BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • Elizabèt fè yon tibebe
    Leson ou kapab aprann nan Bib la
    • Zakari k ap fè zanmi l ak fanmi l konnen non pitit gason l lan se Jan.

      LESON 68

      Elizabèt fè yon tibebe

      Plis pase 400 ane apre yo te fin rebati miray Jerizalèm yo, te gen yon prèt yo te rele Zakari ak madanm li, Elizabèt, ki t ap viv toupre vil la. Yo te gen plizyè ane depi yo marye, men, yo pa t gen pitit. Yon jou, pandan Zakari t ap boule lansan anndan tanp lan, zanj Gabriyèl te parèt devan l. Zakari te pè anpil, men, Gabriyèl di l: ‘Ou pa bezwen pè. Jewova ban m yon bon nouvèl pou m ba ou. Elizabèt, madanm ou, pral fè yon pitit gason, l ap rele Jan. Jewova chwazi Jan pou yon travay espesyal.’ Zakari te mande zanj lan: ‘Ki jan pou m fè kwè w? Madanm mwen avè m, nou twò granmoun pou n fè pitit.’ Gabriyèl di l: ‘Se Bondye ki voye m vin ba w nouvèl sa a. Men, piske w pa kwè m, ou pap kapab pale jiskaske tibebe a fin fèt.’

      Zakari te fè plis tan anndan tanp lan pase sa l konn abitye fè. Lè l resi soti, moun ki t ap tann deyò yo te vle konnen ki sa k te rive. Zakari pa t ka pale. Li te sèlman ka fè jès ak men l. Lè sa a, moun yo vin konprann Zakari te resevwa yon mesaj nan men Bondye.

      Rive yon lè, Elizabèt te vin ansent e l te fè yon tigason. Konsa, pawòl zanj lan te di yo te reyalize. Zanmi l yo ak moun nan fanmi l yo te vin wè tibebe a. Se pa ti kontan yo te kontan pou li! Elizabèt di yo: ‘Pitit la rele Jan.’ Yo di l: ‘Pa gen yon moun nan fanmi w ki rele Jan. Rele l Zakari menm jan ak papa l.’ Men, Zakari te ekri pawòl ki vin apre yo: ‘Se Jan ki non pitit la.’ Menm kote a, Zakari te vin ka pale ankò! Tout moun nan Jide te vin tande pale de tibebe a, e moun yo t ap mande tèt yo: ‘Ki sa timoun sa a ap ye lè l vin gran?’

      Lè sa a, Zakari vin ranpli ak lespri sen. Men sa l te anonse: ‘Se pou moun fè louwanj pou Jewova. Li te pwomèt Abraram li t ap voye yon sovè, anpalan de Mesi a, pou delivre nou. Jan ap vin yon pwofèt ki pral fè konnen Mesi a ap vini.’

      Epitou, gen yon bagay espesyal ki te rive Mari ki te fanmi Elizabèt. Ann wè ki sa k te pase nan chapit ki vin apre a.

      “Pou lèzòm, sa enposib, men pou Bondye, tout bagay posib.” — Matye 19:26.

      Kesyon: Ki sa Gabriyèl te di Zakari? Ki travay espesyal Jan t ap gen pou l fè?

      Matye 11:7-14; Lik 1:5-25, 57-79; Ezayi 40:3; Malachi 3:1.

  • Gabriyèl al wè Mari
    Leson ou kapab aprann nan Bib la
    • Zanj Gabriyèl parèt devan Mari.

      LESON 69

      Gabriyèl al wè Mari

      Yon zanj parèt devan Jozèf nan yon rèv.

      Elizabèt te gen yon ti fanmi l ki te rele Mari ki t ap viv nan vil Nazarèt, nan Galile. Mari te fiyanse ak Jozèf ki te yon bòs chapant. Lè Elizabèt te gen sis mwa ansent, zanj Gabriyèl te parèt devan Mari. Li di l: ‘Bonjou Mari. Jewova fè w yon gwo favè.’ Li pa t konprann sa Gabriyèl te vle di l. Se sa k fè, li di l: ‘W ap vin ansent, w ap fè yon pitit gason e w ap rele l Jezi. L ap gen pou l vin Wa. Wayòm li an ap la pou toutan.’

      Mari di l: ‘Men, mwen poko nan relasyon ak gason. Ki jan m ap fè gen pitit?’ Gabriyèl di l: ‘Anyen pa enposib pou Jewova. Lespri sen ap vin sou ou, e w ap vin gen yon pitit gason. Elizabèt, fanmi w lan, vin ansent tou.’ Epi, Mari di l: ‘Mwen se esklav Jewova. Se pou sa rive m jan w sot di a.’

      Jozèf marye ak Mari tou ansent.

      Mari t al nan yon vil ki nan mòn pou l al wè Elizabèt. Lè Mari salye Elizabèt, Elizabèt te santi tibebe a sote anndan vant li. Lespri sen Bondye te sou li, epi li di: ‘Mari, Jewova beni w. Se yon onè pou m resevwa manman Seyè m nan lakay mwen.’ Mari di l: ‘M ap fè louwanj pou Jewova ak tout kè m.’ Mari te fè twa mwa lakay Elizabèt, e apre sa, li tounen lakay li, Nazarèt.

      Lè Jozèf vin aprann Mari ansent, li pa t vle marye avè l ankò. Men, yon zanj parèt devan l nan yon rèv, epi li di l: ‘Ou pa bezwen pè marye avè l. Li pa fè anyen mal.’ Konsa, Jozèf marye ak Mari, epi l mennen l lakay li.

      “Jewova fè sa l vle ni nan syèl la, ni sou tè a.” — Sòm 135:6.

      Kesyon: Ki sa Gabriyèl te di Mari konsènan pitit la? Ki jan Elizabèt ak Mari te santi yo pou sa k te rive yo a?

      Matye 1:18-25; Lik 1:26-56; Ezayi 7:14; 9:7; Dànyèl 2:44; Galat 4:4.

Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2026)
Dekonekte
Konekte
  • Kreyòl ayisyen
  • Pataje
  • Preferans
  • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
  • Kondisyon pou w sèvi avè l
  • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
  • Paramètres de confidentialité
  • JW.ORG
  • Konekte
Pataje