-
Dànyèl nan yon twou lyonLeson ou kapab aprann nan Bib la
-
-
LESON 64
Dànyèl nan yon twou lyon
Dariyis, moun peyi Medi a, te yon lòt wa nan Babilòn. Li te wè Dànyèl te yon moun espesyal. Li te met Dànyèl alatèt mesye ki nan pi gwo pozisyon yo. Mesye sa yo te jalou Dànyèl e yo te vle touye l. Yo te konnen Dànyèl priye Jewova twa fwa pa jou, se sa k fè yo te di Dariyis: ‘O monwa, dwe gen yon lwa ki di se ou sèl pou tout moun priye. Nenpòt moun ki dezobeyi lwa sa a, yo dwe lage l nan yon twou ki chaje ak lyon.’ Dariyis te renmen ide a e li te siyen lwa a.
Kou Dànyèl tande gen yon nouvo lwa, l al lakay li. Li met ajenou devan yon fenèt ki tou ouvri e li priye Jewova. Mesye jalou sa yo antre kay Dànyèl e yo jwenn li ap priye. Yo kouri al kot Dariyis, yo di l: ‘Dànyèl dezobeyi w. Li priye Bondye l la twa fwa pa jou.’ Dariyis te renmen Dànyèl e l pa t vle l mouri. Pandan tout jounen an, li t ap chèche delivre Dànyèl. Men, menm wa a pa t ka chanje lwa li te siyen an. Li te oblije bay mesye l yo lòd pou yo lage Dànyèl nan yon twou ki gen lyon ki mechan anpil.
Jou swa sa a, Dariyis te tèlman pè pou Dànyèl, li pa t ka dòmi. Nan demen maten, wa a kouri al bò twou a e li di Dànyèl byen fò: ‘Èske Bondye w la sove w?’
Dariyis te tande yon vwa. Se Dànyèl ki te reponn li! Li di Dariyis byen fò: ‘Zanj Jewova a fèmen bouch lyon yo. Yo pa fè m anyen ki mal.’ Se pa ti kontan Dariyis te kontan! Li bay lòd pou yo retire Dànyèl nan twou a. Lyon yo pa t menm grafonyen Dànyèl. Epi, men lòd wa a te bay: ‘Lage mesye ki te akize Dànyèl yo nan twou a.’ Lè yo lage mesye yo nan twou a, lyon yo te tou manje yo.
Men lòd Dariyis te voye bay pèp li a: ‘Tout moun dwe gen gwo respè pou Bondye Dànyèl l la. Li te delivre Dànyèl anba pat lyon yo.’
Èske w priye Jewova chak jou menm jan ak Dànyèl?
“Jewova konnen ki jan pou l delivre moun ki gen atachman pou li yo anba eprèv.” — 2 Pyè 2:9.
-
-
Estè sove pèp li aLeson ou kapab aprann nan Bib la
-
-
LESON 65
Estè sove pèp li a
Estè te yon fi Juif ki t ap viv Souz, yon vil peyi Pès. Li te sot nan yon fanmi wa Nebikadneza te pran nan Jerizalèm sa gen anpil ane. Se Madoche, yon kouzen l, ki te leve l. Madoche te yon sèvitè wa Asyeris, moun peyi Pès la.
Wa Asyeris te bezwen yon nouvo rèn. Sèvitè l yo te mennen pi bèl medam nan peyi a ba li, e Estè te pami yo. Se Estè wa a te chwazi kòm rèn pami tout medam yo. Madoche te di Estè pou l pa di se Juif li ye.
Mesye ki te chèf tout prens nan peyi a te rele Aman. Li te vle pou tout moun bese byen ba devan l. Madoche te refize fè sa, e Aman te vin tèlman an kòlè, li te vle touye l. Lè Aman vin aprann Madoche se yon Juif, li fè yon plan pou l touye tout Juif nan peyi a. Men sa l te di wa a: ‘Juif yo se moun ki mechan anpil, se pou w elimine yo.’ Asyeris di l: ‘Fè tout sa k nesesè pou sa.’ Epi, wa a ba l pouvwa pou l fè yon lwa. Aman fè yon lwa ki te fè pèp li a konnen yo dwe touye tout Juif yo 13yèm jou nan mwa Ada. Jewova t ap gade tout bagay.
Estè pa t konnen si yo te fè yon lwa konsa. Se sa k fè, Madoche te voye yon kopi lwa a pou li, epi l di l: ‘Al pale ak wa a.’ Estè di: ‘Moun ki antre kot wa a san yo pa envite l ap mouri. Sa fè 30 jou depi wa a pa envite m vin kote l! Men, mwen prale. Si l lonje baton l lan, m ap viv. Si l pa fè sa, m ap mouri.’
Estè t al nan lakou palè wa a. Lè wa a wè l, li lonje baton l lan. Estè pwoche kot wa a, epi wa a mande l: ‘Estè, ki sa w vle m fè pou ou?’ Li di: ‘Mwen vle envite ou menm ak Aman nan yon resepsyon.’ Pandan yo nan resepsyon an, Estè envite yo nan yon dezyèm resepsyon pou demen. Pandan yo nan dezyèm resepsyon an, yon lòt fwa ankò, wa a mande Estè: ‘Ki sa w ta renmen m fè pou ou?’ Estè di l: ‘Gen yon moun ki pral touye m ansanm ak pèp mwen an, tanpri, delivre nou.’ Wa a mande l: ‘Kiyès ki vle touye w la?’ Estè di l: ‘Se vye nonm yo bay pou Aman an.’ Asyeris te tèlman an kòlè, li fè touye Aman lapoula.
Men, pèsonn pa t ka efase lwa Aman te fè a, menm wa a. Se sa k fè wa a te bay Madoche pouvwa pou l fè yon nouvo lwa. Madoche te fè yon lwa ki te pèmèt Juif yo defann tèt yo lè yo atake yo. Nan 13yèm jou mwa Ada, Juif yo te pot laviktwa sou ènmi yo. Depi lè sa a, yo te fete viktwa sa a chak ane.
“Y ap mennen nou devan gouvènè, devan wa poutèt mwen. Sa ap ban nou okazyon pou nou bay ni yo menm ni nasyon yo temwayaj.” — Matye 10:18.
-