BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • Yon esklav ki te obeyi Bondye
    Leson ou kapab aprann nan Bib la
    • Jozèf k ap kouri pou madan Potifa.

      LESON 14

      Yon esklav ki te obeyi Bondye

      Jozèf te youn nan dènye pitit gason Jakòb yo. Gran frè Jozèf yo te wè papa yo pi renmen Jozèf. Ki jan w panse yo te santi yo lè yo te wè sa? Yo te jalou Jozèf e yo te rayi l. Lè Jozèf te fè yon seri rèv ki dwòl, li te konn rakonte frè l yo sa. Yo te panse rèv sa yo te vle di yon jou yo t ap oblije bese byen ba devan Jozèf. Sa te fè yo vin rayi l plis toujou!

      Frè Jozèf yo lage l nan yon twou.

      Yon jou, frè Jozèf yo t ap veye mouton toupre vil Sichèm. Jakòb te voye Jozèf al gade ki jan yo ye. Yo te wè Jozèf k ap vini byen lwen, e youn te di lòt: ‘Men nonm ki konn fè rèv la ap vini. Ann touye l!’ Yo pran l e yo lage l nan yon gwo twou. Men, Jida, youn nan frè l yo, te di: ‘Pa touye l! Ann vann li kòm esklav pito.’ Se konsa, yo te vann Jozèf bay yon seri komèsan ki te moun Madyan pou y al ann Ejip pou 20 pyès monnen ann ajan.

      Annapre, frè Jozèf yo tranpe rad long ki te sou Jozèf la nan san yon kabrit, yo voye l bay papa yo e yo mande l: ‘Èske se pa rad long pitit gason w lan?’ Se sa k fè Jakòb te panse se yon bèt sovaj ki te touye Jozèf. Sa te fè l tris anpil. Pèsonn pa t ka konsole l.

      Jozèf ki nan prizon.

      Lè Jozèf rive ann Ejip, yo te vann li kòm esklav, e se yon gwo chèf ki te rele Potifa ki te achte l. Men, Jewova te avèk Jozèf. Potifa te wè Jozèf travay byen e se yon moun yo te ka fè konfyans. Sa pa t pran tan pou Potifa met Jozèf responsab tout byen l te genyen.

      Madan Potifa te wè Jozèf te yon bèl gason ki te gen anpil fòs. Se chak jou li t ap mande Jozèf pou l vin kouche avè l. Ki sa Jozèf te fè? Li te refize e l te di: ‘Non! Sa pa bon. Mèt mwen fè m konfyans, e w se madanm li. Si m kouche avè w, m ap peche kont Bondye!’

      Yon jou, madan Potifa t ap chèche fòse Jozèf kouche avè l. Li te kenbe rad Jozèf, men Jozèf te kouri pou li. Lè Potifa te retounen lakay li, madanm li di l Jozèf t ap chèche fòse l kouche avè l. Se manti li te bay. Potifa te fache anpil, e l te fè lage Jozèf nan prizon. Men, Jewova pa t bliye Jozèf.

      “Kidonk, se pou nou soumèt tèt nou anba men Bondye ki pisan, yon fason pou l ka leve nou met byen wo lè moman an rive.” — 1 Pyè 5:6.

      Kesyon: Ki jan frè Jozèf yo te boule avè l? Poukisa yo te met Jozèf nan prizon?

      Jenèz 37:1-36; 39:1-23; Travay 7:9.

  • Jewova pa t janm bliye Jozèf
    Leson ou kapab aprann nan Bib la
    • Jozèf k ap esplike Farawon rèv li yo.

      LESON 15

      Jewova pa t janm bliye Jozèf

      Pandan Jozèf te nan prizon, Farawon, wa peyi Ejip la, te fè yon seri rèv pèsonn pa t ka esplike. Youn nan sèvitè Farawon yo te di l Jozèf kapab esplike l rèv li fè yo. San pèdi tan, Farawon voye chèche Jozèf.

      Farawon te mande l: ‘Èske w ka esplike m rèv mwen fè yo?’ Jozèf di Farawon: ‘Ejip pral gen anpil manje pandan sèt ane, apre sa, ap gen sèt ane grangou. Chwazi yon moun ki gen sajès ki pou sere manje pou pèp la pa mouri grangou.’ Epi, Farawon reponn: ‘Se ou m chwazi! W ap vin dezyèm moun ki pi enpòtan ann Ejip!’ Ki jan Jozèf te fè konnen sa rèv Farawon yo te vle di? Se Jewova ki te ede Jozèf.

      Jozèf k ap di yon seri mesye sa pou yo fè pou yo sere manje.

      Pandan sèt ane apre yo, Jozèf te sere manje. Apre sa, te vin gen yon gwo grangou sou tout tè a jan Jozèf te di sa a. Moun tout kote te vin achte manje nan men Jozèf. Jakòb, papa Jozèf, te vin aprann gen anpil manje ann Ejip, se sa k fè li te voye dis pitit gason l yo al achte manje ann Ejip.

      Pitit Jakòb yo t al kot Jozèf, e Jozèf te rekonèt yo lapoula. Men, frè Jozèf yo pa t rekonèt li. Yo bese byen ba devan Jozèf jan Jozèf te reve sa lè l te jèn nan. Jozèf te vle konnen si frè l yo te toujou move moun. Se sa k fè li te di yo: ‘Se espyon nou ye. Se feblès peyi a nou vin gade.’ Yo di: ‘Non! Nou se 12 frè ki moun peyi Kanaran. Gen youn nan frè nou yo ki mouri e sa k pi jèn nan ansanm ak papa nou.’ Apre sa, Jozèf di: ‘Mennen dènye ti frè nou an vin jwenn mwen, epi m ap kwè nou.’ Se konsa, yo te retounen lakay yo kot papa yo.

      Lè fanmi an pa t gen manje ankò, Jakòb te fè yo retounen ann Ejip. Fwa sa a, yo t al ansanm ak Benjamen, dènye ti frè yo a. Jozèf te vle wè si frè l yo chanje. Se sa k fè li te sere gode ann ajan l lan nan sak manje Benjamen an e l te di se vòlè frè l yo te vòlè l. Lè sèvitè Jozèf yo jwenn gode Jozèf la nan sak Benjamen an, frè Jozèf yo te sezi anpil. Yo te sipliye Jozèf pou l pini yo nan plas Benjamen.

      Se konsa, Jozèf te konnen frè l yo chanje. Jozèf pa t ka kenbe ankò. Li te tonbe kriye, epi l di frè l yo: ‘Mwen se Jozèf, frè nou an. Èske papa m toujou vivan?’ Frè Jozèf yo te sezi anpil. Li te di yo: ‘Pinga nou santi nou mal pou sa nou te fè m nan. Bondye te voye m isit la pou m sove lavi nou. Kounye a, fè vit mennen papa m vin isit la.’

      Yo te retounen lakay yo pou y al bay papa yo bèl nouvèl sa a e pou yo mennen l ann Ejip. Apre tout ane sa yo, Jozèf ak papa l te resi ansanm ankò.

      Jozèf ak papa l, Jakòb, k ap salye youn lòt.

      “Si nou pa padone moun lè yo peche kont nou, Papa nou pap padone nou tou lè nou peche.” — Matye 6:15.

      Kesyon: Ki jan Jewova te ede Jozèf? Ki jan Jozèf te montre li te padone frè l yo?

      Jenèz 40:1–45:28; 46:1-7, 26-34; Sòm 105:17-19; Travay 7:9-15.

Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
Dekonekte
Konekte
  • Kreyòl ayisyen
  • Pataje
  • Preferans
  • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
  • Kondisyon pou w sèvi avè l
  • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
  • Paramètres de confidentialité
  • JW.ORG
  • Konekte
Pataje