm pati — Almay

Sa enteresan pou n wè sòlda SS yo, souvan ki te sèvi ak metòd ki pi lèd yo pou yo fè yon moun siyen deklarasyon an, te konn vire kont moun ki te fin siyen deklarasyon an e yo ba yo plis pwoblèm pase anvan. Men sa Karl Kirscht te di pou konfime sa: “Plis pase nenpòt lòt moun, Temwen Jewova yo te viktim plis pwoblèm nan kan konsantrasyon an. Yo te panse si yo aji ak yo konsa sa t ap fè yo siyen deklarasyon an. Yo te toujou konn ap mande nou pou nou fè sa. Gen kèk ki te siyen, men, nan pifò ka, yo te dwe ret tann plis pase ennan anvan yo te lage yo. Pandan tan sa a, souvan sòlda SS yo te avili yo an piblik antanke ipokrit e lach, yo te fòse yo fè yon mach yo swadizan rele ‘mach pou onè’ toutotou frè yo anvan yo pèmèt yo kite kan an.”

Trezò espirityèl

it-1-F 170 § 3

Akeyològ

Pa egzanp, Labib rapòte de pitit gason wa Senakerib, Adramelèk ak Charezè te touye l e se yon lòt pitit gason l, Esaradon ki te vin wa nan plas li (2Wa 19:36, 37). Sepandan, gen yon jounal Babilonyen ki te fè konnen nan 20yèm jou nan mwa Tebèt, yon pitit gason Senakerib te touye l nan yon soulèvman. Ni Bérose, yon prèt Babilonyen nan 3yèm syèk anv. e. n., ni Nabonid, yon wa Babilonyen nan 6yèm syèk anv. e. n., te rapòte menm istwa a, yo fè konnen se sèlman youn nan pitit gason Senakerib yo ki te touye l. Sepandan, sa pa gen twò lontan yo te dekouvri yon moso wòch yo te ekri sou li ki rele pris Esaradon, ladan l Esaradon, pitit gason wa Senakerib ki te vin wa annapre l la, te fè konnen byen klè frè l yo te revòlte e yo te touye papa yo epi yo te chape poul yo. Men ki kòmantè Philip Biberfeld te fè sou sa nan Universal Jewish History (1948, Vol. I, p. 27): “Jounal Babilonyen an, Nabonid, ak Bérose te nan erè; se sèlman sa yo rapòte nan resi biblik la ki kòrèk. Enskripsyon Esaradon an konfime nan tout ti detay epi li pwouve evènman konsènan istwa moun Babilòn ak moun Asiri yo pi egzak pase sous Babilonyen yo yo menm. Sa montre se pa ti enpòtan sa enpòtan pou n evalye sous enfòmasyon ki pa ann akò ak tradisyon biblik yo menmsi sous enfòmasyon sa yo te egziste nan epòk evènman yo te pase yo.”

26 DESANM–1ye JANVYE

TREZÒ KI NAN PAWÒL BONDYE A | 2 WA 20-21

“Lapriyè te pouse Jewova aji”

ip-1-F 394 § 23

Yo te rekonpanse yon wa ki te gen lafwa

23 Pandan peryòd Senakerib te vin atake Jida pou premye fwa a, Ezekyas te malad grav. Ezayi di l li pral mouri (Ezayi 38:1). Wa a ki te gen 39 an te debousole. Wa a pa t sèlman gen sousi pou byennèt pa l, men tou pou avni pèp la. Jerizalèm ak Jida te an danje piske moun Asiri yo te anvayi yo. Si Ezekyas mouri, kiyès ki t apral dirije yo nan konba a? Nan epòk sa a, Ezekyas pa t gen pitit gason ki pou te jere wayòm nan. Nan yon priyè Ezekyas fè ak tout kè l, li priye Jewova pou L fè l mizèrikòd. — Ezayi 38:2, 3.

w17.03 21 § 16

Sèvi Jewova ak tout kè w!

16 Annapre, Ezekyas te vin malad e l te prèske mouri. Li te sipliye Jewova pou l sonje jan l te mache devan l. (Li 2 WA 20:1-3.) Grasa Bib la, nou konnen nou pap viv nan yon epòk kote n ka atann pou Bondye fè mirak pou l geri nou oubyen pou l ajoute sou longè lavi nou. Aktout sa, menm jan ak Ezekyas, nou chak kapab di Jewova nan yon priyè: “M te mache devan w avèk fidelite e ak tout kè m.” Èske w kwè Jewova kapab ede w pandan w kouche sou kabann ou tou malad e li dispoze fè sa? — Sòm 41:3.

g01-F 22/7 13 § 4

Ki jan lapriyè ka ede m?

Nan tan biblik yo, gen kèk mesye ki te gen lafwa ki te jwenn repons pou priyè yo dirèkteman, e menm pa mwayen yon mirak. Pa egzanp, lè wa Ezekyas te aprann li gen yon maladi ki t apral touye l, li te sipliye Bondye pou delivre l. Bondye te reponn: “Mwen tande priyè w la. Mwen wè dlo ki nan je w. M ap geri w.” ​(2 Wa 20:1-6). Gen lòt gason ak fi ki te gen lakrentif pou Bondye ki te fè menm eksperyans lan kote Bondye te entèvni nan ka pa yo. — 1 Samyèl 1:1-20; Dànyèl 10:2-12; Travay 4:24-31; 10:1-7.

Trezò espirityèl

it-2-F 406 § 4

Nivo

Yon nivo se yon zouti yo konn itilize pou yo byen konstwi yon bilding oswa pou yo teste si konstriksyon an byen fèt. Jewova te anonse li t ap sèvi ak menm kòd li mezire Samari a lè l te fè konnen: “M ap lonje kòd pou mezire a sou Jerizalèm, menm jan mwen te fè sa pou Samari. M ap sèvi ak menm nivo mwen te sèvi pou fanmi Ahab la.” Bondye te mezire Samari ak fanmi wa Ahab e l te wè yo pa t bon nan domèn moral oswa pa t gen espwa pou yo, sa ki te lakòz destriksyon yo. Menm jan an tou, Bondye t ap jije Jerizalèm ak dirijan l yo, li te fè wè aklè jan yo mechan, sa ki t ap mennen nan destriksyon vil sa a. Evènman sa yo te rive nan ane 607 anv. e. n. (2Wa 21:10-13; 10:11). Pa mwayen Ezayi, pil mechan ki t ap fè wè yo ak dirijan pèp Jerizalèm nan te vin konnen kalamite ki t ap tann yo ak deklarasyon Jewova te fè lè l te di: “M ap fè sa ki jis tounen fisèl pou pran mezi, se sa ki dwat k ap sèvi kòm nivo.” Prensip vrè jistis la ak sa ki dwat toutbon an t ap montre kiyès ki vrèman sèvitè Bondye ak kiyès ki pa vrè sèvitè l, kòm rezilta yo t ap jwenn swa pwoteksyon, swa destriksyon. — Eza 28:14-19.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje