BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • ijwbq atik 60
  • Ki sa k ap ede w pa pè lanmò?

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Ki sa k ap ede w pa pè lanmò?
  • Repons Bib la bay
  • Soutit
  • Repons Bib la bay
Repons Bib la bay
ijwbq atik 60

Ki sa k ap ede w pa pè lanmò?

Repons Bib la bay

Li nòmal pou nou pè lanmò paske l se yon ènmi e li nòmal pou n fè yon seri bagay ki rezonab pou n pwoteje lavi nou (1 Korentyen 15:26). Sepandan, gen kèk moun ki pè lanmò yon fason egzajere akoz fo ansèyman oswa sipèstisyon, e moun sa yo “nan esklavaj pandan tout vi yo”. (Ebre 2:15.) Lè nou konnen laverite, nou pap pè lanmò yon fason egzajere ankò. Lè nou pè konsa, sa fè n pa ka pwofite lavi a. — Jan 8:32.

Laverite sou lanmò

  • Mò yo pa konn anyen (Sòm 146:4). Ou pa bezwen panse lè w mouri ou ka soufri oswa yo ka fè w pase mizè, paske Labib konpare lanmò ak dòmi. — Sòm 13:3; Jan 11:11-14.

  • Mò yo pa ka fè nou anyen. Menmsi yon moun te ènmi w e li te vyolan, li vin san fòs lè l mouri. Labib di yo pa ka “ni rayi, ni fè jalouzi ankò”. — Eklezyas 9:6.

  • Lanmò pa oblije mete yon fen definitif nan egzistans nou. Pa mwayen rezirèksyon an, Bondye pral fè moun ki mouri tounen viv ankò. — Jan 5:28, 29; Travay 24:15.

  • Bondye pwomèt gen yon lè k ap rive kote “pap gen lanmò ankò”. (Revelasyon 21:4.) Men sa Bib la di konsènan lè sa a: “Moun ki jis yo gen pou yo posede tè a, e yo gen pou yo viv sou li pou toutan.” Pèsonn pap janm pè pou yo pa mouri ankò. — Sòm 37:29.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2026)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje