-
Èske se lè yon moun fèt yon lòt fwa l ap sove?Toudegad — 2009 | 1ye avril
-
-
Èske se lè yon moun fèt yon lòt fwa l ap sove?
SI YON moun ta mande w si w “fèt yon lòt fwa”, ki jan w t ap reponn? Gen plizyè milyon moun ki kwè nan Bondye ki t ap di “wi” ak tout fòs yo. Yo kwè tout vrè kretyen fèt yon lòt fwa. Anplis, pou yo, se sèl fason pou yon moun sove. Yo gen menm pwennvi ak kèk chèf relijye, tankou Robert Sproul, yon teyolojyen, ki te ekri pawòl nou pral site la yo: “Si yon moun pa fèt yon lòt fwa, [...] li pa yon kretyen.”
Èske w se youn nan moun ki kwè pou w sove ou bezwen fèt yon lòt fwa? Si se sa, se sèten ou ta renmen ede fanmi w ak zanmi w sove tou. Pou yo ka sove, yo bezwen konnen diferans ki genyen ant yon moun ki fèt yon lòt fwa ak yon moun ki pa fèt yon lòt fwa. Ki jan w t ap esplike yo sa sa vle di pou yon moun fèt yon lòt fwa?
Anpil moun kwè yon moun ki “fèt yon lòt fwa” se yon moun ki pwomèt avèk senserite l ap sèvi Bondye ak Kris. E kòm rezilta, moun sa a, ki te mouri nan domèn espirityèl, vin vivan. Men sa yon diksyonè modèn di konsènan yon moun ki fèt yon lòt fwa: “Dabitid, se yon kretyen ki renouvle fwa l, oswa fwa l vin pi solid, apre yon kokennchenn eksperyans espirityèl li fè.” —Merriam-Webster’s Collegiate Dictionary—Eleventh Edition.
Petèt w ap sezi aprann Labib pa dakò ak definisyon sa a. Èske w ta renmen konnen sa Pawòl Bondye a anseye sou sijè sa a? Se sèten w ap tire pwofi lè w egzamine sijè sa a an pwofondè. Poukisa? Paske lè w byen konprann sa sa vle di pou yon moun fèt yon lòt fwa, sa ap enfliyanse lavi w ak esperans ou pou lavni.
Ki sa Labib anseye sou sa?
Sèl kote nan Bib la nou jwenn ekspresyon “fèt yon lòt fwa” a, se nan Jan 3:1-12, kote nou jwenn yon konvèsasyon enteresan Jezi te fè ak yon chèf relijye nan Jerizalèm. W ap jwenn tout konvèsasyon an nan kare ki bò kot atik sa a. Nou envite w li l avèk atansyon.
Nan konvèsasyon sa a, Jezi atire atansyon sou plizyè aspè ki gen nan kesyon “nouvèl nesans” lana (Bib Kreyòl La). Anfèt, konvèsasyon Jezi te genyen an ede nou reponn senk kesyon enpòtan ki pi ba yo:
◼ Ki enpòtans sa genyen pou yon moun jwenn nouvèl nesans lan?
◼ Èske se nou ki pou deside si n ap jwenn nouvèl nesans lan?
◼ Pou ki rezon yon moun jwenn nouvèl nesans lan?
◼ Ki jan yon moun jwenn nouvèl nesans lan?
◼ Ki chanjman ki vin genyen nan relasyon moun sa a ak Bondye?
Annou egzamine kesyon sa yo youn apre lòt.
[Nòt anba paj]
a Nou jwenn ekspresyon “nouvèl nesans” lan nan 1 Pyè 1:3, 23 (Bib Kreyòl La). Se yon lòt ekspresyon biblik ki gen menm siyifikasyon ak “fèt yon lòt fwa”. Toule de ekspresyon sa yo soti nan yon vèb grèk: génnaô.
[Kare/Foto nan paj 22]
“Fòk nou fèt yon lòt fwa ankò!”
“Te gen yon nonm pami Farizyen yo ki te rele Nikodèm. Li te youn nan chèf Jwif yo. Nonm sa a vini kote Jezi lannuit, epi li di Jezi: Rabi, nou konnen ou se yon pwofesè ki soti kote Bondye. Paske, pèsonn pa kapab fè tout mirak-siy w ap fè yo si Bondye pa avèk li. Jezi reponn, li di li: Franchman, franchman, m ap di ou sa: Si yon moun pa fèt yon lòt fwa, li pa kapab wè wayòm Bondye a. Nikodèm di li: Kòman yon nonm ki granmoun ka fè fèt ankò? Li pa kapab antre nan vant manman li yon dezyèm fwa epi pou li fèt ankò, pa vre? Jezi reponn, li di: Franchman, franchman, m ap di ou sa: Si yon moun pa fèt nan dlo ak nan Lespri, li pa kapab antre nan wayòm Bondye a. Sa ki fèt grasa chè, li se chè. E, sa ki fèt grasa Lespri, li se lespri. Pa sezi dèske mwen te di ou: Fòk nou fèt yon lòt fwa ankò! Van an soufle kote li vle. Ou tande bri li, men, ou pa konnen ni kote li soti, ni kote li prale. Tout moun ki fèt grasa Lespri a, yo menm jan. Nikodèm reponn, li di: Kòman bagay sa yo kapab fèt? Jezi reponn, li di li: Se ou ki pwofesè pèp Izrayèl la, epi ou pa konnen bagay sa yo? Franchman, franchman, m ap di ou sa: Nou pale de sa nou konnen. Nou temwaye sou sa nou te wè, men, ou menm ak lòt moun yo, nou pa resevwa temwayaj nou an. Si mwen pale nou de sa ki sou latè epi nou pa kwè, kòman n ap fè kwè, lè mwen pale nou de sa ki nan syèl la?” —Jan 3:1-12, Bib Kreyòl La.
-
-
Ki enpòtans sa genyen pou yon moun jwenn nouvèl nesans lan?Toudegad — 2009 | 1ye avril
-
-
Ki enpòtans sa genyen pou yon moun jwenn nouvèl nesans lan?
PANDAN tout konvèsasyon Jezi te genyen ak Nikodèm nan, Jezi te montre li enpòtan anpil pou yon moun jwenn nouvèl nesans lan oswa pou l fèt yon lòt fwa. Ki jan l te montre sa?
Remake ki jan Jezi te montre nouvèl nesans lan enpòtan nan konvèsasyon li te gen ak Nikodèm nan. Men sa Jezi te di: “Si yon moun pa fèt yon lòt fwa, li pa kapab wè wayòm Bondye a.” (Jan 3:3, Bib Kreyòl La). Mo “si” a ak ekspresyon “pa kapab” la montre nouvèl nesans lan enpòtan anpil. Ann pran yon egzanp. Si yon moun di: “Si solèy la pa klere, yon moun pa kapab wè limyè l”, moun sa a vle di li vrèman nesesè pou solèy la klere pou yon moun ka wè limyè l. Nan menm sans lan, Jezi te vle di li vrèman nesesè pou yon moun fèt yon lòt fwa pou li kapab wè Wayòm Bondye a.
Se sa k fè, finalman, pou Jezi te fè pwen sa a soti byen klè, li te di: “Fòk nou fèt yon lòt fwa ankò!” (Jan 3:7, Bib Kreyòl La). Sa klè, selon Jezi, pou yon moun “antre nan wayòm Bondye a”, li vrèman nesesè pou l fèt yon lòt fwa. —Jan 3:5, Bib Kreyòl La.
Lefètke nouvèl nesans lan te enpòtan anpil konsa pou Jezi, kretyen yo dwe asire yo yo byen konprann ki sa l ye. Pa egzanp, èske w panse yon kretyen kapab chwazi pou l fèt yon lòt fwa?
[Antrefilè nan paj 23]
“Si solèy la pa klere, yon moun pa kapab wè limyè l.”
-
-
Èske se nou ki pou deside si n ap jwenn nouvèl nesans lan?Toudegad — 2009 | 1ye avril
-
-
Èske se nou ki pou deside si n ap jwenn nouvèl nesans lan?
KIYÈS ki fè yon moun jwenn nouvèl nesans lan? Gen kèk predikatè ki konn site pawòl Jezi yo lè y ap ankouraje moun k ap koute yo pou yo fèt yon lòt fwa. Yo konn di yo: “Fòk nou fèt yon lòt fwa ankò!” (Jan 3:7, Bib Kreyòl La). Predikatè sa yo itilize pawòl sa yo tankou se yon lòd y ap bay. Se kòmsi yo ta vle di yo: “Se pou yo deside pou yo fèt yon lòt fwa.” Konsa, yo fè konprann se chak kwayan ki pou pran desizyon pou l obeyi Jezi e pou l franchi etap ki nesesè pou l jwenn nouvèl nesans lan. Dapre jan yo kwè a, se chak moun ki pou chwazi si y ap jwenn nouvèl nesans lan. Men, èske kwayans sa a ann amoni ak sa Jezi te di Nikodèm nan?
Si nou li pawòl Jezi yo avèk atansyon, n ap remake yo pa montre se lèzòm ki pou chwazi si y ap jwenn nouvèl nesans lan oswa si yo pap jwenn li. Poukisa nou di sa? Ekspresyon grèk lè yo tradui l yo mete “fèt yon lòt fwa” pou li a, yo kapab tradui l konsa tou: “Nou dwe jwenn yon nesans ki soti anwoa.” Donk, dapre dezyèm fason yo kapab tradui l la, nouvèl nesans lan “soti anwo”, sa vle di “li soti nan syèl la” oswa “nan men Papa a”. (Jan 19:11; nòt anba paj, NW; Jak 1:17, NW.) Kidonk, se Bondye ki kapab fè yon moun jwenn li. —1 Jan 3:9.
Si nou kenbe ekspresyon “soti anwo” a nan lespri nou, li pa difisil pou nou konprann rezon ki fè pèsonn pa ka chwazi pou l jwenn nouvèl nesans lan. Fè yon ti panse ak lè w te fèt. Èske se ou menm ki te chwazi pou w fèt? Non. Ou te fèt paske papa w te fè w. Menm jan an tou, nou kapab jwenn nouvèl nesans lan sèlman si Bondye, Papa nou ki nan syèl la, fè nou jwenn li (Jan 1:13). Donk, apot Pyè te gen tout rezon pou l di: “Benediksyon pou sila ki Bondye e ki Papa Senyè nou an, Jezi Kris! Pitye li tèlman gran, li ban nou yon nouvèl nesans.” —1 Pyè 1:3, Bib Kreyòl La.
Èske se yon kòmandman?
Sepandan, gen moun ki gendwa reflechi konsa: ‘Si se vre pèsonn pa ka deside si l ap fèt yon lòt fwa, poukisa Jezi te bay kòmandman ki di “fòk nou fèt yon lòt fwa ankò” a?’ Kesyon sa a se yon bon kesyon. Paske, si se yon kòmandman Jezi te bay lè li te di pawòl sa yo, se kòmsi li t ap ban nou lòd pou nou fè yon bagay nou pa anmezi pou n fè. Sa pa sanble rezonab pou li ta fè sa. Men, ki jan pou nou konprann pawòl li yo ki di se pou nou “fèt yon lòt fwa”?
Lè nou egzamine fraz sa a avèk plis atansyon nan lang orijinal la, nou wè Jezi pa t di l sou fòm yon kòmandman. Okontrè, li te di l sou fòm yon deklarasyon. Donk, lè li te di se pou nou “fèt yon lòt fwa”, se jis yon verite li t ap di, se pa t yon kòmandman li t ap bay. Li te vle di: “Li nesesè pou nou jwenn yon nesans ki soti anwo”. —Jan 3:7, Modern Young’s Literal Translation.
Pou nou demontre se pa yon kòmandman Jezi t ap bay, men se jis yon deklarasyon li te fè sou yon verite, ann pran yon egzanp. Imajine yon vil ki gen plizyè lekòl ladan l. Nan youn nan lekòl yo, se sèlman elèv ki fèt nan yon ras moun ki fèt nan zòn nan e ki abite yon kote ki lwen vil la yo pran. Yon jou, yon jenòm ki pa fèt nan ras sa a di direktè lekòl la: “Mwen ta renmen enskri nan lekòl ou a.” Lè direktè a tande sa, li di l: “Pou w enskri, se pou w natif natal zòn nan.” Sandout, w ap dakò pawòl direktè a di yo pa yon lòd. Se pa yon lòd l ap pase elèv la kòmkwa fòk li te deside “fèt nan zòn nan”. Li jis di yon verite konsènan kondisyon yon elèv dwe ranpli pou l enskri nan lekòl la. Menm jan an tou, lè Jezi te di: “Fòk nou fèt yon lòt fwa ankò!”, se jis yon verite li te di konsènan kondisyon yon moun dwe ranpli pou l “antre nan wayòm Bondye a”.
Wayòm Bondye a makònen ak yon lòt aspè nan nouvèl nesans lan. Lòt aspè sa a gen rapò ak rezon ki fè yon moun jwenn nouvèl nesans lan. Pou nou rive byen konprann sa sa vle di pou yon moun fèt yon lòt fwa, li enpòtan pou nou jwenn repons kesyon sa a.
[Nòt anba paj]
a Se konsa plizyè tradiksyon Labib tradui Jan 3:3. Men yon egzanp: “Si yon moun pa resevwa yon nesans ki soti anwo, li pa kapab wè wayòm Bondye a.” —A Literal Translation of the Bible.
[Foto nan paj 24]
Ki resanblans ki genyen ant lè yon moun jwenn nouvèl nesans lan ak lè yon tibebe fèt?
-
-
Pou ki rezon yon moun jwenn nouvèl nesans lan?Toudegad — 2009 | 1ye avril
-
-
Pou ki rezon yon moun jwenn nouvèl nesans lan?
ANPIL moun kwè fòk yo fèt yon lòt fwa pou yo jwenn lavi etènèl. Sepandan, men sa Jezi te di konsènan rezon ki fè yon moun jwenn nouvèl nesans lan: “Si yon moun pa fèt yon lòt fwa, li pa kapab wè wayòm Bondye a.” (Jan 3:3, Bib Kreyòl La). Donk, yon moun bezwen fèt yon lòt fwa pou l antre nan Wayòm Bondye a, men se pa pou l ka sove. Kèk moun gendwa di: ‘Men, èske antre nan Wayòm Bondye a ak sove se pa menm bagay la?’ Non, yo pa menm. Pou nou konprann diferans lan, annou wè toudabò ki sa “wayòm Bondye a” ye.
Yon Wayòm se yon gouvènman. Donk, ekspresyon “wayòm Bondye a” vle di “gouvènman Bondye a”. Bib la anseye Jezi Kris, “pitit gason lòm” nan, se Wa nan Wayòm Bondye a e li gen lòt moun ki pral dirije avè l (Dànyèl 7:1, 13, 14, NW; Matye 26:63, 64). Anplis, gen yon vizyon apot Jan te resevwa ki fè konnen yo chwazi moun ki pral dirije ak Kris yo nan “tout ras, tout lang, tout pèp, tout nasyon” e yo “va gouvènen [...] latè” kòm wa (Revelasyon 5:9, 10; 20:6). Pawòl Bondye a montre tou moun sa yo ki pral dirije yo fòme yon “ti bann mouton” ki gen 144 000 moun ladan l “ki te delivre pami moun ki sou latè”. —Lik 12:32; Revelasyon 14:1, 3.
Ki kote Wayòm Bondye a ye? Yo rele “wayòm Bondye a” “wayòm syèl la” tou. Sa montre Jezi ak lòt wa ki pral dirije avè l yo ap nan syèl la (Lik 8:10; Matye 13:11, NW). Donk, Wayòm Bondye a se yon gouvènman ki nan syèl la ki gen Jezi Kris ak yon gwoup moun k ap dirije ak li yo chwazi pami lèzòm.
Men, ki sa Jezi te vle di lè l te fè konnen fòk yon moun fèt yon lòt fwa pou l antre nan “wayòm Bondye a”? Li te vle di se pou yon moun fèt yon lòt fwa pou moun sa a ka dirije avè l nan syèl la. Kidonk, objektif nouvèl nesans lan se rasanble yon gwoup moun pou y al dirije nan syèl la.
Nou sot aprann nouvèl nesans lan enpòtan anpil, se Bondye ki chwazi ki moun k ap jwenn li, e nouvèl nesans sa a pèmèt Bondye rasanble yon gwoup moun pou y al dirije nan syèl la. Men, ki jan yon moun jwenn nouvèl nesans lan?
[Antrefilè nan paj 25]
Objektif nouvèl nesans lan se rasanble yon gwoup moun pou y al dirije nan syèl la.
[Foto nan paj 25]
Se Jezi Kris ansanm ak yon gwoup moun yo chwazi pami lèzòm pou dirije ansanm avè l ki fòme Wayòm Bondye a.
-
-
Ki jan yon moun jwenn nouvèl nesans lan?Toudegad — 2009 | 1ye avril
-
-
Ki jan yon moun jwenn nouvèl nesans lan?
JEZI te pale ak Nikodèm nonsèlman konsènan enpòtans nouvèl nesans lan, konsènan kiyès ki fè chwa a ak rezon ki fè gen moun k ap jwenn li, men tou, li te pale ak li konsènan fason yon moun jwenn nesans sa a. Men sa Jezi te di: “Si yon moun pa fèt nan dlo ak nan Lespri, li pa kapab antre nan wayòm Bondye a.” (Jan 3:5, Bib Kreyòl La). Donk, yon moun fèt yon lòt fwa grasa dlo e grasa lespri. Men, ak ki sa ‘dlo a ak Lespri a’ gen rapò?
Ki sa ‘dlo a ak Lespri a’ ye?
Nikodèm se te yon moun ki te konnen relijyon juif la byen, e pa gen dout li te konnen ki jan Ekriti ebrayik yo itilize ekspresyon “lespri Bondye” a, oswa fòs aktif li, ki ka ede moun fè bagay ki estrawòdinè (Jenèz 41:38; Egzòd 31:3; 1 Samyèl 10:6). Donk, lè Jezi te itilize mo “Lespri” a, Nikodèm te konprann se de lespri sen li t ap pale, sètadi fòs aktif Bondye a.
Èske li te konprann ak ki sa dlo a gen rapò? Remake evènman ki mansyone imedyatman anvan e imedyatman apre konvèsasyon Jezi te genyen ak Nikodèm nan. Yo montre ni Jan Batis, ni disip Jezi yo te konn batize moun nan dlo (Jan 1:19, 31; 3:22; 4:1-3). Moun nan Jerizalèm te konn sa byen. Donk, lè Jezi te pale de dlo, Nikodèm te konprann Jezi pa t ap pale konsènan dlo an jeneral, men li t ap pale konsènan batèm nan dlo.
Yo batize nan lespri sen
Si ekspresyon “fèt nan dlo” a gen rapò ak batèm nan dlo, sa sa vle di pou yon moun “fèt [...] nan Lespri”? Anvan konvèsasyon Nikodèm te gen ak Jezi a, Jan Batis te fè konnen dlo ak lespri t ap jwe yon wòl nan batèm. Men sa li te di: “Mwen menm, mwen batize nou nan dlo. Men li menm [Jezi], l’a batize nou nan Sentespri a.” (Mak 1:7, 8). Mak, yon kretyen ki te ekri youn nan Evanjil yo, dekri premye fwa yon batèm konsa te fèt. Men sa li ekri: “Menm epòk sa a, Jezi te sòti Nazarèt, yon bouk nan peyi Galile. Lè sa a, Jan te batize l nan larivyè Jouden an. Antan Jezi t’ap sòti nan dlo a, li wè syèl la louvri, epi Lespri Bondye a desann sou li an fòm yon pijon.” (Mak 1:9, 10). Lè yo te plonje Jezi anba dlo ki nan rivyè Jouden an, li te batize nan dlo. Lè lespri te sot nan syèl la desann sou li, li te batize nan lespri.
Anviwon twazan apre batèm Jezi, Jezi te bay disip li yo asirans sa a: “Nan kèk jou ankò, nou pral resevwa batèm nan Sentespri a.” (Travay 1:5). Ki lè sa te fèt?
Nan jou Pannkòt ane 33 epòk nou an, anviwon 120 disip Jezi te rasanble nan yon kay Jerizalèm. Pandan yo nan kay sa a, “yon sèl bri sot nan syèl la tankou yon gwo van k’ap soufle; li plen tout kay kote yo te chita a. Lè sa a, yo wè yon bann lang parèt tankou ti flanm dife [...]. Yo tout te vin anba pouvwa Sentespri”. (Travay 2:1-4.) Nan menm jou sa a, gen lòt moun nan Jerizalèm yo te ankouraje pou yo batize nan dlo. Apot Pyè te di yon foul moun: “Tounen vin jwenn Bondye, epi yonn apre lòt vin resevwa batèm nan non Jezikri, pou Bondye padonnen tout peche nou yo. Apre sa, n’a resevwa Sentespri, kado Bondye a.” Ki reyaksyon moun sa yo te genyen? Bib la di: “Anpil ladan yo te kwè sa Pyè t’ap di a, yo te resevwa batèm. Jou sa a, te gen twamil (3.000) moun konsa ki te mete tèt yo ansanm ak disip yo.” —Travay 2:38, 41.
Gen de etap ladan l
Ki sa batèm sa yo montre konsènan nouvèl nesans lan? Yo montre nouvèl nesans lan gen de etap ladan l. W ap remake Jezi te batize nan dlo, epi apre sa li resevwa lespri sen. Menm jan an tou, premye disip yo te batize nan dlo anvan (kèk nan yo se Jan Batis ki te batize yo), epi apre sa yo resevwa lespri (Jan 1:26-36). Ansuit, 3 000 nouvo disip yo te batize nan dlo anvan, epi apre sa yo resevwa lespri.
Si nou kenbe batèm ki te fèt nan Pannkòt ane 33 epòk nou an nan lespri nou, ki jan nou ta dwe atann pou nouvèl nesans lan fèt jodi a? Nou ta dwe atann pou l fèt menm jan li te fèt nan ka apot Jezi yo ak premye disip yo. Dabò, moun nan dwe repanti pou peche li, li dwe sispann fè sa l ap fè ki pa bon, li dwe vwe lavi l bay Jewova pou l adore l e pou l sèvi l, epi apre sa, li dwe batize nan dlo pou l montre tout moun li vwe lavi l bay Jewova. Ansuit, si Bondye chwazi l pou l vin yon wa nan Wayòm li an, l ap vide lespri sen sou li. Premye etap la (batèm nan dlo a), se moun nan ki pran desizyon pou l franchi l. Dezyèm etap la (batèm nan lespri a), se Bondye ki deside ki moun k ap franchi l. Lè yon moun resevwa de batèm sa yo, li jwenn nouvèl nesans lan.
Men, poukisa Jezi te itilize ekspresyon “fèt nan dlo ak nan Lespri” a nan konvèsasyon li te gen ak Nikodèm nan? Li te fè sa pou l te fè konnen chanjman estrawòdinè moun ki batize nan dlo ak nan lespri yo t ap gen pou yo sibi. Nan atik ki vin apre a, nou pral egzamine aspè sa a nan nouvèl nesans lan.
[Foto nan paj 27]
Jan Batis te batize Izrayelit ki te repanti yo nan dlo.
-
-
Ki sa ki vin posib grasa nouvèl nesans lan?Toudegad — 2009 | 1ye avril
-
-
Ki sa ki vin posib grasa nouvèl nesans lan?
POUKISA Jezi te itilize ekspresyon “fèt [...] nan Lespri” a alòske li t ap pale de batèm nan lespri sen (Jan 3:5, Bib Kreyòl la)? Nan yon sans figire, ekspresyon “nesans” lan vle di “kòmansman”. Donk, ekspresyon “nouvèl nesans” lan vle di yon “nouvo kòmansman”. Ekspresyon “fèt” la ak ekspresyon “nouvèl nesans” lan montre gen yon nouvo kòmansman nan relasyon Bondye genyen ak moun ki batize nan lespri yo. Ki jan chanjman total ki vin genyen nan relasyon yo ak Bondye a fèt?
Lè apot Pòl t ap esplike ki jan Bondye prepare moun pou y al dirije nan syèl la, li te itilize yon egzanp ki gen rapò ak fanmi. Li te ekri kretyen nan epòk li a pou l di yo Bondye t ap gen pou l adopte yo pou yo ‘vin pitit li’ e lè sa a Bondye t apral kapab boule ak yo kòm ‘pitit li’. (Galat 4:5; Ebre 12:7.) Pou w ka rive wè jan egzanp adopsyon an kapab ede w konprann chanjman ki fèt lè yon moun batize nan lespri a, fè yon ti reflechi ankò sou egzanp jenòm ki vle enskri nan yon lekòl kote se elèv ki fèt nan yon ras moun ki fèt nan yon zòn byen presi ki kapab enskri nan lekòl la.
Yon chanjman ki fèt lefètke yo adopte yo
Nan egzanp lan, jenòm nan pa kapab enskri nan lekòl la paske li pa fèt nan yon ras moun ki fèt nan zòn nan. Kounye a, imajine yon jou gen yon gwo chanjman ki fèt. Yon papa ki fèt nan popilasyon sa a adopte l pou l vin fè pati fanmi l. Lè sa a, ki posiblite sa fè l genyen? Bon, lefètke yo adopte l kòm pitit, li kapab vin gen menm dwa ak tout jèn ki fèt nan ras sa a, e kounye a li kapab menm gen dwa pou l enskri nan lekòl la. Adopsyon an chanje sitiyasyon l nèt.
Egzanp sa a montre, nan yon fason ki pi estrawòdinè, sa ki rive moun ki jwenn nouvèl nesans lan. Ann konsidere kèk resanblans ki genyen ant egzanp sa a ak moun ki jwenn nouvèl nesans lan. Jenòm nan egzanp lan ap kapab jwenn yon plas nan lekòl la depi li ranpli kondisyon li dwe ranpli pou l enskri nan lekòl la. Kondisyon an se pou l fèt nan ras moun ki fèt nan zòn nan. Sepandan, li pa kapab ranpli kondisyon sa a poukont li. Menm jan an tou, gen kèk moun k ap jwenn yon plas nan Wayòm Bondye a, sètadi gouvènman ki nan syèl la, depi yo ranpli kondisyon yo dwe ranpli pou yo antre ladan l lan. Kondisyon sa a se pou yo “fèt yon lòt fwa”. Sepandan, yo pa ka ranpli kondisyon sa a poukont yo paske nouvèl nesans lan depann de Bondye.
Ki sa ki te chanje sitiyasyon jenòm nan? Se te yon adopsyon legal. Byennantandi, sa pa t chanje moun li ye a. Apre adopsyon an, li te rete menm moun nan, malgre sa, apre moun ki te vle adopte l la te fin fè tout sa li te dwe fè pou adopsyon an legal, jenòm nan te vin nan yon nouvo sitiyasyon. Vrèmanvre, li te jwenn yon nouvo kòmansman, ou ta ka di yon nouvèl nesans. Apre adopsyon an, li te vin gen yon lòt papa e sa te ba l dwa pou l antre nan fanmi papa ki te adopte l la e pou l antre nan lekòl la.
Menm jan an tou, Jewova chanje sitiyasyon yon gwoup moun enpafè lefètke li adopte yo yon fason legal kòm pitit li. Apot Pòl ki te fè pati gwoup moun sa a te ekri kwayan parèy li yo pou l di yo: “Lespri Bondye a fè nou tounen pitit Bondye. Se li menm ki penmèt nou rele Bondye Papa. Lespri Bondye a bay lespri pa nou an lasirans se pitit Bondye nou ye.” (Women 8:15, 16). Wi, grasa adopsyon sa a, kretyen sa yo te vin fè pati fanmi Bondye a, sètadi yo te vin “pitit li”. —1 Jan 3:1; 2 Korentyen [2 Korent] 6:18.
Byennantandi, moun Bondye te adopte yo pa chanje; yo rete enpafè (1 Jan 1:8). Sepandan, jan apot Pòl esplike sa annapre, lè yo fin ranpli kondisyon ki pèmèt adopsyon yo vin legal, sitiyasyon yo vin chanje. Anmenmtan, lespri sen Bondye ba yo konviksyon yo gen pou yo viv ak Kris nan syèl la (1 Jan 3:2). Konviksyon sa a ki fèm lespri sen fè yo genyen an fè yo vin wè lavi a yon lòt jan (2 Korentyen 1:21, 22). Wi, yo jwenn yon nouvo kòmansman, ou ta ka di yon nouvèl nesans.
Anpalan de pitit Bondye adopte yo, Bib la di: “Yo pral sèvi Bondye ak Kris la tankou prèt. Yo pral gouvènen avè l pandan mil (1.000) lanne.” (Revelasyon 20:6). Pitit Bondye adopte yo pral vin wa nan Wayòm nan, sètadi gouvènman ki nan syèl la, ansanm ak Kris. Apot Pyè te di kwayan parèy li yo yo t ap resevwa yon “eritaj ki p’ap janm pouri, ki p’ap janm sal, ni ki p’ap janm pèdi frechè l, yon eritaj [ki] sere [...] nan syèl la” pou yo (1 Pyè 1:3, 4). Eritaj sa a vrèman gen anpil valè.
Sepandan, lefètke gen moun ki pral dirije, sa soulve yon kesyon tou. Si moun ki fèt yon lòt fwa yo pral dirije antanke wa nan syèl la, ki moun yo pral dirije? Nan atik ki vin apre a, nou pral egzamine kesyon sa a.
[Foto nan paj 28]
Ki sa Pòl te di sou adopsyon?
-
-
Yon ti gwoup moun pral dirije, men anpil moun ap jwenn benediksyonToudegad — 2009 | 1ye avril
-
-
Yon ti gwoup moun pral dirije, men anpil moun ap jwenn benediksyon
DEPI nan epòk apot yo, Bondye ap chwazi yon kantite kretyen fidèl pami lèzòm pou l adopte kòm pitit li, sepandan kantite sa a limite. Chanjman moun sa yo sibi a tèlman total, Pawòl Bondye a dekri l kòm yon nouvèl nesans. Objektif nouvèl nesans sa a se prepare sèvitè Bondye ki fèt yon lòt fwa yo pou y al dirije antanke wa nan syèl la (2 Timote 2:12). Pou yo vin wa, apre yo mouri, yo resisite yo pou y al viv nan syèl la (Women 6:3-5). Lè yo rive la, yo “va gouvènen [...] latè” kòm wa ansanm ak Kris. —Revelasyon 5:10; 11:15.
Sepandan, Pawòl Bondye a fè konnen tou gen moun ki pa fèt yon lòt fwa ki gen pou yo jwenn lavi etènèl. Nan Bib la (ni nan Ekriti ebrayik yo ni nan Ekriti grèk kretyen yo), yo pale de entansyon Jewova genyen pou l sove de gwoup moun: yon kantite moun limite ki pral viv nan syèl la ak yon kantite moun yo pa ka konte ki pral viv sou tè a anba dominasyon Wayòm nan. Pa egzanp, remake ki sa apot Jan te ekri kwayan parèy li yo ki te jwenn nouvèl nesans lan lè li t ap pale de Jezi: “Jezikri te ofri tèt li tankou bèt yo ofri bay Bondye, pou Bondye te ka padonnen peche nou yo, pa peche pa nou yo ase [kantite moun limite a], men peche tout moun tou [kantite moun yo pa ka konte a].” —1 Jan 2:2.
Remake tou ki sa apot Pòl te ekri: “Tout kreyasyon Bondye a [kantite moun yo pa ka konte a] ap tann konsa kilè pitit Bondye yo [kantite moun limite a] va parèt.” (Women 8:19-21). Ki jan pou nou konprann pawòl apot Jan yo ak pawòl apot Pòl yo? Nou dwe konprann yo konsa: moun ki fèt yon lòt fwa yo pral fè pati yon gouvènman ki nan syèl la. Pou ki rezon? Pou yo ka vide benediksyon sou kantite moun yo pa ka konte ki pral viv sou tè a anba gouvènman Bondye a. Se sa k fè Jezi te anseye disip li yo pou yo priye konsa: “Se pou wayòm ou an vini. Se pou volonte w fèt sou tè a kou nan syèl la.” —Matye 6:10, NW.
Menm verite sa a konsènan de gwoup moun ki pral sove yo nou jwenn li nan Ekriti ebrayik yo tou. Pa egzanp, remake ki sa Jewova te di Abraram, yon zansèt Jezi: “Grasa desandans ou a [kantite moun limite a], tout nasyon sou tè a [kantite moun yo pa ka konte a] pap manke pa beni tèt yo paske w te koute vwa mwen.” (Jenèz 22:18, NW). Wi, tout nasyon yo ta gen pou yo jwenn benediksyon grasa desandans Abraram nan.
Kiyès ki “desandans” sa a? Desandans sa a se Jezi Kris ansanm ak moun ki jwenn nouvèl nesans lan, sètadi moun Bondye adopte kòm pitit li yo. Men sa apot Pòl te esplike: “Si se pou Kris nou ye, donk, se desandans Abraram nou ye tou.” (Galat 3:16, 29, Bib Kreyòl La). Ki benediksyon moun ki sot nan tout nasyon yo jwenn grasa “desandans” sa a? Se privilèj yo genyen pou yo rejwenn favè Bondye e pou yo jwenn lavi etènèl nan paradi sou tè a. Men yon pwofesi salmis David te bay: “Moun ki jis yo pral posede tè a, e y ap rete sou li pou toutan.” —Sòm 37:29, NW; Izayi [Ezayi] 45:18; Revelasyon 21:1-5.
Vrèman, se kèk moun ki gen pou y al dirije nan syèl la, men, anpil moun pral jwenn benediksyon gouvènman ki nan syèl la pral pote yo, sètadi lavi etènèl sou tè a ak tout lòt benediksyon ki makònen ak lavi etènèl la. Nou swete ou menm ak fanmi w ap pami moun ki pral jwenn benediksyon k ap dire pou toutan Wayòm Bondye a ap pote yo.
-
-
Dat ki pi enpòtan nan listwa aToudegad — 2009 | 1ye avril
-
-
Dat ki pi enpòtan nan listwa a
Se dat Jezi Kris te mouri a. Poukisa lanmò Jezi te enpòtan konsa? Gen plizyè rezon.
Lefètke Jezi te ret fidèl jiska lamò, sa pwouve yon moun ka rete fidèl devan Bondye.
Lanmò Jezi fè li posib tou pou kèk moun sou tè a al dirije ansanm avè l nan syèl la. Epitou, li bay anpil moun posiblite pou yo gen lavi etènèl nan paradi ki pral gen sou tè a.
Nan jou swa anvan Jezi te mouri a, li te sèvi ak pen san ledven ansanm ak diven wouj kòm senbòl pou reprezante sakrifis li t apral fè a ki demontre lanmou li genyen pou lèzòm. Epi men sa li te di disip li yo: “Se pou nou fè sa pou nou ka toujou chonje mwen.” (Lik 22:19). Èske w ap sonje evènman enpòtan sa a?
Temwen Jewova yo byen kontan envite w vin asiste Memoryal lanmò Jezi a avèk yo. Ane sa a l ap fèt jedi 9 avril apre solèy la fin kouche. Ou kapab asiste l nan Sal Wayòm ki pi pre w la. Temwen Jewova nan zòn bò lakay ou yo ap byen kontan fè w konnen ki lè ak ki kote l ap fèt.
-