Men sa w ka fè pou etid la itil ou
Toudabò, gade esplikasyon yo bay sou fason leson yo fèt, epi gade VIDEYO a.
PREMYE PATI
Lè w ap prepare yon leson, li premye pati a. Kesyon ki an koulè yo (A) ak vèsè yo (B) mete aksan sou pwen prensipal yo. W ap remake gen kèk vèsè yo mande pou nou “li”.
DEZYÈM PATI
Premye fraz (C) ki parèt nan seksyon Fouye plis la, fè konnen sou ki sa yo pral pale. Soutit yo (D) tankou yon plan pou konvèsasyon n ap fè a. Lè anseyan an ap fè etid la avè w, w ap li vèsè yo, w ap reponn kesyon yo epi n ap gade videyo yo ansanm.
VIDEYO yo ap fè w jwenn plis enfòmasyon sou sa w ap etidye a. Kèk nan videyo sa yo pale de bagay ki te pase toutbon. Lòt yo prezante kèk bagay ki ka rive, menm lè se pa sitiyasyon oubyen moun ki egziste toutbon.
Gade foto yo ak nòt ki pou foto yo (E), epi reflechi sou repons ou ta bay nan pati ki gen tit Gen moun ki di a (F).
TWAZYÈM PATI
Nan fen leson an, w ap jwenn Sa w te aprann ak Revizyon (G). Mete dat ou fini leson an. Objektif (H) ba w yon bagay ou ka fè pou w kontinye aprann oubyen pou w aplike sa w aprann nan. Aprann plis (I) bay lòt enfòmasyon ou ka li oubyen videyo w ka gade.
Fason pou w jwenn vèsè yo nan Bib la
Bib la gen 66 liv ladan l. Li gen de pati: Liv ki te ekri ann ebre ak arameyen yo (“Ansyen Testaman”) ak Liv ki te ekri an grèk yo (“Nouvo Testaman”).
Lè yo site yon vèsè nan liv sa a, n ap wè non liv sa a ki nan Bib la (A), apre sa, n ap wè chapit la (B), ak vèsè a oswa vèsè yo (C).
Pa egzanp, Jan 17:3 vle di liv Jan, chapit 17 vèsè 3.