Referans pou Pwogram reyinyon Lavi nou ak travay nou fè a
© 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
2-8 MAS
TREZÒ KI NAN PAWÒL BONDYE A | EZAYI 41-42
“Ou pa bezwen pè”
ip-2 20 § 10
Pawòl pwofesi ki bay konsolasyon ki konsène w
10 Jewova t ap egzamine sa k t apral rive nan monn nan anviwon 200 an annapre. Li wè yon seri gwo lame anba dominasyon Siris k ap vanse byen rapid e k ap pot laviktwa sou tout ènmi yo. Pèp yo, menm moun ki sou zile yo, moun ki abite byen lwen yo, ap tranble lè y ap pwoche. Yo tèlman pè, yo met tèt yo ansanm pou yo goumen kont moun Jewova rele sot nan lès pou egzekite jijman l lan. Men sa y ap di pou yo eseye ankouraje youn lòt: “Mete kouraj sou ou.”
Ezayi 41:10 — “Ou pa bezwen pè, paske mwen avè w”
“Mwen avè w.” Jewova fè moun k ap adore l yo konnen yo pa ta dwe pè, paske yo pa poukont yo. Kòm Jewova wè tout sa y ap andire e li tande priyè yo, se kòmsi li kanpe bò kote yo. — Sòm 34:15; 1 Pyè 3:12.
“Mwen se Bondye w.” Jewova fè sèvitè l yo santi yo kalm lè l fè yo sonje li se Bondye yo e li aksepte yo kòm moun k ap adore l sou tè a. Yo kapab gen asirans pa gen okenn sitiyasyon k ap rive k ap anpeche Bondye ede yo. — Sòm 118:6; Women 8:32; Ebre 13:6.
“M ap ba w fòs, wi, m ap ede w. Vrèmanvre, m ap kenbe w byen di ak men dwat mwen pou m mennen w nan chemen ki dwat la.” Nan twa fason diferan, Jewova repete menm ide a pou l fè konnen l ap toujou ede sèvitè l yo. Li itilize yon konparezon pou l montre ki jan l ap reyaji lè sèvitè l yo bezwen èd. Si yon moun tonbe, Bondye kapab lonje men dwat li pou l fè moun nan kanpe ankò. — Ezayi 41:13.
Youn nan pi gwo fason Bondye fòtifye sèvitè l yo e l ede yo se pa mwayen Labib, Pawòl li a (Jozye 1:8; Ebre 4:12). Pa egzanp, Pawòl Bondye a bay konsèy ki pratik pou ede moun k ap fè fas ak yon seri pwoblèm tankou povrete, maladi, oswa lè yon moun yo renmen mouri (Pwovèb 2:6, 7). Bondye ka sèvi ak lespri sen l, oubyen fòs aktif li, pou l ede sèvitè l yo wè klè e pou l ba yo fòs pou yo andire pwoblèm yo. — Ezayi 40:29; Lik 11:13.
“Ou pa bezwen pè, m ap ede w”
Pawòl Jewova yo vrèman ankourajan. Eseye imajine ki sa an reyalite Jewova pwomèt nou la a. Vèsè a pa di w ap mache bò kot Jewova e w kenbe men l. Si w t ap mache bò kot Jewova, men dwat Jewova t ap kenbe men goch ou. Okontrè, Jewova lonje ‘men dwat li pou l mennen w nan chemen ki dwat la’ e l kenbe “men dwat ou”, kòmsi l t ap rale w soti nan yon sitiyasyon ki difisil. Lè Jewova kenbe men dwat ou, li ba w fòs epi l di w: “Ou pa bezwen pè, m ap ede w.”
Èske w konsidere Jewova tankou Papa w e tankou Zanmi w ki renmen w anpil? Èske w kwè l ap ede w lè w nan pwoblèm? Jewova vrèman gen sousi pou ou e l vle ede w. Lè w gen pwoblèm ak tètchaje, Jewova vle w santi w an sekirite. Poukisa? Paske l renmen w anpil. Vrèmanvre, “nou ka jwenn èd li byen fasil nan moman difisil yo”. — Sòm 46:1.
Trezò espirityèl
w01 1/10 20 § 3
Ki sa sa vle di pou yon moun fidèl?
Men sa Jewova te di Abraram, zanmi l lan: “Mwen se yon boukliye pou ou.” (Jenèz 15:1; Ezayi 41:8). Se pa t pawòl konsa konsa. Jewova te pwoteje Abraram ak fanmi l e li te delivre yo anba men Farawon ak Abimelèk. Li te ede Abraram delivre Lòt anba men kat wa ki te met tèt yo ansanm pou yo atake l. Jewova te pèmèt Abraram ki te gen 100 an ak Sara ki te gen 90 an vin kapab fè pitit pou Semans yo te pwomèt la te ka soti nan yo. Jewova te konn kominike regilyèman ak Abraram pa mwayen vizyon, rèv e pa mwayen zanj. An reyalite, Jewova te montre l fidèl ak Abraram pandan Abraram te vivan e menm byen lontan apre lanmò Abraram. Nan syèk apre yo, Jewova te respekte pwomès li te fè nasyon Izrayèl la, desandan Abraram yo, malgre yo te rebèl. Relasyon Jewova ak Abraram te genyen an se prèv ki montre sa vrè fidelite a ye, sa vle di lanmou ann aksyon. — Jenèz, chapit 12-25.
9-15 MAS
TREZÒ KI NAN PAWÒL BONDYE A | EZAYI 43-44
Yon pwofesi yo te ekri 200 an alavans
gm 123-124 § 16-17
Pwofesi ki te reyalize
16 Nan ane 539 anv. e. n., dominasyon Babilòn antanke pisans mondyal te fini lè Siris, yon dirijan peyi Pès ki te yon gason vanyan, ansanm ak lame moun Medi yo te vin atake vil la. Siris te jwenn yon gwo gwo pwoblèm: Babilòn te gen gwo miray toutotou l e sa te parèt enposib pou yo pran vil la. Epitou, gwo rivyè Efrat la te pase nan mitan vil la e li te jwe yon wòl enpòtan nan pwoteje vil la.
17 Men sa Ewodòt, yon istoryen grèk, te di sou fason Siris te jere pwoblèm nan: “Li te met yon pati nan lame l la kote rivyè a antre nan vil la, li te met yon lòt pati pa dèyè kote rivyè a soti a, e li te bay sòlda yo lòd pou yo pase nan rivyè a pou yo antre nan vil la kou dlo a rive nan nivo yo t ap ka mache ladan l [...]. Li te itilize yon kanal pou l te detounen rivyè Efrat la al nan yon basen ki te yon marekaj [yon lak atifisyèl yon ansyen dirijan Babilòn te fè], konsa, dlo rivyè a te vin tèlman ba, moun te ka mache ladan l. Apre sa, sòlda peyi Pès yo te met veye bò rivyè Babilòn nan te mache nan rivyè a ki te ba yo nan senti, epi yo te antre nan vil la.”4
it “Siris” § 7
Siris
Yo te pran Babilòn. Rive yon lè, Siris te pare pou l al nan lagè ak Babilòn, yon vil ki te pisan, e se sitou depi lè sa a, pwofesi biblik yo te kòmanse reyalize sou li. Nan pwofesi Bondye te pouse Ezayi ekri konsènan retablisman Jerizalèm ak tanp li an, Ezayi te bay non dirijan peyi Pès sa a Jewova te chwazi pou l detwi Babilòn e pou l libere Juif ki te ann egzil yo (Eza 44:26–45:7). Byenke yo te ekri pwofesi sa a plis pase 150 an anvan Siris te vin sou pouvwa e Jida te detwi menm anvan Siris te fèt, Jewova te gentan fè konnen se Siris ki t ap sèvi kòm “bèje” l pou byen pèp Juif la (Eza 44:28; konpare ak Wm 4:17). Piske Jewova te bay Siris asiyasyon sa a alavans, yo te rele l “moun [Jewova] chwazi a” (ki soti nan mo ebre, machiyak, mesi, ak mo grèk kristòs, kris) (Eza 45:1). Lè Bib la di ‘Bondye bay Siris non’ (Eza 45:4) depi anvan l te fèt, sa pa vle di se li ki te bay Siris non lè Siris te fèt, men, sa vle di Jewova te konnen gen yon mesye yo t ap rele Siris ki t ap parèt, e Jewova t ap rele l dirèkteman nan non l, yon fason ki klè.
it “Siris” § 17
Siris
Fason Siris te kowopere ak Juif yo diferan nèt ak fason lòt nasyon yo te boule avèk yo. Li te fè remèt veso ki gen anpil valè ki te gen nan tanp lan Nebikadneza II te pote al Babilòn yo, li te ba yo pèmisyon pou yo enpòte bwa sèd sot nan Liban, e li te bay otorizasyon pou yo kouvri depans konstriksyon yo t ap fè yo ak lajan kay wa a (Esd 1:7-11; 3:7; 6:3-5). Selon silenn Siris la (FOTO, vol. 2, p. 332), an jeneral, dirijan peyi Pès la te aji ak pèp li te venk yo yon fason ki montre li bay moun valè e li toleran. Men sa nou li konsènan wa a nan dokiman sa a: “Mwen te remèt dye ki te konn abitye viv nan tanp ki te fin tounen dekonm depi byen lontan yo, e m te fè tanp k ap la pou toutan pou yo nan [kèk] vil sakre ki pa lòtbò rivyè Tig la. (Epitou,) mwen te rasanble tout moun [ki te konn viv] ladan yo e m te fè yo retounen lakay yo.” — Les inscriptions de la Perse achéménide, p. 184.
Trezò espirityèl
Kesyon lektè yo poze
Dezyèm egzanp lan se pwofesi ki pale de yon gèrye ki rele Siris ki t apral gen pou l libere Juif yo e ki t apral bay lòd pou yo rebati tanp Jewova a (Eza. 44:26–45:4). Vrèmanvre, se wa Siris, yon moun peyi Pès, ki te fè sa Jewova te di nan pwofesi a (Esd. 1:1-4). Epoutan, Siris pa t ap adore vrè Dye a. Jewova te sèvi ak Siris pou l reyalize pwofesi a, men, li te kite Siris ak libète pou l chwazi kiyès l ap adore. — Pwo. 21:1.
16-22 MAS
TREZÒ KI NAN PAWÒL BONDYE A | EZAYI 45-47
“Mwen se Bondye, e pa gen pèsonn tankou m”
“Se pou non w vin sen”
14 Satan fè tout sa l kapab pou l anpeche Jewova reyalize objektif Li. Men Satan pa janm reyisi. Bib la montre fason Jewova aji e li montre pa gen pèsonn ki tankou Jewova Dye. Se vre, rebelyon Satan ak tout moun ki met ansanm avèk li yo fè a lakòz Jewova soufri anpil (Sòm 78:40). Men, li jere sitiyasyon an avèk sajès, pasyans ak jistis. Mete sou sa, li montre jan li Toupisan divès fason. Sa k pi enpòtan an, lanmou l parèt nan tout sa l fè (1 Jan 4:8). Jewova pa sispann travay pou l fè non l vin sen.
“Jewova [...] gen anpil pisans”
14 Jan nou pral wè sa, Bondye itilize pisans li pou l kreye, pou l detwi, pou l pwoteje, e pou l fè tout bagay tounen jan yo te ye anvan an. Anfèt, Jewova fè kèlkeswa sa l vle a pou l reyalize objektif pafè li genyen yo (Izayi 46:10). Nan kèk sitiyasyon, Jewova itilize pisans li pou l ede nou konprann kèk aspè enpòtan nan pèsonalite l e pou l ede nou konprann prensip li ban nou yo. Pi gwo rezon ki fè Jewova itilize pisans li se pou l akonpli volonte l, sa vle di jistifye souvrènte l e fè non l vin sen grasa Wayòm Mesi a. Pa gen anyen ki ka anpeche l reyalize objektif sa a.
it “Moun ki sot ann egzil nan Babilòn” § 1
Moun ki sot ann egzil nan Babilòn
NAN ane 607 anv. e. n., yo te fè vil Jida yo ki te gen anpil richès vin yon kote ki “pa gen okenn moun ladan yo ankò” lè yo te mennen Juif yo te pran yo ann egzil nan Babilòn e yon ti rès Juif te kouri al ann Ejip (Jr 9:11). Epoutan, Bondye ki gen lanmou fidèl la pa t ap kite pèp li a ann egzil pou toutan. Li te anonse yo t ap gen pou yo “sèvi wa Babilòn nan pandan 70 an”, e apre sa, li t ap delivre yon ti rès moun ki fidèl (Jr 25:11, 12; 29:10-14). Menm Babilòn, yon pisans mondyal, ki te sanble yon tèritwa moun pa t ka pran pa t ka anpeche objektif Bondye reyalize. Lefètke Juif yo te retounen sot ann egzil, sa montre jan pwofesi Jewova te bay yo te reyalize yon fason ki egzak.
w99 15/5 14 § 18-19
Nou kontan Jewova montre nou chemen l yo
18 Jodi a, jan sa te ye nan tan lontan, mache nan chemen Jewova mande pou n gen fidelite, sa vle di pran detèminasyon pou n sèvi Bondye sèlman. Sa mande pou n gen konfyans, sa vle di gen fèm konviksyon pwomès Jewova yo sèten e y ap reyalize. Sa mande pou n gen obeyisans, sa vle di suiv lwa Jewova yo san n pa devye, epi respekte prensip moral wo nivo l yo. “Jewova jis, li renmen sa ki jis.” — Sòm 11:7.
19 Ahaz t al chèche sekirite nan men dye Siri yo. Izrayelit ki te ann Ejip yo te espere “Rèn syèl la”, yon deyès anpil moun nan Mwayenn Oryan tan lontan an te konn adore, t ap fè yo vin rich. Jodi a, gen anpil dye ki pa zidòl nan sans literal. Jezi te di nou dwe veye pou n pa sèvi “Lajan” olye n sèvi Jewova (Matye 6:24). Apot Pòl te pale de “tanta, ki se idolatri”. (Kolosyen 3:5.) Epitou, li te pale de moun “dye yo se vant yo”. (Filipyen 3:19.) Wi, lajan ak bagay materyèl pami dye moun plis adore jodi a. An reyalite, pifò moun, sa gen ladan l moun ki fè pati yon relijyon, “met espwa yo nan richès ki pa sèten”. (1 Timote 6:17.) Anpil moun fè anpil efò pou yo sèvi dye sa yo, e gen ladan yo ki jwenn bon rezilta, tankou viv nan bèl kay, posede bagay ki chè, manje bon manje. Men, se pa tout moun ki gen richès sa yo. Menm moun ki rive jwenn richès sa yo vin wè sa pa satisfè yo. Richès sa yo pa sèten, yo la pou yon ti tan, e yo pa ede moun pwoche kot Bondye. — Matye 5:3.
Trezò espirityèl
Èske Bondye te konnen Adan ak Èv t ap peche?
Labib montre tou se Jewova “sèl ki saj”. (Women 16:27.) Zanj li yo ki nan syèl la jwenn anpil okazyon pou yo wè jan sajès li san limit. Yo te “bat bravo” lè Jewova te fin kreye bagay ki sou tè a (Jòb 38:4-7). Siman kreyati espirityèl sa yo ki entèlijan t ap suiv avèk anpil enterè sa k t ap pase nan jaden Edenn nan. Èske w panse sa t ap fè sans pou Bondye fin kreye yon inivè ak yon pakèt kreyati sou tè a ki fè moun emèveye, epi apre sa pou Dye saj sa a fè de lòt kreyati nan entansyon pou l lage yo nan pwoblèm, e pou zanj li yo ta la ap gade sa? Se sèten sa pa t ap fè sans.
Sepandan, gen moun ki kapab di: ‘Men, kòman yon Bondye ki gen tout sajès ta fè pa konnen?’ An reyalite, yon aspè nan gwo sajès Bondye genyen an se kapasite pou l konnen ‘jan sa pral ye depi nan kòmansman’. (Izayi [Ezayi] 46:9, 10.) Sepandan, li pa oblije sèvi ak kapasite sa a, menm jan li pa toujou oblije itilize kokennchenn pouvwa l genyen an nèt. Jewova sèvi ak kapasite li genyen pou l konnen yon bagay alavans lè l chwazi fè sa e lè l santi sa apwopriye.
23-29 MAS
TREZÒ KI NAN PAWÒL BONDYE A | EZAYI 48-49
Byenfè nou jwenn lè n suiv ansèyman Jewova yo
it “Anseyan, Ansèyman” § 2
Anseyan, Ansèyman
Jewova Dye, Kreyatè a, se Gran Pwofesè, oswa Anseyan, sèvitè l yo (1Wa 8:36; Sm 27:11; 86:11; 119:102; Eza 30:20; 54:13). Kreyasyon an montre gen yon Bondye ki gen anpil sajès ki egziste, gen anpil bagay nan lanati pou moun gade e pou yo fè rechèch sou yo, e jiska prezan, se yon tikras ladan yo moun rive konprann (Jòb 12:7-9). Mete sou sa, pa mwayen yon seri revelasyon espesyal, Jewova Dye anseye lèzòm non l, objektif li yo ak lwa l yo (Konpare ak Eg 4:12, 15; 24:12; 34:5-7). N ap jwenn revelasyon sa yo nan Pawòl Bondye a, Labib, e yo sèvi kòm baz ki pèmèt moun jwenn bonjan ansèyman sou volonte Bondye (Wm 15:4; 2Ti 3:14-17). Lespri Bondye jwe wòl yon anseyan tou. — Jan 14:26.
Ki sa Bib la di konsènan libète moun genyen pou yo deside a? Èske se Bondye ki kontwole tout vi nou?
● Bondye te kreye lèzòm pòtre ak li (Jenèz 1:26). Bèt yo aji selon jan Bondye te pwograme yo pou yo aji, men nou menm nou sanble ak Bondye, sa vle di nou gen kapasite pou n demontre yon seri kalite tankou lanmou ak jistis. Epitou, menm jan ak Sila a ki kreye nou an, nou gen libète pou n deside.
● Menmsi gen bagay nou pa ka konnen, nou gen kapasite pou n detèmine ki jan lavni nou ap ye. Labib ankouraje nou pou n “chwazi lavi [...] lè nou koute sa [Bondye] di”, sa vle di lè n chwazi obeyi kòmandman l yo (Detewonòm 30:19, 20). Òf sa a Bondye fè nou an pa t ap gen okenn sans, e se t ap mechanste, si nou pa t gen libète pou n deside. Men, Bondye pa fòse nou fè sa l di, okontrè, men ki ankourajman li ban nou: “Si w te annik suiv kòmandman m yo! Ebyen, lapè ou t ap genyen an t ap anpil tankou dlo nan yon rivyè ki pa janm seche.” — Ezayi 48:18.
“Fòtifye nou nan lafwa nou ki sen anpil”
8 Nan vèsè sa yo, Jewova fè nou sonje lè nou obeyi kòmandman l yo se pou byen nou. Li pwomèt nou n ap jwenn de byenfè si nou aji konsa. Premyèman, n ap gen lapè, e lapè sa a ap tankou yon rivyè ki kalm, ki gen anpil dlo e ki toujou ap koule. Dezyèmman, aksyon ki dwat nou fè yo ap anpil tankou lanm lanmè. Lè w kanpe sou yon plaj e w ap gade lanm lanmè yo k ap vin sou rivaj la youn apre lòt, sandout ou gen enpresyon lanm sa yo ap toujou la. Ou konnen lanm yo ap kontinye vin sou rivaj la youn apre lòt pandan lontan. Konsa tou, Jewova fè konnen w ap kapab kontinye fè aksyon ki dwat pandan lontan. Toutotan w ap fè efò pou w rete fidèl ak Jewova, li pap janm kite w tonbe! (Li Sòm 55:22.) Èske bèl pwomès sa yo pa fòtifye lafwa w nan Jewova ak nan egzijans li yo ki jis?
Trezò espirityèl
it “Tan ki apwouve” § 1-3
Tan ki apwouve
Nan 2 Korentyen 6:2, apot Pòl site pwofesi nou jwenn nan Ezayi 49:8 la ki di: “Men sa Jewova di: ‘Nan moman mwen t ap fè w favè a, mwen te reponn ou, e nan jou delivrans lan, mwen te ede w. Mwen te kontinye pwoteje w pou m fè w vin yon alyans ant mwen menm ak pèp yo, pou peyi a ka vin fre ankò, pou yo ka pran eritaj yo te genyen ki te fin kraze yo.’ ” Selon kontèks la, se Ezayi, ki te reprezante oswa jwe wòl nasyon Izrayèl la, yo te di pawòl sa yo (Eza 49:3). Li klè, se te yon pwofesi retablisman ki te reyalize pou premye fwa lè Izrayelit yo te sot Babilòn antanke prizonye e yo te di yo: “Sot deyò!” Apre sa, yo te retounen nan peyi yo e yo te rebati peyi a. — Eza 49:9.
Men, pawòl ki nan vèsè 8 chapit sa a ki di “pou m fè w vin yon alyans ant mwen menm ak pèp yo” ak pawòl ki nan vèsè 6 la ki di “sèvitè” Jewova a t ap vin “tounen yon limyè pou nasyon yo tou, pou [Bondye] ka sove moun jis nan dènye bout tè a” montre byen klè pwofesi sa a gen rapò ak Mesi a e li te reyalize sou Kris Jezi antanke “sèvitè” Bondye a. (Konpare ak Eza 42:1-4, 6, 7 ak Mt 12:18-21.) Piske ekspresyon “moman mwen t ap fè w favè a” se moman kote Jewova t ap “reponn” epi “ede” sèvitè l la, sa dwe gen rapò ak lè Jezi t ap viv sou tè a kote “se avèk gwo rèl ak dlo nan je li te fè siplikasyon ansanm ak demann nan pye Sila a ki te ka sove l anba lanmò a. E Bondye te tande l, paske li te gen lakrentif pou Li”.” (Eb 5:7-9; konpare ak Jan 12:27, 28; 17:1-5; Lk 22:41-44; 23:46.) Vrèmanvre, se te yon “jou delivrans” pou Pitit Gason Bondye a, e pandan jou sa a li te montre li fidèl yon fason ki san fay, e kòm rezilta, “li vin pèmèt tout moun ki obeyi l jwenn delivrans pou toutan”. — Eb 5:9.
Mete sou sa, lefètke Pòl te site pwofesi sa a, sa montre li te gen yon lòt aplikasyon pou kretyen Pòl t ap ankouraje pou yo “pa fin aksepte favè san parèy Bondye a, epi apre sa pou [yo] rate objektif li,” e men sa l te di yo (apre l fin site Eza 49:8): “Gade! Kounye a se vrèman moman mwen apwouve a. Gade! Kounye a se jou delivrans lan.” (2Ko 6:1, 2). Apati Pannkòt ane 33 e. n., kretyen sa yo te vin tounen “Izrayèl [espirityèl] Bondye a” (Ga 6:16). Men, yo te bezwen montre yo diy pou yo resevwa favè san parèy Bondye a yon fason pou “tan ki apwouve” a ka vin yon “jou delivrans” pou yo.
6-12 AVRIL
TREZÒ KI NAN PAWÒL BONDYE A | EZAYI 50-51
Koute sila a Bondye anseye a
Fason yo fòme moun k ap preche Wayòm nan
5 Pi devan, Jewova te bay Pitit Gason l lan fòmasyon sou travay predikasyon Pitit li an t ap gen pou l fè sou tè a. Ann egzamine yon pwofesi ki pale sou relasyon ki egziste ant Gwo Pwofesè a ak sèl Pitit li fè a. (Li Izayi 50:4, 5.) Pwofesi a fè konnen, “chak maten”, Jewova te reveye Jezi. Pawòl sa a fè n wè Jewova tankou yon pwofesè ki reveye yon elèv byen bonè nan maten yon fason pou l anseye l. Men sa yon ouvraj biblik fè konnen: “Jewova [...] pran li [Jezi] kòmsi li se yon elèv lekòl, e li anseye l sa l dwe preche ak fason l dwe preche.” Se nan swadizan lekòl sa a ki nan syèl la Jewova te di Pitit Gason l lan ‘sa pou l di ak sa pou l anseye’. (Jan 12:49.) Anplis de sa, Papa a te bay Pitit la fòmasyon sou fason pou Pitit la anseye. Pandan Jezi te sou tè a, li te byen sèvi ak fòmasyon l te resevwa a pou l fè travay predikasyon li t ap fè a, e l te sèvi avè l tou pou l bay disip li yo fòmasyon pou yo fè travay predikasyon yo t ap fè a.
“Mwen renmen Papa a”
13 Pandan Pitit Gason an te nan syèl la, anvan l te vin sou tè a, li te chofe pou l aprann nan men Papa l. Yon pwofesi nan Izayi 50:4-6 fè konnen Jewova te bay Pitit Gason l lan yon fòmasyon espesyalize anrapò ak wòl li antanke Mesi a. Menmsi fòmasyon sa a te gen ladan l aprann konnen kèk nan difikilte ki t apral tonbe sou li antanke Wen Jewova, Pitit Gason an te chofe pou l aprann. Annapre, apre Jezi te vin sou tè a e li te grandi pou l vin yon adilt, li te toujou chofe pou l ale nan mezon Papa l la e pou l patisipe nan adorasyon e nan ansèyman Jewova te vle yo bay nan mezon l lan. Se sa k fè Labib fè nou konnen Jezi te konn al nan tanp lan e nan sinagòg la fidèlman (Lik 4:16; 19:47). Si nou vle pou lanmou nou pou Jewova rete vivan e pou l kontinye devlope, nou dwe asiste reyinyon yo avèk dilijans, piske nan reyinyon sa yo n ap adore Jewova e n ap apwofondi konesans nou ak apresyasyon nou pou li.
Trezò espirityèl
it “Min” § 2
Min
Jewova sèvi ak Ezayi pou l bay yon bèl egzanp ki raple nou sa yon min ye ak fason l fonksyone (Eza 51:1). Jan vèsè ki vin apre a montre sa, sanble “mas wòch la” se te Abraram, moun nasyon an te soti nan li a, e “min yo te fouye” a se te Sara ki te pote Izarak, zansèt pèp Izrayèl la, nan vant li ki te tankou yon twou min (Eza 51:2). Sepandan, piske se grasa pisans Bondye, oswa yon mirak, Izarak te fèt, egzanp min nan kapab gen yon pi gwo aplikasyon espirityèl. Se sa k fè, Detewonòm 32:18 pale de Jewova antanke “Mas Wòch ki te fè” Izrayèl la, oswa ‘Bondye ki te bay Izrayèl [menm vèb yo te itilize pou Sara nan Eza 51:2] lavi a’.
13-19 AVRIL
TREZÒ KI NAN PAWÒL BONDYE A | EZAYI 52-53
Jezi te demontre yon gwo lanmou
Jèn, reziste kont presyon lòt jèn ap fè sou nou
2 Èske lòt jèn parèy ou gen yon gwo enfliyans sou ou? Si repons lan se wi, poukisa? Èske se paske ou vle yo aksepte w? Si se sa, sa pa oblije yon move bagay. Anfèt, granmoun yo tou vle pou granmoun parèy yo aksepte yo. Pa gen pèsonn, kit li jèn kit li granmoun, ki renmen lè lòt moun rejte l. Men, reyalite a sèke ap toujou gen kèk moun ki pap dakò avè w si w vle fè sa ki byen. Sa te menm rive Jezi. Malgre sa, li te toujou fè sa ki byen. Alòske gen kèk moun ki te suiv Pitit Bondye a e ki te vin disip li, gen lòt menm ki te meprize l e ki “pa t pran ka l menm”. — Iza. 53:3.
ip-2 205 § 25
Jewova fè lwanj pou Mesi l la, Sèvitè l la
25 Èske Mesi a te dispoze soufri epi mouri? Men sa Ezayi di: “Yo te maltrete l e li te kite yo fè l soufri, epoutan li pa t ouvè bouch li di yon mo. Yo te mennen l labatwa tankou yon mouton, e tankou yon manman mouton ki pa fè bri pandan l devan moun k ap tonn li, li pa t ouvè bouch li di yon mo.” (Ezayi 53:7). Nan dènye nuit Jezi te pase sou tè a, li te kapab mande Papa l “plis pase 12 rejiman zanj” pou vin ede l. Okontrè, li te di: “Nan ka sa a, kòman Ekriti yo t ap fè reyalize, yo menm ki di se konsa sa dwe pase?” (Matye 26:53, 54). Olye de sa, “ti Mouton Bondye a” pa t defann tèt li (Jan 1:29). Lè prèt an chèf yo ak ansyen yo t ap lage fo akizasyon sou li devan Pilat, Jezi “pa [t] reponn”. (Matye 27:11-14.) Li pa t vle di anyen ki te ka anpeche volonte Bondye reyalize nan ka pa l. Jezi te dispoze sakrifye lavi l menm jan ak yon mouton, e li te byen konnen lanmò l t ap pèmèt moun ki obeyisan yo libere anba peche, maladi, ak lanmò.
Trezò espirityèl
it “Veso” § 2
Veso
Byen souvan, mo keli a fè referans ak divès kalite veso yo te konn itilize nan tanp lan. Pami veso sa yo, te gen asyèt, krich, pèl, bòl, fouch, veso pou mete chabon dife, zouti pou etenn mèch lanp, pensèt, kivèt ak koup (Eg 25:29, 30, 39; 27:3, 19; 37:16, 23; 38:3; 1Wa 7:40-50; 2Kw 4:11-22). Piske yo te itilize veso sa yo pou yon sèvis sakre, yo tout te “sakre”. (1Wa 8:4.) Se sa k fè, piske Juif ki te kite Babilòn nan ane 537 anv. e. n. te gen privilèj pou yo pote veso sakre wa Nebikadneza te pran Jerizalèm yo, yo te dwe rete pwòp nan domèn relijye ak nan domèn moral. Pwofesi ki vin apre a ki se yon lòd te aplike sou yo: “Retounen! Retounen! Soti [Babilòn]! Pa manyen anyen ki sal! Soti ladan l! Rete pwòp, nou menm k ap pote veso Jewova yo.” (Eza 52:11). Sa te mande plis pase rete pwòp fizikman. Sa te mande pou kè yo pwòp. Lè apot Pòl t ap ekri kretyen Korent yo, li te aplike pawòl ki nan Ezayi 52:11 yo pou l montre, menm jan an tou, kretyen yo dwe pirifye tèt yo anba tout sa ki ka sal kò a ak lespri a. — 2Ko 6:14-18; 7:1.
20-26 AVRIL
TREZÒ KI NAN PAWÒL BONDYE A | EZAYI 54-55
Ki sakrifis ou dispoze fè?
Fòmasyon Bondye bay la gen anpil valè
3 Avèk bonte, Jewova dispoze anseye moun ki enpafè yo. Men yon pwofesi Izayi 54:13 bay anrapò ak kretyen wen yo: “Se Senyè a menm ki pral moutre pitit ou yo tout bagay. Yo pral viv alèz ak kè poze.” Pawòl sa yo aplikab pou “lòt mouton” Kris yo tou (Jan 10:16). E gen yon pwofesi k ap akonpli nan epòk nou an ki montre sa. Nan yon vizyon Izayi te genyen, li te wè moun k ap sot nan tout nasyon k ap vin an foul nan vrè adorasyon an. Li di youn ap di lòt: “Ann ale sou mòn Senyè a! Ann al nan Tanp Bondye pèp Izrayèl la! L’a moutre nou jan li vle nou viv la. Konsa n’a mache nan chemen l’ap mete devan nou an.” (Iza. 2:1-3). Vrèman, se yon gwo privilèj nou genyen pou Bondye anseye nou!
“Achte laverite e pinga w janm vann li”
6 Li Ezayi 55:1-3. Pawòl sa yo Jewova te enspire Ezayi pou l ekri ban nou plis esplikasyon sou ki sa achte laverite vle di. Nan pasaj sa a ki nan Bib la, Jewova konpare pawòl li a ak dlo, ak lèt e ak diven. Menm jan ak yon vè dlo fre, verite ki nan Pawòl Bondye a rafrechisan. Epitou, menm jan lèt fè nou vin djanm e l ede timoun grandi, pawòl Jewova a ki la pou nouri nou fè n vin djanm e l ede n grandi nan domèn espirityèl. Anplis de sa, pawòl Jewova a menm jan ak diven. Nan ki sans? Nan Bib la, diven gen rapò ak kè kontan (Sòm 104:15). Donk, lè Jewova di pèp li a pou yo vin “achte diven”, li ban nou asirans lè n viv ann amoni ak pawòl li n ap gen kè kontan (Sòm 19:8). Ala yon bèl fason Jewova montre byenfè nou jwenn lè n aprann verite ki nan Pawòl li a e n viv ann amoni avè l! Nou ta ka konpare efò nou fè a ak yon pri nou peye. Donk, nan ka sa a, ann egzamine senk bagay nou ka oblije abandone pou n achte laverite.
KI SA W ABANDONE POU W ACHTE LAVERITE?
7 Tan. Se yon pri tout moun ki achte laverite dwe peye. Sa mande tan pou n koute mesaj Wayòm nan, pou n li Bib la ak piblikasyon ki baze sou Bib la, pou n fè etid pèsonèl, pou n prepare reyinyon yo e pou n asiste yo. Pou n rive fè bagay sa yo, nou dwe “achte” oswa pran tan sou kèk lòt aktivite ki gen mwens enpòtans. (Li Efezyen 5:15, 16 ak nòt la.) Konbyen tan sa ap pran pou n vin gen yon konesans egzak sou ansèyman fondamantal ki nan Bib la? Sa depann de sitiyasyon nou. Pa gen okenn limit sou sa n ka aprann konsènan sajès Jewova, fason l aji ak travay li (Wom. 11:33). Nan premye Toudegad ki te soti a, yo te konpare laverite ak “yon ti flè tou senp”, e men sa yo te di: “Pa kontante w ak yon sèl flè verite. Si yon sèl te sifi pa t ap bezwen gen lòt. Kontinye keyi, chèche jwenn plis.” Nou kapab mande tèt nou: ‘Ki gwosè bouke flè laverite m nan ye?’ Menm lè n gen yon etènite devan nou, nou ka toujou aprann plis bagay sou Jewova. Jodi a, li enpòtan pou n byen sèvi ak tan nou yon fason pou n achte kantite verite sitiyasyon n pèmèt nou. Ann konsidere egzanp yon moun ki te swaf jwenn laverite.
“Fè atansyon ak fason w ap koute”
Gen anpil pwoblèm ki ka anpeche nou koute avèk atansyon. Nou kapab gen anpil enkyetid ki chaje tèt nou. Bri ak mouvman k ap fèt nan asistans lan oswa deyò sal la ka distrè nou. Si nou santi nou pa byen, sa ka fè l difisil pou nou konsantre nou. Souvan, moun ki gen timoun piti yo konn pa ka koute avèk anpil atansyon. Ki sa k ka ede nou rete konsantre sou sa y ap di nan reyinyon yo?
Je nou jwe yon gwo wòl nan kesyon rete konsantre a. Donk, fikse je w sou oratè a, sa ap ede w rete konsantre. Lè l site yon vèsè nan Bib la, menmsi se yon vèsè w abitye avè l, chèche l epi suiv nan bib ou pandan l ap li vèsè a. Lite kont anvi w kapab genyen pou w ap gade tout kote w tande yon bri oswa tout kote ki gen yon mouvman. Paske si w kite lespri w distrè ak yon pil enfòmasyon je w ap pote ba li, w ap pèdi yon bon pati nan ansèyman y ap bay sou estrad la.
Si w gen “panse k ap twouble” w ki fè l difisil pou w konsantre w sou sa y ap di nan reyinyon yo, priye Jewova pou l ba w lapè ou bezwen nan lespri w ak nan kè w yon fason pou w ka suiv avèk atansyon (Sòm 94:19; Fil. 4:6, 7). Priye l plizyè fwa, si sa nesesè (Mat. 7:7, 8). Reyinyon kongregasyon yo se yon dispozisyon Jewova pran pou pèp li a. Ou mèt asire w li vle pou w byen pwofite reyinyon sa yo. — 1 Jan 5:14, 15.
Trezò espirityèl
“Pa bay tèt ou pwoblèm, paske mwen se Bondye w”
14 Premyèman, antanke disip Kris nou atann pou yo rayi nou (Mat. 10:22). Jezi te fè disip li yo konnen yo t ap jwenn gwo pèsekisyon nan dènye jou yo (Mat. 24:9; Jan 15:20). Dezyèmman, pwofesi Ezayi a avèti nou, li fè nou konnen se pa rayi ènmi nou yo t ap rayi nou sèlman, yo t ap sèvi ak tout kalite zam kont nou. Pami zam sa yo gen manti anba anba, manti kri ak gwo pèsekisyon (Mat. 5:11). Jewova pap anpeche ènmi nou yo sèvi ak zam sa yo pou atake nou (Efe. 6:12; Rev. 12:17). Men, nou pa bezwen pè. Poukisa?
15 Annou gade twazyèm bagay nou bezwen sonje a. Jewova fè konnen “nenpòt zam” yo itilize kont nou “pap itil anyen”. Menm jan yon miray se yon pwoteksyon k ap anpeche yon gwo tanpèt ban nou pwoblèm, se konsa Jewova ap pwoteje nou pou moun ki san pitye [ki] vin an kòlè” yo pa fè nou mal. (Li Ezayi 25:4, 5.) Ènmi nou yo pap janm ka fè anyen k ap anpeche nou gen lavi ki pap janm fini an. — Eza. 65:17.
27 AVRIL-3 ME
TREZÒ KI NAN PAWÒL BONDYE A | EZAYI 56-57
Nou kontan gen Jewova kòm Bondye nou
ip-2 269 § 14-16
Jewova fè moun ki piti yo sispann tris
14 Men, epòk kote Bondye ap demontre pasyans lan ap fini. Anpalan de epòk sa a, Jewova di: “M ap fè konnen swadizan bagay dwat n ap fè yo ak aksyon nou yo, e sa pap itil nou anyen. Lè n ap rele pou n mande sekou, pil zidòl nou rasanble yo pap ka delivre nou. Yon gwo van ap pote tout ale, yon ti soufle ap voye yo ale.” (Ezayi 57:12, 13a). Jewova pral devwale swadizan bagay dwat Jida ap fè yo. Travay ipokrit l ap fè yo pap itil anyen. “Pil zidòl [li] rasanble yo” pap ka delivre l. Lè malè frape, yon senp ti van ap pote dye li fè konfyans yo ale.
15 Pawòl Jewova yo te reyalize nan ane 607 anv. e. n. Sa te rive lè Nebikadneza, wa Babilòn nan, te detwi Jerizalèm, li te boule tanp lan, epi mennen pifò moun ann egzil. “Se konsa yo te fè moun Jida yo kite peyi yo a pou y al ann egzil.” — 2 Wa 25:1-21.
16 Menm jan an tou, pil zidòl relijyon ki di yo se kretyen yo pap ka delivre yo nan jou kòlè Jewova a (Ezayi 2:19-22; 2 Tesalonisyen 1:6-10). Yo pral elimine tout fo relijyon ki nan monn nan ansanm ak rès “Gran Babilòn nan”, relijyon ki di yo se kreyen yo. Gwo bèt sovaj senbolik ki gen koulè wouj vif la ansanm ak dis kòn li yo “ap dechèpiye [Gran Babilòn nan], y ap mete l toutouni, y ap manje chè l, e y ap boule l nèt nan dife”. (Revelasyon 17:3, 16, 17.) Se pa ti kontan nou kontan dèske nou te obeyi kòmandman ki di: “Sot ladan l, pèp mwen, si nou pa vle patisipe avè l nan peche l yo, e si nou pa vle resevwa yon pati nan kalamite l yo”! (Revelasyon 18:4, 5.) Pinga nou janm tounen al jwenn li oswa al nan chemen l yo ankò.
“Wayòm mwen an pa fè pati monn sa a”
16 Epitou, se pa ti enpòtan chanjman sa yo enpòtan! Bib la konpare limanite ak yon lanmè ki move e ki pa ka kalme, yon lanmè ki pa konn sa yo rele lapè (Eza. 17:12; 57:20, 21; Rev. 13:1). Toutpandan pwoblèm politik ap fè moun yo soulve, y ap simen divizyon nan mitan yo e y ap pouse yo fè vyolans san reflechi, nou menm nou kontinye gen lapè ak tèt ansanm. Epitou, lè Jewova ap gade jan gen divizyon nan monn n ap viv la, kè l dwe kontan lè l wè jan gen tèt ansanm pami pèp li a. — Li Sofoni 3:17.
it “Tè” § 21
Tè
Epitou, yo itilize mo tè a yon fason senbolik pou yo pale de bagay ki pi djanm e pi stab ki konpoze limanite. Yo konpare bagay k ap boulvèse lèzòm yo, bagay ki fè yo pèdi stabilite yo ak yon lanmè ki move. — Eza 57:20; Jk 1:6; Jd 13; konpare ak Re 12:16; 20:11; 21:1.
it “Lapè” § 3
Lapè
Chèche gen lapè. Jewova se Bondye lapè a (1Ko 14:33; 2Ko 13:11; 1Te 5:23; Eb 13:20) e li se Sous lapè (Nb 6:26; 1Kw 22:9; Sm 4:8; 29:11; 147:14; Eza 45:7; Wm 15:33; 16:20), paske lapè se yon kalite nan fwi lespri Bondye (Ga 5:22). Se pou rezon sa a, se sèl moun ki anpè ak Bondye ki kapab jwenn vrè lapè a. Lè yon moun fè peche ki grav, sa gen move efè sou relasyon l ak Bondye e sa boulvèse moun nan. Men sa yon salmis te di: “Mwen pa santi m anpè menm akoz peche m fè a.” (Sm 38:3). Se sa k fè, moun ki ta renmen chèche lapè epi pousuiv li dwe “vire do bay sa ki mal, e [...] fè sa ki byen”. (Sm 34:14.) Pa ka gen lapè san jistis (Sm 72:3; 85:10; Eza 32:17). Se sa k fè, mechan yo pa ka gen lapè. (Eza 48:22; 57:21; konpare ak Eza 59:2-8.) Yon lòt bò, se moun ki vwe lavi yo bay Jewova, ki renmen lwa l yo (Sm 119:165) e ki obeyi kòmandman l yo ki gen lapè. — Eza 48:18.
Trezò espirityèl
w07 15/1 10 § 3
Pwen enteresan nou jwenn nan liv Ezayi a — II
56:6 — Kiyès ki “etranje” yo e nan ki sans yo “kenbe alyans [Jewova a] byen fèm”? “Etranje” yo se “lòt mouton” Jezi yo (Jan 10:16). Yo kenbe nouvo alyans lan byen fèm lè yo obeyi lwa ki gen rapò ak alyans lan, yo soutni dispozisyon ki pran pa mwayen alyans lan, yo manje menm manje espirityèl ak kretyen Bondye chwazi pou al nan syèl yo, e yo ede yo fè travay predikasyon Wayòm nan ak travay fè disip la.
Annou demontre respè pou rasanbleman sakre nou yo
JEWOVA rasanble pèp li a, kretyen wen yo ansanm ak konpayon yo, pou yo adore l nan “montay sakre” l la. Li fè yo rejwi anndan “mezon priyè” l la, tanp espirityèl li a, ki se “yon mezon priyè pou tout nasyon”. (Izayi 56:7; Mak 11:17.) Sa endike adorasyon Jewova a sen, li pi e li elve. Lè nou demontre bonjan respè pou reyinyon nou yo ki fèt pou nou etidye e pou nou adore, nou montre nou gen menm pwennvi ak Jewova sou bagay sakre yo.