-
Yo detwi JerizalèmLeson ou kapab aprann nan Bib la
-
-
LESON 58
Yo detwi Jerizalèm
Moun Jida yo t ap plede kite Jewova pou y al adore fo dye. Pandan plizyè ane, Jewova te kontinye chèche ede yo. Se pa de pwofèt li te voye al avèti yo, men, yo pa t koute. Okontrè, yo te pase pwofèt yo nan rizib. Ki jan Jewova te fè yo sispann adore zidòl?
Nebikadneza, wa Babilòn nan, t ap pran yon nasyon apre yon lòt. Premye fwa li te pran Jerizalèm, li te ale ak wa Jewoyakin, prens yo, sòlda yo ak atizan yo, epi l mennen yo tout Babilòn. Mete sou sa, li te pran tout trezò ki te nan tanp Jewova a. Epi, Nebikadneza te met Sedesyas wa nan peyi Jida.
Okòmansman, Sedesyas te obeyi Nebikadneza. Twouve, nasyon ozalantou yo ak fo pwofèt yo te bay Sedesyas konsèy pou l revòlte kont Babilòn. Men, Jeremi te avèti l, li di: ‘Si w fè rebèl, ap gen zak asasinay, gwo grangou ak epidemi nan Jida.’
Lè Sedesyas te gen uit an sou pouvwa a, li te deside leve kont Babilòn. Li te mande lame peyi Ejip la ede l. Epi, Nebikadneza te voye lame l la vin atake Jerizalèm, e yo te ansèkle vil la. Jeremi te di Sedesyas: ‘Jewova di si w soumèt devan Babilòn, ou menm ak vil la ap chape. Si w pa fè sa, sòlda Babilòn yo ap boule Jerizalèm nèt e y ap pran w kòm prizonye.’ Sedesyas di: ‘Mwen pap soumèt!’
Ennan edmi annapre, lame Babilòn nan te pase nan miray Jerizalèm nan, li antre nan vil la, e li met dife ladan l. Yo te boule tanp lan nèt, yo te touye anpil moun e yo te mennen plizyè milye moun kòm prizonye.
Sedesyas te kouri kite Jerizalèm. Men, sòlda Babilòn yo te kouri dèyè l. Yo te pran l toupre vil Jeriko e yo te mennen l bay Nebikadneza. Wa Babilòn nan te fè Sedesyas gade kote y ap touye pitit li yo. Epi, Nebikadneza pete de je Sedesyas, li mete l nan prizon e se la l te mouri. Epi, Jewova te fè moun peyi Jida yo yon pwomès, li di: ‘Apre 70 an, m ap fè nou retounen lakay nou Jerizalèm.’
Ki sa k t apral rive jèn moun yo te mennen Babilòn yo? Èske yo t ap ret fidèl ak Jewova?
“Jewova Dye, ou menm ki Toupisan an, jijman w yo jis, e moun ka fè yo konfyans.” — Revelasyon 16:7.
-
-
Kat tigason ki te obeyi JewovaLeson ou kapab aprann nan Bib la
-
-
LESON 59
Kat tigason ki te obeyi Jewova
Lè Nebikadneza te mennen prens Jida yo Babilòn, li te mete yon gwo chèf ki rele Achpenaz responsab yo. Nebikadneza te di Achpenaz pou l chwazi jèn tigason ki pi an sante e ki pi entèlijan pami yo. Ti mesye sa yo t apral resevwa twazan fòmasyon. Sa t ap prepare yo pou yo vin gen gwo pozisyon nan Babilòn. Ti mesye yo t ap bezwen aprann li, ekri epi pale akadyen, lang moun Babilòn yo. Yo te dwe manje menm manje ak wa a ansanm ak moun nan palè wa a. Kat nan jèn mesye sa yo se te Dànyèl, Anànya, Michayèl ak Azarya. Achpenaz te ba yo non babilónyen: Bèltechaza, Chadrak, Mechak, ak Abèdnego. Èske fòmasyon sa a t ap fè yo sispann sèvi Jewova?
Kat ti mesye sa yo te pran detèminasyon pou yo obeyi Jewova. Yo te konnen yo pa t dwe manje manje wa a, paske gen bagay nan manje wa a Lwa Jewova a pa t pèmèt yo manje. Se sa k fè yo te di Achpenaz: ‘Tanpri, pa fè n manje nan manje wa a.’ Achpenaz di yo: ‘Si n pa manje, e wa a wè nou sanble nou malad, l ap touye m!’
Dànyèl te gen yon ide. Li te di responsab la: ‘Tanpri, ban nou legim ak dlo sèlman pandan dis jou. Apre sa, gade figi nou ak figi jènjan ki te manje nan manje wa a.’ Responsab la te dakò.
Apre dis jou, Dànyèl ak twa zanmi l yo te parèt pi an sante pase tout lòt ti mesye yo. Jewova te kontan dèske yo te obeyi l. Li te menm bay Dànyèl sajès pou l konprann vizyon ak rèv.
Lè fòmasyon an te fini, Achpenaz te mennen ti mesye yo bay Nebikadneza. Wa a te pale avèk yo e l te wè Dànyèl, Anànya, Michayèl ak Azarya te pi entèlijan e pi vivan pase tout lòt mesye yo. Li te chwazi kat mesye sa yo pou yo travay nan palè a. Wa a te toujou ap mande yo konsèy sou yon seri kesyon ki enpòtan. Jewova te fè yo gen plis sajès pase tout mesye ki te gen sajès ak majisyen wa a te genyen yo.
Malgre yo te nan yon peyi etranje, Dànyèl, Anànya, Michayèl ak Azarya pa t bliye se sèvitè Jewova yo ye. Èske ou menm tou, w ap toujou sonje Jewova menm lè papa w ak manman w pa ansanm avè w?
“Pa janm kite pèsonn meprize w paske w jèn. Okontrè, se pou w vin yon egzanp pou moun ki fidèl yo, nan pawòl ou, nan konduit ou, nan lanmou w, nan lafwa w ak nan vi pwòp w ap mennen an.” — 1 Timote 4:12.
-