-
Jezi ki jèn tigasonLeson ou kapab aprann nan Bib la
-
-
LESON 72
Jezi ki jèn tigason
Jozèf ak Mari t ap viv Nazarèt ak Jezi ansanm ak lòt pitit gason ak pitit fi yo te genyen. Jozèf te travay kòm bòs chapant pou l pran swen fanmi an. Li te fè yo konnen kiyès Jewova ye e l te anseye yo Lalwa. Fanmi an te toujou al adore Bondye nan sinagòg la e yo te konn al Jerizalèm pou fèt Pak la chak ane.
Lè Jezi te gen 12 an, fanmi an te fè vwayaj byen long yo konn abitye fè pou y al Jerizalèm nan. Vil sa a te chaje ak moun ki te vini nan fèt Pak la. Annapre, Jozèf ak Mari te kòmanse vwayaje pou yo retounen lakay yo e yo te panse Jezi t ap vwayaje ak gwoup la tou. Men, lè yo chèche Jezi pami fanmi yo, yo pa t ka jwenn li.
Yo te tounen Jerizalèm, e yo te fè twa jou ap chèche pitit gason yo a. Alafen, yo t al nan tanp lan. Se la yo te jwenn Jezi ki chita nan mitan anseyan yo, li te pran tan pou l byen koute sa yo t ap di e l t ap poze yo bonjan kesyon. Anseyan yo te tèlman sezi tande sa Jezi t ap di, yo te kòmanse poze l kesyon. Epi, yo te sezi wè fason li reponn. Yo te kapab wè li konprann Lwa Jewova te bay la.
Jozèf ak Mari te enkyete anpil. Mari te di Jezi: ‘Kote w te ye pitit? Nou chèche w tout kote wi!’ Jezi di: ‘Èske nou pa konnen se lakay Papa m mwen dwe ye?’
Apre sa, Jezi al lakay Jozèf ak Mari nan vil Nazarèt. Jozèf te montre Jezi ki jan pou l travay kòm bòs chapant. Ki kalite moun ou panse Jezi te ye toutpandan l t ap grandi? Pandan Jezi t ap grandi, li te vin gen plis sajès. Epi ni Bondye ni moun te renmen l.
“O Bondye m nan, mwen pran plezi pou m fè volonte w. Lwa w yo nan fon kè m.” — Sòm 40:8.
-
-
Jan fè konnen Mesi a ap viniLeson ou kapab aprann nan Bib la
-
-
LESON 73
Jan fè konnen Mesi a ap vini
Jan, pitit gason Zakari ak Elizabèt, te vin yon pwofèt lè l te vin gran. Jewova te sèvi ak Jan pou l fè moun yo konnen Mesi a ap vini. Men, olye Jan t al preche nan sinagòg yo oswa nan vil yo, li te preche nan dezè a. Moun yo te soti Jerizalèm e toupatou nan Jide pou yo vin aprann nan men Jan. Li te montre yo, si yo vle fè kè Bondye kontan, yo dwe sispann fè sa ki mal. Anpil moun te repanti pou peche yo lè yo te tande sa Jan t ap anseye yo, e Jan te batize yo nan Rivyè Jouden an.
Jan t ap viv tou senp. Rad li te fèt ak plim chamo e l te konn manje krikèt ak siwo myèl nan bwa. Moun te anvi konn kiyès li ye. Menm Farizyen yo ak Sadiseyen yo, ki te gen ògèy, te vin wè l. Li te di yo: ‘Nou dwe chanje fason n ap viv e n dwe repanti. Pinga nou panse nou espesyal sèlman paske nou di nou se pitit Abraram. Sa pa vle di nou se pitit Bondye.’
Anpil moun te vin kot Jan e yo te mande l: ‘Ki sa n dwe fè pou n fè kè Bondye kontan?’ Jan te di Juif yo: ‘Si n gen de manto, bay yon moun ki nan bezwen youn.’ Èske w konn pou ki rezon l te di yo sa? Li te vle fè disip li yo konnen pou yo fè kè Bondye kontan yo dwe renmen moun.
Jan te di moun ki te konn ranmase taks yo: ‘Se pou nou onèt e pinga nou twonpe pèsonn.’ Li te di sòlda yo: ‘Pinga nou aksepte lajan anba anba e pinga nou bay manti.’
Gen prèt ak Levit tou ki te vin kot Jan e yo te mande l: ‘Kiyès ou ye? Tout moun vle konnen.’ Jan reponn yo: ‘Mwen se yon vwa nan dezè a k ap mennen moun yo vin jwenn Jewova, jan pwofèt Ezayi te anonse sa.’
Moun yo te renmen sa Jan t ap anseye yo. Gen anpil ladan yo ki te mande tèt yo si se Jan ki Mesi a. Men, Jan te di yo: ‘Gen yon moun ki nan pi gwo pozisyon pase m k ap vini. Mwen pa menm bon pou m demare sandal nan pye l. Mwen batize moun nan dlo, men, li menm, l ap batize moun ak lespri sen.’
“Mesye sa a te vini antanke temwen pou l te ka bay temwayaj sou limyè a, dekwa pou l te ka pèmèt tout kalite moun kwè.” — Jan 1:7.
-