-
Rahab kache espyon yoLeson ou kapab aprann nan Bib la
-
-
LESON 30
Rahab kache espyon yo
Lè espyon Izrayelit yo t al nan vil Jeriko, yo te rete lakay yon dam ki te rele Rahab. Lè wa Jeriko a te vin konn sa, li te voye kèk sòlda al lakay Rahab. Rahab kache de espyon yo sou do kay li e li fè sòlda yo fè yon lòt wout. Li te di espyon yo: ‘M ap ede nou paske m konnen Jewova avèk nou e n ap pran peyi a. Tanpri, pwomèt mwen n ap sove fanmi m.’
Espyon yo di Rahab: ‘Nou pwomèt ou, yo pap fè pèsonn lakay ou mal.’ Yo di l: ‘Mare yon kòd wouj nan fenèt kay ou, e anyen pap rive fanmi w.’
Rahab te fè espyon yo desann nan yon kòd nan fenèt kay la. Yo t al nan mòn yo e yo te ret kache pandan twa jou anvan yo retounen al jwenn Jozye. Apre sa, Izrayelit yo travèse Rivyè Jouden an e yo t ap prepare yo pou yo pran peyi a. Jeriko se premye vil yo te pran. Jewova te mande yo pou yo fè wonn vil la yon fwa pa jou pandan sis jou. Sou setyèm jou a, yo te fè wonn vil la sèt fwa. Epi, prèt yo te sonnen twonpèt yo e sòlda yo te fè yon gwo rèl ak tout fòs yo. Miray vil la te vide atè! Men, kay Rahab la ki te sou miray la te ret kanpe. Rahab ak fanmi l te sove paske Rahab te fè Jewova konfyans.
“Menm jan an tou, èske yo pa t deklare Rahab [...] jis pou sa l te fè a, lè l te fin byen resevwa mesaje yo, e li te fè yo pase nan yon lòt wout pou yo ale?” — Jak 2:25.
-
-
Jozye ak moun Gabawon yoLeson ou kapab aprann nan Bib la
-
-
LESON 31
Jozye ak moun Gabawon yo
Lòt nasyon Kanaran yo te vin konnen sa k te rive vil Jeriko. Wa ki nan nasyon sa yo te vle met ansanm pou yo goumen ak Izrayelit yo. Men, moun Gabawon yo te gen yon lòt plan. Yo te met vye rad chire sou yo e yo t al pale ak Jozye, yo di l: ‘Nou sot nan yon peyi ki lwen anpil. Nou te tande pale de Jewova ak tout sa l te fè pou pèp ou a nan peyi Ejip ak nan peyi Mowab. Pwomèt nou ou pap atake nou e n ap vin sèvitè w.’
Jozye te kwè sa yo te di a e li te pwomèt yo li pap atake yo. Apre twa jou, li vin aprann yo pa t sot nan yon peyi ki lwen. Yo se moun peyi Kanaran. Jozye te mande moun Gabawon yo: ‘Poukisa nou ban nou manti?’ Yo reponn: ‘Nou te pè! Nou konnen Jewova, Bondye w la, ap goumen pou ou. Tanpri, pa touye nou.’ Jozye te kenbe pwomès li te fè yo a e li te kite yo viv.
Sa pa t pran tan pou senk wa nan peyi Kanaran ak lame yo te vin atake moun Gabawon yo. Jozye ak lame l la te mache pandan tout yon nuit pou y al pote yo sekou. Batay la te kòmanse byen bonè nan demen maten. Moun Kanaran yo te tonbe kouri nan tout direksyon. Tout kote yo kouri ale Jewova te fè gwo grenn lagrèl tonbe sou yo. Apre sa, Jozye mande Jewova pou solèy la ret kanpe. Poukisa l te mande Jewova fè sa alòske solèy la pa t janm ret kanpe anvan sa? Se paske Jozye te fè Jewova konfyans. Solèy la te fè yon jou li pa kouche jiskaske Izrayelit yo te fin bat wa Kanaran yo ak lame yo te genyen yo.
“Se pou ‘Wi’ nou vle di wi, e se pou ‘Non’ nou vle di non. Paske, tout sa nou di anplis soti nan Mechan an.” — Matye 5:37.
-