-
Jewova te pran pasyans ak JonasLeson ou kapab aprann nan Bib la
-
-
LESON 54
Jewova te pran pasyans ak Jonas
Moun yo te mechan anpil nan vil Niniv, nan peyi Asiri. Jewova te di pwofèt Jonas pou l al Niniv pou l avèti moun yo yo dwe chanje fason y ap viv. Men, Jonas te kouri fè yon lòt wout. Li te monte yon bato ki t apral Tasis e bato a te kòmanse vwayaj la.
Pandan bato a sou lanmè, te vin gen yon gwo tanpèt, e maren yo te pè anpil. Yo te priye dye yo t ap sèvi yo, yo t ap mande: ‘Poukisa sa rive nou?’ Alafen, Jonas di yo: ‘Se fòt mwen. M ap kouri pou m pa fè sa Jewova mande m fè. Jete m nan lanmè a e tanpèt la ap sispann.’ Maren yo pa t vle lage Jonas nan lanmè a, men li te fòse yo. Lè yo lage l nan lanmè, tanpèt la sispann.
Jonas te panse li t apral mouri. Tank li t ap plonje desann pi fon nan lanmè a, li t ap priye Jewova. Epi, Jewova voye yon gwo gwo pwason. Gwo pwason an vale Jonas, men Jonas pa t mouri. Pandan Jonas anndan pwason an, li priye Bondye, li di l: ‘Mwen pwomèt pou m toujou obeyi w.’ Jewova te pwoteje Jonas anndan pwason an pandan twa jou, e l fè pwason an vomi Jonas sou tè sèk.
Piske Jewova sove lavi Jonas, èske sa vle di Jonas pa bezwen al Niniv ankò? Non. Yon lòt fwa ankò, Jewova mande Jonas pou l al Niniv. Fwa sa a, Jonas obeyi. Li t ale nan vil Niniv, e li di moun mechan yo: ‘Nan 40 jou, Bondye ap detwi Niniv.’ Epi, gen yon bagay dwòl ki te rive: moun Niniv yo te koute mesaj li a e yo te chanje fason yo t ap viv. Wa Niniv la te di pèp li a: ‘Se pou n rele Bondye, e se pou n repanti. Petèt li pap detwi nou.’ Lè Jewova wè moun yo repanti, li pa detwi Niniv.
Jonas te fache lè l wè Bondye pa detwi vil la. Imajine sa! Jewova te pran pasyans ak Jonas e l te fè l mizèrikòd, men, Jonas pa t gen mizèrikòd pou moun Niniv yo. Olye de sa, l al chita pa deyò vil la anba yon pye kalbas kouran e l lonje bouch li. Apre sa, plant lan mouri, e Jonas te vin fache. Epi, Jewova di l: ‘Gade ki jan kè w plis fè w mal pou plant lan pase pou moun Niniv yo. Mwen te gen mizèrikòd pou yo, se sa k fè yo pa mouri.’ Ki sa l te vle di Jonas? Moun Niniv yo te gen plis enpòtans pase nenpòt plant.
“Jewova [...] pran pasyans avèk nou, paske li pa ta renmen pèsonn moun detwi, men li ta renmen pou tout moun rive repanti.” — 2 Pyè 3:9.
-
-
Zanj Jewova a te pwoteje EzekyasLeson ou kapab aprann nan Bib la
-
-
LESON 55
Zanj Jewova a te pwoteje Ezekyas
Peyi Asiri te pran wayòm dis tribi Izrayèl yo. Twouve, Senakerib, wa peyi Asiri a, te vle pran wayòm de tribi Jida yo. Li te kòmanse pran vil Jida yo youn apre lòt. Vil li te plis anvi pran an se te Jerizalèm. Men, Senakerib pa t konnen si Jewova t ap pwoteje Jerizalèm.
Ezekyas, wa peyi Jida a, te peye Senakerib yon pakèt lajan pou l pa atake Jerizalèm. Malgre Senakerib fin pran lajan an, li voye gwo lame l la al atake Jerizalèm kanmenm. Moun yo nan vil la te pè anpil paske sòlda Asiri yo te kontinye ap pwoche pi pre yo. Epi, Ezekyas di moun yo: ‘Nou pa bezwen pè. Moun Asiri yo gen fòs, men, Jewova ap ban nou plis fòs pase yo.’
Senakerib te voye Rabchake a, mesaje l la, Jerizalèm pou l pase pèp la nan rizib. Rabchake a te kanpe pa deyò vil la e l t ap di byen fò: ‘Jewova pa ka ede nou. Pa kite Ezekyas twonpe nou. Pa gen okenn dye ki ka pwoteje nou anba men nou.’
Ezekyas te mande Jewova ki sa pou l fè. Jewova reponn li: ‘Pa kite pawòl Rabchake a fè w pè. Senakerib pap pran Jerizalèm.’ Apre sa, Ezekyas te resevwa yon seri lèt Senakerib te voye pou li. Lèt yo te di: ‘Bay vag. Jewova pa ka sove w.’ Ezekyas te priye Bondye, li te di: ‘Tanpri, Jewova, delivre nou, pou tout moun ka konnen se ou menm ki sèl vrè Dye a.’ Jewova di l: ‘Wa Asiri a pap antre Jerizalèm. M ap pwoteje vil mwen an.’
Senakerib te ret kwè Jerizalèm t ap nan men l talè konsa. Men, yon jou swa, Jewova te voye yon zanj al nan kan sòlda yo pa deyò vil la. Zanj lan te touye 185 000 sòlda! Wa Senakerib te pèdi sòlda ki pi vanyan li te genyen yo. Sèl sa l te ka fè se retounen lakay li paske l te pèdi batay la. Jewova te pwoteje Ezekyas ak Jerizalèm jan l te pwomèt sa a. Si w te Jerizalèm nan epòk sa a, èske w t ap fè Jewova konfyans?
“Zanj Jewova a pwoteje moun ki gen lakrentif pou Bondye yo e li sove yo.” — Sòm 34:7.
-