BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • Yon pye pikan ki gen dife ladan l
    Leson ou kapab aprann nan Bib la
    • Moyiz ki toupre pye pikan ki gen dife a.

      LESON 18

      Yon pye pikan ki gen dife ladan l

      Moyiz te pase 40 an ap viv Madyan. Li te marye e l te vin gen pitit. Yon jou, pandan Moyiz t ap pran swen mouton l yo bò Mòn Sinayi, li te wè yon bagay ki te fè l sezi. Te gen yon pye pikan ki te gen dife ladan l, men pye pikan an pa boule! Lè Moyiz avanse pou l wè sa k fè sa, li tande yon vwa nan touf pikan an ki di l: ‘Moyiz! Pinga w vin pi pre pase kote w ye a. Retire sandal ou paske kote w kanpe a se yon kote ki sakre.’ Se Jewova ki te sèvi ak yon zanj pou l pale ak Moyiz.

      Moyiz te pè, se sa k fè l te kouvri figi l. Vwa a te di l: ‘Mwen wè soufrans Izrayelit yo. Mwen pral delivre yo anba men Ejipsyen yo e m ap mennen yo nan yon bon peyi. Se ou menm ki pral fè pèp mwen an soti nan peyi Ejip.’ Èske w pa panse sa te ka fè Moyiz sezi?

      Moyiz te mande Bondye: ‘Ki sa m pou m di lè pèp la mande m kiyès ki voye m?’ Bondye reponn: ‘Di yo se Jewova, Bondye Abraram nan, Bondye Izarak la ak Bondye Jakòb la ki voye w.’ Epi, Moyiz di: ‘E si pèp la pa koute m?’ Jewova te bay Moyiz prèv l ap ede l. Li te mande Moyiz pou l lage baton l lan atè. Apre sa, baton an te tounen yon koulèv! Lè Moyiz pran koulèv la nan ke, li te tounen yon baton ankò. Epi, Jewova di: ‘Lè w fè mirak sa a, sa ap montre se mwen ki voye w.’

      Moyiz di: ‘Mwen pa konn pale byen.’ Epi, men pwomès Jewova te fè Moyiz: ‘M ap di w sa pou w di e m ap voye Arawon, frè w la, avè w pou ede w.’ Piske Moyiz te konnen Jewova te avè l, li te pran madanm li ak pitit gason l yo e li retounen ann Ejip.

      “Pa enkyete nou pou fason n ap gen pou nou pale oswa pou sa n ap gen pou nou di, paske n ap konnen sa n ap gen pou nou di a lè lè a rive.” — Matye 10:19.

      Kesyon: Ki sa Moyiz te wè pandan l t ap pran swen mouton l yo? Ki sa Jewova te vle Moyiz fè?

      Egzòd 3:1–4:20; Travay 7:30-36.

  • Twa premye flewo yo
    Leson ou kapab aprann nan Bib la
    • Moyiz ak Arawon ki kanpe devan Farawon.

      LESON 19

      Twa premye flewo yo

      Farawon te fòse Izrayelit yo travay di kòm esklav. Jewova te voye Moyiz ak Arawon al pot yon mesaj bay Farawon, men sa l te voye di l: ‘Kite pèp mwen an ale pou yo ka adore m nan dezè a.’ Farawon te reponn yon fason ki montre li pa gen respè, li te di: ‘Sa Jewova di a pa enterese m, epi m pap kite Izrayelit yo ale.’ Apre sa, Farawon te fòse yo travay pi di toujou. Jewova t apral bay Farawon yon leson. Ou konn ki jan l te fè sa? Li te lage dis flewo oubyen malè sou peyi Ejip. Jewova te di Moyiz: ‘Farawon pap koute m. Demen maten, l ap bò Rivyè Nil la. Al kote l, epi di l, piske l pa kite pèp mwen an ale, tout dlo Rivyè Nil la ap tounen san.’ Moyiz te obeyi, epi l al kot Farawon. Farawon t ap gade lè Arawon te frape Rivyè Nil la ak baton l, e rivyè a te tounen san. Rivyè a te vin gen move sant, pwason yo te mouri e moun pa t ka bwè dlo Rivyè Nil la. Aktout sa, Farawon te refize kite Izrayelit yo ale.

      Sèt jou annapre, Jewova fè Moyiz retounen al pale ak Farawon, li di l: ‘Si w pa voye pèp mwen an ale, peyi Ejip ap plen ak krapo.’ Arawon te leve baton l lan, e krapo te kòmanse kouvri peyi a. Moun yo te jwenn krapo anndan kay yo, sou kabann yo ak nan veso yo. Te gen krapo toupatou! Farawon te mande Moyiz pou l sipliye Jewova pou l fè malè sa a sispann. Farawon te pwomèt l ap kite Izrayelit yo ale. Se sa k fè, Jewova te fè malè a sispann. Tout krapo yo te mouri e Ejipsyen yo te rasanble yo fè plizyè pil. Peyi a te kòmanse vin gen move sant. Men, Farawon te toujou pa kite pèp la ale.

      Apre sa, Jewova di Moyiz: ‘Arawon dwe frape baton l lan atè, e pousyè a ap tounen yon pakèt moustik k ap pike moun.’ Menm moman an, te vin gen moustik toupatou. Kèk nan moun Farawon yo te di l: ‘Se Bondye ki lage malè sa a.’ Malgre sa, Farawon pa t kite Izrayelit yo ale.

      Twa nan dis malè ki te frape peyi Ejip yo: Rivyè Nil la k ap tounen san, krapo ak moustik.

      “M ap fè yo konnen jan m gen pouvwa e jan m gen fòs, e y ap konnen se Jewova m rele.” — Jeremi 16:21.

      Kesyon: Èske w sonje twa premye flewo yo? Poukisa Jewova te lage malè sa yo?

      Egzòd 5:1-18; 7:8–8:19; Neyemi 9:9, 10.

Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
Dekonekte
Konekte
  • Kreyòl ayisyen
  • Pataje
  • Preferans
  • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
  • Kondisyon pou w sèvi avè l
  • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
  • Paramètres de confidentialité
  • JW.ORG
  • Konekte
Pataje