-
Gen zanj ki fè konnen Jezi fètLeson ou kapab aprann nan Bib la
-
-
LESON 70
Gen zanj ki fè konnen Jezi fèt
Seza Ogis, dirijan gouvènman women an, te bay lòd pou tout Juif retounen lakay yo pou y al bay otorite yo non yo. Se sa k fè, Jozèf ak Mari te vwayaje al Betleyèm, nan peyi fanmi Jozèf yo. Lè a te prèske rive pou Mari fè pitit la.
Lè yo rive Betleyèm, sèl kote yo te jwenn pou yo rete se yon kote yo te konn met bèt. Se la Mari te fè Jezi, pitit gason l lan. Li te vlope l nan twal ki fen, epi li depoze l tou dousman kote yo konn bay bèt manje a.
Te gen kèk moun ki t ap gade mouton toupre Betleyèm ki t ap pase nuit yo deyò pou yo veye mouton yo. Bridsoukou, gen yon zanj ki vin kanpe devan yo e glwa Jewova te antoure yo tankou yon gwo limyè. Moun ki t ap gade mouton yo te pè anpil, men, zanj lan di yo: ‘Nou pa bezwen pè. Mwen gen yon bon nouvèl pou nou. Mesi a fèt jodi a nan Betleyèm.’ Menm kote a, yon pakèt zanj parèt nan syèl la, yo di: ‘Glwa pou Bondye nan syèl la, e lapè pou moun sou tè a.’ Epi, zanj yo disparèt. Ki sa moun ki t ap gade mouton yo te fè?
Moun ki t ap gade mouton yo te di youn lòt: ‘Ann al Betleyèm kounye a.’ Yo kouri ale byen vit, epi yo jwenn Jozèf ak Mari kote yo te konn met bèt yo e tibebe yo a te fèk fèt.
Tout moun ki te tande sa zanj lan te di moun ki t ap gade mouton yo te sezi. Mari te reflechi anpil sou pawòl zanj lan te di l yo e l pa t janm bliye yo. Moun ki t ap gade mouton yo te tounen al jwenn mouton yo, yo te di Jewova mèsi pou tout sa yo te wè ak tout sa yo te tande.
“Se Bondye ki voye m e ki fè m la a. Epitou, se pa mwen menm poukont mwen ki te deside vini, men se Sila a ki voye m nan ki te deside sa.” — Jan 8:42.
-
-
Jewova te pwoteje JeziLeson ou kapab aprann nan Bib la
-
-
LESON 71
Jewova te pwoteje Jezi
Nan yon zòn ki nan lès peyi Izrayèl, gen moun ki te kwè zetwal yo kapab gide yo. Yon jou swa, te gen kèk mesye ki soti nan lès ki te wè yon bagay ki sanble ak yon zetwal byen klere k ap deplase nan syèl la, epi yo te suiv li. Swadizan “zetwal” sa a te mennen yo Jerizalèm. Mesye yo te kòmanse mande moun yo: ‘Kote timoun ki pral vin wa Juif yo? Nou vini pou n bese byen ba devan l.’
Lè Ewòd, wa Jerizalèm nan, tande pral gen yon nouvo wa, sa te ba l anpil pwoblèm. Li mande prèt an chèf yo: ‘Ki kote wa sa a gen pou l fèt?’ Yo te di l: ‘Pwofèt yo te di li t ap gen pou l fèt Betleyèm.’ Se sa k fè, Ewòd rele mesye ki sot nan lès yo, epi l di yo: ‘Al Betleyèm, chèche konn ki kote timoun sa a ye. Epi, tounen vin di m kote l ye. Mwen vle bese byen ba devan l tou.’ Men, se manti li t ap bay.
Sa mesye yo te pran pou yon zetwal la te rekòmanse avanse ankò. Mesye yo te suiv li rive Betleyèm. Swadizan “zetwal” la te vin kanpe anlè tèt yon kay, e mesye yo antre nan kay la. Yo te jwenn Jezi ansanm ak manman l, Mari. Yo te bese byen ba devan timoun nan, epi yo te ba l anpil kado, yo te ba l lò, lansan blan ak lami. Èske se Jewova toutbon ki te fè mesye sa yo jwenn Jezi? Non.
Jou swa sa a, men sa Jewova te di Jozèf nan yon rèv: ‘Ewòd vle touye Jezi. Pran madanm ou ak timoun nan, epi kouri al ann Ejip. Rete la jiskaske m di w pa gen pwoblèm pou w retounen lakay ou.’ Menm kote a, Jozèf ak fanmi l al ann Ejip.
Jewova te di mesye ki sot nan zòn lès yo pou yo pa tounen kot Ewòd. Lè Ewòd wè yo pa tounen kote l, li te vin fache anpil. Piske l pa t ka jwenn Jezi, li te bay lòd pou yo touye tout tigason ki Betleyèm ki te gen menm laj ak Jezi. Men, Jezi pa t gen pwoblèm, li te lwen ann Ejip.
Rive yon lè, Ewòd vin mouri. Jewova di Jozèf: ‘Kounye a, pa gen pwoblèm, ou mèt tounen nan peyi w.’ Jozèf, Mari, ak Jezi te tounen ann Izrayèl, e yo t al rete nan vil Nazarèt.
“Se konsa, pawòl ki sot nan bouch mwen ap ye. [...] L ap fè sa m voye l fè a.” — Ezayi 55:11.
-