-
Yon wayòm ki tankou yon gwo pyebwaLeson ou kapab aprann nan Bib la
-
-
LESON 62
Yon wayòm ki tankou yon gwo pyebwa
Yon jou swa, Nebikadneza te fè yon rèv ki te fè l pè anpil. Li te rele mesye ki te gen sajès yo pou yo esplike l rèv la. Men, youn pa t kapab. Alafen, wa a te pale ak Dànyèl.
Nebikadneza di Dànyèl: ‘Nan rèv mwen an, mwen wè yon pyebwa. Li tèlman wo, li rive nan syèl. Moun tout kote sou tè a te ka wè l. Li te gen bèl fèy ak yon pakèt fwi. Bèt te vin chèche lonbray anba l, e zwazo yo te fè nich yo sou branch li. Apre sa, gen yon zanj ki desann sot nan syèl la. Li di byen fò: “Koupe pyebwa a, epi koupe branch li yo. Men, kite chouk la ak rasin yo nan tè a, epi mete sèk ki fèt ak fè ak kuiv toutotou l. Kè pyebwa a ap chanje, li pap yon kè moun ankò, l ap vin yon kè bèt, e l ap ret konsa pandan sèt tan. Tout moun ap konnen se Bondye ki Chèf, e li ka bay nenpòt moun li vle yon wayòm.”’
Jewova te fè Dànyèl konnen sa rèv la vle di. Lè Dànyèl vin konprann rèv la, li te vin pè anpil. Li di: ‘O monwa, se pa pou ou rèv sa a ta dwe ye, se pou ènmi w. Gwo pyebwa yo te koupe a se ou menm. W ap pèdi wayòm ou an, e w ap manje zèb nan raje menm jan ak bèt bwa. Men, piske zanj lan te di pou yo kite chouk la ak rasin yo, w ap retounen vin wa ankò.’
Ennan annapre, Nebikadneza t ap mache sou do palè l la ki te plat pandan l t ap gade jan Babilòn bèl. Li di: ‘Gade gwo bèl vil mwen bati a. Gade ki jan mwen gran!’ Pandan l t ap pale, gen yon vwa ki sot nan syèl la ki di: ‘Nebikadneza! Kounye a, ou pèdi wayòm ou an.’
Menm moman an, Nebikadneza vin fou e li vin tankou yon bèt bwa. Yo te fòse l kite palè l la pou l al viv nan bwa ak bèt bwa yo. Cheve Nebikadneza te vin long tankou plim èg, e zong li te vin tankou grif zwazo.
Apre sèt ane fin pase, Nebikadneza te vin nòmal ankò e Jewova te fè l vin wa nan peyi Babilòn. Epi, Nebikadneza di: ‘M ap fè louwanj pou Jewova, Wa syèl la. Kounye a, mwen konnen se Jewova ki Chèf. Li imilye moun ki gen ògèy, e li kapab bay nenpòt moun li vle yon wayòm.’
“Ògèy lakòz moun tonbe, e awogans lakòz moun bite.” — Pwovèb 16:18.
-
-
Pawòl ki sou mi anLeson ou kapab aprann nan Bib la
-
-
LESON 63
Pawòl ki sou mi an
Rive yon lè, Bèlchaza te vin wa Babilòn. Yon jou swa, li fè yon resepsyon pou mil moun pami moun ki te nan pi gwo pozisyon nan peyi a. Li te bay sèvitè l yo lòd pou yo pote veso annò Nebikadneza te pran nan tanp Jewova a. Bèlchaza ak envite l yo te bwè nan veso yo e yo te fè lwanj pou dye yo t ap sèvi yo. Bridsoukou, gen men yon moun ki vin parèt e li kòmanse ekri yon seri bagay dwòl sou mi kote yo t ap fè resepsyon an.
Bèlchaza te pè anpil. Li rele moun ki konn fè maji pou li yo, epi li pwomèt yo: ‘Si yon moun esplike m pawòl sa yo, m ap fè l vin twazyèm moun ki gen plis pouvwa nan Babilòn.’ Yo te eseye, men, pa gen youn ki te ka di sa pawòl sa yo vle di. Epi, rèn nan antre kot wa a, li di l: ‘Gen yon mesye ki rele Dànyèl ki te konn abitye esplike Nebikadneza bagay li pa t ka konprann yo. Li ka di w sa pawòl sa yo vle di.’
Dànyèl antre kot wa a. Bèlchaza di l: ‘Si w kapab li mo sa yo epi esplike yo, m ap ba w yon chèn annò e m ap fè w vin twazyèm moun ki gen plis pouvwa nan Babilòn.’ Dànyèl di l: ‘Mwen pa bezwen kado w yo. Men, m ap di w ki sa mo sa yo vle di. Nebikadneza, papa w, te gen ògèy, e Jewova te imilye l. Ou konn tout sa k te rive l, men w pa t montre w gen respè pou Jewova paske w bwè diven nan veso annò ki sot nan tanp li an. Se sa k fè Bondye ekri mo sa yo: MENE, MENE, TEKÈL, ak PASIN. Mo yo vle di moun peyi Medi ak peyi Pès yo pral pran Babilòn, e ou pap wa ankò.’
Sanble pèsonn pa t ka pran Babilòn. Vil sa a te gen gwo miray ak yon rivyè ki fon anpil ki te pwoteje l. Men, nan menm nuit lan, moun peyi Medi ak peyi Pès yo te atake Babilòn. Siris, wa peyi Pès la, te devye rivyè a yon fason pou sòlda l yo te ka mache pou yo antre nan pòtay vil la. Lè yo rive nan pòtay la, yo jwenn li tou ouvri! Lame a kouri antre nan vil la, li pran l e li touye wa a. Apre sa, Siris vin ap dirije Babilòn.
Sou ennan, Siris fè yon anons, li di: ‘Jewova mande m rebati tanp Jerizalèm nan. Nenpòt moun nan pèp li a ki vle al ede mèt ale.’ Konsa, jan Jewova te pwomèt sa, anpil nan Juif yo te retounen nan peyi yo 70 an apre yo te fin detwi Jerizalèm. Siris te voye veso annò ak veso ann ajan Nebikadneza te pran nan tanp lan ale. Èske w wè jan Jewova te sèvi ak Siris pou l ede pèp li a?
“Li tonbe! Gran Babilòn nan tonbe! Li tounen yon kote demon abite.” — Revelasyon 18:2.
-