BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • Li sèvi ak yon pye fig frans pou l anseye yon leson sou lafwa
    Jezi se chemen an, verite a, lavi a
    • Jezi ansanm ak disip li yo remake pye fig frans ki pa bay fwi a seche.

      CHAPIT 105

      Li sèvi ak yon pye fig frans pou l anseye yon leson sou lafwa

      MATYE 21:19-27 MAK 11:19-33 LIK 20:1-8

      • LI SÈVI AK PYE FIG FRANS KI SECHE A POU L ANSEYE YON LESON SOU LAFWA

      • Y AP MANDE KOTE JEZI JWENN OTORITE

      Lè Jezi kite Jerizalèm nan lendi aprèmidi, li retounen Betani ki sou bò lès Mòn Oliv. Sanble, Jezi al dòmi lakay zanmi l yo anpalan de Laza, Mari ak Mat.

      Kounye a, nou nan jou maten 11 Nizan an, Jezi ak disip li yo pran wout la ankò pou yo retounen al Jerizalèm pou l al nan tanp lan yon dènye fwa. Jou sa a se dènye jou li pase nan aktivite l anvan li fete fèt Pak la, li tabli memoryal lanmò l. Apre sa, li fè fas ak eprèv epi yo egzekite l.

      Pandan Jezi ak disip li yo sou wout ap sot Betani yo pase sou Mòn Oliv pou y al Jerizalèm. Pyè remake pye fig frans Jezi te lage malediksyon sou li yè maten an. Pyè di Jezi: “Anseyan, gade! Pye fig frans ou te modi a seche.” — Mak 11:21.

      Men, poukisa Jezi te seche pye fig frans lan? Li fè konnen rezon an nan repons li bay apre a, li di: “Anverite m ap di nou sa: Si nou gen lafwa e nou pa gen dout, nonsèlman n ap fè sa m sot fè pye fig frans lan, men tou, menmsi nou di mòn sa a: ‘Leve, al lage kò w nan lanmè’, sa ap fèt. E tout bagay nou mande nan lapriyè, depi nou gen lafwa, n ap resevwa yo.” ​(Matye 21:21, 22). Donk, li repete pawòl li te di sa pa gen twò lontan konsènan lafwa yon moun genyen ki ka pèmèt li deplase yon mòn. — Matye 17:20.

      Donk lefètke Jezi seche pye fig frans lan, li sèvi ak sa pou l tou bay yon leson sou enpòtans pou moun gen lafwa nan Bondye. Men sa l di: “Tout sa nou mande nan lapriyè, si nou kwè nou deja resevwa yo, n ap jwenn yo.” ​(Mak 11:24). Sa se yon leson ki vrèman enpòtan pou tout disip Jezi yo! Sa sitou enpòtan pou apot yo lè nou konsidere gwo eprèv yo pral jwenn talè konsa! Sepandan, gen yon lòt relasyon ant seche pye fig la seche a avèk lafwa.

      Menm jan ak pye fig frans lan, nasyon Izrayèl la gen yon aparans ki twonpe moun. Byenke nasyon sa a fè yon alyans ak Bondye e li bay enpresyon li obsève lwa Bondye bay yo, li montre li pa gen lafwa e li pa pwodui bon fwi. Yo te menm rejte pwòp Pitit Bondye a. Se sa k fè, lè Jezi fè pye fig frans ki pa bay fwi a seche, se yon egzanp li bay pou l montre sa k pral rive nasyon sa a ki pa pwodui fwi e ki pa gen lafwa.

      Yon ti moman apre, Jezi ak disip li yo antre Jerizalèm, e jan Jezi abitye fè, li ale nan tanp lan e li kòmanse anseye. Sandout, prèt an chèf yo ak ansyen yo sonje sa Jezi te fè kanbis yo nan lavèy, yo mande l: “Kote w jwenn otorite pou w fè bagay sa yo? Kiyès ki ba w otorite sa a?” — Mak 11:28.

      Jezi reponn: “M ap poze nou yon sèl kesyon. Reponn mwen, epitou m ap di nou ki kote m jwenn otorite pou m fè bagay sa yo. Ki kote Jan te jwenn otorite pou l batize moun? Nan men Bondye oswa nan men lèzòm? Reponn mwen.” Kounye a, se Jezi k ap teste advèsè l yo! Prèt yo ak ansyen yo al pale youn ak lòt pou yo konnen ki jan pou yo reponn. Youn di lòt: “Si nou di: ‘Nan men Bondye’, l ap di: ‘Si se sa, poukisa nou pa t kwè nan li?’ Men, èske nou ka pran chans di: ‘Nan men lèzòm’?” Yo rezone konsa piske yo pè foul la, “paske tout foul la te kwè Jan se te yon pwofèt toutbon”. — Mak 11:29-32.

      Opozan yo pa ka bay Jezi yon bon repons. Se sa k fè yo di: “Nou pa konnen.” E Jezi bò kote pa l di: “Mwen menm tou, mwen pap di nou ki kote m jwenn otorite pou m fè bagay sa yo.” — Mak 11:33.

      • Poukisa jou 11 Nizan an se yon jou enpòtan?

      • Ki leson Jezi bay lè l fè pye fig frans lan seche a?

      • Ki jan Jezi reponn moun ki mande l ki kote li jwenn otorite pou l fè bagay sa yo?

  • De egzanp ki gen rapò ak jaden rezen
    Jezi se chemen an, verite a, lavi a
    • Kiltivatè yo touye pitit mèt jaden rezen an.

      CHAPIT 106

      De egzanp ki gen rapò ak jaden rezen

      MATYE 21:28-46 MAK 12:1-12 LIK 20:9-19

      • EGZANP DE PITIT GASON YO

      • EGZANP KILTIVATÈ KI NAN JADEN REZEN AN

      Jezi nan tanp lan. Li fèk sot lage konfizyon nan tèt chèf relijye yo ki te mande l kiyès ki ba l otorite pou l fè sa l ap fè yo. Repons Jezi ba yo a fè yo fèmen bouch yo. Apre sa, li sèvi ak yon egzanp pou l montre yo ki kalite moun yo ye toutbonvre.

      Men sa Jezi di: “Te gen yon mesye ki te gen de pitit. L al jwenn premye a, li di l: ‘Pitit mwen, al travay nan jaden rezen an jodi a.’ Pitit la reponn, li di: ‘Mwen pa prale.’ Men, apre sa, li regrèt epi l ale. Mesye a al jwenn dezyèm pitit li a, li di l menm bagay la. Pitit la reponn, li di: ‘Mwen prale, papa.’ Men, li pa ale. Kiyès nan yo de a ki fè volonte papa l?” ​(Matye 21:28-31). Repons lan klè: se premye pitit gason an ki fè volonte papa l finalman.

      Donk, Jezi di opozan l yo: “Anverite m ap di nou sa: Pèseptè yo ak pwostitye yo pran devan nou nan Wayòm Bondye a.” Okòmansman, pèseptè yo ak pwostitye yo pa t ap sèvi Bondye. Men apre sa, menm jan ak premye pitit la, yo vin repanti e yo sèvi Bondye. Yon lòt bò, menm jan ak dezyèm pitit la, chèf relijye yo deklare y ap sèvi Bondye, epoutan yo pa fè sa vre. Men sa Jezi di: “Jan [ki konn batize moun nan] te vini pou l montre nou chemen ki dwat la, men nou pa t kwè nan li. Men, pèseptè yo ak pwostitye yo te kwè nan li, e nou menm, malgre nou te wè sa, nou pa t repanti pou nou vin kwè nan li.” — Matye 21:31, 32.

      Jezi bay yon lòt egzanp. Fwa sa a, li montre se pa sèlman paske chèf relijye yo pa sèvi Bondye ki fè yo antò, men se paske yo mechan. Men sa Jezi di: “Gen yon mesye ki fè yon jaden rezen, li fè yon lantouray pou bare l, li fouye yon basen pou près diven an e li bati yon gerit. Apre sa, li kite jaden an nan men kèk kiltivatè pou travay li, epi li vwayaje al nan peyi etranje. Lè sezon rekòt la rive, li voye yon esklav kot kiltivatè yo, yon fason pou yo ka ba l kèk nan fwi jaden rezen an fè. Men, yo pran esklav la, yo bat li, epi yo voye l ale de men vid. Li voye yon lòt esklav kote yo ankò. Sa a menm, yo frape l nan tèt e yo imilye l. Epi, li voye yon lòt esklav, men li menm yo touye l. Li voye anpil lòt ankò, genyen yo bat e genyen yo touye.” — Mak 12:1-5.

      Èske moun k ap koute Jezi yo ap rive konprann egzanp li bay la? Bon, petèt yo sonje pawòl Ezayi te di pou kritike yo, li te di: “Jaden rezen Jewova, Chèf lame yo, se pèp Izrayèl la. Moun Jida yo se plantasyon li renmen an. Li t ap tann jistis, Men, gade! Se enjistis ki genyen.” ​(Ezayi 5:7). Egzanp Jezi a sanble ak pawòl sa yo. Mèt tè a se Jewova, e jaden rezen an se nasyon Izrayèl la, ki te gen Lwa Bondye a tankou yon lantouray pou pwoteje yo. Jewova te voye pwofèt yo pou bay pèp li a enstriksyon e pou ede yo pwodui bon fwi.

      Men, “kiltivatè yo” malmennen “esklav” yo te voye yo, epi yo touye yo. Men sa Jezi esplike: “[Mèt jaden rezen an] te gen yon lòt moun ankò, yon pitit gason li renmen anpil. Li voye l kote yo an dènye, li di tèt li: ‘Y ap respekte pitit gason m nan.’ Men, kiltivatè yo di youn lòt: ‘Men eritye a! Vini, annou touye l, konsa eritaj la ap pou nou.’ Vrèmanvre, yo pran l, yo touye l.” — Mak 12:6-8.

      Kounye a Jezi mande yo: “Ki sa mèt jaden rezen an ap fè?” ​(Mak 12:9). Chèf relijye yo reponn: “Etandone yo mechan, l ap detwi yo nèt e l ap kite jaden rezen an nan men lòt kiltivatè, e kiltivatè sa yo ap ba l fwi pa l lè fwi yo bon.” — Matye 21:41.

      Konsa, yo jije tèt yo san yo pa rann yo kont, etandone yo fè pati “kiltivatè” Jewova mete pou travay “jaden rezen” l lan ki se nasyon Izrayèl la. Fwi Jewova atann toutbon pou l jwenn nan men kiltivatè sa yo gen ladan l lafwa nan Pitit li a, ki se Mesi a. Jezi gade chèf relijye yo fiks epi li di: “Èske nou pa t janm li sa yon pasaj nan Ekriti yo di? Li di: ‘Wòch moun k ap bati yo te jete a, se li menm ki vin tounen wòch prensipal ki nan kwen an. Se Jewova ki fè sa rive, e se yon bèl bagay sa ye nan je nou.’” ​(Mak 12:10, 11). Pou l esplike sa l sot di a, li di: “Se poutèt sa, men sa m ap di nou: Y ap retire Wayòm Bondye a nan men nou, e se yon nasyon k ap pwodui fwi Wayòm nan y ap bay li.” — Matye 21:43.

      Espè nan Lalwa yo ak prèt an chèf yo rann yo kont se “yo [Jezi] te gen nan tèt li lè li te bay egzanp sa a”. (Lik 20:19.) Lè sa a, yo vin vle touye Jezi plis toujou, li menm ki se vrè “eritye a”. Men, yo pè foul la ki konsidere Jezi kòm yon pwofèt. Se sa k fè yo pa t touye l lamenm.

      • Kiyès de pitit gason ki nan egzanp Jezi bay la reprezante?

      • Nan dezyèm egzanp lan, kiyès ki reprezante “mesye ki gen tè” a, “jaden rezen an”, “kiltivatè yo”, “esklav yo” ak “eritye a”?

      • Ki sa k ap rive “kiltivatè yo” alavni?

  • Yon wa envite moun nan yon resepsyon maryaj
    Jezi se chemen an, verite a, lavi a
    • Wa a wè gen yon mesye ki pa abiye ak abiman maryaj ki antre nan resepsyon maryaj la.

      CHAPIT 107

      Yon wa envite moun nan yon resepsyon maryaj

      MATYE 22:1-14

      • EGZANP RESEPSYON MARYAJ LA

      Aktivite Jezi prèske fini, li kontinye sèvi ak egzanp pou l montre ki kalite moun espè nan Lalwa yo ak prèt an chèf yo ye. Kidonk, yo vle touye l (Lik 20:19). Men, Jezi poko fin pale de yo. Li ba yo yon lòt egzanp, li di:

      “Wayòm syèl la ka menm jan ak yon wa ki t ap fè yon resepsyon maryaj pou yon pitit gason l. Li voye esklav li al rele moun li te envite nan resepsyon an, men yo pa vle vini.” ​(Matye 22:2, 3). Jezi kòmanse egzanp li an lè l di “Wayòm syèl la”. Donk, nòmalman se Jewova Dye ki “wa” a. E pitit gason wa a ak moun yo envite yo, kiyès yo ye? Yon lòt fwa ankò, li pa difisil pou nou di se Pitit Jewova a ki se pitit gason wa a, li menm k ap bay egzanp lan, e moun yo envite yo se moun k ap ansanm ak Pitit Gason Bondye a nan Wayòm syèl la.

      Kiyès ki premye moun yo envite yo? Bon, ki moun Jezi ak apot li yo te preche konsènan Wayòm nan? Se te Juif yo (Matye 10:6, 7; 15:24). Nasyon sa a te antre nan alyans Lalwa a nan ane 1513 anvan epòk nou an, kidonk, yo se premye moun ki te jwenn posiblite pou yo vin fè pati “yon wayòm prèt”. (Egzòd 19:5-8.) Men, ki lè yo t ap gen pou yo envite yo nan “resepsyon maryaj” la? Nòmalman, yo te fè sa nan ane 29 epòk nou an, lè Jezi te kòmanse preche sou Wayòm syèl la.

      Ki jan pifò Izrayelit yo te reyaji devan envitasyon sa a? Jan Jezi te di sa, “yo pa [t] vle vini”. Pifò nan chèf relijye yo ak moun nan pèp la pa t aksepte Jezi kòm Mesi a e kòm Wa Bondye te chwazi a.

      Men, Jezi fè konnen Juif yo t ap gen yon lòt posiblite, li di: “[Wa a] voye lòt esklav ankò, li di: ‘Di envite yo: “Gade! Manje m pare. Mwen touye towo bèf mwen ak bèt ki byen angrese mwen genyen, e tout bagay pare. Vini nan resepsyon maryaj la.”’ Men, yo pa okipe l, y al nan wout yo, youn ale nan jaden l, yon lòt al nan komès li, epi, rès yo met men sou esklav yo, yo joure yo, yo maltrete yo epi yo touye yo.” ​(Matye 22:4-6). Sa yo di la a te rive yonfwa kongregasyon kretyen an te tabli. Nan lè sa a, Juif yo te toujou gen posiblite pou yo antre nan Wayòm nan, men, pifò te rejte envitasyon sa a, e yo te menm maltrete ‘esklav wa a’. — Travay 4:13-18; 7:54, 58.

      Kòman sa t apral fini pou nasyon an? Men sa Jezi di: “Kòlè wa a vin monte l, li voye lame l al touye asasen yo, e li fè boule vil yo a.” ​(Matye 22:7). Juif yo te wè sa rive nan ane 70 epòk nou an, lè Women yo te detwi “vil yo a”, anpalan de Jerizalèm.

      Lefètke yo rejte envitasyon wa a, èske sa vle di pa gen okenn lòt moun y ap envite ankò? Egzanp Jezi a pa montre sa. Men sa Jezi di: “Epi, [Wa a] di esklav li yo: ‘Resepsyon maryaj la pare, men moun ki te envite yo pa t merite pou yo te la. Kidonk, al nan gran wout yo, wout nou konn pran lè n ap kite vil la, epi tout moun nou jwenn, envite yo vin nan resepsyon maryaj la.’ Vrèmanvre, esklav yo ale, epi yo pran depi se moun yo jwenn, ni moun ki mechan ni moun ki bon. Konsa, sal ki te prepare pou seremoni maryaj la vin plen ak moun k ap manje.” — Matye 22:8-10.

      Yon bagay ki enteresan sèke annapre apot Pyè t ap gen pou l kòmanse ede moun ki nan lòt nasyon, sa vle di moun ki pa fèt tou Juif oswa ki pa konvèti nan relijyon Juif yo, pou yo vin vrè kretyen. Nan ane 36 epòk nou an, Kònèy, yon ofisye nan lame women an, ak fanmi l te resevwa lespri sen Bondye, sa ki te fè yo vin gen yon plas nan Wayòm syèl la Jezi te pale a. — Travay 10:1, 34-48.

      Jezi fè konnen se pa tout moun ki vin nan resepsyon an “wa a” ap rive aksepte. Men sa l di: “Lè wa a antre pou l egzamine envite yo, li wè yon mesye ki pa abiye tankou yon moun ki vin nan maryaj. Li di l konsa: ‘Zanmi, kòman w fè antre la a san w pa gen abiman maryaj sou ou?’ Misye pa t ka reponn anyen. Lè sa a, wa a di sèvitè l yo: ‘Mare men l ak pye l, epi voye l nan fènwa ki deyò a. Se la li pral kriye e li pral manje dan.’ An reyalite, yo te envite anpil moun, men se yon tikras yo chwazi.” — Matye 22:11-14.

      Chèf relijye ki t ap tande Jezi yo te ka pa konprann siyifikasyon tout sa Jezi te di yo. Men, yo te fache e yo te gen plis detèminasyon toujou pou yo debarase yo ak yon moun konsa k ap rann yo malalèz.

      • Nan egzanp Jezi a, kiyès ki “wa a”, “pitit gason l” lan ak moun yo te premye envite nan resepsyon maryaj la?

      • Ki lè yo te vin envite Juif yo, e kiyès yo te vin envite apre sa?

      • Ki sa sa montre lefètke yo te envite anpil moun, men se yon tikras yo te chwazi?

  • Jezi pa kite yo pran l nan pyèj
    Jezi se chemen an, verite a, lavi a
    • Jezi montre yon pyès monnen yo konn peye enpo pou l reponn kesyon pyèj Farizyen yo poze l.

      CHAPIT 108

      Jezi pa kite yo pran l nan pyèj

      MATYE 22:15-40 MAK 12:13-34 LIK 20:20-40

      • BAY SEZA SA K POU SEZA

      • ÈSKE MOUN AP MARYE APRE REZIRÈKSYON AN?

      • PI GWO KÒMANDMAN YO

      Ènmi Jezi yo fache anpil. Li fèk sot bay kèk egzanp ki montre aklè jan yo mechan. Kounye a, Farizyen yo met ansanm pou yo pyeje l. Y ap eseye fè l di yon bagay ki montre l vire kont gouvènè Women an, e yo peye kèk nan disip yo genyen yo pou yo pyeje l. — Lik 6:7.

      Men sa yo di: “Anseyan, nou konnen ou pale sa ki verite, ou anseye sa ki verite, epi ou pa nan patipri, men ou anseye chemen Bondye a ann amoni ak laverite. Di nou non: Èske yon moun dwe peye enpo Seza egzije pou chak moun peye a, oubyen èske l pa dwe peye l?” ​(Lik 20:21, 22). Jezi pa kite yo twonpe l ak flatri, an reyalite yo ipokrit e yo gen riz. Si l di: ‘Non, yo pa dwe peye enpo sa a’, yo ka akize l kòmkwa l ap fè moun leve kanpe kont Wòm. Men, si l di: ‘Wi, yo dwe peye enpo sa a’, pèp la ki pa renmen dominasyon Women yo, gendwa mal konprann sa l di a e konsa yo ka vire kont li. Kidonk, ki jan Jezi reponn?

      Men sa l di: “Bann ipokrit, poukisa n ap teste m? Montre m pyès monnen moun peye enpo a.” Yo pote yon denye ba li. Li mande yo: “Pòtre kiyès ak non kiyès ki sou li?” Yo di: “Seza.” Lè sa a, Jezi ba yo yon gwo enstriksyon: “Ebyen, bay Seza sa k pou Seza, men bay Bondye sa k pou Bondye.” — Matye 22:18-21.

      Lè mesye yo wè Jezi bay yon repons entèlijan, yo sezi. Yo fèmen bouch yo epi, y ale. Men, jounen an poko fini. Yo toujou ap eseye pran l nan pyèj. Apre Farizyen yo fin echwe nan tantativ yo t ap fè pou yo pyeje l, gen chèf relijye ki nan yon lòt gwoup ki pwoche kote Jezi.

      Sadiseyen yo ki di pa gen rezirèksyon poze Jezi yon kesyon konsènan rezirèksyon e konsènan maryaj yon vèv ak bòfrè l yo. Yo mande l: “Anseyan, Moyiz te di: ‘Si yon gason mouri san l pa gen pitit, yon frè l dwe marye ak madanm li, e li dwe fè pitit avè l pou frè l la.’ Twouve, te gen sèt frè nan mitan nou. Premye a marye, e annapre, li mouri. Kòm li pa t gen pitit, yon frè l marye ak madanm li. Menm bagay la rive ni dezyèm nan, ni twazyèm nan, e li rive toule sèt. Alafen, madanm nan mouri. Bon, lè rezirèksyon an, madanm kiyès nan sèt frè yo l ap ye? Paske, yo tout te marye avè l.” — Matye 22:24-28.

      Jezi sèvi ak menm Lwa Moyiz la, Sadiseyen yo aksepte a, pou l reponn yo: “Nou konn sa k fè nou nan erè? Se paske nou pa konnen ni Ekriti yo ni pisans Bondye. Paske lè moun yo ap leve sot nan lanmò, ni gason ni fi pap marye, men y ap tankou zanj nan syèl la. Epitou, konsènan mò yo ki gen pou leve a, èske nou pa li nan liv Moyiz la, nan istwa sou ti pye pikan ki t ap boule a, sa Bondye te di l: ‘Mwen se Bondye Abraram, Bondye Izarak ak Bondye Jakòb’? Li pa Bondye moun ki mouri, men li se Bondye moun ki vivan. Nou nan erè anpil.” ​(Mak 12:24-27; Egzòd 3:1-6). Repons sa a fè foul la sezi.

      Jezi te fè ni Farizyen yo ni Sadiseyen yo fèmen bouch yo, se sa k fè kounye a, toule de gwoup relijye sa yo mete yo ansanm pou yo vin teste l ankò. Gen yon espè nan Lalwa ki mande: “Anseyan, ki pi gwo kòmandman ki gen nan Lalwa?” — Matye 22:36.

      Jezi reponn: “Men premye a: ‘O Izrayèl, tande: Jewova, Bondye nou an, se yon sèl Jewova. Nou dwe renmen Jewova, Bondye nou an, ak tout kè nou, ak tout nanm nou, ak tout lespri nou e ak tout fòs nou.’ Men dezyèm nan: ‘Nou dwe renmen pwochen nou menm jan nou renmen tèt nou.’ Pa gen okenn lòt kòmandman ki pi enpòtan pase sa yo.” — Mak 12:29-31.

      Lè espè nan Lalwa a tande repons lan, li di: “Anseyan, ou byen pale, sa w di a ann akò ak laverite: ‘Li se yon sèl, e apa li menm, pa gen lòt.’ Epi, lè yon moun renmen l ak tout kè l, ak tout entèlijans li, ak tout fòs li, epi li renmen pwochen l menm jan li renmen tèt li, sa gen plis valè lontan pase sakrifis yo boule nèt ak lòt kalite sakrifis.” Jezi wè jan espè nan Lalwa a entèlijan poutèt repons li bay la, li di l: “Ou pa lwen Wayòm Bondye a.” — Mak 12:32-34.

      Jezi fè twa jou (9, 10 ak 11 Nizan) ap anseye nan tanp lan. Gen kèk moun ki te pran plezi koute l, tankou espè nan Lalwa sa a. Men, chèf relijye yo pa fè sa. Kounye a, yo pa gen “kouraj pou yo poze l kesyon ankò”.

      • Ki sa Farizyen yo fè pou yo pyeje Jezi e ki sa k rive?

      • Ki jan Jezi fè pou l pa kite Sadiseyen yo pran l nan pyèj?

      • Nan repons Jezi bay espè nan Lalwa a, ki bagay li montre ki vrèman enpòtan?

  • Jezi denonse opozan relijye yo
    Jezi se chemen an, verite a, lavi a
    • Jezi denonse opozan relijye yo.

      CHAPIT 109

      Li denonse opozan relijye yo

      MATYE 22:41–23:24 MAK 12:35-40 LIK 20:41-47

      • PITIT KIYÈS KRIS LA YE?

      • JEZI DEVWALE IPOKRIZI OPOZAN L YO

      Opozan relijye yo pa rive fè moun pa kwè nan Jezi, e yo pa rive pran l nan pyèj pou fè l leve kont Women yo (Lik 20:20). Kounye a, pandan Jezi toujou nan tanp lan nan 11 Nizan an, se tou pa l pou l poze yo kesyon e li montre yo kiyès li ye toutbonvre. Li pran lapawòl, li di yo: “Ki sa nou panse de Kris la? Pitit kiyès li ye?” ​(Matye 22:42). Tout moun konnen Kris la, oswa Mesi a t ap soti nan fanmi David, e se repons sa a yo ba l. — Matye 9:27; 12:23; Jan 7:42.

      Men sa Jezi esplike: “Ebyen, kòman lespri Bondye fè pouse David rele l Seyè, lè l te di: ‘Jewova di Seyè m nan: “Chita adwat mwen jiskaske mwen mete ènmi w yo anba pye w”’? Ebyen, si David rele l Seyè, kòman l fè pitit li?” — Matye 22:43-45.

      Farizyen yo ret an silans, paske yo te panse se te yon desandan David ki t ap ka libere yo anba dominasyon Women yo. Men, Jezi sèvi ak pawòl ki nan Sòm 110:1, 2 a pou l montre Mesi a pa t ap yon senp dirijan imen. Li se Seyè David, e se apre l fin chita adwat Bondye, li t apral dirije. Lè opozan l yo tande repons li bay la, yo ret an silans.

      Disip yo ak anpil lòt moun t ap koute. Kounye a, Jezi pale avè yo, li ba yo avètisman kont espè nan Lalwa yo ak Farizyen yo. Mesye sa yo “chita sou chèz Moyiz la”, y ap anseye Lwa Bondye a. Jezi bay moun k ap koute l yo enstriksyon ki vin annapre yo: “Tout sa yo di nou fè, fè yo, men pa aji menm jan avèk yo, paske sa yo di, se pa sa yo fè.” — Matye 23:2, 3.

      Jezi bay egzanp ki montre ki jan yo ipokrit, li di: “Yo fè ti bwat ki gen pasaj Ekriti yo pi gwo, yo mete yo sou fwon yo ak sou bra yo pou pwoteje yo.” Gen kèk Juif ki konn mete ti bwat sa yo, ki gen yon seri ti pasaj ki nan Lalwa, sou fwon yo oswa sou bra yo. Farizyen yo fè ti bwat sa yo pi gwo pou yo fè konprann yo se moun ki renmen Lalwa anpil. Mete sou sa, yo “fè franj rad yo pi long”. Izrayelit yo te dwe fè franj nan rad yo, men Farizyen yo te bat pou franj rad pa yo a pi long (Nonb 15:38-40). Yo te fè tout sa “pou moun ka wè yo”. — Matye 23:5.

      Menm disip Jezi yo ka kite anvi pou yo gen gwo pozisyon an pran tèt yo. Se poutèt sa li ba yo konsèy sa a: “Pa fè yo rele nou anseyan, paske se yon sèl Anseyan nou genyen, tandiske nou tout se frè. Anplis de sa, pa rele pèsonn sou latè papa nou, paske sèl Papa nou genyen se Sila a ki nan syèl la. Pa kite yo rele nou gid, paske sèl Gid nou genyen se Kris.” Donk, ki jan disip yo te dwe wè tèt yo e ki jan yo te dwe aji? Men sa Jezi di yo: “Moun ki pi enpòtan pami nou an dwe vin sèvitè nou. Nenpòt moun ki met tèt li byen wo, y ap rabese l, e nenpòt moun ki rabese tèt li, y ap leve l met byen wo.” — Matye 23:8-12.

      Apre sa, li lanse yon seri malediksyon kont espè nan Lalwa yo ak Farizyen yo, ki ipokrit, li di: “Malè pou nou, espè nan Lalwa ak Farizyen, bann ipokrit! paske nou fèmen pòt Wayòm syèl la devan lèzòm. Nou menm nou pap antre, e moun k ap antre yo, nou pa kite yo antre.” — Matye 23:13.

      Jezi kondane Farizyen yo paske yo neglije pwen ki pi enpòtan nan je Jewova e sa parèt nan yon seri vye règ yo fè yo. Pa egzanp, yo di: “Si yon moun sèmante sou tanp lan, se pa anyen sa, men si yon moun sèmante sou lò ki nan tanp lan, li oblije respekte sèman an.” Konsa, yo montre jan yo avèg nan domèn moral paske yo met aksan sou lò ki nan tanp lan pase tanp lan li menm, kote yo adore Jewova e yo ka vin pwòch avè l. E yo “neglije pwen ki pi enpòtan nan Lalwa yo, anpalan de jistis, mizèrikòd ak fidelite”. — Matye 23:16, 23; Lik 11:42.

      Jezi rele Farizyen yo ‘bann gid je pete! Y ap koule sa y ap bwè pou yo pa bwè yon moustik, men y ap vale yon chamo’. (Matye 23:24.) Yo koule diven y ap bwè pou yo pa bwè yon moustik paske sa ka fè yo vin pa pwòp pou yo fè sèvis Bondye. Epoutan, lefètke yo neglije bagay ki pi enpòtan nan Lalwa yo, se kòmsi yo vale yon chamo, yon bèt ki pi gwo lontan pase yon moustik, ki ka fè yo pa pwòp tou pou yo fè sèvis Bondye. — Levitik 11:4, 21-24.

      • Poukisa Farizyen yo ret an silans lè Jezi poze yo kesyon sou sa David te di nan Sòm 110 la?

      • Poukisa Farizyen yo fè ti bwat ki gen pasaj Ekriti yo pi gwo e yo fè franj rad yo pi long?

      • Ki konsèy Jezi bay disip li yo?

  • Dènye jou Jezi nan tanp lan
    Jezi se chemen an, verite a, lavi a
    • Jezi ap gade yon vèv malerèz k ap lage de ti pyès monnen nan kès ki gen nan tanp lan.

      CHAPIT 110

      Dènye jou Jezi nan tanp lan

      MATYE 23:25–24:2 MAK 12:41–13:2 LIK 21:1-6

      • JEZI KONDANE CHÈF RELIJYE YO YON LÒT FWA ANKÒ

      • Y AP GEN POU DETWI TANP LAN

      • YON VÈV MALERÈZ KI BAY DE TI PYÈS MONNEN

      Jezi vin nan tanp lan yon dènye fwa. Li kontinye montre aklè jan Farizyen yo ak espè nan Lalwa yo ipokrit. Li rele yo ipokrit devan tout moun. Li sèvi ak egzanp pou l pale ak yo, li di: “Nou tankou gode ak asyèt yo netwaye pa deyò, men, anndan nou, nou chaje ak tanta ansanm ak eksè. Farizyen avèg, netwaye anndan koup la ak anndan asyèt la anvan, konsa deyò a ap vin pwòp tou.” ​(Matye 23:25, 26). Farizyen yo ap veye tout ti detay ki gen rapò ak pwòp yo bezwen pwòp lè y ap sèvi Bondye, e yo veye tout ti detay ki gen rapò ak aparans yo, men yo neglije moun yo ye pa anndan an e yo pa rive pirifye kè senbolik yo a.

      Ipokrizi yo a parèt aklè tou nan chofe yo chofe pou yo fè tonm pou pwofèt yo e pou yo dekore yo. Vrèmanvre, jan Jezi di sa, yo se “pitit moun ki te asasinen pwofèt yo”. (Matye 23:31.) Nou ka wè sa vre nan jan yo detèmine pou yo touye Jezi. — Jan 5:18; 7:1, 25.

      Apre sa, Jezi atire atansyon sou sa k ap rive chèf relijye sa yo si yo pa repanti, li di: “Bann sèpan, ras vipè, ki jan n ap fè chape anba kondanasyon Jeyèn nan?” ​(Matye 23:33). Jeyèn vle di “Vale Inon”. Yo te konn boule fatra nan vale sa a, sa ki byen montre sa k ap tann espè nan Lalwa ak Farizyen mechan sa yo: Yo pral detwi pou toutan.

      Disip Jezi yo t apral reprezante l kòm “pwofèt ak moun saj ansanm ak anseyan”. Ki jan yo t apral trete yo? Men sa Jezi di chèf relijye yo: “Gen [nan disip mwen yo] n ap touye e genyen n ap kloure sou poto, genyen n ap bat ak kout fwèt nan sinagòg nou yo e genyen n ap pèsekite sot nan yon vil al nan yon lòt. Konsa, n ap responsab san tout moun jis ki koule sou tè a, soti nan san Abèl, yon moun ki te jis, rive nan san Zakari [...], li menm nou te asasinen.” Men avètisman li bay: “Anverite m ap di nou sa: Chatiman ap tonbe sou jenerasyon sa a pou tout bagay sa yo.” ​(Matye 23:34-36). E se sa k te rive nan ane 70 epòk nou an, lè lame women an te detwi Jerizalèm. Lè sa a te gen plizyè milye Juif ki te mouri.

      Pandan Jezi ap panse ak sitiyasyon terib sa a, li vin tris anpil, li di: “Jerizalèm, Jerizalèm, vil k ap touye pwofèt yo e k ap touye moun yo voye kote l yo ak kout wòch, se pa ni de ni twa fwa mwen te vle rasanble pitit ou yo, menm jan yon manman poul rasanble ti poul li yo anba zèl li! Men, nou pa t vle sa. Gade! Bondye kite kay nou an ban nou.” ​(Matye 23:37, 38). Moun k ap koute l yo ka ap mande tèt yo ki sa l vle di lè l di “kay” la. Èske li posib pou l t ap pale de bèl tanp yo a ki nan Jerizalèm, tanp Bondye sanble ta dwe pwoteje a?

      Men sa Jezi di ankò: “Apati jodi a, nou pa gendwa wè m ankò, jiskaske nou di: ‘Benediksyon pou moun ki vini nan non Jewova a!’” ​(Matye 23:39). Jezi site pwofesi ki nan Sòm 118:26 la ki di: “Moun ki vin nan non Jewova a se yon moun ki beni. N ap beni nou detan nou nan kay Jewova a.” Li klè, moun yo pral di pawòl sa yo, men se pap nan tanp lan paske tanp lan pral detwi.

      Kounye a, Jezi al nan tanp lan kote ki konn gen kès yo konn met ofrann yo. Moun yo te ka mete ofrann nan ti twou ki pa anlè kès sa yo. Jezi wè gen plizyè Juif ki fè sa. Moun rich yo “mete anpil pyès monnen” kòm ofrann. Men, Jezi wè gen yon vèv malerèz ki mete “de ti pyès monnen ki prèske pa vo anyen”. (Mak 12:41, 42.) Sandout, Jezi konnen jan Bondye kontan pou ofrann vèv la bay la.

      Jezi rele disip li yo, li di: “Anverite m ap di nou sa: Byenke vèv sa a pòv, li mete plis pase tout moun ki t ap mete lajan nan kès yo konn met ofrann yo.” Poukisa li di sa? Men sa l esplike: “Yo menm, sa yo mete a pa deranje yo, men dam sa a ki nan nesesite a mete tout sa l te posede, tout sa l te gen pou l viv.” ​(Mak 12:43, 44). Se pa ti diferan atitid li ak aksyon li diferan parapò ak atitid ak aksyon chèf relijye yo!

      Jou 11 Nizan an prèske fini, Jezi kite tanp lan pou yon dènye fwa. Youn nan disip li yo di: “Anseyan, gade! Ala bèl wòch yo bèl! Ala bèl konstriksyon!” ​(Mak 13:1). Anfèt, gen kèk nan wòch ki nan tanp lan ki gwo anpil, sa ki fè tanp lan parèt enpresyonan e ki fè l dire pi lontan. Se sèten sa sanble dwòl, men Jezi di: “Ou wè bèl konstriksyon sa yo? Pa gen yon wòch k ap ret sou yon lòt wòch la a pou yo pa vide l atè.” — Mak 13:2.

      Apre Jezi fin di bagay sa yo, li menm ak apot li yo travèse Vale Kidwon e yo monte yon kote sou Mòn Oliv. Rive yon lè, li te vin avèk kat nan apot li yo, Pyè, Andre, Jak ak Jan. Yo kapab kontanple bèl tanp lan anba a detan kote yo ye a.

      • Ki sa Jezi fè pandan dènye vizit li nan tanp lan?

      • Ki sa Jezi anonse konsènan sa k pral rive tanp lan?

      • Poukisa Jezi di vèv la bay plis pase moun rich yo?

  • Apot yo mande yon siy
    Jezi se chemen an, verite a, lavi a
    • Jezi reponn kat nan apot li yo kesyon yo poze l.

      CHAPIT 111

      Apot yo mande yon siy

      MATYE 24:3-51 MAK 13:3-37 LIK 21:7-38

      • KAT NAN DISIP YO MANDE YON SIY

      • AKONPLISMAN SIY LAN NAN PREMYE SYÈK LA AK YON PI GWO AKONPLISMAN

      • NOU DWE KONTINYE VEYE

      Li madi aprèmidi, e jou 11 Nizan an prèske fini. Dènye jou gwo aktivite Jezi sou tè a prèske fini tou. Li te konn anseye lajounen nan tanp lan e li pa t konn dòmi nan vil la. Te gen anpil moun pami pèp la ki te vle koute l, se sa k fè yo “te konn vin jwenn li nan tanp lan byen bonè nan maten pou yo ka tande l”. (Lik 21:37, 38.) Kounye a, apre tout bagay sa yo, Jezi chita sou Mòn Oliv ansanm ak kat nan apot li yo ki se Pyè, Andre, Jak ak Jan.

      Yo toule kat te vin kote l apa. Yo enkyete pou tanp lan, piske Jezi fèk sot anonse pa gen yon wòch k ap ret sou yon lòt wòch ladan l. Men, se pa pou sa sèlman y ap enkyete yo. Yon ti tan anvan sa, men sa Jezi te ankouraje yo pou yo fè: “Montre nou pare, paske se nan yon lè nou pa panse Pitit lòm nan ap vini.” ​(Lik 12:40). Li te pale tou konsènan “jou Pitit lòm nan gen pou l parèt aklè a”. (Lik 17:30.) Èske tout bagay sa yo ta sanble gen rapò ak sa Jezi te fèk di konsènan tanp lan? Apot yo vle konnen toutbon. Men sa yo di: “Di nou non: Ki lè bagay sa yo ap fèt, e ki siy k ap siy prezans ou e k ap siy fen sistèm nan?” — Matye 24:3.

      Petèt, se destriksyon tanp lan yo pral kapab wè nan yon tikras tan ankò yo gen nan lespri yo. Mete sou sa, yo poze kesyon konsènan prezans Pitit lòm nan. Petèt yo sonje egzanp Jezi te bay anrapò ak “mesye ki te fèt nan gran fanmi” an ki te “vwayaje al nan yon peyi lwen pou yo ka mete l wa, e apre sa [ki te] retounen”. (Lik 19:11, 12.) E finalman, yo t ap mande ki lè “fen sistèm nan” t ap rive.

      Jezi bay detay nan repons li bay la, li bay yon siy ki montre ki lè fen sistèm juif la ap rive, sa gen ladan l destriksyon tanp lan. Men, li bay lòt siy toujou. Siy sa a ap pèmèt moun k ap vin disip li yo konnen y ap viv pandan “prezans” li an e sistèm mechan an pa lwen detwi.

      Tank ane ap pase, apot yo wè akonplisman pwofesi Jezi te bay la. Wi, anpil nan bagay Jezi te anonse yo te kòmanse rive nan epòk yo a. Se konsa, kretyen ki te ret vivan 37 an apre yo, nan ane 70 epòk nou an, te prepare yo e yo te pare pou destriksyon sistèm juif la ak tanp li an. Sepandan, se pa t tout sa Jezi te anonse yo ki te rive vre nan epòk ki te mennen nan ane 70 epòk nou an. Kidonk, ki sa k t ap siy ki montre Jezi prezan nan Wayòm li an antanke Wa? Jezi bay apot li yo repons lan.

      Jezi anonse t ap gen “lagè k ap fèt ak nouvèl sou lagè” epi “nasyon pral leve kont nasyon, e wayòm pral leve kont wayòm”. (Matye 24:6, 7.) Li di yo tou “pral gen gwo tranblemanntè e pral gen rate manje ak epidemi nan yon zòn apre yon lòt”. (Lik 21:11.) Men ki avètisman Jezi bay disip li yo: “Moun ap met men sou nou, y ap pèsekite nou.” ​(Lik 21:12). Gen fo pwofèt ki pral parèt e yo pral twonpe anpil moun. Mechanste t ap ogmante e lanmou pifò moun t ap vin rafredi. Anplis de sa, li di: “Yo pral preche bon nouvèl sa a konsènan Wayòm nan sou tout tè a, kòm yon temwayaj pou tout nasyon. Apre sa, lafen an ap vini.” — Matye 24:14.

      Byenke gen kèk nan sa Jezi te anonse yo ki akonpli anvan e pandan Women yo te detwi Jerizalèm, èske sa Jezi te di yo t apral gen yon pi gwo akonplisman annapre? Èske nou wè aklè bèl pwofesi Jezi te bay la gen yon pi gwo akonplisman nan epòk pa nou an?

      Youn nan bagay Jezi pale de li nan siy prezans li an se “bagay ki bay repiyans ki lakòz dezolasyon an” ki t ap gen pou parèt (Matye 24:15). Nan ane 66 epòk nou an, bagay ki bay repiyans sa a te parèt lè ‘lame women an te monte kan toutotou’ Jerizalèm avèk tout bagay ki gen rapò ak zidòl yo genyen yo. Lame women an te antoure Jerizalèm e yo te febli kèk pati nan miray li yo (Lik 21:20). Konsa, “bagay ki bay repiyans” lan te kanpe yon kote li pa t dwe ye, yon kote Juif yo konsidere kòm “yon kote ki sen”.

      Men sa Jezi anonse ankò: “Pral gen yon gwo tribilasyon, yon tribilasyon ki poko janm rive depi monn nan egziste pou jiska prezan, non, e ki pap rive ankò.” Nan ane 70 epòk nou an, Women yo te detwi Jerizalèm, ‘vil ki sen’ Juif yo genyen an ki gen ladan l tanp lan. Destriksyon sa a te yon gwo tribilasyon kote te gen plizyè milye moun ki te mouri (Matye 4:5; 24:21). Vil sa a potko janm konn yon destriksyon konsa e Juif yo potko janm viv yon bagay konsa e destriksyon sa a mete fen nan sistèm relijye Juif yo te genyen pandan plizyè syèk, yon sistèm ki te byen òganize. Menm jan an tou, se sèten lè pawòl Jezi di la a pral gen yon pi gwo akonplisman, bagay la pral vrèman terib.

      YO PA PÈ FEN SISTÈM NAN

      Jezi kontinye pale ak apot li yo konsènan siy prezans li antanke Wa nan Wayòm nan e konsènan fen sistèm nan. Kounye a, li avèti yo pou yo pa kouri dèyè “fo Kris ak fo pwofèt” yo. Li di y ap eseye “twonpe menm moun Bondye chwazi yo, si sa posib”. (Matye 24:24.) Men, yo pap rive twonpe moun Bondye chwazi yo. Fo Kris yo ka parèt sèlman yon fason ki vizib. Sepandan, prezans Jezi a ap envizib.

      Jezi pale konsènan yon pi gwo tribilasyon ki pral mete fen ak sistèm mechan ki la kounye a, li di: “Solèy la ap vin tou nwa, e lalin nan pap klere ankò, zetwal yo nan syèl la pral tonbe, e bagay pisan yo ki nan syèl la pral souke.” ​(Matye 24:29). Apot yo ki tande pawòl sa yo ki fè moun fremi pa konnen ki lè bagay sa yo ap rive egzakteman, men yo sèten se ap yon bagay k ap terib.

      Ki jan bagay terib sa yo pral gen efè sou limanite? Men sa Jezi di: “Moun pral faya paske y ap pè e paske y ap tann bagay ki gen pou rive sou tè a. Paske, bagay pisan yo ki nan syèl la pral souke.” ​(Lik 21:26). Kidonk, Jezi pale konsènan moman ki pi terib ki pral rive nan listwa limanite.

      Pou Jezi ankouraje apot li yo, li montre yo aklè se pa tout moun ki pral nan lapenn lè “Pitit lòm nan [ap] vini sou nyaj nan syèl la avèk pisans e avèk anpil glwa”. (Matye 24:30.) Li te deja montre Bondye t ap gen pou l aji “poutèt moun [li] chwazi yo”. (Matye 24:22.) Donk, ki jan disip fidèl sa yo t ap gen pou yo reyaji lè evènman terib Jezi te anonse yo t apral rive? Men sa Jezi di pou l ankouraje disip li yo: “Lè bagay sa yo kòmanse rive, kanpe dwat, leve tèt nou, paske se delivrans nou k ap pwoche.” — Lik 21:28.

      Sepandan, ki jan disip Jezi yo ki t ap viv pandan peryòd Jezi te anonse a t ap ka rive konnen lafen an toupre? Jezi bay egzanp yon pye fig frans, li di: “Kou yon ti branch kòmanse pouse e li fè fèy, nou konnen sezon ete a toupre rive. Menm jan an tou nou menm, lè nou wè tout bagay sa yo, konnen Pitit lòm nan toupre, li nan papòt la. Anverite m ap di nou sa: Jenerasyon sa a pa gendwa pase anvan tout bagay sa yo rive.” — Matye 24:32-34.

      Kidonk, lè disip li yo wè plizyè nan aspè nan siy lan ap akonpli, yo ta dwe rive wè lafen an toupre. Men ki avètisman Jezi bay disip li yo ki t apral viv pandan peryòd terib sa a:

      “Kanta pou jou sa a ak lè sa a, pèsonn pa konnen yo, ni zanj ki nan syèl la, ni Pitit la, men se sèl Papa a ki konnen yo. Paske, menm jan epòk Noye a te ye a, se konsa prezans Pitit lòm nan ap ye. Paske, menm jan nan epòk anvan delij la, moun yo t ap manje, yo t ap bwè, mesye yo t ap marye e moun t ap marye pitit fi yo, jiskaske jou pou Noye antre nan lach la rive, yo pa t remake anyen jiskaske delij la vini e li pote yo tout ale, se konsa prezans Pitit lòm nan ap ye.” ​(Matye 24:36-39). Evènman Jezi te itilize kòm konparezon, ki se delij Noye a, te gen yon gwo efè sou tout sa k te sou tè a.

      Apot k ap koute Jezi sou Mòn Oliv yo dwe wè enpòtans pou yo kontinye veye. Men sa Jezi di: “Veye kò nou pou kè nou pa janm vin lou akoz eksè nou fè nan manje, akoz nou bwè twòp e akoz tètchaje ki gen nan lavi a, epi pou jou sa a pa rive tousuit sou nou, sanzatann, tankou yon pyèj. Paske, l ap vini sou tout moun ki abite sou tout kò tè a. Kidonk, rete je klè. Se pou nou toujou ap fè siplikasyon yon fason pou nou ka rive chape anba tout bagay sa yo ki dwe rive e pou nou ka kanpe devan Pitit lòm nan.” — Lik 21:34-36.

      Yon lòt fwa ankò, Jezi montre sa l te anonse yo t ap gen lòt akonplisman toujou. Sa l te anonse yo pa t gen rapò ak sa k t apral rive nan kèk dizèn ane e ki t ap gen efè sèlman sou vil Jerizalèm ak nasyon juif la. Okontrè, l ap pale sou sa k t apral “vini sou tout moun ki abite sou tout kò tè a”.

      Li di disip li yo t ap gen pou yo kontinye veye, pou yo rete je klè e pou yo montre yo pare. Pou Jezi mete aksan sou avètisman sa a, li bay yon lòt egzanp, li di: “Gen yon bagay pou nou konnen: Si mèt kay la te konnen ki lè nan nuit lan vòlè a t ap vini, li t ap rete je klè, li pa t ap kite l kase kay li. Se sa k fè, nou menm tou, se pou nou pare, paske Pitit lòm nan ap vini nan yon lè nou pa panse.” — Matye 24:43, 44.

      Jezi bay disip li yo rezon ki fè yo dwe rete pozitif. Li ba yo asirans, lè sa li anonse yo pral akonpli, pral gen yon “esklav” ki t ap ret je klè e ki t ap aktif. Jezi pale de yon bagay apot li te ka konprann byen fasil, li di: “Kiyès ki vrèman esklav fidèl ki prevwayan an mèt li met responsab sèvitè ki lakay li yo pou ba yo manje nan bon moman? Esklav sa a byennere si lè mèt li vini, li jwenn se sa l ap fè! Anverite m ap di nou sa: L ap mete l responsab tout byen l yo.” Men, si “esklav” la vin gen yon move atitid e l ap maltrete lòt moun, mèt la ap “ba l yon pinisyon ki rèd anpil”. — Matye 24:45-51; konpare ak Lik 12:45, 46.

      Sepandan, Jezi pa t vle di t ap gen yon gwoup nan disip li yo ki t ap gen yon move atitid. Donk, ki leson Jezi te vle anseye disip li yo? Li te vle yo rete je klè epi pou yo aktif, jan li te deja montre sa aklè nan yon lòt egzanp li te bay.

      • Ki sa k pouse apot yo poze kesyon yo poze a, men ak ki lòt bagay sanble yo t ap panse?

      • Ki lè pwofesi Jezi bay la te gen yon premye akonplisman, e kòman sa te fèt?

      • Bay kèk bagay ki t ap rive ki t ap pwouve prezans Kris la.

      • Ki jan “bagay ki bay repiyans” lan te parèt, e ki sa k te rive apre sa?

      • Ki jan moun yo t ap reyaji lè yo wè akonplisman pwofesi Jezi a ap fèt devan je yo?

      • Ki egzanp Jezi bay disip li yo pou l ede yo konprann lafen an toupre?

      • Ki sa k montre pwofesi Jezi te bay la t ap akonpli sou tout tè a?

      • Ki avètisman Jezi bay disip li yo ki t apral viv nan fen sistèm nan?

  • Li ba yo egzanp dis vyèj la pou yo kontinye veye
    Jezi se chemen an, verite a, lavi a
    • Senk fi vyèj ki prevwayan yo ki kenbe lanp yo.

      CHAPIT 112

      Li ba yo egzanp dis vyèj la pou yo kontinye veye

      MATYE 25:1-13

      • JEZI BAY EGZANP DIS VYÈJ YO

      Jezi fin reponn kesyon apot li yo te poze l konsènan siy prezans li ak fen sistèm nan. Toutpandan y ap panse ak sa, kounye a, li ba yo bonjan avètisman pa mwayen yon seri lòt egzanp. Moun ki t apral viv pandan prezans li an t ap wè akonplisman pawòl sa yo.

      Pou li kòmanse egzanp lan, li di: “Wayòm syèl la ka menm jan ak dis fi vyèj ki pran lanp yo e ki soti al rankontre lemarye. Senk nan yo te sòt e senk lòt yo te prevwayan.” — Matye 25:1, 2.

      Jezi pa t vle di mwatye nan moun k ap eritye Wayòm syèl la se moun ki sòt, e lòt mwatye a se moun ki prevwayan. Olye de sa, li vle di, se chak disip ki dwe deside si y ap kontinye veye lè yo fè aktivite ki gen rapò ak Wayòm nan oswa si y ap kite lòt aktivite distrè yo. Sepandan, Jezi gen konfyans chak sèvitè l yo ka ret fidèl epi resevwa benediksyon Papa l ap bay yo.

      Nan egzanp lan, dis fi vyèj yo soti pou y al akeyi lemarye a e pou yo antre nan kòtèj maryaj la. Lè lemarye rive, vyèj yo ap klere wout kote kòtèj la ap pase a ak lanp yo a, konsa y ap onore l pandan l ap mennen lamarye nan kay ki prepare pou li a. Men, ki jan bagay yo fini?

      Men sa Jezi esplike: “Sa ki te sòt yo te pran lanp yo, men yo pa t pran luil, tandiske sa ki te prevwayan yo te vin ak lanp yo e yo te vin ak luil nan bidon yo. Kòm lemarye a te pran tan pou l vini, yo tout tonbe kabicha, epi dòmi ale avèk yo.” ​(Matye 25:3-5). Lemarye a pa t rive nan lè yo t ap tann nan. Sanble li te pran anpil tan anvan l vini, paske pandan moman sa a dòmi pran vyèj yo. Petèt, apot yo sonje sa Jezi te di konsènan mesye ki fèt nan gran fanmi ki te vwayaje a e “finalman, lè yo fin mete l wa, li retounen”. — Lik 19:11-15.

      Nan egzanp dis vyèj la, Jezi esplike sa k pase lè lemarye a retounen finalman, li di: “Nan mitan nuit lan, gen yon sèl rèl ki fèt: ‘Men lemarye a! Soti al rankontre l!’” ​(Matye 25:6). Èske vyèj yo te prepare e èske yo t ap veye?

      Men sa Jezi di ankò: “Lè sa a, tout fi vyèj yo leve pou yo prepare lanp yo. Sa ki sòt yo di sa ki prevwayan yo konsa: ‘Ban nou enpe nan luil nou an, paske lanp pa nou yo prèske etenn.’ Sa ki prevwayan yo reponn: ‘Petèt ka pa gen ase pou nou menm avèk nou. Pito n al achte yon ti luil nan men moun k ap vann yo.’” — Matye 25:7-9.

      Donk, senk vyèj sòt yo pa t ap veye e yo pa t prepare pou tann lemarye a vini. Yo pa t gen ase luil pou lanp yo, e yo te bezwen al chèche jwenn luil. Men sa Jezi di: “Pandan y al achte luil la, lemarye a rive. Fi vyèj ki te pare yo antre ansanm avèk li nan resepsyon maryaj la. Epi, yo fèmen pòt la. Annapre, lòt fi vyèj yo vin rive tou, yo di: ‘Mesye, mesye, ouvè pou nou!’ Li reponn yo, li di: ‘Franchman, m ap di nou sa: Mwen pa konnen nou.’” ​(Matye 25:10-12). Sa vrèman fini mal pou yo paske yo pa t prepare e yo pa t ret ap veye!

      Apot yo kapab wè lemarye Jezi pale de li a se Jezi. Anvan sa, li te menm konpare tèt li ak yon lemarye (Lik 5:34, 35). E vyèj ki te saj yo? Lè Jezi t ap pale konsènan “ti twoupo” Bondye pral bay Wayòm nan, li te di: “Mare ren nou, epi se pou lanp nou ret limen.” ​(Lik 12:32, 35). Donk, nan egzanp vyèj yo, apot yo rive konprann Jezi ap pale de moun tankou yo menm. Kidonk, ki mesaj egzanp Jezi a gen ladan l?

      Jezi pa kite okenn moun ap devine sou kesyon sa a. Men ki jan li fini egzanp lan: “Kidonk, kontinye veye, paske nou pa konnen ni jou a, ni lè a.” — Matye 25:13.

      Li klè, Jezi ede disip fidèl li yo wè enpòtans pou yo “kontinye veye” pandan prezans li a. L ap gen pou l vini, e y ap bezwen pare epi rete vijilan, menm jan ak vyèj ki prevwayan yo, yon fason pou yo pa bliye bèl esperans yo a epi pou yo pa pèdi rekonpans y ap ba yo a.

      • Nan ki sans senk vyèj prevwayan yo diferan ak senk vyèj sòt yo?

      • Kiyès lemarye a ye, e kiyès vyèj yo ye?

      • Ki mesaj egzanp dis vyèj Jezi bay la gen ladan l?

  • Li sèvi ak egzanp talan yo pou li anseye yo pou yo travay di
    Jezi se chemen an, verite a, lavi a
    • Yon esklav k ap kache yon sak lajan anba tè.

      CHAPIT 113

      Li sèvi ak egzanp talan yo pou li anseye yo pou yo travay di

      MATYE 25:14-30

      • JEZI BAY EGZANP TALAN YO

      Pandan Jezi toujou ak kat apot li yo sou Mòn Oliv la, li ba yo yon lòt egzanp. Kèk jou anvan sa, pandan l te Jeriko, li te bay egzanp pyès monnen ann ajan yo pou l montre Wayòm nan t ap pran yon bonkou tan toujou anvan l vini. Egzanp li bay kounye a gen plizyè aspè ki sanble ak sa ki nan egzanp pyès monnen ann ajan an. Se yon pati nan repons li bay pou kesyon yo te poze l anrapò ak prezans li ak fen sistèm nan. Egzanp sa a montre disip li yo dwe travay di ak sa yo konfye yo a.

      Men ki jan Jezi kòmanse egzanp lan: “Se tankou yon mesye k ap vwayaje al nan peyi etranje. Li rele esklav li yo, e li konfye yo byen l yo.” ​(Matye 25:14). Etandone Jezi te deja konpare tèt li ak yon mesye ki vwayaje “pou yo ka mete l wa”, li te fasil pou apot yo wè se Jezi ki “mesye” l ap pale de li kounye a. — Lik 19:12.

      Anvan mesye nan egzanp lan te vwayaje, li te bay esklav yo yon seri byen ki gen anpil valè. Pandan twazan edmi aktivite Jezi sou tè a, li te konsantre l sou preche bon nouvèl Wayòm nan e li te bay disip yo fòmasyon pou yo fè travay sa a. Kounye a, li prale e li gen konfyans y ap suiv fòmasyon li ba yo a. — Matye 10:7; Lik 10:1, 8, 9; konpare ak Jan 4:38; 14:12.

      Nan egzanp lan, ki jan mesye a te distribye byen l yo? Men sa Jezi di: “Li bay youn senk talan, li bay yon lòt de talan, epi li bay yon dènye yon sèl talan. Li bay yo chak selon kapasite yo, epi li pati.” ​(Matye 25:15). Ki sa esklav sa yo pral fè ak byen yo konfye yo a? Èske y ap fè byen mèt la ba yo a travay pou fè benefis? Men sa Jezi di apot yo:

      “Menm kote a, sa ki te resevwa senk talan an al fè lajan an travay, e li fè senk anplis. Sa ki te resevwa de talan an fè menm jan an tou, e li fè de anplis. Men, esklav ki te resevwa yon sèl la ale, li fouye yon twou nan tè, epi li sere lajan mèt li a.” ​(Matye 25:16-18). Ki sa k ap rive lè mèt la retounen?

      Men sa Jezi di ankò: “Apre yon bon bout tan, mèt esklav sa yo retounen e li fè regleman avèk yo.” ​(Matye 25:19). De premye esklav yo fè tout sa yo kapab, “yo chak selon kapasite yo”. Yo chak te travay di, e yo te fè byen mèt la te konfye yo a travay. Esklav yo te bay senk talan an fè senk lòt talan anplis. Menm jan an tou, sa yo te bay de a fè de lòt anplis. (Nan tan lontan, yon moun te dwe travay di pandan anviwon 19 an pou l rive fè kòb ki egal ak yon talan.) Mèt la te bay yo chak menm felisitasyon an, li di yo: “Trè byen, ou se yon bon esklav e ou fidèl! Ou te fidèl nan kèk bagay mwen te konfye w, m ap mete w responsab anpil bagay. Vin rejwi ak mèt ou.” — Matye 25:21.

      1. Yon esklav k ap kache yon sak lajan anba tè; 2. Yo voye menm esklav sa a deyò nan fènwa.

      Men, se pa t menm bagay la pou esklav ki te resevwa yon talan an. Men sa l di: “Mèt, mwen konnen ou se yon moun ki egzijan, ki rekòlte kote w pa t simen, e ki ranmase kote w pa t vannen. Se sa k fè mwen te vin pè, e mwen t al sere talan w lan anba tè. Men afè w.” ​(Matye 25:24, 25). Li pa t menm al mete lajan an labank, konsa, li t ap fè lajan an fè omwen kèk benefis pou mèt li an. Anfèt, li pa t travay pou fè byen mèt la fè benefis.

      Mèt la byen fèt di li se yon “move esklav. [Li] parese”. Yo pran sa l te gen nan men l lan epi yo konfye l bay esklav ki bay tout li menm nan travay la. Men prensip mèt la bay: “Moun ki genyen an, y ap ba l plis e l ap vin gen anpil. Men, moun ki pa genyen an, y ap pran menm sa l genyen an nan men l.” — Matye 25:26, 29.

      Disip Jezi yo ap preche.

      Disip Jezi yo te gen anpil bagay pou yo reflechi sou yo, e sa gen rapò ak egzanp Jezi sot bay la. Yo te ka wè tout konfyans Jezi fè yo paske li konfye yo gwo privilèj pou yo fè disip, yon travay ki gen anpil enpòtans. E li te atann pou yo bay tout yo menm nan travay sa a. Jezi pa panse yo tout dwe fè menm kantite nan travay predikasyon li ba yo pou yo fè a. Jan li te montre sa nan egzanp lan, se chak moun ki ta dwe fè tout sa yo kapab, “yo chak selon kapasite yo”. Sa vle di Jezi pap kontan si yon moun ta montre li “parese” epi li pa fè tout sa l kapab pou fè byen Mèt la fè benefis.

      Donk, se pa ti kontan apot yo dwe te kontan konnen: “Moun ki genyen an, y ap ba l plis”!

      • Nan egzanp talan yo, kiyès ki mèt la e kiyès ki esklav yo?

      • Ki leson Jezi anseye disip li yo?

  • Kris sou twòn li e l ap jije mouton ak kabrit yo
    Jezi se chemen an, verite a, lavi a
    • Moun tout nasyon k ap gade syèl la toutpandan y ap tann jijman Jezi a.

      CHAPIT 114

      Kris sou twòn li e l ap jije mouton ak kabrit yo

      MATYE 25:31-46

      • JEZI BAY EGZANP MOUTON AK KABRIT YO

      Jezi sou Mòn Oliv la, li fèk bay egzanp dis vyèj yo ak egzanp talan yo. Ki jan l ap fin reponn kesyon apot yo te poze l konsènan siy prezans li an ak fen sistèm nan? Pou l fè sa, li bay yon dènye egzanp, egzanp mouton ak kabrit yo.

      Men ki jan Jezi kòmanse egzanp lan: “Lè Pitit lòm nan ap vini avèk glwa li, e tout zanj yo ansanm avè l, lè sa a l ap chita sou gran twòn li an.” ​(Matye 25:31). Li pa kite okenn dout li se pèsonaj prensipal nan egzanp sa a. Souvan, li konn rele tèt li “Pitit lòm nan”. — Matye 8:20; 9:6; 20:18, 28.

      Jezi chita sou twòn li ki gen glwa e li jije moun yo kòm mouton.

      Ki lè egzanp sa a ap jwenn akonplisman l? Sa ap fèt lè Jezi “vini avèk glwa li” ak zanj yo epi li chita “sou gran twòn li an”. Li te deja pale de “Pitit lòm nan k ap vini sou nyaj nan syèl la avèk pisans e avèk anpil glwa” e avèk zanj li yo. Ki lè sa t apral fèt? Sa t apral fèt “tousuit apre tribilasyon” an (Matye 24:29-31; Mak 13:26, 27; Lik 21:27). Donk, egzanp sa a t ap jwenn akonplisman l lè Jezi vini avèk glwa alavni. Ki sa l ap fè lè sa a?

      Men sa Jezi esplike: “Lè Pitit lòm nan ap vini [...] tout nasyon yo ap rasanble devan l, e li pral separe moun yo youn ak lòt, menm jan yon bèje separe mouton ak kabrit. Li pral mete mouton yo adwat li, men l ap mete kabrit yo agoch li.” — Matye 25:31-33.

      Men sa Jezi di anrapò ak mouton yo, ki nan pozisyon pou yo jwenn favè a: “Apre sa, Wa a ap di moun ki adwat li yo: ‘Vini, nou menm Papa m beni, vin resevwa Wayòm ki te prepare pou nou depi lè monn nan te fonde a.’” ​(Matye 25:34). Poukisa Wa a fè mouton yo favè?

      Men sa Wa a esplike: “Mwen te grangou, nou te ban m manje. Mwen te swaf, nou te ban m bagay pou m bwè. Mwen te yon etranje, nou te byen resevwa m. Mwen te touni, nou te abiye m. Mwen te malad, nou te pran swen m. Mwen te nan prizon, nou te vin wè m.” Lè mouton sa yo, “moun ki jis yo”, mande ki lè yo te fè bon bagay sa yo, li reponn: “Kèlkeswa sa nou te fè pou youn nan pi piti nan frè m sa yo, se pou mwen nou te fè l.” ​(Matye 25:35, 36, 40, 46). Yo pa t fè bon bagay sa yo nan syèl la, paske pa gen moun ki grangou ak moun ki swaf nan syèl la. Yo te fè bon bagay sa yo pou frè Kris yo sou tè a.

      Yon gwoup moun ki pa fidèl yo jije kòm kabrit.

      E kabrit yo menm, ki sou bò goch la? Men sa Jezi di: “Apre sa, [Wa a] ap di sa ki agoch li yo: ‘Rale kò nou sou mwen, bann moun modi! Ale nan dife ki pap janm etenn nan, dife ki te prepare pou Dyab la ak zanj li yo. Paske, mwen te grangou, nou pa t ban m anyen pou m manje. Mwen te swaf, nou pa t ban m anyen pou m bwè. Mwen te yon etranje, nou pa t byen resevwa m. Mwen te touni, nou pa t abiye m. Mwen te malad e mwen te nan prizon, nou pa t pran swen m.’” ​(Matye 25:41-43). Kabrit yo merite pou yo jije yo paske yo pa t byen boule ak frè Kris yo ki sou tè a, alòske se sa yo te dwe fè.

      Apot yo aprann jijman k ap vini an t ap gen konsekans k ap dire pou toutan. Men sa Jezi di yo: “Lè sa a, [Wa a] ap reponn yo, l ap di: ‘Anverite m ap di nou sa: Kèlkeswa sa nou pa t fè pou youn nan pi piti sa yo, se pou mwen nou pa t fè l.’ Ebyen, moun sa yo pral mouri pou toutan, men moun ki jis yo pral resevwa lavi ki pap janm fini an.” — Matye 25:45, 46.

      Repons Jezi bay pou kesyon apot li yo poze a bay tout lòt disip li yo anpil bagay pou yo reflechi sou yo, sa k ap ede yo egzamine atitid yo ak aksyon yo.

      • Nan egzanp mouton ak kabrit Jezi te bay la, kiyès ki “Wa a”, e ki lè egzanp lan te jwenn akonplisman l?

      • Nan jijman ki pral fèt la, poukisa mouton yo merite jwenn favè Jezi?

      • Sou ki baz yo pral jije kèk moun kòm kabrit, e ki sa k ap rive mouton yo ak kabrit yo?

Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2026)
Dekonekte
Konekte
  • Kreyòl ayisyen
  • Pataje
  • Preferans
  • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
  • Kondisyon pou w sèvi avè l
  • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
  • Paramètres de confidentialité
  • JW.ORG
  • Konekte
Pataje