BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • th leson 6 p. 9
  • Aplike vèsè yo yon fason ki klè

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Aplike vèsè yo yon fason ki klè
  • Konsantre w sou lekti w ap fè ak ansèyman w ap bay
  • Sou menm sijè a
  • Byen entwodui vèsè yo
    Konsantre w sou lekti w ap fè ak ansèyman w ap bay
  • Byen aplike vèsè yo
    Byen pwofite Lekòl ministè teyokratik la
  • Fè yon bon konklizyon
    Konsantre w sou lekti w ap fè ak ansèyman w ap bay
  • Montre moun yo aklè ki jan sa yo aprann nan ap itil yo
    Konsantre w sou lekti w ap fè ak ansèyman w ap bay
Gade plis
Konsantre w sou lekti w ap fè ak ansèyman w ap bay
th leson 6 p. 9

LESON 6

Aplike vèsè yo yon fason ki klè

Vèsè biblik.

Jan 10:33-36.

SA POU W FÈ: Pa annik li yon vèsè epi w pase nan lòt pwen an. Asire w moun k ap koute w yo byen wè rapò ki genyen ant vèsè w li a ak pwen w ap egzamine a.

FASON POU W FÈ SA:

  • Fè mo kle yo parèt. Apre w fin li yon vèsè, met aksan sou mo ki gen yon rapò dirèk ak pwen prensipal ki nan sijè w la. Ou ka fè sa lè w repete mo sa yo oswa lè w poze yon kesyon pou w pouse moun k ap koute w yo idantifye mo kle yo.

    Konsèy pratik.

    Si w itilize diferan mo pou w esplike ide ki nan vèsè a, asire w moun k ap koute w yo ap toujou wè rapò ki genyen ant mo ki nan Bib la ak pwen prensipal w ap devlope a.

  • Fè pwen an parèt klè. Si w gen yon bon rezon pou w li yon vèsè, esplike ki jan mo kle ki nan vèsè a soutni rezon sa a.

    Konsèy pratik.

    Kite Bib ou ouvri toutpandan w ap esplike vèsè a. Sa ap ede moun k ap koute w yo wè rapò ki genyen ant sa w ap di yo ak vèsè w sot li a.

  • Fè yon aplikasyon ki senp. Evite pale sou yon seri detay ki pa gen rapò ak pwen prensipal la. Selon sa moun k ap koute w yo deja konnen sou sijè a, chèche wè ki kantite detay ki nesesè pou w fè pwen ki nan aplikasyon w ap fè a parèt klè pou yo e pou yo konprann li.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje