-
Yon Wayòm k ap la pou toutanLeson ou kapab aprann nan Bib la
-
-
LESON 60
Yon Wayòm k ap la pou toutan
Yon jou swa, wa Nebikadneza te fè yon rèv dwòl. Sa te tèlman boulvèse l, li pa t ka dòmi. Li rele moun ki konn fè maji yo, epi li di yo: ‘Esplike m rèv mwen fè a.’ Yo di l: ‘O monwa, di nou ki rèv ou fè.’ Men, Nebikadneza di yo: ‘Non! Se nou ki pou di m ki rèv mwen fè, sinon m ap touye nou.’ Yon lòt fwa ankò, yo di wa a: ‘Di nou ki rèv ou fè e n ap esplike w sa l vle di.’ Li di: ‘Se twonpe nou tout ap chèche twonpe m. Di m ki rèv mwen fè!’ Yo di wa a: ‘Pa gen yon moun k ap viv ki ka fè bagay sa a. Sa w mande a se yon bagay ki enposib.’
Nebikadneza tèlman fache, li bay lòd pou yo touye tout moun ki gen sajès nan peyi a. Dànyèl, Chadrak, Mechak ak Abèdnego te ladan l tou. Dànyèl te mande wa a pou l ba l yon ti tan. Epi, li menm ak zanmi l yo te priye Jewova e yo te mande l pou l ede yo. Ki sa Jewova te fè?
Jewova te fè Dànyèl fè yon vizyon, li te montre l rèv Nebikadneza te fè a epi l fè l konnen sa rèv la vle di. Nan demen, Dànyèl t al kot sèvitè wa a, epi li di l: ‘Pa touye youn nan moun ki gen sajès yo. Mwen kapab esplike rèv wa a te fè a.’ Sèvitè a te mennen Dànyèl kot Nebikadneza. Dànyèl di wa a: ‘Bondye fè w konnen ki sa k pral rive alavni. Men rèv ou te fè a: Ou te wè yon kokennchenn estati ki gen yon tèt annò, lestomak li ak bra l te fèt ann ajan, vant li ak kuis li te fèt an kuiv, janm li te fèt an fè e pye l te fèt ak fè ki melanje ak ajil. Epi, gen yon wòch ki detache sot nan yon mòn e li vin frape pye estati a. Estati a kraze fè miyèt moso e van pote l ale. Wòch la te tounen yon gwo mòn, e l te plen tout tè a.’
Epi, Dànyèl di: ‘Men sa rèv ou a vle di: Wayòm ou an se tèt annò a. Ajan an se wayòm k ap vin apre w la. Apre sa, pral gen youn ki tankou kuiv k ap dirije tout tè a. Pwochen wayòm nan ap fò tankou fè. Anfen, pral gen yon wayòm ki divize k ap gen kèk pati ladan l ki fò tankou fè ak kèk pati ki fèb tankou ajil. Wòch ki vin tounen yon gwo mòn nan se Wayòm Bondye a. L ap kraze tout wayòm sa yo e l ap la pou toutan.’
Nebikadneza lage kò l devan Dànyèl fas anba. Li di: ‘Se Bondye w la ki fè w konn rèv mwen te fè a. Pa gen Bondye tankou l.’ Nebikadneza pa t touye Dànyèl, okontrè, li mete l chèf tout mesye ki gen sajès yo e l fè l vin yon dirijan nan Babilòn. Èske w wè ki jan Jewova te reponn priyè Dànyèl la?
“E yo rasanble wa yo nan yon zòn yo rele ann ebre: Amagedon.” — Revelasyon 16:16.
-
-
Yo pa t bese devan estati aLeson ou kapab aprann nan Bib la
-
-
LESON 61
Yo pa t bese devan estati a
Kèk tan apre wa Nebikadneza te fin wè yon estati nan yon rèv, li te fè yon gwo estati annò. Li te mete l nan Plèn Doura e li te rele moun ki te nan pi gwo pozisyon nan peyi a, tankou Chadrak, Mechak ak Abèdnego, pou yo reyini devan estati a. Men lòd wa a te bay: ‘Kou n tande bri twonpèt, hap ak tout kalite enstriman mizik, se pou n bese fas anba devan estati a! Depi yon moun pa bese devan estati a, y ap lage l nan yon founèz dife.’ Èske twa ebre yo t apral bese devan estati a, oubyen èske yo t ap adore Jewova sèlman?
Kounye a, wa a te bay lòd pou yo jwe mizik. Tout moun lage kò yo atè e yo adore estati a sof Chadrak, Mechak ak Abèdnego. Gen kèk nan mesye yo ki te wè sa e yo te di wa a: ‘Twa ebre sa yo refize adore estati w la.’ Nebikadneza te voye chèche yo, li di yo: ‘M ap ban nou yon lòt chans pou n adore estati a. Si n pa adore l, m ap lage n nan founèz dife a. Pa gen yon dye k ap kapab delivre nou anba men m.’ Yo reponn: ‘Nou pa bezwen w ban nou yon lòt chans. Bondye nou an kapab delivre nou. O monwa, menmsi l pa ta fè sa, nou pap adore estati a.’
Nebikadneza te vin fache anpil. Li di mesye l yo: ‘Fè dife nan founèz la vin sèt fwa pi cho pase jan l konn ye a!’ Apre sa, li bay sòlda l yo lòd, li di yo: ‘Mare mesye sa yo, epi lage yo nan dife a!’ Founèz la te tèlman cho, lè sòlda yo te pwoche bò kote l, yo mouri sou plas. Twa ebre yo te tonbe nan dife a. Men, lè Nebikadneza gade nan dife a, olye l te wè twa mesye yo, li te wè gen kat mesye k ap mache anndan founèz la. Li te vin pè anpil e l te mande fonksyonè l yo: ‘Èske se pa twa moun nou te lage nan dife a? Mwen wè kat moun, e youn ladan yo sanble ak yon zanj!’
Nebikadneza pwoche bò founèz la, epi l di byen fò: ‘Soti deyò, nou menm k ap sèvi Bondye ki nan pi gwo pozisyon an!’ Tout moun te sezi wè Chadrak, Mechak ak Abèdnego k ap mache sot nan dife a san anyen pa t rive yo. Po yo, cheve yo ak rad yo pa t boule, e yo pa t menm gen sant dife sou yo.
Nebikadneza di: ‘Bondye Chadrak, Mechak ak Abèdnego a gran anpil. Li voye zanj li vin delivre yo. Pa gen dye tankou dye yo a.’
Èske w pran detèminasyon pou w ret fidèl ak Jewova kèlkeswa sa k ta rive menm jan ak twa Ebre yo?
“Se Jewova, Bondye w la, ou dwe adore, e se li menm sèl ou dwe bay yon sèvis sakre.” — Matye 4:10.
-