Referans pou Pwogram reyinyon Lavi nou ak travay nou fè a
© 2023 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
6-12 NOVANM
TREZÒ KI NAN PAWÒL BONDYE A | JÒB 13-14
“Si yon moun mouri, èske l ka tounen viv ankò?”
w99-F 15/10 3 § 1-3
Gwo efò ki te fèt pou moun viv pi lontan
Jis jodi a, se kèk moun ki pap dakò ak refleksyon anrapò ak lavi a ki kout, malgre pawòl sa a te ekri sa gen anviwon 3500 ane. Moun yo toujou pa satisfè lefètke yo jis goute lavi a nan moman yo ak tout fòs yo sou yo pandan yon ti tan sèlman, apre sa yo vyeyi epi yo mouri. Se rezon sa a ki fè pandan tout listwa yo vini ak yon pakèt metòd pou pwolonje lavi moun.
Nan epòk Jòb la, moun Ejip yo te konn manje grenn bèt pou yo te ka vin jèn ankò, men sa pa t bay rezilta. Youn nan objektif prensipal alchimi nan epòk mwayennaj la se te pou fè yon bwason k ap pèmèt moun viv pi lontan. Anpil alchimis te kwè lò ki fèt yon fason atifisyèl ta ka fè yo imòtèl, epi si yo manje nan veso annò sa ta ka fè yo viv pi lontan. Moun ki te nan relijyon Tawoyis Chinwa nan tan lontan an te fè konnen yo ta ka chanje fonksyònman kò yon moun lè yo sèvi ak yon seri teknik tankou meditasyon, egzèsis pou respire ak rejim nan kesyon manje pou yo te ka jwenn imòtalite.
Yo te byen konnen Juan Ponce de León, yon mesye espayòl ki konn fè rechèch, pou gwo efò li t ap fè pou l te jwenn yon fontèn k ap fè moun vin jèn. Nan yon liv ki rele Hermippus Redivivus, yon doktè nan 18yèm syèk la te ekri, li te ankouraje yo mete jèn fi ki vyèj yo nan yon ti chanm nan sezon prentan, epi pran souf yo mete nan boutèy, apre sa, sèvi avèk souf sa yo nan yon bwason pou pwolonje lavi moun. Jan nou konn sa, okenn nan metòd sa yo pa t bay rezilta.
Èske yon pyebwa yo koupe ka boujonnen ankò?
YON pye oliv gendwa pa parèt enpresyonan an konparezon ak gwo pyebwa ki rele sèd Liban an. Sepandan, pye oliv yo gen yon kapasite ki bèl anpil anpalan de kapasite yo genyen pou yo kontinye viv menm nan kondisyon ki difisil. Gen kèk nan yo yo panse ki gen 1000 an. Etandone rasin yon pye oliv antre byen fon nan tè a, menmsi yo ta koupe l l ap boujonnen ankò toutotan rasin nan kontinye ap viv.
Patriyach Jòb te gen konviksyon menmsi l ta mouri li t ap retounen viv ankò (Jòb 14:13-15). Li te sèvi ak egzanp yon pyebwa, petèt yon pye oliv, pou l te montre jan l gen konfyans nan kapasite Bondye genyen pou l resisite l la. Men sa Jòb te di: “Gen espwa menm pou yon pyebwa. Si yo koupe l, chouk la ap boujonnen ankò.” Lè vin gen lapli apre yon gwo sechrès, chouk yon pye oliv ki sèch kapab boujonnen ankò, e konsa, li ka fè “branch menm jan ak yon plant ki fèk ap pouse”. — Jòb 14:7-9, NW.
“Se pa ti anvi w ap anvi wè travay ou fè!”
Pawòl Jòb yo montre ki jan Jewova gen konpasyon. Jewova atache toutbon ak tout moun ki lage kò yo nan men l e ki pèmèt li fòme yo pou yo tounen moun ki apresyab nan je l menm jan ak Jòb (Izayi [Ezayi] 64:8). Jewova bay moun k ap adore l avèk fidelite anpil valè. “Se pa ti anvi” li anvi resisite moun ki mouri e ki te fidèl yo. Gen yon biblis ki di mo ebre yo itilize la a “san dout se youn nan mo ki pi fò pou eksprime anvi sa a” Bondye genyen an. Wi, Jewova pa sèlman sonje adoratè l yo, men tou, li vrèman anvi ba yo lavi ankò
Trezò espirityèl
it-1-F 412
Sann
Yo te konn sèvi ak sann tou pou pale de bagay ki pa enpòtan oswa ki san valè. Pa egzanp, men ki jan Abraram di li te santi l devan Jewova: “Se pousyè ak sann mwen ye.” (Jen 18:27; gade tou Eza 44:20; Jòb 30:19). Epi, Jòb te konpare pawòl fo konsolatè l yo t ap di yo ak “pwovèb ki san valè.” — Jòb 13:12.
13-19 NOVANM
TREZÒ KI NAN PAWÒL BONDYE A | JÒB 15-17
“Pa imite Elifaz lè n ap bay rekonfò”
w05-F 15/9 26 § 4-5
Reziste kont move panse!
Nan toule twa diskou Elifaz te fè yo, li te fè konprann Bondye tèlman egzijan pa gen anyen sèvitè l yo fè ki bon ase pou li. Men sa Elifaz te di Jòb: “Gade! Li pa fè sèvitè l yo konfyans e li chèche defo lakay zanj li yo.” (Jòb 4:18). Annapre, men sa Elifaz te di sou Bondye: “Bondye pa menm fè zanj li yo konfyans, menm syèl la pa pwòp nan je l.” (Jòb 15:15). Epi li te mande: “Ki enpòtans sa gen pou Toupisan an lefètke w jis?” (Jòb 22:3). Bildad te dakò ak pwennvi sa a, se sa k fè li te di: “Pou li, menm lalin nan pa klere, epi, zetwal yo pa pwòp nan je [Bondye].” — Jòb 25:5.
Nou dwe veye pou n pa kite kalite panse sa yo enfliyanse nou. Sa ka fè nou santi sa Bondye mande nou fè yo twòp pou nou. Pwennvi sa a ap gen move efè sou relasyon nou ak Jewova. Sepandan, si nou sede ak kalite rezònman sa a, ki jan n ap reyaji lè yo ban nou disiplin ki nesesè? Olye nou aksepte koreksyon avèk imilite, nou ka “vin an kòlè nan kè [n] sou Jewova” e nou ka vin gen rankin kont li (Pwovèb 19:3). Se pa ti mal sa t ap mal nan domèn espirityèl!
Ann imite Jezi: Li gen imilite e li gen kè sansib
16 Nan pawòl nou. Afeksyon ki pwofon nou gen pou lòt moun ap pouse n “pale yon fason pou nou konsole moun ki tris yo”. (1 Tes. 5:14.) Ki sa n ka di moun sa yo pou n ankouraje yo? Nou ka ankouraje yo lè n montre yo jan n gen bonjan sousi pou yo. Nou kapab felisite yo ak tout kè n pou n ede yo wè bèl kalite ak bèl kapasite yo genyen. Nou kapab fè yo sonje Jewova te atire yo vin jwenn Pitit Gason l lan, kidonk, se sèten yo gen anpil valè nan je l (Jan 6:44). Nou kapab fè yo gen asirans Jewova gen bonjan sousi pou sèvitè l ki gen “kè yo ap fann” yo oswa ki “dekouraje”. (Sòm 34:18, NW.) Pawòl nou di ki montre nou gen tandrès kapab geri moun ki bezwen rekonfò yo. — Pwo. 16:24.
Trezò espirityèl
Pwen enteresan ki nan liv Jòb la
7:9, 10; 10:21; 16:22— Èske pawòl sa yo montre Jòb pa t kwè nan rezirèksyon? Pawòl sa yo konsène avni imedyat Jòb. Nan ka sa a, ki sa l te vle di? Petèt pawòl sa yo vle di, si l ta mouri, okenn nan moun ki t ap viv nan menm epòk avèk li yo pa t ap wè l ankò. Selon pwennvi moun sa yo, li pa t ap tounen lakay li ni yo pa t ap rekonèt li ankò, jiskaske moman Bondye fikse a rive. Petèt Jòb te vle di tou pèsonn moun pa ka sot nan Cheyòl poukont li. Selon Jòb 14:13-15, li klè, Jòb te kwè gen yon rezirèksyon ki pral fèt.
20-26 NOVANM
TREZÒ KI NAN PAWÒL BONDYE A | JÒB 18-19
“Pa janm abandone moun k ap adore Jewova menm jan avè w yo”
Leson nou ka aprann lefètke Jezi te kriye
9 Ou kapab ede moun ki nan lapenn. Nonsèlman Jezi te kriye ansanm ak Mat ak Mari, men, li te koute yo tou e li te konsole yo. Nou menm tou, nou kapab fè menm jan an pou moun ki nan gwo lapenn. Men sa Dàn, yon ansyen k ap viv nan peyi Ostrali, di: “Apre lanmò madanm mwen, mwen te bezwen èd. Gen plizyè mari ak madanm ki te dispoze koute m lajounen kou lannuit. Yo te kite m pale pou m di jan m santi m e yo pa t jennen lè m t ap kriye. Yo te ede m fè yon seri bagay tou lè m te santi m pa ka fè yo, tankou lave machin mwen, al achte, epi fè manje pou mwen. Yo te konn priye avè m souvan. Yo te montre yo se bon zanmi e yo se bonjan frè mwen te ka ‘konte sou yo lè gen malè’.” — Pwo. 17:17.
Lè yon moun nou renmen sispann sèvi Jewova
16 Kontinye ede moun nan fanmi an ki fidèl yo. Yo bezwen santi nou renmen yo e yo bezwen nou ankouraje yo plis pase nenpòt lòt lè (Ebre 10:24, 25). Pafwa, moun ki gen moun ki eskominye nan fanmi yo konn santi se kòmsi yo eskominye tou, paske gen frè ak sè nan kongregasyon an ki konn pa pale ak yo ankò. Nou pa dwe aji konsa! Nou bezwen felisite jèn ki gen paran yo ki kite laverite e nou bezwen ankouraje yo. Men sa Maria, yon sè ki te gen mari l ki eskominye e ki te abandone l ak pitit li, di: “Kèk nan zanmi m yo te vin lakay mwen, yo te fè manje pou nou e yo te ede m fè etid ak pitit mwen yo. Yo te santi jan m ap soufri e yo te kriye ansanm avè m. Yo te defann mwen lè lòt moun t ap pale m mal. Yo te vrèman ban m fòs!” — Wom. 12:13, 15.
w90-F 1/9 22 § 20
Èske w ap chèche fè plis travay?
20 Gwoup ansyen an ta dwe konprann lè yon frè ki te ansyen oswa sèvitè ministeryèl diskalifye, sa ka lakòz li strese, menmsi se li menm ki remèt privilèj la. Si li pa eskominye, men ansyen yo wè frè a deprime, yo dwe ba li èd espirityèl avèk lanmou (1 Tesalonisyen 5:14). Yo dwe ede l konprann kongregasyon an bezwen l. Menmsi sa te nesesè pou yo te konseye l, sa pa ta dwe pran twòp tan pou yon frè ki gen imilite e ki rekonesan rejwenn privilèj sèvis li te gen kongregasyon an.
Trezò espirityèl
w94-F 1/10 32
Pouvwa yon bèl pawòl genyen
Sepandan, lè Jòb te bezwen ankourajman, Elifaz ak konpayon l yo pa t di bèl pawòl. Yo te blame Jòb pou kalamite l yo, yo te fè l konprann li dwe te fè kèk peche an kachèt (Jòb 4:8). Men ki kòmantè The Interpreter’s Bible fè: “Sa Jòb te bezwen, se te yon moun ki gen konpasyon nan kè l. Men, sa l te jwenn se yon seri swadizan ‘verite’ ak yon seri bèl ide relijyon yo kwè ladan yo ki san sans e ki banal.” Jòb te tèlman boulvèse lè l te tande pawòl Elifaz ak konpayon l yo, opwen l te rele byen fò e l te di: “Pandan konbyen tan n ap kontinye fè m fache e n ap kontinye dekouraje m ak pawòl nou yo?” — Jòb 19:2.
Nou pa ta dwe janm lakòz yon sèvitè Bondye parèy nou tonbe nan tristès akoz pawòl san reflechi nou di e ki pa gen bonte. (Konpare ak Detewonòm 24:15.) Men avètisman yon pwovèb nan Bib la bay: “Sa ou di ka lavi pou ou, li ka lanmò pou ou. Sa ou chwazi, se sa w’ap jwenn.” — Pwovèb 18:21, Bib la.
27 NOVANM–3 DESANM
TREZÒ KI NAN PAWÒL BONDYE A | JÒB 20-21
“Se pa richès ki fè konnen si yon moun jis”
Èske w “rich anvè Bondye”?
12 Nan pawòl Jezi te di yo, li te fè diferans ant yon moun ki rich anvè Bondye ak yon moun k ap anpile trezò pou tèt li oswa k ap chèche byen materyèl. Konsa, Jezi te fè konprann se pa anpile byen materyèl oswa jwi bagay nou posede ki ta dwe prensipal objektif nou nan lavi a. Olye de sa, nou ta dwe sèvi ak resous nou yon fason k ap amelyore relasyon nou ak Jewova, sètadi k ap ranfòse relasyon nou avèk li. Si nou aji konsa, se sèten sa ap fè nou rich anvè Bondye. Poukisa nou di sa? Se paske sa ap fè l posib pou Bondye vide anpil benediksyon sou nou. Men sa Bib la di: “Benediksyon Jewova, se sa ki fè yon moun rich, e li pa ajoute okenn doulè avè l.” — Pwovèb 10:22.
Trezò espirityèl
w95-F 1/1 9 § 19
Nou pote laviktwa sou Satan ak travay li yo
19 Sa enteresan pou n wè Jòb, sèvitè Bondye a, te dwe reziste ak pawòl Satan t ap di l pa mwayen Elifaz ak Sofa, yon seri pawòl ki te “boulvèse lespri” l (Jòb 4:13-18; 20:2, 3). Donk, “soufrans” Jòb yo se te rezilta refleksyon sou “vye pawòl” anrapò ak “laperèz” ki te anvayi lespri l (Jòb 6:2-4; 30:15, 16). Eliyou te koute Jòb avèk atansyon, e avèk senserite li te ede l wè pwennvi Jewova ki saj sou kesyon an. Menm jan an tou jodi a, Ansyen ki gen bon konprann yo montre yo pran swen moun ki aflije yo lè yo pa ajoute plis “pawòl pou kraze” moun sa yo. Olye de sa, menm jan ak Eliyou, yo koute yo avèk pasyans e apre sa yo pase luil Pawòl Bondye a sou yo (Jòb 33:1-3, 7; Jak 5:13-15). Donk, moun ki gen pwoblèm emosyonèl akoz yon bagay ki twomatize yo, kit li reyèl, kit li pa reyèl, oswa sila yo ki “fè rèv ki fè [yo] pè e [ki] fè vizyon” menm jan ak Jòb, ka jwenn vèsè ki kalme yo e ki rekonfòte yo pa mwayen kongregasyon an. — Jòb 7:14; Jak 4:7.
BYEN PREPARE W POU TRAVAY PREDIKASYON AN
g-F 5/09 12-13
Deklarasyon konsa reflete fason divès gwoup relijye asosye richès nan domèn materyèl ak benediksyon Bondye. Yo preche si w fè bon bagay nan je Bondye, l ap fè w jwenn bon bagay nan lavi sa a e l ap rekonpanse w pou tout sa. Teyoloji sa a atiran anpil e liv k ap fè pwomosyon pou li yo se liv ki plis vann.[2] Men, èske “teyoloji anrapò ak pwosperite” sa a ann amoni ak Labib?
Se sèten, Kreyatè nou an, Sila a Bib la rele “Bondye ki gen kè kontan an”, vle nou gen kè kontan e pou nou reyisi nan lavi nou (1 Timote 1:11; Sòm 1:1-3). Mete sou sa, li beni moun ki fè l plezi yo (Pwovèb 10:22). Men, nan ka pa nou jodi a, èske se sitou lè n gen richès materyèl nou jwenn benediksyon sa a? Repons lan vin klè lè nou konprann nan ki epòk nou ye anrapò ak objektif Bondye.
Èske se moman pou nou vin rich?
Nan tan lontan, Jewova te beni kèk nan sèvitè l yo ak richès materyèl, patriyach Jòb ak wa Salomon se bonjan egzanp nan sans sa a (1 Wa 10:23; Jòb 42:12). Epoutan, anpil lòt moun ki te gen lakrentif pou Bondye pa t posede anpil bagay, sa gen ladan l Jan ki te konn batize moun nan ak Jezi Kris (Mak 1:6; Lik 9:58). Ki sa sa aprann nou? Selon Bib la, Bondye trete sèvitè l yo ann amoni ak objektif li gen pou yo nan moman an (Eklezyas 3:1). Ki jan prensip sa a aplikab pou nou jodi a?
Pwofesi ki nan Bib la fè konnen n ap viv nan “fen sistèm nan” oswa nan “dènye jou” sistèm sa a. Epòk sa a t ap make ak lagè, maladi, grangou, tranblemanntè ak latwoublay nan sosyete yo, yon seri sitiyasyon ki gaye pami lèzòm e ki nan yon nivo li pa t janm ye anvan sa depi ane 1914 (Matye 24:3; 2 Timote 3:1-5; Lik 21:10, 11; Revelasyon 6:3-8). Yon fason ki senp, monn nan tankou yon bato k ap fè nofraj! Lè n konsidere pwen sa yo, èske l t ap fè sans pou Bondye ta beni chak sèvitè l yo ak richès materyèl oswa èske Bondye ta dwe gen lòt pwojè ki pi enpòtan pou nou?
Jezi Kris te konpare epòk nou an ak epòk Noye a. Jezi te di: “Menm jan epòk Noye a te ye a, se konsa prezans Pitit lòm nan ap ye. Paske, menm jan nan epòk anvan delij la, moun yo t ap manje, yo t ap bwè, mesye yo t ap marye e moun t ap marye pitit fi yo, jiskaske jou pou Noye antre nan lach la rive, yo pa t remake anyen jiskaske delij la vini e li pote yo tout ale, se konsa prezans Pitit lòm nan ap ye.” (Matye 24:37-39) Jezi te konpare epòk nou an ak epòk Lòt la tou. Vwazen Lòt yo ki te nan vil Sodòm ak Gomò yo ‘t ap manje, yo t ap bwè, yo t ap achte, yo t ap vann, yo t ap plante, epi yo t ap bati’. Jezi te ajoute: “Men, jou Lòt te kite Sodòm, dife ak souf sot nan syèl la tonbe sou yo tankou lapli, e yo detwi yo tout. Se konsa sa ap ye jou Pitit lòm nan gen pou l parèt aklè a.” — Lik 17:28-30.
Se sèten, pa gen anyen mal nan manje, bwè, marye, achte ak vann. Danje a se lè nou tèlman plonje nèt nan bagay sa yo opwen nou pa rann nou kont ijans ki gen nan epòk n ap viv la. Donk mande tèt ou: ‘Èske Bondye t ap fè nou favè si l ta beni nou ak yon seri bagay ki t ap fè nou distrè nan lavi a?’ Okontrè, li t ap fè nou yon gwo mal. Se pa fason sa a Bondye lanmou an aji! — 1 Timote 6:17; 1 Jan 4:8.
LAVI NOU ANTANKE KRETYEN
g-F 9/15 6
KI JAN W KONSIDERE LAJAN?
Lè nou egzamine tèt nou, sa ta dwe ede nou wè ekilib nou bezwen fè nan kesyon lajan. Pa egzanp, poze tèt ou kesyon ki annapre yo.
▪ Èske plan moun yo pwopoze pou moun vin rich nan yon ti kras tan yo atire m?
▪ Èske m twouve l difisil pou m pataje kòb mwen genyen?
▪ Èske m gen tandans fè zanmi ak moun ki toujou ap pale sou lajan ak bagay yo posede?
▪ Èske m bay manti oswa m fè lòt pratik ki malonèt nan objektif pou m fè lajan?
▪ Èske lajan fè m santi m enpòtan?
▪ Èske m toujou ap reflechi ak lajan?
▪ Èske fason m konsidere lajan gen move efè sou sante m ak lavi fanmi m?
Si w reponn wi pou nenpòt nan kesyon sa yo, fè efò pou w rejte panse materyalis ak tantasyon yo. Evite fè zanmi ak moun ki bay lajan ansanm ak sa yo posede twòp enpòtans. Olye de sa, chèche fè zanmi ak moun ki bay prensip moral wo nivo yo plis valè pase sa yo posede.
Pa janm kite lanmou pou lajan pran rasin nan kè w. Okontrè, kite lajan nan plas li, sa vle di toujou mete zanmi, fanmi, sante emosyonèl ak fizik nou anvan lajan. Lè nou fè sa, n ap montre nou gen yon pwennvi ekilibre sou lajan.
4-10 DESANM
TREZÒ KI NAN PAWÒL BONDYE A | JÒB 22-24
“Èske yon moun ka itil Bondye yon bagay?”
w05-F 15/9 27 § 1-3
Reziste kont move panse!
Ide ki fè konnen Bondye twò egzijan an gen yon relasyon sere sere ak ide ki fè konprann lèzòm pa itil Bondye a. Men kesyon ki nan twazyèm diskou Elifaz la: “Èske yon moun ka itil Bondye yon bagay? Èske yon moun ki gen bon konprann ka fè yon bagay pou Bondye?” (Jòb 22:2) Elifaz te vle di lèzòm pa itil Bondye. Nan menm sans lan, men sa Bildad te di: “Ki jan lòm ka dwat devan Bondye, oubyen ki jan yon moun ki sot nan vant yon fi ka inosan?” (Jòb 25:4) Anrapò ak rezònman sa yo, ki jan Jòb, yon senp moun, ta ka menm panse li t ap janm parèt dwat nan je Bondye?
Jodi a, santiman negatif kèk moun genyen anrapò ak tèt yo anvayi yo. Kèk bagay ki ka lakòz yo santi yo konsa se kapab fanmi kote yo soti, presyon yo jwenn nan lavi a, oswa yo te viktim lahèn rasyal oswa lahèn etnik. Men, Satan ak demon l yo pran plezi nan kraze moun. Si yo ka enfliyanse yon moun pou yo fè l santi pa gen anyen nan sa l fè ki bon ase pou Bondye Toupisan an, l ap pi fasil pou moun sa a dekouraje. Avèk letan, moun sa a ka vin frèt e menm ale lwen Bondye vivan an. — Ebre 2:1; 3:12.
Laj ak pwoblèm sante fè nou limite. Sa nou fè nan sèvis Wayòm nan ka parèt tou piti an konparezon ak sa n te konn fè lè n te jèn, lè n te an sante e lè n te gen plis fòs. Se pa ti enpòtan sa enpòtan pou nou rekonèt Satan ak demon l yo vle nou santi sa nou fè yo pa bon ase pou Bondye! Nou dwe reziste ak kalite panse sa yo.
w95-F 15/2 27 § 6
Yon leson sou fason pou n jere pwoblèm
Twa konpayon Jòb yo te dekouraje l ak ide pèsonèl yo olye yo te pale selon sajès Bondye. Elifaz tèlman te ale lwen, li te menm di ‘Bondye pa fè sèvitè l yo konfyans’ epi sa pa vrèman di Jewova anyen kit Jòb te jis, kit li pa t jis (Jòb 4:18; 22:2, 3). Sa difisil pou n imajine yon remak ki pi dekourajan oswa ki plis pa laverite pase remak sa a! Se pa etonan pou n wè Jewova te reprimande Elifaz ak konpayon l yo paske yo te blasfeme. Men sa li te di: “Nou pa t di laverite sou mwen.” (Jòb 42:7). Men, deklarasyon ki pi mal la potko fèt.
Jèn ki fè kè Jewova kontan
10 Selon sa Bib la di, se pa sèlman entegrite Jòb Satan te mete an dout, men se entegrite tout lòt sèvitè Bondye yo. E ou menm ou ladan l tou. Anfèt, anpalan de lèzòm an jeneral, Satan te di Jewova: “Tout sa yon nonm posede [pa sèlman Jòb, men se tout moun], l ap bay li pou nanm li.” (Jòb 2:4). Se yon pwen enpòtan, pa vre? Èske ou wè nan ki pwen sa konsène w? Jan Pwovèb 27:11 montre sa, Jewova di gen yon bagay ou ka fè pou li, ou ka ba l yon baz pou l reponn Satan, k ap pwovoke l. Imajine sa: Souvren Inivèsèl la k ap mande w patisipasyon pa w pou l rezoud pi gwo kesyon ki soulve nan listwa. Ala yon gwo responsablite! Ala yon bèl privilèj ou genyen an! Èske ou dispoze bay Jewova sa l mande w la? Jòb te fè sa (Jòb 2:9, 10). Jezi te fè menm bagay, san konte yon dividal lòt moun nan listwa, e anpil ladan yo se jèn (Filipyen 2:8; Revelasyon 6:9). E ou menm tou, ou ka suiv egzanp yo. Toutfwa, gen yon bagay pou w pa bliye: pa gen moun ki net nan kesyon sa a. Se oubyen ou pou Satan nan pwovokasyon l lan, oubyen ou pou Jewova nan repons li vle bay la. Se konduit ou ki pral demontre nan ki kan ou ye. Ki kan w ap chwazi soutni?
Jewova gen sousi pou ou!
11 Èske w panse sa pa di Jewova anyen lè l wè se tèl chwa ou fè? Lefètke anpil moun deja rete fidèl devan l, èske sa pa gentan ba l mwayen pou l bay Satan yon repons sou kesyon sa a? Dapre sa Dyab la fè konnen, pèsonn pap dakò sèvi Jewova paske l renmen l. Se vre, anpil moun gentan wè sa l di a se yon manti, men Jewova vle pou ou menm ou pran pozisyon pou li nan kesyon souvrènte a, paske li sansib pou ou, wi pou ou menm menm. Men ki sa Jezi te di: “Se pa yon bagay Papa m ki nan syèl la ta renmen, pou youn nan piti sa yo peri.” — Matye 18:14.
12 Nou ka wè sa: Jewova enterese nan pozisyon ou pran. E, yon pwen ki trèzenpòtan, kèlkeswa pozisyon w pran an, sa gen yon efè sou li. Bib la pa kite okenn dout sou sa. Li esplike ki jan Jewova santi l lè yon moun poze yon aksyon, kit se an byen kit se an mal. Pa egzanp, lè Izrayelit yo te plede ap fè rebèl, sa te fè Jewova “lapenn”. (Sòm 78:40, 41.) Anvan delij ki te fèt nan tan Noye a, yon epòk kote “mechanste lèzòm te anpil”, Jewova “te santi sa fè l mal nan kè l”. (Jenèz 6:5, 6.) Èske w wè ki sa sa vle di? Sa vle di si w adopte yon move konduit, ou ka fè Kreyatè a soufri. Natirèlman, sa pa vle di Bondye fèb ni sa pa vle di se yon Bondye ki aji sou emosyon. Okontrè, si sa afekte l, se paske li renmen w e li ta renmen wè byen pou ou. Yon lòt bò, lè w fè sa ki byen, kè Jewova kontan. Sa ki fè kè l kontan, se pa sèlman paske li jwenn yon lòt repons pou l bay Satan, men tou se paske li wè kounye a li ka rekonpanse w. E se yon bagay li anvi fè (Ebre 11:6). Ala yon bon Papa se Jewova Dye!
Trezò espirityèl
brw04 15/07
Chèche gen objektif espirityèl pou w bay Kreyatè a glwa
Ann reflechi sou fason Jewova te kreye linivè, toutpandan l te gen tè a nan objektif li lè l t ap kreye. Pawòl ki di “te vin gen yon aswè e te vin yon gen maten” an montre Jewova te mete yon tan pou l fè chak bagay (Jenèz 1:5, 8, 13, 19, 23, 31). Nan kòmansman chak tan sa yo, li te byen konnen objektif li oubyen sa li te gen pou fè pou jou a. Epi Bondye te reyalize objektif li te genyen anrapò ak sa l t ap kreye nan jou a (Revelasyon 4:11). Men sa Jòb te di: “Lè [Jewova] vle fè yon bagay, li annik fè l.” (Jòb 23:13). Se pa ti satisfè sa dwe te fè Jewova satisfè lè l “gade tout sa l fè” epi li di yo “bon anpil”! — Jenèz 1:31.
Nou menm tou, pou nou rive reyalize objektif nou yo, nou dwe gen detèminasyon pou sa. Ki sa k ap ede nou vin gen yon gwo detèminasyon konsa? Menm pandan tè a te san fòm e li te san vi, Jewova te kapab gentan wè jan li t ap vin ye: li t ap vin yon bèl bijou nan lespas ki ba l glwa ak onè. Menm jan an tou, n ap plis anvi reyalize sa nou te vle fè lè nou medite sou rezilta ak byenfè nou kapab jwenn. Se eksperyans sa a Tony, ki gen 19 an, te fè. Li pa t janm bliye premye enpresyon li te genyen lè li te vizite yon biwo filyal Temwen Jewova ki ann Ewòp delwès. Depi lè a, li te toujou gen yon kesyon nan lespri l: ‘Ki jan lavi m t ap ye si m t ap viv e m t ap travay yon kote konsa?’ Tony pa t janm sispann panse sou sa, e li te kontinye travay pou l reyalize objektif sa a. Li te ranpli aplikasyon pou l travay nan Betèl. Kèk ane annapre, se pa ti kontan li te kontan lè yo te rele l pou l sèvi nan filyal la!
11-17 DESANM
TREZÒ KI NAN PAWÒL BONDYE A | JÒB 25-27
“Nou pa oblije pafè pou nou rete entèg”
it-1-F 1194 § 5
Entegrite
Jòb. Yo dekri Jòb, ki sandout t ap viv ant peryòd lanmò Jozèf ak epòk Moyiz la, kòm “yon moun ki dwat [Ebre, tam] e ki fidèl. Li te gen lakrentif pou Bondye e li te vire do bay sa ki mal”. (Jòb 1:1; gade JÒB.) Kesyon entegrite lèzòm nan ki fè pati pwoblèm ki genyen ant Jewova Dye ak Satan an, te parèt klè nan kesyon Jewova te poze advèsè l la konsènan Jòb, lè Satan te parèt nan yon reyinyon ki t ap fèt nan syèl la avèk zanj yo. Satan te fè konprann Jòb t ap sèvi Bondye ak move mobil lè l te fè konnen Jòb pa t ap sèvi Bondye ak bon entansyon men se te pou enterè egoyis. Konsa, li te mete entegrite Jòb anvè Bondye an dout. Lè yo te pèmèt li atake tout sa Jòb te posede e menm pitit Jòb yo, Satan pa t rive kraze entegrite Jòb (Jòb 1:6–2:3). Apre sa, Satan te menm di lefètke Jòb te egoyis, Jòb t ap dispoze pèdi tout sa l te posede e menm pitit li yo, toutotan l ka sove lavi l (Jòb 2:4, 5). E annapre, li te frape Jòb ak yon maladi ki te fè l soufri e ki t ap depafini l, pwòp madanm li t ap dekouraje l, san wete vye pawòl yon seri zanmi l ki te mal konprann prensip ak objektif Bondye yo t ap di l (Jòb 2:6-13; 22:1, 5-11). Fason Jòb te reyaji te montre li pa t ap janm abandone repitasyon l kòm yon moun ki entèg. “Jiskaske m mouri, mwen pap sispann ret fidèl ak Bondye! M ap kontinye fè sa ki dwat e mwen pap janm sispann fè sa. Toutotan m ap viv, konsyans mwen pap kale m.” (Jòb 27:5, 6) Lefètke l te kenbe entegrite l, sa te montre advèsè Bondye a se yon mantè.
Ann kontinye ret fidèl ak Bondye!
3 Lè mo fidelite a gen rapò avèk nou menm sèvitè Bondye yo, li vle di lanmou nou gen pou Jewova ak tout kè nou antanke yon Moun toutbon, ak atachman san pataj nou gen pou li. Konsa, se volonte l nou met an premye nan tout desizyon n ap pran. Ann egzamine kèk enfòmasyon sou fason yo sèvi ak mo sa a nan Bib la. Youn nan sans fondamantal mo “fidelite” a gen nan Bib la se: konplè, ki pa gen okenn domaj oswa antye. Pa egzanp, Lalwa te di bèt Izrayelit yo t ap ofri Jewova kòm sakrifis yo pa t dwe gen okenn domaj (Lev. 22:21, 22). Moun nan pèp Bondye a pa t dwe ofri yon bèt ki manke yon pye, yon zòrèy oswa yon je. Epitou, yo pa t gendwa ofri yon bèt ki malad. Se te yon bagay enpòtan pou Jewova pou bèt yo t ap ofri a te konplè, pou l pa t gen okenn domaj oswa pou l te antye (Mal. 1:6-9). Nou ka konprann rezon ki fè Jewova te mande pou bèt yo pa gen okenn domaj oswa pou yo konplè. Pa egzanp, lè n ap achte yon bagay, kit se yon fwi, yon liv oswa yon zouti, nou pa ta renmen l gen twou oswa l manke moso. Nou ta renmen l konplè, li pa gen okenn domaj oswa li antye. Se menm bagay la Jewova ta renmen anrapò ak lanmou ak fidelite nou dwe demontre pou li.
4 Èske sa ta vle di pou nou fidèl ak Bondye nou dwe pafè? Anfèt, nou ka santi nou fè anpil erè, oswa menm nou gen anpil defo. Annou egzamine de rezon ki ka ede nou konprann nou pa oblije pafè pou nou fidèl ak Bondye. Premyèman, Jewova pa konsantre sou defo nou yo. Men sa Pawòl li a fè nou konnen: “O Ja, si se erè ou t ap gade, kiyès ki t ap ka kanpe devan w, o Jewova?” (Sòm 130:3). Li konnen nou enpafè, nou se pechè e li padone nou san grate tèt (Sòm 86:5). Dezyèmman, Jewova konn limit nou, li pa atann pou nou fè plis pase sa nou ka fè. (Li Sòm 103:12-14.) Ebyen, nan ki sans nou ka konplè, san okenn domaj oswa antye nan je Jewova?
5 Se lanmou ki pouse sèvitè Jewova yo ret fidèl avè l. Lanmou nou gen pou Bondye ak atachman nou gen pou Papa nou ki nan syèl la dwe rete konplè, san okenn domaj oswa antye. Si lanmou nou ret konsa, menm lè nou anba eprèv, konnen nou fidèl ak Bondye (1 Kwo. 28:9; Mat. 22:37). Annou retounen sou twa Temwen nou te pale de yo pi wo a. Poukisa yo te aji jan yo te aji a? Èske tifi a pa renmen pase bon moman nan lekòl li? Èske jèn gason an vle pou yo fè l wont lè l ap preche? Èske chèf fanmi an vle pèdi djòb li? Nou pa kwè sa. Okontrè, yo konnen prensip Jewova yo jis e yo fikse lespri yo sou sa ki fè Papa yo ki nan syèl la plezi. Piske yo renmen l, anvan yo pran yon desizyon, yo toujou chèche konn volonte l. Konsa, yo montre yo fidèl.
Trezò espirityèl
Nou òganize ann amoni ak Liv Bondye a
3 Lè n gade bagay Jewova kreye yo, nou wè aklè li se yon Bondye ki gen lòd. Li te “fè fondasyon tè a ak sajès. Li te met syèl la nan plas li byen djanm ak entèlijans”. (Pwovèb 3:19.) Gen anpil bagay nou pa konnen sou sa Jewova kreye yo. Anfèt, “se sèlman yon ti chwichwichwi nou tande nan vwa l”. (Jòb 26:14.) Men, li klè, ti sa nou konn sou linivè a montre li vrèman byen òganize (Sòm 8:3, 4). Gen plizyè milyon zetwal k ap deplase nan lespas nan lòd. Epi, fè yon ti reflechi sou fason planèt yo ap vire toutotou solèy la. Bèl lòd sa a posib sèlman paske Jewova te òganize fason planèt yo ak zetwal yo t ap gen pou yo deplase. Lè n reflechi sou fason Jewova “te byen fè syèl la” ak tè a, nou vle ba l louwanj, nou vle adore l, e nou vle fidèl ak li. — Sòm 136:1, 5-9.
18-24 DESANM
TREZÒ KI NAN PAWÒL BONDYE A | JÒB 28-29
“Èske w gen menm repitasyon ak Jòb?”
w02-F 15/5 22 § 19
Demontre bonte ki plen lanmou pou moun ki nan bezwen
19 Istwa biblik nou sot pale de yo pi wo a montre fason yo te demontre bonte ki plen lanmou pou moun ki te bezwen sa, e ki pa t ka bay tèt yo sa yo te bezwen an. Pou Abraram te ka konsève liy fanmi l, li te bezwen èd Betwèl. Pou yo te ale ak zosman Jakòb Kanaran, li te bezwen èd Jozèf. Pou Nawomi te ka gen yon eritye, li te bezwen èd Rit. Kit se te Abraram, Jakòb oswa Nawomi, yo youn pa t ka bay tèt yo sa yo te bezwen an san èd yon lòt moun. Menm jan an tou jodi a, nou dwe demontre bonte ki plen lanmou sitou pou sila yo ki nan bezwen (Pwovèb 19:17). Nou dwe imite patriyach Jòb ki te demontre konsiderasyon pou “malere k ap mande sekou yo, ansanm ak timoun ki san papa yo, ak moun ki pa gen pèsonn pou ede yo”, epitou pou “moun ki sou wout pou yo peri yo”. Mete sou sa, Jòb te ‘fè kè vèv yo kontan’ e li te ‘tounen je pou moun ki avèg yo, e pye pou moun ki enfim yo.’ — Jòb 29:12-15.
it-2-F 1144 § 10
Rad
Yo pale de rad nan sans senbolik anpil lòt kote. Menm jan yon inifòm oswa yon abiman espesyal fè konnen yon moun fè pati yon òganizasyon oswa l ap soutni yon mouvman kèlkonk, yo pale de rad nan yon sans senbolik nan Bib la tou pou idantifye pozisyon yon moun pran ak aktivite l fè ann amoni ak pozisyon sa a, menm jan sa parèt nan egzanp Jezi te pran konsènan rad maryaj la. (Mt 22:11, 12; gade COIFFURE; SANDALE.) Nan Revelasyon 16:14, 15, Jezi Kris, Seyè a, te bay avètisman pou yon moun pa kite dòmi pran l nan domèn espirityèl e pou yo ta vòlè idantite l antanke yon temwen fidèl vrè Dye a. Sa ta ka yon gwo dezas piske n konnen nou toupre “lagè ki gen pou fèt nan gran jou Bondye a, li menm ki Toupisan an”.
w09-F 1/2 15 §3-4
Ki sa ki gen nan yon non?
Nou pa ka chwazi ki non pou yo ban nou lè nou fèk fèt. Sepandan, se nou menm sèl k ap detèmine ki repitasyon n ap genyen (Pwovèb 20:11). Eseye mande tèt ou: ‘Si Jezi oswa apot li yo te gen opòtinite a, ki non yo t ap chwazi pou mwen? Ki non yo t ap chwazi pou dekri kalite ki pi remakab lakay mwen oswa repitasyon m?’
Kesyon sa a mande bonjan refleksyon. Poukisa? Men sa Salomon, yon wa ki te saj, te ekri: “Pito yon moun chwazi gen bon repitasyon olye l chwazi gen anpil richès.” (Pwovèb 22:1). Nòmalman, si nou gen yon bon non oswa yon bon repitasyon kote n ap viv la, nou gen anpil valè. Sepandan, sa k pi enpòtan an, si n gen yon bon non devan Bondye, n ap jwenn yon trezò k ap dire lontan. Ki jan sa? Bondye pwomèt l ap ekri non moun ki gen lakrentif pou li yo nan “yon liv devan l pou l sonje yo”, e l ap ba yo posiblite pou yo viv pou toutan. — Malachi 3:16; Revelasyon 3:5; 20:12-15.
Trezò espirityèl
g00-F 8/7 11 § 3
Souri bon pou ou!
Èske lè yon moun souri sa vrèman fè yon diferans? Bon, èske w sonje fason souri yon moun te soulaje w oswa sa te fè w santi w byen? Oswa, fason w te santi w mare oswa w te santi yo rejte w lè moun pa t souri avè w? Sa klè, yon souri vrèman fè yon diferans. Li gen efè ni sou moun ki souri a ni sou moun yo souri avè l la. Men sa Jòb, yon pèsonaj ki nan Bib la, te di advèsè l yo: “Lè m te konn souri ba yo, yo pa t ka kwè sa, Lajwa ki te parèt sou figi m te fè yo santi yo alèz.” (Jòb 29:24) “Lajwa” ki te sou vizaj Jòb la te montre kè kontan l te genyen ak satisfaksyon l te genyen.
25-31 DESANM
TREZÒ KI NAN PAWÒL BONDYE A | JÒB 30-31
“Ki jan Jòb te rete pwòp nan domèn moral”
Pa ret ap gade bagay ki pa vo anyen!
8 Dezi je ak dezi lachè ka gen efè sou vrè kretyen yo tou. Se sa k fè Pawòl Bondye a ankouraje nou pou nou disipline tèt nou anrapò ak sa n ap gade e anrapò ak sa nou anvi genyen (1 Kor. 9:25, 27; li 1 Jan 2:15-17). Jòb, yon nonm fidèl, te rekonèt rapò ki genyen ant sa nou wè ak dezi nou genyen. Men sa l te di: “Mwen te fè yon alyans ak je m, donk, kòman m ta fè ap plede gade yon fi ki vyèj?” (Jòb 31:1, NW). Nonsèlman Jòb pa t aksepte manyen yon fi yon fason ki imoral, men menm nan lespri l li pa t mete lide konsa. Jezi te mete aksan sou nesesite pou lespri nou rete pwòp, pou l pa gen panse ki imoral ladan l lè l te di: “Si yon nonm gade yon fi avèk lanvi, li deja fè adiltè avè l nan kè l.” — Mat. 5:28
w08-F 1/9 11 § 4
“Reflechi sou sa k ka rive”
Anvan w fè premye pa sou kalite wout sa a, mande tèt ou: ‘Ki kote sa ap mennen m?’ Lè w jis pran yon ti tan pou “reflechi sou sa k ka rive”, sa sèlman ka sifi pou anpeche w pran direksyon sa a ki ka pote move konsekans. SIDA ak lòt maladi moun pran nan fè sèks, lè moun ansent san yo pa t vle, avòtman, relasyon ki kraze, ak pwoblèm konsyans, se bagay sa yo moun ki inyore avètisman sa yo jwenn sou wout sa a. Apòt Pòl te montre byen klè ki jan sa ap fini pou moun ki pran wout imoralite yo. Yo “pap benefisye Wayòm Bondye a.” — 1 Korentyen 6:9, 10.
Jèn, kite Pawòl Bondye a gide nou
15 Ki lè w panse fidelite w devan Bondye pi an danje, lè w avèk lòt moun oswa lè w poukont ou? Bon, lè w lekòl oswa lè w nan travay, ou sou pinga w yon fason pou anyen pa kraze relasyon w ak Bondye. Se lè w ap pran detant, lè w pap veye sou tèt ou, li pi fasil pou w pa reyaji devan bagay ki kontrè ak prensip moral ou yo.
16 Sa k fè ou ta dwe anvi obeyi Jewova menm lè w poukont ou? Sonje sa: Ou kapab fè Jewova lapenn oswa ou kapab fè kè l kontan (Jen. 6:5, 6; Pwo. 27:11). Aksyon w gen efè sou Jewova paske “li gen sousi pou [ou]”. (1 Pyè 5:7.) Li vle w koute l pou byen w (Iza. 48:17, 18). Nan Izrayèl tan lontan an, lè kèk nan sèvitè Jewova yo te pase sou konsèy li te bay, sa te fè Jewova lapenn (Sòm 78:40, 41). Yon lòt bò, nou konnen Jewova te renmen pwofèt Dànyèl paske gen yon zanj ki te di Dànyèl li se “yon moun Bondye renmen anpil”. (Dàn. 10:11.) Sa k fè Bondye te renmen l konsa? Se paske l te rete fidèl devan Jewova ni lè l te devan moun ni lè l te poukont li. — Li Dànyèl 6:10.
Trezò espirityèl
w05-F 15/11 11 § 1
Sekrè ki genyen nan koute avèk lanmou
Zanmi Jòb yo te tande plis pase dis nan pawòl li yo. Malgre sa, men sa Jòb te di: “Si yon moun ta annik koute m!” (Jòb 31:35). Poukisa? Paske Jòb pa t jwenn okenn rekonfò pandan yo t ap koute l la. Yo pa t gen sousi ni pou Jòb ni yo pa t vle konprann santiman l yo. Se sèten, yo pa t gen santiman moun ki t ap koute avèk konpasyon. Men ki konsèy apot Pyè te bay: “Se pou nou tout gen menm panse, se pou nou montre nou gen senpati, se pou nou gen afeksyon pou frè yo, se pou nou gen kè sansib ak imilite.” (1 Pyè 3:8) Ki jan nou ka demontre menm santiman sa a? Yon fason nou ka fè sa, se lè n montre nou gen sousi pou lòt moun e nou eseye konprann yo. Lè nou demontre konpasyon nan yon seri kòmantè tankou “sanble sa te fè w fache” oswa “ou dwe te santi yo pa t byen konprann ou”, sa a se yon fason ou ka montre ou gen sousi pou lòt moun. Yon lòt fason nou ka fè sa, se lè nou repete sa moun nan te di a avèk mo pa nou, konsa nou montre nou konprann sa moun nan te di a. Koute avèk lanmou vle di konsantre nonsèlman sou sa moun nan ap di a, men tou sou santiman li pa eksprime yo.