BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • mwbr26 janvye p. 1-10
  • Referans pou Pwogram reyinyon Lavi nou ak travay nou fè a

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Referans pou Pwogram reyinyon Lavi nou ak travay nou fè a
  • Referans pou Pwogram reyinyon Lavi nou ak travay nou fè a —2026
  • Soutit
  • 5-11 JANVYE
  • 12-18 JANVYE
  • 19-25 JANVYE
  • 26 JANVYE–1 FEVRIYE
  • Ann onore Jewova ak bouch nou e ak kè nou
  • 2-8 FEVRIYE
  • 9-15 FEVRIYE
  • 16-22 FEVRIYE
  • 23 FEVRIYE–1 MAS
Referans pou Pwogram reyinyon Lavi nou ak travay nou fè a —2026
mwbr26 janvye p. 1-10

Referans pou Pwogram reyinyon Lavi nou ak travay nou fè a

© 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania

5-11 JANVYE

TREZÒ KI NAN PAWÒL BONDYE A EZAYI 17-20

‘Sa moun k ap piye sa n genyen yo ap jwenn’

w18.06 7 § 16

“Wayòm mwen an pa fè pati monn sa a”

16 Epitou, se pa ti enpòtan chanjman sa yo enpòtan! Bib la konpare limanite ak yon lanmè ki move e ki pa ka kalme, yon lanmè ki pa konn sa yo rele lapè (Eza. 17:12; 57:20, 21; Rev. 13:1). Toutpandan pwoblèm politik ap fè moun yo soulve, y ap simen divizyon nan mitan yo e y ap pouse yo fè vyolans san reflechi, nou menm nou kontinye gen lapè ak tèt ansanm. Epitou, lè Jewova ap gade jan gen divizyon nan monn n ap viv la, kè l dwe kontan lè l wè jan gen tèt ansanm pami pèp li a. — Li Sofoni 3:17.

w16.04 22 § 4

Pa antre nan zafè monn divize sa a

4 Petèt n ap viv nan yon zòn kote moun yo pa atann pou n antre nan zafè politik. Men, tank n ap pwoche pi pre fen sistèm Satan an se tank l ap vin pi difisil pou n pa antre nan zafè monn nan. Jodi a, moun yo deja pa “dispoze antann yo”, yo “gen tèt di” e yo gen pou yo vin divize plis toujou (2 Timote 3:3, 4). Sa gentan gen efè sou kèk nan frè nou yo akoz chanjman politik ki fèt sanzatann nan peyi yo. Se rezon sa a ki fè n bezwen prepare nou depi kounye a pou n pa antre nan zafè monn nan menm lè n nan sitiyasyon difisil. Ann egzamine kat bagay nou ka fè pou n prepare nou.

ip-1 198 § 20

Mesaj Jewova kont nasyon yo

20 Ki rezilta sa bay? Men sa Ezayi di: “Nan aswè, vin gen yon gwo laperèz. Anvan l jou, yo pa la ankò. Se sa moun k ap piye sa n genyen yo ap jwenn, e se sa k ap tann moun k ap dechèpiye nou yo.” (Ezayi 17:14). Anpil moun k ap dechèpiye sèvitè Jewova yo maltrete yo e yo derespekte yo. Piske vrè kretyen yo pa fè pati relijyon pifò moun nan monn nan ap soutni yo e yo pa enterese fè sa, opozan fanatik k ap kritike yo wè yo kòm moun ki san defans. Men, pèp Bondye a gen konfyans “jou” pou tribilasyon yo fini an ap pwoche byen vit. — 2 Tesalonisyen 1:6-9; 1 Pyè 5:6-11.

Trezò espirityèl

w06 1/12 11 § 1

Pwen enteresan ki nan liv Ezayi a — I

20:2-5 — Èske se toutbon Ezayi te mache toutouni nèt pandan twazan? Li posib pou Ezayi te sèlman retire rad pa anlè li te gen sou li a e li te mache “prèske san rad sou li.” — 1 Samyèl 19:24.

12-18 JANVYE

TREZÒ KI NAN PAWÒL BONDYE A EZAYI 21-23

Leson nou ka aprann nan sa k te rive Chebna a

w18.03 25 § 7-9

Disiplin: Yon prèv ki montre Bondye renmen nou

7 Pou n konprann tout enpòtans disiplin genyen, ann pran egzanp de moun Jewova te disipline: Chebna, ki t ap viv nan epòk wa Ezekyas, ak Graham, yon frè nan epòk nou an. Antanke administratè ki te “responsab kay wa a”, petèt kay Ezekyas, Chebna te gen anpil otorite (Eza. 22:15). Men, malerezman, li te vin gen ògèy, li t ap chèche jwenn glwa pou tèt li. Li te menm fè fouye yon kokenn tonm pou li, e l te konn monte “bèl charyo”! — Eza. 22:16-18.

8 Piske Chebna t ap chèche jwenn glwa pou tèt li, Bondye te ‘retire l nan travay li te ye a’ e l te met Elyakim nan plas li (Eza. 22:19-21). Chanjman sa a te fèt lè Senakerib, wa peyi Asiri a, te gen entansyon atake Jerizalèm. Kèk tan annapre, Senakerib te voye yon seri gwo chèf ansanm ak yon gwo lame nan Jerizalèm pou dekouraje Juif yo e pou bay Ezekyas presyon pou l rann tèt li (2 Wa 18:17-25). Wa a te voye Elyakim al pale ak chèf yo, men, li pa t voye l poukont li. Te gen de lòt moun avè l, youn nan yo se te Chebna, ki te vin sekretè kounye a. Èske sa pa montre Chebna pa t kite kòlè ak rankin anvayi l, men, olye de sa, li te aksepte responsablite ki pi ba li te vin genyen yo avèk imilite? Si se wi, ki leson n ka aprann nan istwa sa a? Ann konsidere twa leson.

9 Premyèman, Chebna te pèdi pozisyon l te genyen an. Eksperyans li a fè n sonje avètisman ki di: “Ògèy lakòz moun tonbe, e awogans lakòz moun bite.” (Pwo. 16:18). Si w gen privilèj nan kongregasyon an, petèt nan yon nivo ki fè w parèt, èske w ap fè efò pou w kontinye wè tèt ou avèk imilite? Èske w ap fè louwanj pou Jewova pou nenpòt don w genyen oswa pou nenpòt sa w akonpli (1 Kor. 4:7)? Men sa apot Pòl te ekri: “M ap di chak moun ki la pami nou pou l pa panse de tèt li plis pase sa l dwe panse, men pou l panse yon fason pou l vin gen bonsans.” — Wom. 12:3.

w18.03 25 § 10

Disiplin: Yon prèv ki montre Bondye renmen nou

10 Dezyèmman, fason Jewova te reprimande Chebna avèk fòs ka montre Jewova pa t konsidere Chebna kòm yon ka pèdi (Pwo. 3:11, 12). Ala yon bèl leson pou moun ki pèdi privilèj yo nan kongregasyon Bondye a jodi a! Olye pou yo vin an kòlè e pou yo kenbe rankin, se pou yo kontinye sèvi Bondye ak tout kapasite yo nan sitiyasyon yo vin ye a, e pou yo konsidere disiplin yo resevwa a kòm yon prèv ki montre lanmou Jewova gen pou yo. Sonje sa, Papa nou an pap konsidere n kòm moun ki sanzespwa si n imilye tèt nou devan l. (Li 1 Pyè 5:6, 7.) Lè n resevwa disiplin avèk lanmou, se kapab yon fason Bondye ap ban nou fòm, kidonk, ann kontinye kite l fòme nou.

w18.03 26 § 11

Disiplin: Yon prèv ki montre Bondye renmen nou

11 Twazyèmman, fason Jewova te aji ak Chebna a bay moun ki gen otorite pou bay disiplin yo, tankou paran yo ak siveyan yo, yon leson enpòtan. Ki leson? Toutpandan disiplin Jewova bay la ka montre jan l rayi peche, li ka montre sousi l genyen pou moun ki peche a tou. Antanke yon paran oswa yon siveyan, si w dwe bay disiplin, èske w ap imite Jewova lè w rayi sa ki mal toutpandan w ap chèche sa ki bon lakay pitit ou oswa kwayan parèy ou? — Jid 22, 23.

Trezò espirityèl

w06 1/12 11 § 2

Pwen enteresan ki nan liv Ezayi a — I

21:1 — Ki zòn yo te rele “dezè ki nan lanmè a”? Byenke Babilòn pa t pre lanmè ditou, se konsa yo te rele l. Paske dlo Rivyè Efrat ak Rivyè Tig te konn debòde chak ane, yo te fè zòn nan tounen yon marekaj ki sanble ak yon “lanmè”.

19-25 JANVYE

TREZÒ KI NAN PAWÒL BONDYE A EZAYI 24-27

“Men Bondye nou an!”

cl 17 § 21

“Se li menm ki Bondye nou”

21 Èske sa deja rive w pou w wè yon timoun piti lonje men l pou l montre yon zanmi l papa l epi, ak kè kontan e ak fyète, li di l: “Se li menm ki papi m!” Sèvitè Jewova yo gen rezon pou yo santi yo menm jan an lè y ap pale de Jewova. Labib fè konnen, gen yon lè k ap rive, moun ki fidèl yo pral di: “Se li menm ki Bondye nou.” (Ezayi 25:8, 9, Bib la). Plis nou aprann konnen kalite Jewova genyen yo pi byen, se plis n ap vin santi nou gen pi bon Papa yon moun ka genyen.

w24.12 6 § 14

Sa nou aprann nan mirak Jezi te fè lè l te bay pen an

14 Lè Jezi te mande n pou n priye pou “pen nou bezwen pou jounen an”, li te mande n tou pou n priye pou volonte Bondye fèt “sou tè a kou nan syèl la”. (Mat. 6:9-11.) Ki jan w imajine monn nan pral ye lè sa a? Bib la montre lè volonte Bondye pral fèt sou tè a ap gen bon manje tou. Selon Ezayi 25:6-8, ap gen anpil bon manje pou n manje anba dominasyon Wayòm Jewova a. Men sa Sòm 72:16 di: “Tè a gen pou l chaje ak manje angren, tout tèt mòn yo pral chaje ak manje.” Èske w vrèman ap tann ki lè pou w wè w ap sèvi ak manje angren sa yo pou w fè pen ou pi renmen an oubyen pou w eseye lòt resèt? Epitou, ou ka kontan manje rezen nan pye rezen ou menm ou plante (Eza. 65:21, 22). E tout moun sou tè a pral pran plezi nan bon bagay sa yo.

w25.01 28-29 § 11-12

Byenfè nou jwenn paske Jewova renmen nou

11 Imajine jan lavi w pral ye nan Paradi a sou tè a. Ou pap bezwen pè pou w pa malad oswa pou w pa mouri (Eza. 25:8; 33:24). Jewova pral fè w jwenn tout bon bagay ou ta renmen. Ki sa w ta renmen aprann? Èske w ta renmen konn bèt yo byen? Èske w ta renmen aprann jwe yon enstriman? Èske w ta renmen vin yon atis? Nan Paradi a n ap bezwen achitèk, kontremèt ak kiltivatè. Se sèten, n ap bezwen moun pou fè jaden, pou prepare manje, pou fè zouti e pou pran swen bèl pyebwa ak bèl jaden flè (Eza. 35:1; 65:21). Lefètke w ap kapab viv pou toutan, w ap gen tan pou w devlope nenpòt talan ou ta ka imajine.

12 Se pa ti kontan nou pral kontan akeyi moun ki pral resisite yo (Tra. 24:15)! Epitou, imajine jan w pral kontan aprann plis bagay sou Jewova lè w ap egzamine pakèt bagay li kreye yo (Sòm 104:24; Eza. 11:9). Sa k pi bèl la, ala sa pral estrawòdinè pou n adore Jewova san nou pa santi n koupab ditou! Èske w t ap chwazi “pran plezi pou yon ti tan nan peche” olye w pwofite bèl benediksyon sa yo alavni (Ebre 11:25)? Se sèten ou pa t ap fè sa! Benediksyon sa yo gen plis valè pase nenpòt sakrifis nou dwe fè kounye a. Sonje, nou pap toujou espere viv nan Paradi a sou tè a. Rive yon lè, n ap nan Paradi a. Tout bagay sa yo ap posib paske Jewova tèlman renmen nou li bay Pitit Gason l lan kòm sakrifis pou nou!

Trezò espirityèl

w15 15/12 17 § 1-3

Edisyon revize 2013 Tradiksyon monn nouvo a

Poukisa kounye a gen plis chapit ki vin sou fòm pwezi? Gen anpil pati nan Bib la ki te ekri sou fòm pwezi okòmansman. Nan fason moun pale nan epòk nou an, byen souvan yo distenge pwezi yo grasa fason yo rime a alòske nan lang ebre a, fòm pwezi ki pi enpòtan yo se lè de ide gen resanblans oswa lè youn kontrè lòt. Nan pwezi ann ebre yo, se pa son mo yo ki pèmèt yo jwenn rim yo, men, se grasa lojik ki genyen nan fason yo ranje panse yo.

Nan ansyen edisyon Tradiksyon monn nouvo yo, yo te met vèsè ki nan liv Sòm yo ak liv Jòb la yon fason ki montre yo te ekri yo pou moun ka chante oswa resite. Fason yo te ranje tèks sa yo te met aksan sou fòm pwezi, sa ki te ede moun sonje yo pi fasil. Nan edisyon revize 2013 la, vèsè ki nan liv Pwovèb yo, Chante Salomon an, ak anpil chapit nan liv pwofetik yo parèt sou fòm pwezi tou, yon fason pou ide ki paralèl yo ak ide ki opoze yo ka parèt pi klè. Yon egzanp ki montre sa se Ezayi 24:2 kote chak liy gen yon ide ki opoze ak lòt ladan l e youn konplete lòt pou yo montre pa gen pèsonn k ap chape anba jijman Bondye pral fè a. Lefètke nou rekonèt pasaj sa yo se sou fòm pwezi yo ye, sa ede lektè a konprann se pa sèlman repete ekriven an t ap repete sa l t ap di a, okontrè li te itilize yon teknik nan pwezi pou l mete plis aksan sou mesaj Bondye a.

Li pa toujou fasil pou yon moun rive fè diferans ant yon pwoz ak yon pwezi nan lang ebre a, se sa k fè nan tradiksyon Labib ki egziste yo, gen diferans ant pasaj ki ta dwe sou fòm pwezi yo. Tradiktè yo sèvi ak bonsans yo pou yo deside ki vèsè ki ta dwe enprime sou fòm pwezi. Gen kèk vèsè ki ekri sou fòm pwoz, ki gen yon seri parabòl ladan yo, kote ekriven an jwe sou mo l ap itilize yo e kote li met ide yo an paralèl pou l met aksan sou yon pwen.

26 JANVYE–1 FEVRIYE

TREZÒ KI NAN PAWÒL BONDYE A EZAYI 28-29

Ann onore Jewova ak bouch nou e ak kè nou

ip-1 299 § 23

Ezayi anonse “mèvèy” Jewova yo

23 Chèf relijye Jida yo te fè konnen yo se moun ki prevwayan nan domèn espirityèl, alòske yo te abandone Jewova. Yo anseye pwòp ide yo konsènan sa ki byen ak sa ki mal pou yo ka jistifye konduit imoral yo genyen ki montre yo pa gen lafwa yo, konsa, yo fè pèp la pèdi favè Bondye. Jewova pral fè yon seri “mèvèy” pou fè yo peye pou ipokrizi yo. Men sa li di: “Jewova di: ‘Se nan bouch pèp sa a pwoche kote m, e se nan bouch yo onore m, men, kè yo byen lwen m. Epi, lakrentif yo di yo gen pou mwen an chita sou kòmandman yo resevwa nan men lèzòm. Se sa k fè mwen pral fè pèp sa a yon seri bagay estrawòdinè ankò, se pral mèvèy sou mèvèy. Sajès moun ki saj yo ap peri, e moun ki gen bonsans yo pap gen bon konprann.’ ” (Ezayi 29:13, 14). Swadizan sajès ak bon konprann Jida genyen an pral peri lè Jewova fè pisans mondyal Babilòn nan detwi tout sistèm relijye aposta Jida a. Menm bagay la te rive nan premye syèk la lè chèf relijye Juif yo ki te konsidere tèt yo kòm moun ki gen sajès t ap twonpe pèp la. Yon bagay menm jan an pral rive relijyon ki di yo se kretyen yo nan epòk nou an. — Matye 15:8, 9; Women 11:8.

w21.05 9 § 7

Pa gen anyen ki ka fè moun ki jis la bite

7 Jezi te met kouraj sou li pou l denonse chèf relijye nan epòk li a ki te ipokrit, paske yo pa t anseye pèp la bon fason pou yo adore Bondye. Pa egzanp, li te montre aklè jan Farizyen yo ipokrit, paske yo te bay fason yo lave men yo plis enpòtans pase fason yo pran swen paran yo (Mat. 15:1-11). Disip Jezi yo dwe te sezi lè l te di pawòl sa yo. Anfèt, yo te di l: “Èske w konnen Farizyen yo estomake lè yo tande sa w di a?” Jezi reponn yo, li di: “Tout plant Papa m ki nan syèl la pa t plante, l ap derasinen yo. Pinga nou okipe yo. Yo se yon bann gid je pete. Si yon avèg ap mennen yon lòt avèg, yo toule de ap tonbe nan twou.” (Mat. 15:12-14). Aktout chèf relijye yo te fache anpil poutèt sa Jezi te di yo, li pa t kite sa anpeche l di laverite.

w24.06 10 § 8

Ann fè efò pou Jewova toujou konsidere n kòm envite l!

8 Moun ki “pale laverite nan kè” yo pa pran pòz yo obeyi lè gen moun la, e annapre, yo dezobeyi lwa Bondye yo an kachèt (Eza. 29:13). Yo pa aji yon fason ki pa dwat. Lè yon moun ap aji yon fason ki pa dwat, li ka kòmanse panse lwa Jewova yo pa toujou pi bon (Jak 1:5-8). Li ka dezobeyi yon seri lwa Jewova bay ki parèt pa gen twòp enpòtans pou li. Epi, si l wè pa gen anyen mal ki rive lè l dezobeyi, li ka vin ap fè yon seri bagay ki pi mal toujou. Byenke li ka met nan tèt li l ap sèvi Bondye, Jewova pap aksepte adorasyon l ap ba li a (Ekl. 8:11). Men, nou menm, nou vle aji yon fason ki dwat nan tout bagay.

Trezò espirityèl

it “Ariyèl” § 1; it “Ariyèl” No 3

Ariyèl

(Ariyèl) [Fwaye lotèl Bondye; oswa, Lyon Bondye].

3. Yon non senbolik yo te itilize pou yo pale de Jerizalèm nan Ezayi 29:1, 2, 7. Jerizalèm se kote tanp Bondye a te ye e se nan tanp sa a lotèl pou fè sakrifis la te ye. Se poutèt sa, vil la se te fwaye lotèl Bondye a. Se li ki te dwe vin sant vrè adorasyon Jewova a. Epoutan, mesaj ki nan Ezayi 29:1-4 la se yon avètisman ki te anonse Jerizalèm t apral tonbe anba men sòlda Babilòn yo nan ane 607 anv. e. n., lè l t ap vin tounen yon “fwaye lotèl” nan yon lòt sans. Sa vle di, Jerizalèm t ap vin yon vil ki gen san k ap koule ladan l, ki t ap boule nèt e ki t ap chaje ak kadav moun apre yon gwo destriksyon. Vèsè 9 rive nan vèsè 16 pale de rezon ki fè malè sa a te rive. Men, Ezayi 29:7, 8 montre nasyon ki t ap vin detwi Jerizalèm yo pa t ap atenn objektif prensipal yo te genyen an.

2-8 FEVRIYE

TREZÒ KI NAN PAWÒL BONDYE A EZAYI 30-32

Chèche pwoteksyon anba zèl Jewova

w01 15/11 16 § 7

Jewova se refij nou

7 Piske Jewova se refij nou, nou jwenn konsolasyon nan pawòl ki vin apre yo: “L ap kouvri w ak zèl li, w ap pran refij anba zèl li. Fidelite l ap tankou yon gwo boukliye pou ou, tankou yon miray ki bay pwoteksyon.” (Sòm 91:4). Bondye pwoteje nou menm jan yon zwazo vole anlè tèt pitit li pou l pwoteje l (Ezayi 31:5). ‘Li kouvri nou ak zèl li pou malè pa rive nou.’ An jeneral, zwazo yo sèvi ak zèl yo kòm pwoteksyon. Yo konn kouvri pitit yo ak zèl yo pou lòt bèt pa fè yo mal. Menm jan ak ti zwazo ki san defans, nou an sekirite anba zèl senbolik Jewova, paske nou pran refij nan òganizasyon vrè kretyen yo. — Rit 2:12; Sòm 5:1, 11.

w24.01 24 § 13

Jewova ap ede w nan moman difisil yo

13 Sa nou bezwen fè. Fè anpil efò pou w pa met kò w apa. Lè n met kò n apa, byen souvan, nou konn vin ap panse sèlman ak tèt nou e ak pwoblèm nou genyen yo. Panse konsa ka gen efè sou desizyon n ap pran (Pwo. 18:1). Nòmalman, nou tout konn bezwen ret poukont nou pafwa, sitou lè gen bagay terib ki rive nan lavi nou. Sepandan, si n ta met kò n apa pandan anpil tan, sa ta ka anpeche n pwofite mwayen Jewova ap itilize pou ede n. Donk, kèlkeswa jan yon sitiyasyon ta difisil, aksepte èd fanmi w, zanmi w ak ansyen yo ba w. Konsidere yo kòm mwayen Jewova ap itilize pou soutni w. — Pwo. 17:17; Eza. 32:1, 2.

w23.10 17 § 19

“L ap fè nou vin djanm”

19 Ki jan w ka fè esperans ou genyen an vin pi solid? Pa egzanp, si w gen esperans pou w viv sou tè a pou toutan, li sa Bib la di konsènan Paradi a, epi medite sou sa w li yo (Eza. 25:8; 32:16-18). Reflechi sou jan lavi a pral ye nan monn nouvo a. Imajine ou menm ki nan Paradi a. Kiyès ou wè? Ki sa w tande? Ki jan w santi w? Pou w kapab pi byen imajine jan Paradi a pral ye, gade imaj nan piblikasyon nou yo ki montre Paradi a, oswa gade yon videyo mizik tankou: Monn nouvo n ap tann nan, li toupre pou li rive, oubyen Imajine jou sa a! Si nou kenbe esperans nou genyen anrapò ak monn nouvo a byen klè nan lespri n, pwoblèm nou yo ap ‘la pou yon ti tan e y ap lejè’. (2 Kor. 4:17.) Jewova ap fè w vin djanm grasa esperans li ba w la.

Trezò espirityèl

it “Pen” § 6

Pen

Sans senbolik. Nan Bib la, mo “pen” an gen plizyè sans senbolik. Pa egzanp, nan lang ebre a, Jozye ak Kalèb te di Izrayelit ki te rasanble yo yo pral “kraze” moun Kanaran yo tankou pen y ap manje, sa ki te vle di li t ap fasil pou yo pot laviktwa sou yo, sa ki t ap ba yo plis fòs ak kouraj (Nb 14:9). Sanble Sòm 80:5 ap pale konsènan gwo tristès pèp Izrayèl la t ap vin genyen lè yo pèdi favè Jewova, Bèje Izrayèl la, lè l di: “Ou ba yo dlo k ap koule nan je yo kòm manje.” Epitou, Bib la pale de Jewova antanke Sila a k ap fè pèp li a “manje mizè e l ap fè [yo] pase tray tankou se dlo [y] ap bwè”. Natirèlman, y ap pale la a de sitiyasyon kote ènmi t ap antoure yo, se t ap tankou pen ak dlo pou yo tèlman sa t ap rive souvan. — Eza 30:20.

9-15 FEVRIYE

TREZÒ KI NAN PAWÒL BONDYE A EZAYI 33-35

Se Jewova k ap fè nou vin djanm

w24.01 22 § 7-8

Jewova ap ede w nan moman difisil yo

7 Difikilte. Lè n nan yon gwo eprèv, santiman nou, panse nou ak fason nou reyaji ka pa nòmal menm jan ak anvan. Nou ka santi se kòmsi se kou sou kou. Ana, nou te pale de li pi wo a, fè konnen li te gen tout kalite santiman ki te travèse l apre lanmò Luis. Men sa l te di: “Lè m te santi m deprime, m te vin ap plenyen sò m. Epitou, m te vin santi m fache poutèt li pa t la ankò.” Mete sou sa, Ana te santi l poukont li e l te santi l boulvèse lè l t ap pran desizyon sou yon seri bagay Luis te konn jere trè byen. Pafwa, li te santi se kòmsi l te nan yon tanpèt nan mitan lanmè. Ki jan Jewova ede n lè santiman konsa kòmanse anvayi n.

8 Sa Jewova fè. Li ban nou asirans l ap fè nou vin fèm. (Li 1 Pyè 5:10.) Lè yon bato pran nan yon tanpèt, li ka kòmanse balanse de bò, sa ki kapab yon danje. Gen anpil bato ki gen yon bagay anba yo sou chak bò anba dlo a ki fè yo pa balanse twòp. Sa fè pasaje yo santi yo pi an sekirite e yo pi alèz. Sepandan, anpil nan bagay sa yo yo konn met anba bato yo fonksyone pi byen lè bato a ap avanse. Menm jan an tou, Jewova ap fè nou vin fèm lè n kontinye ret fidèl nan moman eprèv.

w21.02 29 § 10-11

Fason pou n kontinye gen kè kontan lè n ap andire eprèv

10 Solisyon: Mande Jewova pou l ban nou sajès. Pou nou andire eprèv nou jwenn yo ak kè kontan, premye bagay nou dwe fè se priye Jewova pou n mande l sajès nou bezwen pou nou pran bon desizyon. (Li Jak 1:5.) Ki sa n ta dwe fè si nou santi Jewova pa reponn priyè nou tousuit? Jak di nou dwe “kontinye mande” Bondye. Nou pa deranje Jewova lè nou kontinye mande l pou l ban nou sajès. Li pap fache avè n pou sa. Papa nou ki nan syèl la “donan”. Donk, lè nou priye pou l ban nou sajès pou n andire eprèv, l ap ban nou l (Sòm 25:12, 13). Jewova wè eprèv n ap andire yo, li mete l nan plas nou e li dispoze ede nou. Se sèten sa fè kè nou kontan anpil! Donk, ki jan Jewova ban nou sajès?

11 Jewova ban nou sajès pa mwayen Pawòl li a (Pwo. 2:6). Pou nou vin gen sajès sa a, nou dwe etidye Pawòl Bondye a ak piblikasyon ki baze sou Bib la. Men, nou pa dwe ret ap ranmase konesans sèlman. Nou dwe kite sajès ki soti nan Bondye a aji nan lavi nou lè nou koute konsèy li bay. Men sa Jak te ekri: “Se pou nou obeyi pawòl la, se pa pou nou ret ap tande l sèlman.” (Jak 1:22). Lè nou aplike konsèy Bondye bay, nou vin pi renmen lapè, nou vin pi rezonab e nou vin gen plis mizèrikòd (Jak 3:17). Kalite sa yo ede nou andire nenpòt eprèv san nou pa pèdi jwa nou.

ip-1 352-355 § 21-22

“Pa gen yon moun nan peyi a k ap di: ‘Mwen malad’ ”

21 Sepandan, pwofesi Ezayi a ap akonpli nan epòk nou an. Jodi a, pèp Jewova a jwenn gerizon nan domèn espirityèl tou. Yo libere anba yon seri fo doktrin tankou nanm imotèl, Trinite, ak lanfè dife. Yo jwenn konsèy nan domèn moral ki ede yo evite yon seri pratik imoral, e ki ede yo pran bon desizyon. Grasa sakrifis ranson Jezi Kris la, yo gen bon relasyon ak Bondye e yo gen yon konsyans ki klè (Kolosyen 1:13, 14; 1 Pyè 2:24; 1 Jan 4:10). Gerizon espirityèl sa a fè yo jwenn byenfè nan domèn fizik. Pa egzanp, lefètke kretyen yo evite imoralite seksyèl ak tabak, sa pwoteje yo kont yon seri maladi moun pran nan fè sèks ak kèk kalite kansè. — 1 Korentyen 6:18; 2 Korentyen 7:1.

22 Men, pawòl ki nan Ezayi 33:24 yo pral gen yon pi gwo akonplisman apre Amagedon, nan monn nouvo Bondye pwomèt la. Anba dominasyon Wayòm Mesi a, lèzòm pral geri nèt fizikman e y ap geri espirityèlman (Revelasyon 21:3, 4). Pa gen dout nan sa, yon ti tan apre destriksyon monn Satan an, se sou tout kò tè a mirak tankou sa Jezi te fè lè l te sou tè a pral fèt. Moun ki avèg pral wè, moun soud pral tande, moun ki enfim nan pye pral mache (Ezayi 35:5, 6)! Sa pral pèmèt tout moun ki chape anba gwo tribilasyon an patisipe nan gwo travay ki pral fè tè a vin tounen yon Paradi a.

Trezò espirityèl

w23.05 15 § 8

Kontinye mache nan “Wout Sakre” a

8 Anpil moun ka di tèt yo: ‘Istwa sa a vrèman enteresan, men èske sa k te rive Juif yo depi byen lontan konsène n jodi a?’ Wi li konsène n paske, nan yon sans, n ap vwayaje nan “Wout Sakre” a. Kit nou fè pati moun Bondye chwazi pou al nan syèl oswa nou fè pati “lòt mouton” yo, nou bezwen kontinye mache nan “Wout Sakre” a paske l ap ede n kontinye adore Jewova kounye a e pou n kontinye adore l lè Wayòm li an pral pote benediksyon pou tè a (Jan 10:16). Depi ane 1919 epòk nou an, plizyè milyon gason, fi ak timoun kite Gran Babilòn nan, anpalan de tout fo relijyon yo, e yo kòmanse vwayaje nan wout senbolik sa a. Sandout, ou se youn nan moun sa yo. Byenke sa gen anviwon 100 an depi moun kòmanse mache nan gwo wout sa a, yo te kòmanse prepare l sa gen plizyè syèk.

16-22 FEVRIYE

TREZÒ KI NAN PAWÒL BONDYE A EZAYI 36-37

“Pinga w pè poutèt pawòl ou te tande yo”

it “Ezekyas” No 1 § 14

Ezekyas

Senakerib pa t reyisi pran Jerizalèm. Senakerib te detèmine pou l atake Jerizalèm, jan Ezekyas te atann sa. Pandan Senakerib ansanm ak lame l la te ansèkle vil Lakis, yon vil ki te byen pwoteje, li te voye yon pati nan lame l la ak yon delegasyon chèf nan lame l la al mande moun Jerizalèm yo pou yo rann tèt yo. Pòtpawòl gwoup la se te Rabchake (se pa t vrè non l, se te tit li te genyen nan lame a), li te pale ebre byen. Byen fò, li pase Ezekyas nan jwèt, li pwovoke Jewova, li vante tèt li pou l fè konnen Jewova pa ka delivre Jerizalèm menm jan dye lòt nasyon yo pa t ka sove adoratè yo anba men wa Asiri a. — 2Wa 18:13-35; 2Kw 32:9-15; Eza 36:2-20.

ip-1 387 § 10

Yon wa jwenn rekonpans pou lafwa l

10 Apre sa, Rabchake a fè Juif yo sonje yo pa kanpe sou anyen nan domèn militè. Men sa l te di yo: “M ap ban nou 2 000 cheval. Fè m wè si nou kapab jwenn ase moun pou nou mete sou yo.” (Ezayi 36:8). An reyalite, èske sa enpòtan pou Jida gen anpil oswa kèk grenn moun sèlman pou monte cheval? Non, paske delivrans Jida pa t depann de yon fòs militè ki pisan anpil. Men sa nou li nan Pwovèb 21:31: “Yo pare cheval pou jou lagè, men, se Jewova k ap fè yon moun chape.” Annapre Rabchake a te fè konnen se Asiryen yo Jewova te beni, se pa t Juif yo. Yon fason pou l te di, si Jewova pa t beni yo, yo pa t ap janm rive lwen konsa nan tèritwa Jida a. — Ezayi 36:9, 10.

ip-1 388 § 13-14

Yon wa jwenn rekonpans pou lafwa l

13 Nan pil pawòl Rabchake a t ap bay yo, nou jwenn pawòl ki vin annapre yo li te di pou l te ka dekouraje Juif yo nèt. Li te avèti Juif yo pou yo pa kwè Ezekyas sizoka li ta di yo: “Jewova ap delivre nou.” (Ezayi 36:18-20). Rabchake a te raple Juif yo okenn dye Samari pa t rive anpeche dis tribi yo tonbe anba men Asiryen yo. E lòt dye lòt nasyon Asiryen yo te venk yo? Men sa l te mande yo: “Kote dye Amat ak dye Apad yo? Kote dye Sefavayim yo? Èske yo te delivre Samari anba men m?” — Ezayi 36:18-20.

14 Se sèten, piske Rabchake a t ap adore fo dye, li pa t rive konprann gwo diferans ki te genyen ant Samari ki te aposta ak vil Jerizalèm wa Ezekyas t ap dirije a. Fo dye moun Samari yo t ap sèvi yo pa t gen okenn pouvwa pou yo sove wayòm dis tribi yo (2 Wa 17:7, 17, 18). Yon lòt bò, moun Jerizalèm, vil wa Ezekyas t ap dirije a, pa t ap sèvi lòt dye e yo te rekòmanse sèvi Jewova. Sepandan, twa Juif ki te reprezante wa a ki t al kote Rabchake a pa t di misye anyen sou sa. “Moun yo te ret an silans, yo pa t di yon mo pou yo reponn li, paske wa a te di yo: ‘Nou pa dwe reponn li.’ ” (Ezayi 36:21). Elyakim, Chebna ak Jowa te retounen al jwenn Ezekyas e yo te ba l yon bon rapò sou sa Rabchake a te di yo. — Ezayi 36:22.

Trezò espirityèl

it “Baboukèt” § 4

Baboukèt

Men sa Jewova te di Senakerib, wa Asiri a: “M ap mete kwòk mwen an nan nen w, m ap mete baboukèt mwen an nan bouch ou, e m ap fè w tounen kote w soti a.” (2Wa 19:28; Eza 37:29). Jewova te sèvi ak pouvwa l pou l fè Senakerib sispann ansèkle Jerizalèm, epi retounen Niniv, kote pwòp pitit gason l yo te asasinen l annapre (2Wa 19:32-37; Eza 37:33-38). Lè Jewova te met baboukèt nan bouch nasyon ki te ènmi l yo, sa montre yo te vin anba kontwòl li nèt menm jan ak bèt yo met baboukèt nan bouch yo. — Eza 30:28.

23 FEVRIYE–1 MAS

TREZÒ KI NAN PAWÒL BONDYE A EZAYI 38-40

“L ap pran swen twoupo l la menm jan ak yon bèje”

w23.02 2-3 § 3-4

Sa Labib aprann nou sou Sila a ki te fè ekri l la

3 Li Ezayi 40:8. Depi plizyè milye ane, Pawòl Bondye a ap bay gason ak fi ki fidèl yo bonjan direksyon. Kòman sa fè posib? Dayè, sa gen lontan depi yo te ekri Pawòl Bondye a sou materyèl ki ka depafini, se sa k fè pa gen youn nan premye dokiman yo ki la jodi a. Men, Jewova te veye pou gen plizyè kopi tèks sakre a ki te fèt. Menm lè moun ki t ap kopye l yo te enpafè, yo te pran anpil prekosyon. Pa egzanp, men sa yon biblis te ekri konsènan Liv ki te ekri ann ebre yo: “Nou ka di avèk asirans pa gen okenn lòt ansyen liv ki rive jwenn nou ak yon mesaj ki egzak konsa.” Donk, menm lè yo te ekri Bib la depi byen lontan sou materyèl ki ka depafini e moun ki te kopye l yo te enpafè, nou ka sèten pawòl nou li nan Bib la jodi a transmèt panse Sila a ki te fè ekri l la, anpalan de Jewova.

4 Se Jewova ki bay “tout bèl don ak tout kado pafè”. (Jak 1:17.) Bib la se youn nan pi bèl kado Jewova ban nou. Lè yon moun ban n yon kado, kado sa a montre si moun nan byen konnen nou e si l konn sa nou bezwen. Se menm bagay la tou pou Sila a ki ban nou Bib la. Lè n egzamine kado sa a, nou aprann anpil bagay sou Jewova. Nou aprann jan l byen konnen nou e jan l konnen sa nou bezwen. Nan atik sa a, nou pral wè sa Bib la aprann nou sou twa nan kalite Jewova genyen: sajès li, jistis li ak lanmou l. Toudabò, annou egzamine fason Bib la montre Bondye gen sajès.

cl 82 § 7

Pisans pou l pwoteje: “Se Bondye ki tout pwoteksyon nou”

7 Lefètke Jewova konpare tèt li ak yon bèje, li ban nou asirans li gen gwo anvi pou l pwoteje nou (Ezekyèl 34:11-16). Sonje sa Bib la di konsènan Jewova nan Izayi 40:11, yon vèsè nou te egzamine nan chapit 2 liv sa a. Men sa vèsè sa a di: “Tankou yon bèje, l ap pran swen twoupo pa l la. Ak bra pa l l ap sanble ti mouton yo e l ap pote yo sou lestomak li.” Men, ki jan yon ti mouton t ap fè rive sou lestomak bèje a, anpalan de twal bèje a te konn mete pa anlè rad li? Ti mouton an te pwoche bò kot bèje a, li te ka menm pase tèt li dousman sou janm bèje a pou l atire atansyon bèje a sou li. Men, se bèje a ki te dwe bese epi pran ti mouton an pou l mete l sou lestomak li. Èske konparezon touchan sa a pa montre jan Gran Bèje nou an dispoze pwoteje nou epi tounen yon boukliye pou nou?

w18.01 8 § 4-6

“Li bay moun ki fatige yo fòs”

4 Li Ezayi 40:26. Pa gen okenn moun ki ka konte tout zetwal ki gen nan linivè. Syantifik yo kwè ka gen anviwon 400 milya zetwal nan galaksi nou an sèlman ki rele Lavwa lakte. Sepandan, Jewova bay chak zetwal yon non oswa l rele yo chak nan non yo. Ki leson nou aprann? Si Jewova montre l enterese pèsonèlman nan kreyasyon l lan ki pa gen vi, imajine ki jan l santi l konsènan ou menm k ap sèvi l paske w renmen l, men, se pa paske w te pwograme pou w fè sa (Sòm 19:1, 3, 14)! Papa nou ki renmen n anpil la konnen n fen e byen. “Ata branch cheve nan tèt nou li konte.” (Mat. 10:30). Epitou, men ki asirans youn nan moun ki te ekri sòm yo ban nou: “Jewova konnen sa moun ki san repwòch yo ap pase.” (Sòm 37:18). Vrèmanvre, li konn ki eprèv n ap andire e l ka ban n fòs pou n andire yo chak.

5 Li Ezayi 40:28. Jewova se Sous tout enèji. Pa egzanp, ann konsidere kantite enèji li mete nan solèy nou an sèlman. Men sa yon ekriven syantifik ki rele David Bodanis te di: “Kantite enèji solèy nou an degaje chak segonn se menm ak kantite enèji ki gen nan [plizyè milya] bonm [atomik].” Selon kalkil yon lòt syantifik fè, li fè konnen “nan yon segonn sèlman, [solèy la] degaje [...] ase enèji pou pèmèt lèzòm jwenn sa yo bezwen pandan 200 000 ane”! Èske yon moun ka gen dout Sila a ki “ranpli” solèy la ak enèji li genyen an ka ban nou fòs nou bezwen pou n fè fas ak kèlkeswa pwoblèm nou genyen?

6 Li Ezayi 40:29. Lè yon moun ap sèvi Jewova, sa fè l gen anpil kè kontan. Jezi te di disip li yo: “Pran jouk mwen an met sou zepòl nou.” Epi, li te di tou: “N ap jwenn fòs [...]. Paske, jouk mwen an fasil pou moun pote e chay mwen an lejè.” (Mat. 11:28-30). Se pa ti verite ki gen nan pawòl sa yo! Pafwa, nou ka santi n fatige lè n kite kay nou pou n al asiste yon reyinyon nan kongregasyon an oswa pou n al nan travay predikasyon an. Men, ki jan n konn santi n lè n retounen? Nou gen fòs, sa vle di nou pi byen prepare pou n fè fas ak pwoblèm lavi a. Vrèmanvre, jouk Jezi a fasil pou moun pote!

Trezò espirityèl

ip-1 400 § 7

“Konsole pèp mwen an”

7 Retablisman ki te fèt nan sizyèm syèk anvan epòk nou an pa t sèl akonplisman pwofesi sa a genyen. Pwofesi sa a te reyalize tou nan premye syèk epòk nou an. Se Jan ki te konn batize moun nan ki te vwa yon moun ki t ap “di byen fò nan dezè a”, jan pwofesi ki nan Ezayi 40:3 a te anonse sa (Lik 3:1-6). Anba enspirasyon, Jan te fè konnen pawòl Ezayi yo te reyalize sou li (Jan 1:19-23). Nan kòmansman ane 29 epòk nou an, Jan te kòmanse prepare chemen an pou Jezi Kris. Mesaj Jan te anonse alavans lan te fè moun yo anvi konnen Mesi Bondye te pwomèt la, sa ki t ap pouse yo koute Mesi a, epi suiv li (Lik 1:13-17, 76). Pa mwayen Jezi, Jewova t ap fè moun ki repanti yo vin jwenn libète sèl Wayòm Bondye a kapab bay la, anpalan de libète anba esklavaj peche ak lanmò (Jan 1:29; 8:32). Pawòl Ezayi yo te gen yon pi gwo akonplisman nan liberasyon rès Izrayèl espirityèl la anba men Gran Babilòn nan an 1919 ak patisipasyon yo nan retabli vrè adorasyon an.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2026)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje