-
Kòlè fè l touye frè lLeson ou kapab aprann nan Bib la
-
-
LESON 4
Kòlè fè l touye frè l
Apre Adan ak Èv te fin kite jaden Edenn nan, yo te fè anpil pitit. Kayen, premye pitit gason yo a, te konn fè jaden, e Abèl, dezyèm pitit gason yo a, te konn gade mouton.
Yon jou, Kayen ak Abèl te fè ofrann pou Jewova. Èske w konn ki sa yon ofrann ye? Se yon kado ki espesyal. Jewova te kontan pou ofrann Abèl te fè pou li a, men li pa t kontan pou ofrann Kayen an. Sa te fè Kayen fache anpil. Jewova te avèti Kayen, li te fè l konnen kòlè ka fè l fè sa k mal. Men, Kayen pa t koute.
Okontrè, Kayen te di Abèl: ‘Ann al nan jaden.’ Pandan yo te poukont yo nan jaden an, Kayen plonje sou frè l la e l touye l. Ki sa Jewova t apral fè Kayen pou sa l te fè a? Kòm pinisyon, Jewova te voye Kayen lwen fanmi l. Kayen pa t ap janm gen dwa tounen ankò.
Èske nou ka aprann yon leson nan sa? Nou ka kòmanse fache si bagay yo pa pase jan nou te panse a. Si n santi kòlè nou ap monte, oubyen si lòt moun avèti nou paske yo wè nou an kòlè, nou dwe sispann fè kòlè san pèdi tan epi kontwole santiman nou anvan se santiman nou ki kontwole nou.
Abèl te renmen Jewova e li te fè sa ki dwat. Se sa k fè, Jewova ap toujou sonje l. Bondye pral fè Abèl retounen viv ankò lè l fè tè a tounen yon paradi.
“Fè lapè ak frè w la anvan, apre sa, lè w tounen, w a bay ofrann ou an.” — Matye 5:24.
-
-
Lach Noye aLeson ou kapab aprann nan Bib la
-
-
LESON 5
Lach Noye a
Tank tan t ap pase, te vin gen anpil moun sou tè a. Pifò nan moun sa yo te mechan. Menm kèk zanj nan syèl la te vin mechan. Yo te kite plas yo nan syèl la e yo desann sou tè a. Èske w konn poukisa yo te fè sa? Yo te fè sa pou yo te ka pran fòm kò moun e pou yo marye ak fi sou tè a.
Zanj yo te fè pitit ak medam yo. Pitit gason sa yo te vin gen anpil fòs e yo te konn fè moun abi. Yo te konn fè moun soufri. Jewova pa t ka kontinye kite bagay sa yo rive. Se sa k fè li te di l ap detwi moun mechan sa yo nan yon delij.
Men, te gen yon mesye ki pa t menm ak lòt moun yo. Li te renmen Jewova. Li te rele Noye. Li te gen yon madanm ak twa pitit gason, Sèm, Kam ak Jafèt, e yo chak te gen madanm pa yo. Jewova te di Noye pou l konstwi yon gwo lach yon fason pou li menm ak fanmi l pa t mouri nan delij la. Yon lach se yon gwo gwo bwat ki fèt ak bwa ki ka ret sou dlo. Jewova te di Noye pou l fè yon pakèt bèt antre nan lach la pou yo pa mouri.
San pèdi tan, Noye te kòmanse fè lach la. Noye ak fanmi l te pase anviwon 50 an ap fè lach la. Yo te fè lach la jan Jewova te di yo a. Pandan epòk sa a, Noye te avèti moun yo pral gen yon delij. Men, pèsonn pa t okipe l.
Anfen, lè a te rive pou yo antre nan lach la. Ann wè sa k te pase annapre.
“Menm jan epòk Noye a te ye a, se konsa prezans Pitit lòm nan ap ye.” — Matye 24:37.
-